Omeli pou solanite Notre Dam Pèpetyèl Sekou, Patwòn Ayiti ak pawas Dipiti

Samdi 27 jen 2026

 

 

1. Frè m ak sè m yo nan Jezi Kri, jodi a se yon gwo jou rankont, yon gwo jou lafwa, yon gwo jou fèt pou chak pitit Dipiti, pou chak pitit peyi Ayiti, kit sa ki isit, kit sa ki nan dyaspora a. N ap selebre jodi a Solanite Nòtre Dam Pèpetyèl Sekou, manman ki renmen nou an epi nou renmen tou, manman ki pa janm lage nou an, patwòn Ayiti, patwòn pawas Dipiti. Lè nou gade reyalite peyi nou an jodi a, an 2026, n ap mande tèt nou: èske nou gen kè pou n fete? Wi, nou gen dwa fatige ak sitiyasyon difisil n ap viv yo. Men jodi a, nou vin rasanble bò kote Manman nou, paske nou konnen se nan pye l nou jwenn fòs pou n pa abandone. Nou pa vin fete nan yon kè kontan ki kache reyalite a, men nou vin fete nan lafwa ak nan lesperans ki di nou: Peyi nou an Ayiti p ap peri, pawas nou an Dipiti p ap peri, paske Manman Pèpetyèl Sekou la avèk nou! Li se wout san mank k ap kondi nou nan lavi Jezi Sovè nou an.

2. Nou konn montre kalite konviksyon sa a nan pakèt bèl chante nou yo: « Mari manman nou, nou vini jwenn ou, nan ou nou twouve Jezi » oubyen « Viv manman Nòtre Dam, manman pèp ayisyen, espwa nèg ak nègès ». Chante sa yo sifi pou remonte kouraj nou jodi a. Frè m ak sè m yo, gwo sen nan Legliz la, Sen Lwi Mari Griyon de Monfò (Saint Louis-Marie Grignion de Montfort), ki te gen yon gwo devosyon pou Manman Mari, te konn di: "La où la Sainte Vierge s'en mêle, tout se passe bien" — sa vle di: Depi Manman Mari nan zafè, nanpwen anyen k ap mal pase, tou sa k ap fèt ap mache byen san mank!. Se poutèt sa, menm si sitiyasyon peyi a parèt mare, menm si n ap pase gwo tonton tray nan 2026 sa a, depi nou lage sa nan men Manman Pèpetyèl Sekou, depi li mete men ladan l, lavi nou ak peyi nou ap jwenn delivrans! Men pou sa fèt, fò nou pran chemen konvèsyon, fò nou angaje nou toutbon vre. Fò nou pa chita ap gade san fè anyen.

3. Nan premye lèkti a, pwofèt Zakari ap pale ak yon pèp ki te fin pèdi espwa, yon pèp ki te anba gwo tray ak dekourajman. Men pawòl Granmèt la voye di yo: « Chante, fè fèt, pitit fi Siyon, paske men m ap vini pou m rete nan mitan ou ». Lè nou gade byen, ki moun ki « Pitit fi Siyon » sa a kote Bondye chwazi vin tabli kay li a ? Depi nan tan premye Pè Legliz yo, yo te konprann se pa te sèlman de vil Jerizalèm pwofèt la t ap pale. Pwofèt la t ap anonse Manman Mari ! Nan jou Anonsyasyon an, lè zanj Gabriyèl di l « Se pou ou kontan, ou menm ki plen favè, Granmèt la avèk ou », se pwofesi Zakari a ki reyalize.

4. Nan lang grèk la, lè yo di Bondye ap « abite » nan mitan nou, yo sèvi ak yon mo ki vle di « monte tant li », menm jan moun monte yon tant nan mitan yon dezè. Moun ki sonje oubyen ki te viv evenman tranbleman tè 12 janvye 2010 ka konprann sa. Moun ki kouri kite kay yo pou ensekirite ka konprann sa. Sa fè nou panse ak « Chekina » a, sa vle di « Prezans Bondye » ki te konn klere nan Tanp Jerizalèm nan. Men jodi a, nan Solanite sa a, nou dekouvri yon bèl verite : Vrè Tanp kote Bondye chwazi monte tant li a, se pa yon batiman ki fèt ak wòch, se nan vant Mari, nan kò ak nan san manman nou ! Se sa Levanjil Sen Jan an di nou : « Pawòl la tounen moun, li vin abite nan mitan nou » (Jn 1, 14). Bondye pran yon figi moun nan vant Manman Cheri nou an, li vin pataje listwa nou, soufrans nou ak espwa nou.

