Articles

Affichage des articles du octobre 27, 2020

Omeli pou fêt Notredam de Lasonpsyon, Wanament, 2020

Omeli pou mès lavèy solanite Notredam de Lasonpsyon Wanament, 14 out 2020   1. Sè m ak frè m yo, malgre sitiyasyon difisil nap viv, nou vini kan menm aswè a pou nou fete manman Notre Dam de Lasonpsyon, patwòn pawas Wanament. Nap fete fèt sa nan kondisyon ki frajil : antan n ap fete a, nou dwe respekte jès baryè yo pou nou pa pran korona e pou nou pa bay korona : nou pap pran, nou pap bagay. Menm si nap selebre, men nou sonje korona toujou la. Gen anpil lòt bagay ankò ki ban nou kè sere ak kè sote : grangou, lavi chè, ensekirite, pwoblèm sosyal ak politik, divizyon, manke pran reskonsablite, manfouben ak woutin. Anpil bagay dwòl kap pase nan peyi nou ak nan kominote nou, nan fanmiy ak nan tout kouch sosyal yo. Se pousa nou vin depoze yo nan men manman nou paske se nan li nou jwenn Jezi e nou vle sanble avèk li tout bon vre pou Jezi ka nan nou anplen, pou nou ka delivre anba tout fòs mal ki anviwonnen nou. Nou mande sa nan lapriyè aprè Lakominyon an : « Puisq...