Omeli pou fêt sen Chal Bowome, 4 novanm 2018
Homélie de père Diesel Phat pour la fête de saint Charles Borromée, patron de la paroisse de Ferrier 4 novembre 2018 Monsieur le curé de la paroisse, Chers confrères dans le sacerdoce ministériel, Chers religieux et religieuses, Chers séminaristes, Pèlerins venus de partout, Frères et sœurs dans le Christ, 1. Jodi dimanch 4 novanm 2018 la, nou rasanble pou nou fè lwanj ak konpliman pou Granmèt la nan okazyon fèt nesans sen Chal Bowome nan syèl la. An reyalite, selebre fèt sen yo nan jou yo te mouri a gen yon rezon teyolojik majè. Pwiske avèk lanmò yo, pelerinaj lafwa yo tap fè sou tè a rive nan bout li. Nan lanmò yo, yo fè pwòp pasaj yo ak Kris la. Yo pran nesans nan syèl la. Mèvèy fèt Pak la akonpli pou yo nètale. Paske, nan lanmò ak leve byen vivan Kris la, Bondye Papa a « fè gen yon foul pitit limyè ki leve kanpe pou lavi ki pap janm fini an » e se li « ki vin louvri pòt syèl yo pou fidèl yo kapab antre » (2 e prefas paskal la). E...