5. Wi, « Chante, fè fèt, pitit fi Siyon, paske men m ap vini pou m rete nan mitan ou ». Frè m ak sè m yo, pawòl sa a se pou Ayiti li ye jodi a, se pou nou chak e nou tout ki vin fete jodi a nan pawas Dipiti. Bondye pa lwen nou. Li pa bliye rèl nou. Lè nou gade nasyon nou an k ap travèse gwo moman fènwa, li fasil pou nou panse Bondye abandone nou. Lè nou gade kalamite nou yo, mizè ak soufrans ki nan kò nou, nou ka panse Bondye lage nou. Men, se la Manman Pèpetiyèl Sekou antre nan jwèt la. Li se premye moun ki louvri pòt li pou Bondye te vin rete nan mitan nou nan imanite Jezi Kri. Manman Pèpetiyèl Sekou ap di nou jodi a: « Pa pè, Bondye la nan mitan soufrans nou yo pou li ba nou fòs pou nou rebati sa ki kraze ».

 

6. Kantik nou sot chante a, ki soti nan liv Jidit la, di nou: « Ou se benediksyon pèp nou an, ou se glwa Jerizalèm! ». Jidit te yon fanm vanyan ki te sove pèp li anba men lènmi ki te vle detwi yo. Manman Mari se Jidit pa nou an. An 1882, lè gwo epidemi ti vewòl t ap ravaje moun nan Pòtoprens, pèp la te pran lari ak imaj Manman Pèpetiyèl Sekou a an pelerinaj. Epidemi an te sispann!

Jodi a, se pa sèlman Pòtoprens ki malad, se tout peyi a, menm si se la jèm maladi a chita. Gen tout kalite vewòl k ap ban nou pwoblèm. Lènmi n ap konbat yo chanje fòm: se ensekirite, se lamizè, se divizyon, se dekourajman k ap pouse jèn nou yo kouri kite peyi a. Men, Manman an pa chanje! Li toujou la, l ap konbat pou diyite nou, l ap lapriyè pou pitit li yo pa pèdi lafwa. Li se glwa ak fòs pèp Ayisyen an. Li se glwa ak fòs moun Dipiti.

 

7. Nan lèt li ekri moun Galat yo, Sen Pòl fè nou sonje yon gwo verite: « Men lè tan an rive bout, Bondye te voye Pitit li a, ki fèt soti nan vant yon fi... pou nou tounen pitit adoptif ». Sè m ak frè m yo, pawòl sa a dwe ban nou fòs. Poutèt Jezi ki fèt nan vant Mari, nou pa esklav ankò, nou se pitit Bondye! Epi paske nou se pitit, nou gen dwa rele: « Abba », sa vle di Papa! »

Si nou se pitit Bondye, sa vle di nou gen yon diyite okenn moun, okenn sitiyasyon politik, okenn lamizè, okenn soufrans pa ka rache nan men nou. Ayisyen pa fèt pou viv nan esklavaj krentif ak mizè. Moun Dipiti, fidèl pawas Dipiti pa fèt pou viv nan lamizè ak reziyasyon. Manman Pèpetiyèl Sekou ap gade nou jodi a, l ap fè nou sonje kilès nou ye: Nou se yon pèp ki gen gwo valè, nou se pitit Wa ki anwo nan syèl la. pwovèb la di, « Lè ou wè zo nan gran chemen, se vyann ki te kouvri l ». Nou pa dwe janm asepte sa k ap pase a tankou se yon fatalite. Non! Nou dwe leve kanpe, angaje nou pou nou chanje sitiyasyon n ap viv la.

