MISÈL DEFEN YO
AVÈTISMAN
Misèl sa, se pou reponn yon demand plizyè pè nan dyosèz Fòlibète te eksprime nan divès okazyon. Volim sa rasanble tout sa ki konstitiye litiji fineray defen yo. Ladan l, genyen sa ki enpòtan pou fineray granmoun, fineray timoun ki batize ak sa ki poko batize epi Lamès defen yo kote yo selebre anivèsè lanmò :
- mès anivèsè ;
- 2 novanm ;
- pou yon pè ;
- pou yon dyak ;
- pou papa ak manman ;
- pou frè ak sè, pwòch oubyen byenfetè.
Li bon pou nou distenge sa ki gen pou wè ak Rityèl women pou fineray ak sa ki gen pou wè ak Misèl women an. Rityèl la konsènen tout sa ki gen rapò ak selebrasyon fineray. Misèl la li menm, li gen rapò ak sa ki konsènen selebrasyon Lamès la.
Nou mete toulede ansanm pou fasilite yo itilize yo san pwobèm. Konsa, na jwenn tout sa nou bezwen pou fineray swa ak Lamès, swa san Lamès. Chak fwa gen bezwen pou sa, na jwenn endikasyon pou oryante nou nan chwa priyè yo ki konsènen Rityèl la ak nan chwa fòmilè yo pou Lamès la. Se pousa, li pote non « Misèl defen yo » menm jan li ye nan vèsyon ki an fransè a menm si nou pa konsidere tout tèks yo. Reyalite ak pratik pastoral yo fè nou panche sou chwa kèk tèks.
Konsa, nou sètifye li konfòm ak Rityèl women an pou fineray yo ansanm ak Misèl women pou fòmilè litijik yo pou Lamès la.
Pè Diesel PHAT
POU SELEBRE FINERAY YO PI BYEN
Aspè doktrinal ak pastoral[1]
I. Sans kretyen fineray yo
1. Se Mistè paskal Kris la Legliz la selebre, avèk lafwa, nan fineray pitit li yo. Batèm nan te fè yo tounen manb Kris la ki mouri e ki resisite. Nou lapriyè pou yo pase sot nan lanmò al nan lavi avèk Kris la, pou nanm yo kapab pirifye e pou yo al jwenn tout zanmi Bondye yo ki nan syèl la, antan y ap tann rezireksyon mò yo ak bèl lesperans avènman Kris la.
2. Legliz la ofri tou sakrifis ekaristik Pak Kris la pou defen yo, e li fè yo jwenn priyè l ak volonte li pou yo antre nan lavi ki pap janm fini an ; konsa, pliske tout manb Kris la fè yon sèl, pou kèk nan yo li mande yon sekou esprityèl antan l ofri lòt yo konsolasyon lesperans la.
3. Se pou sa, chak fwa gen fidèl ki vin mande fineray, pè yo ak layik yo ki angaje nan mòd pastoral sa, dwe sonje de (2) bagay sa yo ki fondamantal : sekou espirityèl ak konsolasyon lesperans. Se sa ki fè yo dwe toujou gen yon atansyon pou fanmiy defen an ak tout sila yo ki nan lapenn akoz lanmò youn nan yo.
4. San tonbe nan gran panpan, li enpòtan pou yo onore kò fidèl yo, ki te tanp Lespri Sen an.
5. Kretyen yo montre lesperans yo nan lavi ki pap janm fini an, antan y ap selebre fineray frè ak sè yo, san yo pa neglije, pou otan, sa ki bon nan kilti kote yap viv la nan sak konsènen jan yo antere mò yo. Kanta sa ki pa ale ak Levanjil la, ya eseye transfòme yo dekwa pou jan yo antere mò yo manifeste lafwa nan mèvèy Pak la epi temwaye tout bon vre lespri Levanjil la.
6. Se tout kominote kretyèn nan ki konsène nan koze selebrasyon fineray yo selon nivo responsablite chak moun. Paran yo ak moun ki pwòch defen an gen yon bon pati nan responsablite a paske se yo ki te gen plis lyen avèk li. Se pousa, fòk yo deside epi planifye selebrasyon an avèk yo nan respè. Tout rès manb kominote a dwe jwe wòl pa yo. Finalman, pè kap prezide aksyon litijik la epi selebre Lekaristi a egzèse responsablite l kòm edikatè lafwa ak minis konsolasyon.
7. Litiji fineray yo, ak tout sa ki landan yo, se pou rekòmande defen an ba Bondye, men ankò (e se pa mwen enpòtan), se pou ankouraje lesperans asistan yo epi devlope lafwa yo nan Mistè paskal la ak nan rezireksyon mò yo. Tout sila yo ki gen responsablite nan selebrasyon an dwe sonje sa, an patikilye pè yo. Nan pote konsolasyon lafwa ak rekonfò Legliz la vle antoure sila yo ki nan eprèv, ya fè atansyon pou yo ede moun ki kwè yo, san yo pa blese yo nan tristès yo.
8. Premye kontak fanmiy ki andèy la avèk pè yo dwe fèt nan yon klima dyalòg moun ak moun e senp. Pè yo va fè efò pou yo pataje soufrans pwòch yo, souvan boulvèse poutèt evenman lanmò a. Se pa yon moman pinisyon ak aplikasyon kèk disiplin ki san fondman, men yon moman akonpayman pou ede yo jwenn sekou espirityèl ak konsolasyon lesperans. Se la yap kapab ede yo afwonte eprèv pa yo a nan lafwa piti piti.
9. Antan yap prepare epi òganize selebrasyon fineray yo, pè yo va gen atansyon non sèlman pou moun defen an te ye, sikonstans lanmò li, men tou, avèk senpati ki plen afeksyon kòm edikatè lafwa ak minis konsolasyon, pou doulè moun ki pwòch defen an ak nan bezwen lavi kretyèn yo. Ya voye je sou sila yo ki vin asiste selebrasyon litijik yo epi tande Levanjil la patikilyèman nan fineray yo : moun ki pa katolik yo, katolik ki pa janm (oubyen ki prèske pa janm) vin Lamès, e menm katolik ki sanble pèdi lafwa. Se pou yo tout pè yo minis Levanjil la.
