BENEDIKSYON SOLANÈL POU TAN PAK
Benediksyon solanèl pou tan Pak : Lè l resisite sèl grenn Pitit li a, Bondye ba nou redanmsyon an, li fè nou vi n pitit li: se pou li ban nou kè kontan benediksyon l nan. ℟ . Amen. Se nan Redanmtè a, nou te te jwenn favè vi n lib pou tout tan: Se pou l fè nou jwenn pòsyon pa nou nan eritaj ki la pou tout tan an. ℟ . Amen. Pa lafwa nan Kris la, nan batèm nan nou deja resisite; pa dwati lavi nou kounye a, se pou nou merite fè yon sèl avèk li nan peyi syèl la. ℟ . Amen. E se pou benediksyon Bondye ki gen tout pouvwa a , Papa a, ak Pitit la, X ak Lespri Sen an, desann sou nou, pou l rete tout tan. ℟ . Amen.