 

8. Frè m ak sè m yo, si nou konprann byen sa sa vle di Bondye te « monte tant li » nan vant Mari epi nan mitan nou, nou pa ka rete bra kwaze. Pa kite se moun k ap vin deside pou nou, pa kite se moun k ap vin fè pou nou. Peyi nou, lokalite nou, se pou nou. Yo ka toujou vin ede nou, fè solidarite avèk nou, men se nou ki pou travay pou nou soti tèt nou nan sa nou ye a. Fòk nou souke kò nou. Fòk nou angaje nou.  Lafwa nou kòm katolik ayisyen, li pa ka rete yon lafwa ki fèmen anndan legliz sèlman, yon lafwa nan bouch oswa nan resite priyè sèlman. Lafwa tout bon an, se yon lafwa ki sosyal tou, se yon lafwa k ap simaye, pataje, yon lafwa « an sòti » pou l al jwenn sa k ap soufri yo. Jounen jodi a nou pale anpil koze sou sinodalite, mache ansanm, men konkrètman fò nou vanse pi devan, fò nou pi reyalis pou lafwa kretyen an an Ayiti rete nan sèvis delivrans moun. An nou chanje jan n ap viv la, jan nou konprann Legliz la. Li bon pou nou soti nan patipri, nan klan, nan kesyon moun andeyò moun lavil pou nou travay ansanm pou yon bèl peyi, yon Legliz ki pi misyonè, k ap travay pou Wayòm Bondye a tabli depi kounye a nan Peyi nou an.

9. Gade egzanp Manman nou, Nòtre Dam Pèpétyèl Sekou. Kou li fin resevwa Jezi nan vant li, li pa rete chita ap admire tèt li. Non ! Li te leve byen vit, li te travèse mòn ak fon ravin pou l al sèvi kouzin li Elizabèt ki te bezwen konkou li. Mari se premye « Legliz k ap mache a », Legliz sinodal la. Li pote Jezi ale kote moun bezwen l nan respè ak dyalòg.

10. Eksperyans sa a, se li menm menm Imaj Manman Pèpetyèl Sekou a montre nou : gade kijan de men l yo ap kenbe men Jezi ki gen laperèz la, men an menm tan, je Mari pa fikse sou pitit li a sèlman. Je l ap gade nou nou menm k ap gade l la ! Sa vle di, depi w ap gade Mari, w ap wè yon manman ki vire nan direksyon pèp li a, yon manman ki prezan nan mitan tray ak tèt chaje pitit li yo. Nou pa pitimi san gadò. Se poutèt sa, jodi a an Ayiti, kote ensekirite, mizè ak grangou ap fini ak pitit Bondye yo, nou pa ka gen yon lafwa ki avèg. Nou pa ka ap di « Viv Jezi » - « Viv Manman Pèpetyèl » epi pou n ap pase sou kote frè ak sè nou yo k ap mouri anba grangou oswa ki nan lari akòz vyolans. Yon lafwa ki san aksyon sosyal, se yon lafwa ki mouri !

11. Mari mande nou jodi a pou nou tounen « pèpetiyèl sekou » yonn pou lòt. Pandan n ap soti nan Lamès sa a jodi a, se pou nou soti toutbon vre nan kat miray legliz la :

·        Al pote espwa kote ki gen dezespwa ;

·        Al simen renmen kote ki gen divizyon ;

·        Al defann dwa sa yo y ap kraze yo, paske se la a Bondye monte tant li a tou.

Ann mache ak konviksyon sa a : chak fwa nou lonje men bay yon moun ki nan bezwen, se menm jès Manman Pèpetyèl la n ap refè. An n soti, an n mache, pou n rebati peyi nou ak fòs lafwa nou.