Nan pami manb fanmiy defen an, kapab gen nan yo ki pa gen lafwa. Ya va atantif nan jan yo panse epi ya va akeyi konviksyon ki lejitim nan yo menm, men, an menm tan tou, ya va ede yo konprann sans sa Legliz la fè.
10. Desizyon pou selebre Lamès ou non nan fineray dwe pran an akò avèk fanmiy la. Pousa, fòk nòmalman fanmiy lan, oubyen yon pati nan fanmiy lan kapab patisipe aktivman nan Lamès, an patikilye nan kominyon an. Men yo pa gen dwa janm refize selebre Lamès nan fineray si lap pèmèt rasanbleman kèk manb fanmiy defen an ak tout kominote kretyèn nan.
II. Selebrasyon mès fineray samdi aprè-midi ak dimanch
11. Yon mès fineray samdi aprè-midi pa ranplase mès dominikal la. Si gen nesesite pou selebre fineray samdi aprè-midi, li pi bon pou se yon litiji Pawòl yo fè, pou pa kreye konfizyon ak mès dominikal la.
12. Li pa pèmèt pou yo selebre fineray jou dimanch, jou Nwèl, premye janvye ak lòt fèt obligasyon yo epi pandan triduum paskal la. Si gen yon nesesite pou sa, ya fè l nan kad yon litiji Pawòl, men non ak Lekaristi. Epi tou, ya obsève nòm yo selon prensip Kòd kanonik la (cf. 1176-1185) ak sa ki di nan Rityèl women pou fineray yo.
III. Kèk ka pou fineray
3.1 Kretyen-katekimèn yo
13. Moun ki gran kap prepare pou resevwa 3 sakreman inisyasyon kretyèn yo (batèm, konfimasyon, premyè kominyon), pou yo vin kretyen, yo rele yo « kretyen-katekimèn ». Si yon kretyen-katekimèn mouri anvan resepsyon sakreman yo, yo dwe selebre fineray kretyen pou li kòm sa dwa paske li se manb Legliz la.
3.2. Lòt moun ki pa batize yo
14. Legliz ki toutjou atache a mesaj Kris la ki akeyi tout moun, pa ka kite fanmiy yo ki andèy san akonpayman. Menm si yo dwe respekte sitiyasyon moun ki mouri a, yo dwe toujou akeyi demand manb fanmiy lan ki kretyen menm si se pou yon tan lapriyè nan legliz la. Selebrasyon sa ap fèt « san Lamès e li pa dwe genyen okenn rit ki gen pou wè ak selebrasyon fineray tankou : rit limyè, lakwa, benediksyon kò a, ansansman ».
3.3. Moun ki te rejte batèm yo
15. Yo pa kapab resevwa fineray kretyen, men yo kapab anvizaje yon tan lapriyè pou yo nan legliz la san prezans kò a.
IV. Koulè litijik yo pou fineray
16. Pou fineray, pè a ka chwazi nan pami twa koulè vètman diferan : vyolèt, blan oubyen nwa daprè koutim yo. Nan sans sa, ya swiv sa Konferans episkopal la di nan ka sa.
17. Menm si yo pote koulè vyolèt la nan tan Lavan ak Karèm, yo kapab pote l tou pou moman lapriyè ak Lamès pou defen yo paske li senbolize dèy ak penitans. Nan fineray, fidèl yo envite pou yo lapriyè epi fè penitans pou nanm moun ki mouri a. Koulè vyolèt la fè sonje aspè espirityèl sa.
18. Yo itilize koulè blan pou okazyon kè kontan yo nan ane litijik la. Konsa tou, yo kapab pote l pou selebrasyon fineray fidèl defen yo paske li se yon siy lesperans. Li fè sonje lesperans lavi ki pap janm fini an e li selebre batèm ketyen an defen an te resevwa nan lavi li. Koulè blan an tou gen pou wè ak viktwa Kris la jou Pak la, kan li te kraze lanmò a e li te louvri pòt bèlte syèl la.
19. Pou fini, yo kapab itilize koulè nwa tou pou fineray. Dayè, se li yo te konn toujou itilize anvan refòm litijik konsil Vatikan II a. Li toujou gen plas li nan litiji fineray yo. Li senbolize lanmò. Se yon koulè ki endike fènwa ak tristès lanmò. Li fè nou sonje tou, nanm defen an ka nan chemen toujou pou l rive nan bèlte syèl la, li dwe pwòpte l e konsa, li bezwen konkou lapriyè nou.
V. Kote pou yo selebre fineray
20. Premye kote pou yo selebre fineray fidèl kretyen yo, se nan legliz la kòm lye rasanbleman kominote pawasyal la. Men, pou lapriyè ak dènye orevwa a, yo kapab fè l dirèkteman nan simetyè oubyen lakay defen an avèk otorizasyon Òdinè lye a.
21. Nan ka kote simetyè a gen yon chapèl, fineray la kapab fèt dirèkteman nan simetyè a. Nan ka sa, pa gen Lamès. Lamès la ap kapab fèt san prezans kò a, anvan oubyen après fineray la.
22. Rit akèy la, litiji Pawòl la ak dènye orevwa a fèt nan chapèl simetyè a (sof si li kapab fèt bò tonb lan).
23. Si Òdinè lye a otirize l, rasanbleman fanmiy lan ak kominote kretyèn nan pou lapriyè ak dènye orevwa a kapab fèt lakay defen an, se la ya fè rit akèy la, selebrasyon Pawòl la ak dènye orevwa a, avèk adaptasyon ki nesesè.
VI. Fineray timoun yo
24. Lanmò yon timoun, se yon gwo soufrans pou paran yo e se nan yon atansyon espesyal pou soufrans sa pou yo selebre fineray yo.
