Articles

Affichage des articles associés au libellé Dimanche 5 décembre 2021.

Homélie pour le 2e dimanche de l'Avent C.

HOMÉLIE POUR LE 2 E  DIMANCHE DE L’AVENT C DIMANCHE 5 DÉCEMBRE 2021 1. Dimanch pase, nou te louvri tan Lavan an.  T an Lavan an,  se tan kote  n ap prepare nou pou nou fete Nwèl, fèt nesans Sovè nou an Jezi Kri.  Tan sa fè nou sonje tou Granmèt la ap vini nan finisman tan yo. Lekaristi a pa janm sispann fè nou sonje sa. Nan Litiji Lapawòl la, nan Kredo a nou di: «  Il reviendra dans la gloire, pour juger les vivants et les morts ; et son règne n'aura pas de fin » ;   nan litiji ekaristik la nou di l ak plis konviksyon toujou  :  «  Nous annonçons ta mort, Seigneur Jésus, nous proclamons ta résurrection, nous attendons ta venue dans la gloire. »   Granmèt nou Jezi Kri ap retounen jan li te anonse l la, men li vle nou angaje nou pandan n ap tann li a. Pou nou pa kite dòmi pote nou ale, pou nou « veye ». Tan Lavan an se yon gran vèy espirityèl pou nou pare kè nou pou nou resevwa Jezi ki te deja v...