12. Frè m ak sè m yo, misyon sa a nou resevwa jodi a, li fè n panse tou ak gwo apèl Sen Franswa Dasiz te tande nan men Jezi sou Lakwa a : Franswa, ale, rebati Legliz mwen an k ap fin kraze a. Jodi a, nan peyi nou Ayiti, rèl sa a tounen yon rèl ijan pou nou chak. Rebati Legliz la isit la, se pa bati yon bèl kay ki fèt ak wòch ak siman pou fè sèvis pou Bondye. Se vre, nan peyi a, gen kote ki gen anpil legliz tranbleman tè te kraze e ki poko janm rekonstwi. Se pa sèlman legliz sa yo pou rebati. Sa Jezi te mande sen Franswa a : se rebati kè moun ki brize yo, se rebati diyite frè ak sè nou yo k ap soufri. Menm jan ak sen Franswa ki te kite tout richès li pou l te vin pi pre pòv yo, lafwa nou mande nou pou n desann nan mitan reyalite pèp la. Avèk Manman Pèpetyèl Sekou k ap mache devan nou, ann pran angajman pou n rebati kominote nou yo sou fondasyon jistis, renmen, ak fratènite ak sinodalite. Se konsa n ap tounen tout bon vre wòch vivan k ap rann Legliz Bondye a pi bèl e k ap bay peyi nou yon lòt vizaj.

 

13. Frè m ak sè m yo, tèm pou fèt la jodi a, se yon rèl ki soti nan fon kè nou, se yon priyè ki chaje ak dlo nan je: « Manman Pèpetyèl, mizè ak ensekirite ap fini ak pitit ou yo, tanpri vin pran defans nou! » Se yon rèl verite! Nou pa vin kache reyalite a devan Bondye. Lamizè ap koupe ren nou, ensekirite a ap fini avèk nou, lavi chè ak tèt chaje ap dekouraje pitit ou yo. Nou chaje ak move je nan mitan nou. Gen anpil moun ki pa fin bon moun e k ap enfliyanse anpil desizyon n ap pran. Nou bezwen limyè Jezi Kri a, limyè lafwa klere nou. Nou bezwen kite Manman Mari, Pèpetyèl Sekou kenbe men nou.

 

14. Lè nou gade Levanjil la, nou wè Mari nan pye lakwa a. Mari konnen sa ki rele soufrans. Li te wè yo arete pitit li a, li te wè yo bat li, li te wè ensekirite ak mechanste lèzòm ap detwi sèl pitit gason li te genyen an. Lè Jezi di l: « Madanm, men pitit ou », Jezi mete tout pitit Ayiti k ap sibi ensekirite ak tout kalite detrès jodi a nan men Mari. Gade Ikòn nan byen pou nou konprann tèm nou an:

  • Ti sandal k ap tonbe a: Se senbòl lavi nou k ap glise anba mizè ak ensekirite. Nou santi nou pèdi pye, nou santi nou pa kapab ankò.
  • Je Manman Mari yo: Je l pa klere sou lòt bagay, se sou nou menm k ap kriye a je l fikse. Li wè jan mizè a ap fini ak nou.
  • Men dwat li k ap lonje ban nou: Se men yon avoka, men yon manman k ap pran defans nou. Li pa rete bra kwaze devan mechanste k ap fèt sou pitit li yo.

 

15. Wi, Mari konnen chaje moun ki mechan ki anviwonnen nou, li konnen chaje magouyè tout kouch tout plimay k ap travay san pran souf pou devye nou sou wout nou. Men pwovèb la di: « Dèyè mòn gen mòn, bat chen an tann mèt li, lawouze taye banda toutotan solèy poko leve » epi nan tou sa, yon saj te di m yon jou : Manje mezi kòd ou. Sa vle di rete nan mezi ki pou ou. Pa nwi lòt moun, pa chèche bòykote pwojè ak plan Bondye gen pou lòt moun, pa fè awogan: jodi a w ap gran, demen w ap piti. Jodi a w ap gen pouvwa, demen w ka san pouvwa. Jodi a ou rich, demen ou ka pòv. Jodi a ou santi ou fò, demen ou ka fèb. Chak moun dwe manje mezi kòd yo e pa anpeche lòt manje mezi kòd yo tou. Sonje gen anlè, gen anba. Gen syèl, gen tè. Gen dous, gen anmè. Lavi a dwòl. Chak moun dwe manje mezi kòd yo, chak moun dwe manje san pile pye lòt.

 

16. Levanjil la fini konsa: « Depi lè sa a, disip la pran l lakay li ».

Jodi a, 27 jen 2026, kesyon m ap poze nou chak, kesyon m ap poze tèt mwen tou: Èske nou pare pou nou pran Manman an lakay nou tout bon vre?