25. Pou fineray timoun yo, genyen priyè ak fòmilè ki fèt pou sa nan misèl sa, menm si ya adapte yo chak fwa sa mande sa.
26. Si timoun nan te batize deja, lafwa nou fè nou asire nou, li deja rive nan kè kontan bò kote Bondye pliske, grasa batèm nan, li te tounen pitit Bondye. Donk, se pou paran l yo ak pwòch li yo Legliz la lapriyè dekwa, nan doulè yo, yo kapab konsole grasa lafwa a.
27. Si timoun nan mouri avan li batize, alòske, paran l yo te vle batèm pou li, yo te fè pawas la konnen entansyon yo, yo kapab akòde timoun sa fineray kretyen. Antouka, fòk yo pran dizon Òdinè lye a.
Fineray Granmoun : kòmansman selebrasyon an
Akèy kò a nan legliz la
lòske selebrasyon fineray la pap fèt tousuit apre
28. Lè yo pote kò defen an legliz la anvan lè selebrasyon fineray la, yo kapab òganize rit pou resevwa kò a nan legliz la konsa :
- yo resevwa l nan pòt legliz la jan sa prevwa nan n° 29 ki vini apre a.
- pandan y ap antre ak kò a nan legliz la, yo kapab chante yon chan ki adapte pou sa.
- apresa yo li Jan 14, 1-6, oubyen yon lòt tèks ki nan Leksyonè a.
- aprè lèkti a, yo kapab di yon Sòm oubyen lapriyè litanik ki tou kout.
- rit la antye fini avèk lapriyè « Papa nou ki nan syèl la ».
- apresa, yo depoze kò a kote ki te prepare pou li a.
Fineray Granmoun
Kòmansman selebrasyon an
Akèy anvan selebrasyon an
29. Nan ka kote selebrasyon fineray yo pap fèt tousuit apre kò a fin antre nan legliz la, yo kapab prevwa mizik (òg oubyen lòt enstriman) pou kreye yon klima kè poze ak lapriyè.
30. Si gen pwosesyon kap soti kay defen an, oubyen yon lòt kote pou rive legliz la epi pè a ap patisipe ladan l, yo antre dirèkman san fè rit akèy la jan sa prevwa nan n° 28-29 la.
31. Nan lòt ka yo, pè a kapab ale nan pòt legliz la oubyen nan chapèl finerè a pou l salye manb fanmiy lan. Apresa, li pran yon tan silans devan kò defen an. Li kapab fè siy lakwa kòm jès benediksyon. Kontrèman ak sa ki abitye fèt nan anpil kote, li pi bon pou yo kite aspèsyon avèk dlo beni an pou dènye orevwa a. Pè a kapab di tou, youn nan lapriyè ki anba yo.
32. Si kò a deja nan legliz la nan plas li pou selebrasyon an, pè a ale nan plas kote l ap prezide selebrasyon an san fè ni siy lakwa, ni youn nan lapriyè ki anba yo.
Priyè pou akèy anvan selebrasyon an nan legliz la
Granmèt, nou pa gen mo,
(nou nan lapenn)
asepte silans nou kòm yon lapriyè pou N.
ou konnen l epi ou renmen l.
Chemen l kondi l jis bò kote w kounya :
resevwa l nan klète ak kè poze Wayòm ou an.
E se pou renmen w lan
tounen limyè pou nou sou wout la,
jous jou, ou va rasanble nou
bò kote w pou tout tan gen tan.
Pa pouvwa Jezi Kri…
Oubyen
Granmèt, ou resevwa tout vrè priyè
e ou konnen tout demand silans nou yo.
N ap lapriyè w pou N. ki pati kite nou :
se pou l jwenn kè poze ak kè kontan bò kote w
avèk tout sila yo ou rele
pou antre nan Wayòm ou an.
Pa pouvwa Jezi Kri…
33. Dispozisyon kò a. Ya plase kò defen an yon fason pou fasilite regwoupman asanble a epi pèmèt tout moun byen wè jès kap akonpli yo bò kote li. Lè se yon fidèl, ya dispoze l menm jan li te konn pran plas nan mitan frè l ak sè l yo pou koute Pawòl Bondye epi patisipe nan repa ekaristik la. Si se yon minis òdone, ya dispoze l jan li te konn pran plas nan mitan pèp Bondye a pou dirije lapriyè l yo, anonse ak preche Pawòl la, selebre sakreman yo, an patikilye Lekaristi a. Toupre sèkèy la, yo kapab dispoze limyè yo oubyen senpleman syèj paskal la. Si yo fè rit limyè (n° 36-37), se sèl syèj paskal la ki pou limen anvan selebrasyon an.
34. Aprè salitasyon ak monisyon an, yo kapab pase nan rit patikilye yo tankou : jès limyè ; depoze kwa, oubyen Bib (Evanjelyè pou evèk, pè ak dyak) ; depoze flè ; vètman blan. Chak jès sa yo dwe byen fèt pou pèp la kapab byen konprann yo.
Salitasyon pou kòmanse
35. Apre tout bagay fin an plas nèt epi yo fin chante chan antre a, pè a di :
O non Papa a X ak Pitit la ak Lespri Sen an.
Pèp la reponn :
℟. Amèn.
E li salye asanble ak youn nan fòmil sa yo :
Premye fòmil (1)
Pè a di :
℣. Se pou Bondye lesperans la ban nou an plen lapè nan lafwa
e se pou Granmèt la toujou avèk nou tout.
Asanble a
℟. E avèk ou menm tou.
Dezyèm fòmil (2)
Pè a di :
℣. Favè Jezi Kri Granmèt nou,
renmen Bondye Papa a,
ansanm ak Lespri Sen an
toujou avèk nou tout.
Asanble a
℟. E avèk ou menm tou.
Twazyèm fòmil (3)
Pè a di :
℣. Granmèt la avèk nou tout.
