Articles

Affichage des articles du août 19, 2019

Omeli pè Diesel PHAT pou fèt Sent Elèn, patwòn pawas Karis, 18 out 2019

Omeli pè Diesel PHAT pou fèt Sent Elèn, patwòn pawas Karis 18 out 2019 1. Jodi a se dimanch,  jou kretyen yo, jou nou rasanble pou nou fè lwanj ak konpliman pou Granmèt la, jou pou nou sonje Pak Kris, Granmèt nou an. E nan okazyon sa, n ap fete nesans Sent Elèn nan syèl la, sa vle di jou li te mouri a, swa yon 18 out 329. Legliz la ban nou l pou modèl, li menm ki patwòn pawas Karis. An reyalite, selebre fèt sen yo nan jou yo te mouri a gen yon rezon teyolojik majè. Pwiske avèk lanmò yo, pelerinaj lafwa yo tap fè sou tè a rive nan bout li. Nan lanmò yo, yo fè pwòp pasaj yo ak Kris la. Yo pran nesans nan syèl la. Mèvèy fèt Pak la akonpli pou yo nètale. Kidonk,  nou rekonèt, atravè egzanp lavi Sent Elèn, Jezi se vrè chemen an. Pou nou rive sen nou menm tou tankou Elèn, fòk nou pran chemen Kris la te trase pou nou an, chemen Pak la, chemen rezireksyon an.  Paske, nan lanmò ak leve byen vivan Kris la, Bondye Papa a « fè gen yon foul pitit limyè ki leve kanpe p...

Omeli pè Diesel PHAT pou fèt sen Wòk, patwon pawas Gwos Wòch

Omeli pè Diesel PHAT pou fèt sen Wòk, patwon pawas Gwos Wòch Vandredi 16 out 2019 « Granmèt, ede n kite Jezi antre nan lavi nou, tankou sen Wòk, pou nou kapab pote l bay tout lòt yo » 1. Fete fèt sen yo, se fete renmen Bondye pou tout pitit li yo. Se rekonèt se Bondye ki sèl Sen tout bon vre a, li menm ki kreye nou pòtrè avèk li. Li menm ki bay ras lèzòm nan pataje menm lavi avèk li. Kifè, nan fèt jodi a, atravè lapriyè, litiji lamès la, nou vin fè yon rankont ekstrawòdinè avèk Bondye vivan an. Nou vin ranfòse lafwa nou nan Jezi ki mouri e ki leve byen vivan an. Nou vin chèche konprann pi byen, atravè egzanp lavi sen Wòk, sa Lespri Sen ka fè nan lavi moun, si moun nan louvi kè li nan aksyon li (aksyon Lespri Sen an). Wi, tout sentete se don Bondye, se nan Lespri Sen an sen Wòk resevwa fidelite l nan kòmandman Granmèt la : Renmen Bondye, renmen pwochen l, paske se nan renmen an moun yo ap dekouvri patizan Kris la. Antan nou vin onore sen Wòk kòm figi sentete, nou re...