Tan ak ane litijik pou aktyalize mistè paskal Kris la
Tan ak ane litijik pou aktyalize mistè paskal Kris la 1. Tan nan Labib Labib la aprann nou kouman se Bondye ki mèt tan an. Se li ki mete l e se li k ap ritme l : se li ki te separe limyè a ak fènwa, antan l kreye lajounen ak lannwit (Gn 1, 4-5). Apresa, li kreye liminè yo nan syèl la pou l separe jou ak nwit epi pou yo sèvi siy ni pou fèt yo ni pou jou yo ak ane yo (Gn 1, 14). Nou wè, ni syèl la ak tè a, ni moun, yo tout kreye senbolikman nan yon semèn : 6 jou kote Bondye kreye mond la epi yon 7 e jou li beni, li sanktifye, paske li te repoze apre tout travay kreyasyon an. Se konsa Saba a pra l ye tou nan Ex 20, 8-11). Labib la, se resi entèvansyon Bondye nan istwa yon pèp, pèp Ebre a li te chwazi dekwa pou l te libere l anba peche e fè l vin jwenn li. Nan liv Egzòd la, nou jwenn selebrasyon Pak la. Li selebre liberasyon pèp Bondye a ki soti kite peyi Lejip : (Ex 12, 14) . Se yon selebrasyon yo fè chak ane ; e li r...