Articles

Affichage des articles du février 10, 2020

Fèt Nòtredam de Loud, pawas Gran Basen.

Omeli pou lavèy fèt Nòtredam de Loud, pawas Gran Basen 1. Frè m ak sè m yo, pèleren ki soti toupatou, Nou di Bondye mèsi pou rasanbleman lafwa sa nou te kòmanse viv depi nan pawas Tèrye Wouj jis rive isit la kote n ap selebre Lekaristi aswè a nan okazyon fèt Nòtredam de Loud, patwòn pawas Gran Basen. Nou konnen sa ki te pase nan finisman ane 2019 la isit : pawas la te viv moman difisil lè yo te kraze toulède estati Manman yo nan Gwòt la. Sa te fè fidèl yo ak anpil moun lapenn. Men aswè a, se kè kontan. Nou sot fè pwosesyon ak yon nouvo estati Lavyèj. Nou te simen nan tristès, men nou rekòlte nan kè kontan. Nou di bravo pou Bondye, lwanj ak konpliman pou li. Pitit Manman Mari yo janm pèdi batay. Yo se wozo, yo mèt pliye jis atè y ap drese kan menm.  2. « Fè tout sa l di nou » (Jn 2, 5). Si gen yon kote pawòl sa Mari te di nan Nòs Kana a aktyalize ak fòs aswè a, se isit nan Gran Basen. Aswè a, Gran Basen tounen Kana, e Kana tounen Gran Basen. Kana nan yon mo grè...