Homélie pour le 1er dimanche de l’Avent C
Homélie pour le 1 er dimanche de l’Avent C Dimanche 28 novembre 2021 1. Sè m ak frè m yo, mwen swete nou yon bèl ane litijik. Nan premye dimanch Lavan an, nou antre nan yon ane litijik tounèf. Avèk tan Lavan an, n ap prepare nou pou nou fete Nwèl nan anviwon 4 semèn. Pandan tan sa, nou fikse lide nou sou retou Granmèt nou Jezi Kri. Se yon tan kote n ap tann. Jou Granmèt la kap vini an, se li ki okipe lavi lafwa nou, se ki nouri lapriyè nou pandan tan Lavan an. Depi nan kòmansman Lamès la nou tounen rega nou bò kote Bondye : « Vers toi, j’élève mon âme, mon Dieu, en toi je mets ma confiance ; je n’aurai pas en rougir. De ceux qui t’attendent, aucun n’est déçu » (Ps 24, 1-3). Ce sont ces paroles pleines d’espérance que la liturgie du jour met dans notre bouche tout au début de la célébration. Menm si n ap tann Kris la k ap retounen an, nou pa rete san fè anyen, nou pa demisyone devan reyalite lavi n ap viv la. Men « n ap vanse...