Homélie du père Diesel Phat pour le 3e dimanche de Pâques de l’année B.
Homélie du père Diesel Phat pour le 3 e dimanche de Pâques de l’année B. Dimache 18 avril 2021, pawas sent Mari Madlèn, Sibè. 1. Dimanch sa nou ta kapab rele l « dimanch temwayaj ». Liv Travay Apot yo (premyè lekti a) rapòte nou diskou Apot Pyè : li temwaye sa l te wè. Li fenk sot geri yon nonm paralize ki tap mande lacharite devan pòt tanp la, sa yo rele Bèl Pòt la. Li pale ak foul la ki te anvayi ak sezisman poutèt sak sot pase a. Li eksplike yo kouman se pa ak pwòp fòs li li te opere gerizon an. Se Jezi ki mouri e ki leve byen vivan an ki prensipal aktè nan sak sot fèt la. Jezi sa yo te rejte a li resisite. Pyè ak zanmi l yo sèvi l temwen. Premyè ijans se pou chak moun vire do bay tout vye bagay nou konn fè, pou chak moun pran chemen konvèsyon epi tounen vin jwenn Bondye. 2. Se yon apèl enpòtan pou nou jodi a. Pou tout moun kap fè sa ki mal chanje kè yo, kite sa ki mal la, pran chemen konvèsyon, kase tèt tounen vin jwenn Bondye. Se yon mesaj k...