Asanble a
℟. E avèk ou menm tou.
Katriyèm fòmil (4)
Pè a di :
℣. Se pou Bondye Papa nou
ak Jezi Kri Granmèt nou
ban nou lagras ak kè poze.
Asanble a
℟. Mèsi Bondye, jodi a e pou tout tan.
Monisyon (na adapte l pou chak ka)
Sè m ak frè m yo, si nou rasanble maten an (aprè midi a) nan legliz sa a, se pou nou akonpaye (frè nou / sè nou N.,) ki pati kite nou jis nan dènye bout chemen li.
Se yon jès solidarite, amitye ak respè. Pèmèt mwen salye tout manm fanmiy N., nou tout ki fè deplasman ki rasanble bò kote kadav N., li menm ki janbe al kay Papa a. Mwen di nou tout mèsi pou prezans nou.
Men tou, si nou reyini, se pou nou antoure ak afeksyon, sila yo ki nan lapenn akoz janbe N. janbe al kay Papa a epi tou, montre tout bon vre lanmò pa detwi tout zanmitay nou te mare youn ak lòt pandan tout lavi nou e Bondye pa bliye tout sa ki te vrè, tout sa ki te bèl, tout sa ki te gran nan lavi N., e mande li pou l resevwa l ak kè kontan nan Wayòm li a.
Rit patikilye
(1) Jès depoze limyè toupre sèkèy defen an[2]
36. Syèj paskal la limen avan selebrasyon an. Apresa, pè a oubyen yon manb nan fanmiy lan oubyen yon pwòch defen an pran nan flam Syèj paskal la epi li limen lòt syèj yo pral depoze toupre sèkèy la. Jès sa sipoze fèt nan silans e tout moun dwe byen wè sa kap fèt la.
37. Antan yap depoze limyè toupre sèkèy la pè a di :
Nou limen flanm dife sa bò kote N., frè nou / sè nou. Flanm dife sa ki soti nan ou menm, Granmèt, limyè nan fènwa, se pou l klere pa sa a nou gen pou fè a pou nou retounen vin jwenn ou nan lesperans.
(2) Jès depoze Lakwa sou / oubyen toupre sèkèy defen an
38. Yo kapab depoze yon kwa ak imaj Kris la sou sèkèy la. Antan yon manb fanmiy defen an ap fè jès sa, pè a di :
Kwa sa nou te pote a, nou depoze l kounya. Granmèt, pa bliye sa : ou te renmen nou jis ou te mouri pou nou ; se pou kwa sa tounen devan je nou siy renmen w pou N., e pou nou chak.
(3) Jès depoze flè sou sèkèy defen an
39. Pè a kapab envite yon manb nan fanmiy lan vin depoze yon jèb flè sou sèkèy la antan l di :
Nou mete flè sa yo sou sèkèy N., pou montre afeksyon ak respè nou gen pou li. Yo di nou tout pakèt prezans sa yo ki pa konnen kouman pou yo eksprime.
(4) Jès depoze vètman litijik sou sèkèy defen an
40. Pou fineray yon pè oubyen yon dyak, yo kapab mete an valè Ob, etòl ak Evanjelyè antan yo depoze yo sou sèkèy la tandiske pè a di :
Granmèt, voye je w gade sèvitè ou la ak mizerikòd :
Li te pote vètman sa,
Siy lavi ak kè kontan nan amitye w ;
(Yo deplwaye Ob la sou sèkèy la)
Li te pote Etòl,
lè li te konn rasanble moun yo
pou pataje Pen w lan ak Pawòl ou a ;
(Yo dispoze Etòl la sou sèkèy la, epi si posib yo kapab mete tou Evanjelyè a)
Se pou li parèt devan ou, jodi a, delivre anba peche, ak vètman fèt tout zanmi w yo.
40. Nan ka yon moun ki fenk batize (Neyofit) oubyen yon jèn ki fenk fè pwofesyon lafwa li, yo kapab mete siy vètman blan an an valè. Aprè yo fin deplwaye vètman blan an sou sèkèy la an silans, pè a di :
Granmèt, voye je ou gade N. ak mizerikòd.
Li te pote vètman sa,
siy lavi ak kè kontan nan amitye w ;
Se pou li parèt devan w
ak vètman fèt tout zanmi w yo.
Preparasyon penitansyèl
41. Yo kapab itilze lòt fòm abityèl yo daprè Misèl women an. Yo kapab itilize envokasyon sa yo ki anba a, yo pi appwopriye pou fineray.
Envokasyon Kris la
℣. Granmèt Jezi,
ak san w ki vèse sou kwa a,
ou efase peche nou yo,
Pitye pou nou.
si yo chante ya di pito :
Kyrie eleison.
℟. Pitye pou nou oubyen Kyrie eleison.
℣. O Kris,
ak rezireksyon w nan tonb lan,
ou wete nou anba pouvwa lanmò,
Pitye pou nou.
si yo chante ya di pito :
Christe eleison.
℟. Pitye pou nou oubyen Christe eleison.
℣. Granmèt Jezi,
ak antre w nan laglwa,
ou louvri Lavi pou nou,
Pitye pou nou.
si yo chante ya di pito :
Kyrie eleison.
℟. Pitye pou nou oubyen Kyrie eleison.
Ou byen
℣. Granmèt Jezi, Pitit Bondye, ki te vini sou tè a pou pataje lapenn ak kè kontan nou,
Pitye pou nou.
si yo chante ya di pito :
Kyrie eleison.
℟. Pitye pou nou oubyen Kyrie eleison.
℣. O Kris, ou menm ki te mouri sou kwa a
pou detwi nan nou menm lanmò ak peche,
Pitye pou nou.
si yo chante ya di pito :
Christe eleison.
℟. Pitye pou nou oubyen Christe eleison.
℣. Granmèt Jezi, ou menm ki resisite pami mò yo
pou louvri wout lavi pou nou,
Pitye pou nou.
si yo chante ya di pito :
Kyrie eleison.