Pran Manman an lakay nou, sa pa vle di sèlman kwoke yon imaj Pèpetyèl Sekou nan mi lakay nou oswa mete yon estati li sou yon tab lakay nou. Se pa movè si nou fè l; men :

  • Pran Manman an lakay nou, se asepte viv tankou li nan renmen, nan tèt ansanm, ak nan padon.
  • Pran Manman an lakay nou, se refize rann mal pou mal, se travay pou lapè nan fanmi nou ak nan katye nou.
  • Pran Manman an lakay nou, se refize dekouraje, paske yon pitit Manman Mari pa janm mouri san sekou.

17. Tankou sen Ogisten di, se yon leson moral Jezi ban nou nan Levanjil jodi a. Écoutons davantage saint Augustin : « C’est la leçon que donne le Maître des saints par son exemple, lorsqu’il accomplit ce qu’il commande, en montrant par sa propre conduite qu’un bon fils doit avoir soin de ses parents. Le bois où étaient fixés les membres du mourant devint ainsi la chaire du Maître qui enseignait [...]. Jésus faisait là un acte d'affection humaine dans le moment même où il mourait comme homme. Cette heure était celle qu’il avait prédite à Cana, quand il disait : "Qu'y a-t-il entre moi et toi, femme ? Mon heure n'est pas encore venue." À Cana, agissant en Dieu, il repoussait une mère humaine ; sur la Croix, souffrant en homme, il prenait soin de sa mère avec une tendresse humaine ».

Ak pawòl sa yo, sen Ogisten fè nou sonje, nan moman Jezi t ap bay lavi l pou nou sou kwa a, li te vle sèvi nou modèl toutbon nan jan pou nou renmen paran nou, pou l montre nou lafwa nou nan Bondye dwe toujou mache ak yon kè sansib k ap pran swen moun ki bò kote nou toutbon vre.

18. Se bèl egzanp sa a Jezi kite pou nou sou kwa a : li pa janm bliye manman l, li ba li yon plas nan kè nou. E se vwa manman sa a n ap tande jodi a k ap pale ak nou menm, frè m ak sè m yo nan Dipiti. Lè n ap di : « Tanpri vin pran defans nou », nou konnen byen pwoblèm yo pa manke nan zòn nan. Wout yo difisil, lavi a chè, e menm si nou anlè nan mòn, kè nou sere pou frè ak sè nou yo k ap sibi ensekirite nan lòt vil yo ak nan tout rès peyi a. Men, rele nou rele Manman Pèpetyèl pou l vin pran defans nou an, se pa yon rèl moun ki pèdi espwa. Se yon rèl lafwa! Se deklare n ap deklare: Depi Manman Pèpetiyèl kanpe pou nou, mechanste ak lamizè p ap gen dènye mo a sou lavi nou!

 

19. Men angajman pou nou pran jodi a nan pawas Dipiti: Pou Manman an ka pran defans nou kont mizè ak ensekirite, fòk nou menm tou nou sispann fè tèt nou pase mizè. Fòk nou kreye sekirite ak lapè nan mitan nou. Pa ka gen ensekirite nan mitan fanmi nan Dipiti, pafwa yonn pè lòt, pa ka gen jalouzi k ap fini ak nou, pa ka gen divizyon k ap koupe souf nou, pou nous anti nou alèz, non! Defans Mari a ap kòmanse parèt lè nou yonn kòmanse renmen lòt, lè nou yonn ap pwoteje lòt, epi lè nou fè yon sèl kò pou nou travay pou Dipiti, pou pawas la ka vin pi bèl.

An n leve vwa nou jodi a avèk konfyans, an n di l ansanm ak tout kè nou: « Manman Pèpetyèl, mizè ak ensekirite ap fini ak pitit ou yo, tanpri vin pran defans nou! »

Wi, Manman Pepetyèl, defann fanmi nou yo, defann jèn nou yo, defann pawas nou nan Dipiti, defann peyi nou Ayiti anba tout kalite move je, anba tout kalite vewòl : ni sa nou wè, ni sa nou pa wè! Bòn fèt patwonal pou nou tout! Se pou Bondye beni, se pou l fè fas li gade nan direksyon nou. Amen.

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Rituel de bénédiction d’une usine

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE