ÒDO AK ANE LITIJIK LA
Yon ti koze sou Òdo ak Ane litijik la Dabò, ann gade orijin li. Òdo se yon mo laten ki vle di « lòd » oubyen « dispozisyon ». Donk, nou kapab di se Kalandriye litijik pou chak ane. Ladan l nou jwenn presizyon pou Selebrasyon yo, Fèt yo, Solanite yo ak Memwa yo. Nou jwenn tou ladan l, yon seri enfòmasyon nap bezwen pou lavi litijk Legliz la ou byen dyosèz la. Nan Òdo a, nou jwenn tout sa ki konsènen ane litijik la ki pwopoze nou menm kretyen reviv tout istwa delivrans la ak lavi Kris la pandan tout yon ane. Li reprann prensipal evenman yo nan lavi Jezi : Nesans li (Nwèl), Lanmò li ak leve byen vivan li (Pak), Don Lespri Sen an (Lapannkot). Ane litijik la envite nou akeyi Bondye nan lavi nou antan nou toujou fikse nou sou Wayòm nan kap vini an. Li deplwaye nan yon ane sa nou pwoklame nan chak Lamès : « Nap pwoklame lanmò w, Granmèt Jezi, nap selebre w leve byen vivan, nap tann w retounen nan bèlte w ». Nòmalman, ane litijik la kòma...