℟. Pitye pou nou oubyen Kyrie eleison.
Fineray Granmoun : priyè ouvèti
Priyè ouvèti
42. Gen divès priyè ki pwopoze kòm repons pou chak sitiyasyon (p. 20-23).
Youn nan twa priyè sa yo kapab itilize lè pa gen sitiyasyon ki mande yon chwa espesyal.
Granmèt, louvri kè nou pou nou koute Pawòl ou a
pou nou ka jwenn ladan l
limyè nan tristès nou,
asirans lafwa nan dout nou yo
ak fòs pou nou viv moman eprèv sa.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou, Bondye nou kap kòmande ansanm avèk ou, ansanm ak Lespri Sen an, depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amèn.
Oubyen
Granmèt Jezi Kri,
me nou reyini lakay ou,
nou menm bann zanmi N. ki pati kite nou.
nan moman lapenn sa,
nap gade bò kote w :
ou te vin viv epi mouri sou tè a,
pou tout moun te ka gen lavi avèk ou.
Louvri kè nou nan lesperans sa, tanpri,
ou menm ki vivan ansanm ak Papa ak Lespri Sen an, kounya e pou tout tan gen tan.
℟. Amèn.
Oubyen Granmèt, nou nan lapenn jodi a,
nap lapriyè w ak konfyans.
Nou konnen kè w sansib pou pitit ou yo,
ou renmen koute lapriyè yo :
tanpri, sonje tout sa w te fè pou N.
Lè li te batize, ou te pran l pou pitit, ou te resevwa l nan pèp ou a.
Kounya, li pati kite nou :
resevwa l lakay ou, fè l antre nan kè kontan syèl la ansanm ak tout zanmi w yo,
kote ki gen limyè ak kè poze pou tout tan an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou, Bondye nou kap kòmande ansanm avèk ou, ansanm ak Lespri Sen an, depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amèn.
Oubyen, nan tan Pak
Granmèt, se ou sèl ki kapab fè nou reprann konfyans lè lanmò sanble pote laviktwa sou nou.
Ogmante lafwa nou jodi a nan Pitit ou Jezi ki resisite sot nan pami mò yo ; fè lesperans nou nan rezireksyon N., sèvitè w (sèvant ou) ak frè nou (sè nou) vin pi fèm.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou, Bondye nou kap kòmande ansanm avèk ou, ansanm ak Lespri Sen an, depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amèn.
Fineray Granmoun : priyè ouvèti
Priyè ouvèti pou sikonstans patikilyè
43. Pou yon moun ki mouri sibitman
Granmèt, nap kriye pou (zanmi nou) N.,
e jan li mouri yon fason brital la ban nou plis lapenn ankò.
Se pou renmen w lan fè nou kwè sa kè nou pa ka rive konprann :
ou rele l pou l viv bò kote w
ansanm ak Jezi Kri, Pitit ou a ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amèn.
44. Pou yon mò ki koze anpil soufrans
Granmèt Jezi,
ou wè nou dechire e nou plat atè,
nou pa konprann ditou ;
Lanmò N. sanble yon enjistis pou nou menm ;
nou tounen gade bò kote w :
Ou menm tou, ou te konnen eskandal lanmò sou lakwa.
Pèmèt nou dekouvri pwofondè renmen w
ki fè nou pase soti nan lanmò al nan lavi,
pou tout tan gen tan.
℟. Amèn.
45. Pou yon jèn
Granmèt, lavi tout moun se nan men w li ye :
koute lapriyè nap fè jodi a pou N., zanmi w,
ki disparèt tou jèn devan je nou, pou jan nou te renmen l !
Se pou l jwenn bò kote w, nan kè poze, yon jenès ki pap janm fini.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amèn.
46. Pou yon moun ki mouri apre yon maladi ki te dire anpil
Granmèt,
Frè nou N., / (Sè nou N.,) te kominye nan soufrans Pitit ou a nan maladi ak nan eprèv yo.
Li te konplete nan kò li sa ki manke nan soufrans Kris la.
Fè l jwenn li menm tou pòsyon pa l nan laglwa rezireksyon l pou tout tan gen tan.
℟. Amèn.
47. Pou yon moun ki te bay tout li menm nan sèvis Levanjil la
Granmèt, ou te pwomèt yon kè kontan ki pap janm fini
pou tout moun ki ta chèche Wayòm Bondye a anvan tout lòt bagay.
Antan nou fè Pawòl ou a konfyans, nap lapriyè w pou N.
ki te konsakre tout lavi l nan sèvis Levanjil la.
Se pou, kounya, li antre nan kè kontan Mèt li,
nan Wayòm kè poze ak renmen sa ki la pou tout tan,
e se pou l viv avèk ou pou tout tan gen tan.
℟. Amèn.
48. Pou plizyè defen
Bondye ki vivan e ki sen, ou pa ka asepte pou lanmò gen viktwa sou pitit ou yo ;
Ou vle pou tout moun ki kreye nan imaj ou,
viv pou tout tan nan pwòp lavi pa w.
Nou gen rezon lapriyè w pou sila yo ki janbe kite nou :
Efase tout fot yo te fè,
ba yo kè kontan viv bò kote w
epi selebre renmen w lan pou tout tan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amèn.
49. Pou mari ak madanm
Granmèt, tanpri,
fè sèvitè w yo N. ak N. wè jan w bon :
nan fidelite yo te genyen pou lavi maryaj yo,
yo te fè yon sèl nan lavi anba isit la ;
se pou yo toujou fè yon sèl pou tout tan nan plenitid renmen w lan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amèn.
50. Pou lòt ka (pè, dyak) ale nan p. 163-168.
Littiji Pawòl la
51. Nan selebrasyon pou defen yo, litiji Pawòl la jwe yon wòl ki enpòtan anpil. Li pwoklame Mistè paskal la, nouri lesperans yon jou nou tout ap ansanm nan Wayòm Bondye a, manifeste atachman pwofon ki genyen ant moun ki mouri yo ak moun ki vivan yo, e egzòte pou bay temwayaj yon lavi kretyèn.
