Chan ak jès pou aktyalize mèvèy Bondye epi viv bèlte litiji a
Chan ak jès pou aktyalize mèvèy Bondye epi viv bèlte litiji a Entwodiksyon jeneral Tèm sa, non sèlman li rich ak reyalite teyolojik, eklezyolojik ak litijik, men tou, li chaje ak yon dimansyon pastoral ekstraòdinè ki ranmanse dèyè li bèl chanjman Konsil Vatikan II te swete nan Konstitisyon sou Litiji a, Sacrosanctum Concilium (SC), pibliye nan dat ki te 4 desanm 1963. Youn nan chanjman sa yo, se soti nan yon Legliz kote Litiji a, Lamès la se zafè pè a sèlman pou rive nan yon Litiji, yon Lamès ki konsènen tout pèp Bondye a. Se sa Konstitisyon sou Litiji a rele : patisipasyon aktif. Eske fidèl yo pa plis patisipe nan bèl chan yo chante, nan bèl jès yo akonpli pou aktyalize mistè a epi pèmèt Litiji a parèt pi bèl ? Sanble se atravè chan ak jès pèp la plis patisipe nan aksyon sakre yo ki akonpli nan Litiji a. Tankou Dòm Lanbè Boduin (Dom Lambert Beauduin) [1] montre sa, nan Litiji a se pa sèlman pè a kap selebre, men se tout kominote kretyèn nan e, yon lò...