MISÈL DEFEN YO
AVÈTISMAN Misèl sa, se pou reponn yon demand plizyè pè nan dyosèz Fòlibète te eksprime nan divès okazyon. Volim sa rasanble tout sa ki konstitiye litiji fineray defen yo. Ladan l, genyen sa ki enpòtan pou fineray granmoun, fineray timoun ki batize ak sa ki poko batize epi Lamès defen yo kote yo selebre anivèsè lanmò : - mès anivèsè ; - 2 novanm ; - pou yon pè ; - pou yon dyak ; - pou papa ak manman ; - pou frè ak sè, pwòch oubyen byenfetè. Li bon pou nou distenge sa ki gen pou wè ak Rityèl women pou fineray ak sa ki gen pou wè ak Misèl women an . Rityèl la konsènen tout sa ki gen rapò ak selebrasyon fineray. Misèl la li menm, li gen rapò ak sa ki konsènen selebrasyon Lamès la. Nou mete toulede ansanm pou fasilite yo itilize yo san pwobèm. Konsa, na jwenn tout sa nou bezwen pou fineray swa ak Lamès, swa san Lamès. Chak fwa gen bezwen pou sa, na jwenn endikasyon pou oryante nou nan chwa priyè yo ki konsènen Rityèl la ak na...