52. Pou dewoulman an, na swiv endikasyon yo bay nan « Leksyonè pou litiji defen yo ». Gen plizyè chwa lèkti : yo ka chwazi tou lèkti nan Leksyonè tanporal oubyen sanktoral la si se nesesè. Nan ka kote se yon selebrasyon san mès, ya fè yon sèl lèkti.
53. Li enpòtan pou gen yon kòmantè tou kout ki entwodui lèkti yo pou pèmèt moun yo akeyi pi byen mesaj Pawòl Bondye a apati sitiyasyon konkrèt yap viv la epi pou yo jwenn yon chemen lafwa ak lesperans (cf. Entwodiksyon Leksyonè pou litiji defen yo, p. 8).
54. Li enpòtan pou yo valorize Sòm ki vini apre lèkti anvan Levanjil la. Yo pa dwe ranplase l pa nenpòt chante. Ya toujou chwazi Sòm ki pwopoze pou sa nan Leksyonè pou litiji defen yo oubyen nan Leksyonè tanporal oubyen sanktoral la. Ya chwazi Sòm nan an fonksyon tèks biblik yo itilize a epi tou an fonksyon asanble a.
55. Yo dwe bay omeli a tout enpòtans li pou paske Pawòl Bondye a anonse pou moun sa yo ki prezan nan selebrasyon an e ki nan lapenn e ki gen reyaksyon ki diferan devan eprèv sa. Nan sans sa, yo dwe pran an konsiderasyon konpozisyon asanble a. Kapab genyen ladan l moun ki pa kwè, kretyen ki pa katolik, katolik ki pa vin legliz souvan oubyen ki prèske pèdi lafwa. Se pou tout moun sa yo pè a minis Levanjil la. Nan jan l entwodui lèkti yo, nan omeli li fè a, li ede yo chak akeyi mesaj Pawòl Bondye a epi jwenn yon chemen lafwa ak lesperans. Se pousa, nan litiji fineray, omeli a pa dwe yon elòj defen an, men anons Mistè paskal Kris la atravè lèkti yo ki te pwoklame a ki klere mistè lanmò kretyen an nan limyè Kris la ki resisite a.
56. Si pa gen selebrasyon Lekaristi, litiji Pawòl fini ak priyè inivèsèl la ; yo kapab fini l swa ak yon priyè konklizyon, swa ak « Papa nou ki nan syèl la » tout moun di ansanm (nòmalman sila kap prezide selebrasyon an entwodui l ak yon priyè aksyon de gras paj 31-33).
Priyè inivèsèl
57. Priyè inivèsèl andedan fineray dwe prepare epi li
- swa pa yon manb nan fanmiy lan ;
- swa pa kèk zanmi, vwazen oubyen manb kominote kretyèn nan.
58. Men kouman pou yo prepare l :
1. Pèsonalize lapriyè a, sa vle di kòmanse ak sa defen an te ye, sa l te viv, epi elaji lapriyè a nan yon dimansyon inivèsèl.
2. Rete brèf e diskrè, pa fè twòp literati ak pedantri sitou lè yap pale sou defen an. Pa gen panejirik degize, sa vle di diskou kote yap fè voye monte, fè djòlè, elòj, lwanj pou moun ki mouri a.
3. Varye lapriyè yo. Pa rete nan menm fòmil yo, sa ka parèt nwizib. Anba souf Lespri Sen an, se pou yo konpoze lapriyè ki ede asanble a.
4. Chwazi refren ki adapte pou chak lapriyè e ki adapte ak asanble a.
59. Pou priyè inivèsèl la, yap jwenn kòm egzanp, twa fòmilè konplè diferan ak yon seri entansyon patikilyè. Yo kapab konpoze lòt lapriyè si se nesesè.
60. Se pè a oubyen dyak kap prezide a ki fè entwodiksyon ak konklizyon lapriyè inivèsèl la.
Priyè inivèsèl / fòmilè konplè
I
ENTWODIKSYON
61 Sè m ak frè m yo, antan nou fè yon sèl nan lapenn, an nou lapriyè ansanm :
℟. Granmèt, sonje jan w renmen nou.[3]
ENTANSYON
Pou N. ak pou tout moun ki mouri nou te konnen epi nou te renmen, an nou lapriyè Granmèt la.
Pou zanmi nou yo ki isit la jodi a ki nan lapenn e pou tout sila yo kap kriye, an nou lapriyè Granmèt la.
Pou tout sila yo kap soufri e ki dekouraje,
pou tout sila yo ki pa gen pèsonn bò kote yo pou ede yo, an nou lapriyè Granmèt la.
Pou sila yo ki devwe nan sèvis lòt yo,
an nou lapriyè Granmèt la.
Pou sila yo ki kwè nan rezireksyon an,
ak pou sila yo kap chèche laverite, an nou lapriyè Granmèt la.
Pou nou tout ki rasanble isit la, pou sila yo ki pa kapab vini ak sila yo ki mande pou nou lapriyè pou yo, an nou lapriyè Granmèt la.
PRIYÈ KONKLIZYON
Bondye ki renmen lèzòm,
fè lapriyè Legliz ou a sèvi pou delivrans moun
kap viv, e tout moun ki mouri yo.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amèn.
II
ENTWODIKSYON
62. An nou lapriyè Bondye ki gen tout pouvwa a avèk konfyans, li menm ki resisite sèl grenn Pitit li nan mitan mò yo :
℟. Bondye Papa, sonje jan w renmen nou.[4]
ENTANSYON
Bondye Papa nou, ou menm ki te kreye zanmi nou N. pou te fè kè l kontan,
fè l jwenn plas lakay ou,
pou lavi ki pap janm fini an.
