Articles

Affichage des articles du septembre 7, 2019

Omeli pè Diesel PHAT pou fèt Nesans Manman Mari.

Omeli pè Diesel PHAT pou Fèt Nesans Manman Mari Patwòn pawas Monben Dimanch 8 septanm  2019 1. Jodi a, antan nou rasanble pou selebre rezireksyon Kris la, Granmèt nou an, nap onore nesans Lavyèj Mari, Manman Bondye nou an ak Granmèt nou Jezi Kri. Li se pòt Bondye pase pou li kapab antre sou tè a, pou l antre nan pwòp reyalite nou.  2. Mari se pòt syèl la tankou nou envoke l nan litani sen yo. Pakèt aparisyon l yo ak divès non nou ba li yo montre sa. Aksyon Lavyèj Mari anvè nou devlope e fè reyone matènite li. Li se Manman tout bon. Nou eksprime sa tou nan divès chante nou chante pou li, pa egzanp : « Nou salye w Manman NotreDam, Manman Jezi ki sove n,  Manman delivrans ou ye. Nou salye w Manman NotreDam,  Manman ki toujou pote n sekou  ». Se paske Mari te tounen Manman nou lè nou te batize ki fè li kapab entèsede pou nou san rete bò kote Pitit li. Alò, antan nap fete anivèsè l jodi a, nou vin montre l afeksyon, rekonesans ak devouman nou g...