Articles

Affichage des articles du juillet 9, 2019

Katechèz ak sakreman inisyasyon kretyèn yo

Fòmasyon sou Katechèz ak sakreman inisyasyon kretyèn yo Batèm, Konfimasyon, Premyè kominyon Entwodiksyon Anvan nou abòde koze sakreman inisyasyon kretyèn yo, li enpòtan pou nou gade koze katechèz la kòm mwayen ak pedagoji pou nou prepare moun yo ki mande fè yon demach lafwa, ki mande yon akonpayman pou yo vin kretyen, vin tounen manm Legliz Kris la san manke anyen.  Kisa katechèz la ye ? Nou kapab di katechèz la se mwayen ak chemen Legliz la itilize pou transmèt lafwa, pou ede moun rankontre ak Kris la. An reyalite, katechèz la se anons Bòn Nouvèl la ki rive jwenn moun yo pou ede yo dekouvri kilès Kris la ye epi pou yo grandi nan lafwa ak nan konnesans laverite a. Donk, sa Legliz la te resevwa a, sa l kwè a, li chèche transmèt li bay moun yo, pou yo menm tou, yo kapab viv ak Bondye, pou yo fè eksperyans renmen ak Kris la ki mouri e ki leve byen vivan. Katechèz la se pa yon mwayen pou fòse moun vin kretyen, ni resevwa kèlkeswa sakreman (yo pa fòse moun resevwa sa...