Bondye Papa nou, ou menm ki pat fè nou fèt sou tè a pou fènwa, men pou limyè nètale,
fè lafwa nou vin pi fò pase lapenn nou,
se pou regrè nou yo pa rete san lesperans.
Bondye Papa nou, ou menm ki pa vle pou pitit ou anglouti nan lanmò,
fè sila yo kap soufri pa janm kwè ou abandone yo.
Bondye Papa nou,
ou menm ki plen mizerikòd ak renmen,
fè tout moun kap viv sou tè a vin pi fratènèl, pi jis.
Bondye Papa nou,
ou menm ki te toujou akonpaye zanmi nou an
nan chak moman nan lavi li e ki te bò kote l lè l tap janbe kite nou an,
fè Legliz la toujou montre tout moun
Jezi Kri se Granmèt ni moun ki vivan yo
ni moun ki mouri yo.
PRIYÈ KONKLIZYON
Bondye ki sove tout moun e ki pa vle youn nan yo pèdi, koute lapriyè pèp ou a.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amèn.
III
ENTWODIKSYON
63. Sè m ak frè m yo, ansanm nou sot koute Pawòl
ki mande pou nou gen gen lesperans.
Se pou lapriyè nou an fèt nan yon sèl kè :
ENTANSYON
An nou lapriyè pou N.
ak pou tout moun ki janbe kite nou :
— Nan bonte w Granmèt, padone peche yo.
℟. Granmèt, nap lapriyè w, koute nou.[5]
— Asepte tout byen yo te konn fè anba isit la. ℟
— Akeyi yo nan lavi ki pap janm fini an. ℟
An nou lapriyè ankò pou tout sila yo ki an dèy jodi a :
— Granmèt, bay sila yo ki nan lapenn fòs, konsole yo, ede yo, pote yo sekou. ℟
— Se pou renmen w lan kalme doulè separasyon an. ℟
An ou lapriyè pou nou menm ak pou tout moun :
— Granmèt, bay tè a kè poze. ℟
— Fè nou grandi nan renmen frè ak sè nou yo. ℟
— Rasanble nou nan kè kontan rezireksyon an. ℟
PRIYÈ KONKLIZYON
Granmèt Jezi, ou menm ki la,
nan mitan moun ki kwè yo ki rasanble nan Nom w,
koute siplikasyon yo, reponn apèl yo.
Ou menm kap viv depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amèn.
PRIYÈ AKSYON DE GRAS
64. (Pou entwodui lapriyè Papa nou ki nan syèl la)
I
Si pè a vle li kapab di
℣. Frè m ak sè m yo, an nou di Bondye Granmèt nou an mèsi.
℟. Li merite sa vre.
Nou di w mèsi, Papa ki sen anpil, pou sila yo ki isit la, ak pou sila yo ki janbe al jwenn ou.
Se ou ki te pèmèt N. ki pati kite nou an, se li menm ki rasanble nou isit la jodi a.
Nou te gaye divès kote nan travay nou,
preyokipasyon chak jou yo pat ban nou tan,
me nou kite tout bagay, pou nou pataje lapenn lòt yo, pou nou youn soutni lòt nan yon menm lafwa, nan yon menm espwa ak nan yon menm renmen nan ou menm. Nap di w mèsi pou sa.
Nou sonje Pitit ou a Jezi Kri,
nan lanmò li sou la kwa, te rasanble tout solitid yo ;
e, nan lavi li ki pi fò pase lanmò,
li ban nou gwo garanti na viv.
Nap di w mèsi jodi a pou N. ou fè chita nan plas Jezi gran Frè nou an t al pare pou li a,
nan lavi w, kote ki pap gen soufrans ak dlo nan je ankò a. Mèsi paske w ap soutni nou menm ki nan chemen an toujou grasa Lespri Sen an.
Se pousa, ak tout sila yo ki te pran devan nou e kap viv nan ou,
sila yo nou te konnen vizaj yo,
avèk tout pakèt bann zanmi ou yo ki nan syèl,
tankou frè ak sè, nap lapriyè w :
Papa nou ki nan syèl la…
II
℣. Frè m ak sè m yo, an nou di Bondye Granmèt nou an mèsi.
℟. Li merite sa vre.
Bondye Granmèt, ou menm ki san repwòch,
tanpri ban nou Lespri Sen an pou nou aksepte rekonèt ou fè tout bagay ak entèlijans, men lide w yo depase tout sa nou ta kapab mete nan tèt nou.
Jodi a nap di w mèsi pou lavi N. ou rele vin jwenn ou.
N ap di w mèsi pou tout sa w te pèmèt li reyalize nan lavi li e pou bèl lavi ou pwomèt li a,
lavi sa ki deja kòmanse depi jou batèm li an.
Nap di w mèsi pou tout moun ki te antoure l ak afeksyon,
tout moun ki te ede l jwenn moso nan kè kontan ou pare pou li a ;
men tou, n ap di w mèsi pou tout frè ak sè nou yo ki pran devan nou yo, ki janbe al jwenn ou.
Bondye Papa, chagren mèt anvayi nou pou N. ki janbe a ak poutèt nou gen pou mouri yon jou a,
nou kwè pwomès lavi ou na jwenn pou tout tan an, la pou konsole nou ;
Nou kwè tout bon vre lavi N. ak tout sila yo ki pran devan nou yo pa peri, se chanje li chanje,
paske Jezi Pitit ou a ki te mouri e ki resisite a, te bay lavi li, pou l te fè nou viv pou tout tan.
Nou kwè tout bon vre ou toujou la avèk nou,
ou toujou kanpe avèk nou.
Poutèt sa, menm jan sila yo ki te fè w plezi lè yo t ap viv sou tè a e ki pran devan nou yo te konn fè,
avèk tout pakèt bann zanmi ou yo ki nan syèl,
tankou frè ak sè, nap lapriyè w :
Papa nou ki nan syèl la…
Litiji ekaristik
65. Nan kèk pawas, yo gen abitid selebre Lamès nan chak fineray ; refize demand sa ka parèt tankou yon sanksyon ; moun ki mwen pratikan konn mande fineray ak Lamès. Sa mande yon bon jijman pastoral. Se pousa, menm si se ak kèk mo sèlman, li enpòtan pou yo eksplike siyifikasyon Lekaristi a. Fè l ak mo ki senp pou pèmèt moun ki pa abitye ak vokabilè litijik nou yo kapab konprann e si posib antre nan selebrasyon an yon fason ki pi konsyan.
66. Pou priyè yo, prefas yo ak pati ki pwòp pou priyè ekaristik yo, yo va ale nan Mès defen, nan paj 38-105.
67. Pou chan « Agnus Dei », yo kapab itilize fòmilasyon ki pwòp : « ba yo repo » (donne-leur le repos) ; ou byen senpleman : « pran pitye pou nou » (prends pitié de nous) e « ban nou kè poze » (donne-nous la paix).
68. Aprè pòskominyon an, se dènye orevwa a. Si tout asanble a pra l nan simetyè a, se la yap kapab fè dènye orevwa a. Nan ka sa, kou pòskominyon an fini, yo soti ak kadav la.
69. Si posib, ya mande kèk pwòch defen an pote ofrann yo (pen, diven ak dlo) pou Lamès la an pwosesyon. Pa bliye, fòk jès sa ede fidèl yo patisipe nan Lekaristi a.
Litiji ekaristik
70. Lè priyè inivèsèl la fini, yo ka kòmanse chan preparasyon ofrann yo. Pandan tan sa, minis yo plase kòporal la, pirifikwa a, kalis la ak misèl la sou lotèl la. Men si gen ansansman, ya plase misèl la aprè ansansman an pou pa jennen lotèl la.
71. Li bon pou fidèl yo manifeste patisipasyon yo antan yo pote swa pen ak diven pou selebrasyon lekaristi a, swa lòt don pou bezwen Legliz la ak pòv yo.
Preparasyon ofrann yo
72. Pè a resevwa patèn nan ak pen an, li leve l yon ti kras sou lotèl la, antan l di tou ba :
Mèsi Bondye sèl Mèt syèl la ak tè a
Mèsi Bondye, pou jan w renmen bay.
Pen n ap ofri w la a,
Se nan men w nou jwenn li.
Se tè a ak travay nou ki fè li.
Pou l kapab tounen pen ki bay lavi a,
PAPA BONDYE, me li.
73. Apresa, li depoze patèn nan ak pen an sou kòporal la. Si pa gen chan, pè a di pawòl sa yo byen fò pou tout moun tande; alafen, pèp la kapab di aklamasyon an :
Mèsi BONDYE,
jodi a e pou tout tan!
74. Dyak la, oubyen pè a, vide diven an ak kèk gout dlo nan kalis la, antan li di tou ba :
Menm jan dlo sa mele ak diven an
pou sakreman Alyans la,
Se pou nou kapab fè yon sèl ak divinite
Sila ki te tounen moun tankou nou an.
75. Answit, pè a pran kalis la, li leve l yon ti kras sou lotèl la, antan l di tou ba:
Mèsi Bondye sèl Mèt syèl la ak tè a
Mèsi Bondye, pou jan w renmen bay.
Diven n ap ofri w la a,
Se nan men w nou jwenn li.
Se tè a ak travay nou ki fè li.
Pou l kapab tounen yon bwason pou nanm nou,
PAPA BONDYE, me li.
76. Epi li depoze kalis la sou kòporal la.
77. Si pa gen chan, pè a di pawòl sa yo byen fò pou tout moun tande; alafen, pèp la kapab di aklamasyon an :
Mèsi BONDYE,
jodi a e pou tout tan!
78. Answit, pè a, enkline, di tou ba :
Granmèt, nou pa anyen devan w, nou pòv,
tanpri souple akeyi nou,
se pou sakrifis nou an, jodi a,
fè w plezi tout bon vre.
79. Si li wè l bon, pè a ansanse ofrann yo ak lotèl la ; epi, dyak la oubyen minis la ansanse pè a ak asanble a.
80. Answit, pè a, sou kote lotèl la, lave men l, antan l di tou ba :
Granmèt, lave fot mwen yo,
Pwòpte mwen nèt, tanpri.
81. Li retounen nan mitan lotèl la, antan l louvri men l, li di :
℣. Frè m ak sè m yo, an nou lapriyè ansanm,
pou Granmèt la kontan Lamès sa a ki sèvis tout Legliz li a.
Pèp la reponn :
℟. Wi, se lwanj pou Bondye, se benediksyon pou nou menm ak pou tout moun.
Priyè sou ofrann yo
82. Epi li louvri men l, li di lapriyè sou ofrann yo :
Granmèt, n ap ofri w kado sa yo pou sèvitè w (sèvant) ou N., k ap dòmi nan Jezi Kri. Tanpri, fè kè w sansib pou resevwa l. Wete l anba kòd lanmò grasa sakrifis sa a ki gen valè apa a. Fè li jwenn lavi ki pap janm fini an. Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
83. Nan finisman lapriyè a pèp la di aklamasyon an :
℟. Amen.
Oubyen
Granmèt, resevwa ofrann sa ki eksprime lafwa nou : pliske nou vin jwenn ou avèk konfyans, kenbe nou nan dousè renmen w lan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
84. Nan finisman lapriyè a pèp la di aklamasyon an :
℟. Amen.
Oubyen
Bondye Papa nou,
ou menm ki si tèlman bon,
tanpri, voye je sou kado n ap ofri w, jodi a,
pou nou sonje N. ki fini vwayaj li sou tè a.
Pou tout sa li te fè ki te dakò ak volonte w,
aksepte lwanj nou yo.
Men tou, pou tout sa l te fè ki pa bon,
montre l kè sansib ou a.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
85. Nan finisman lapriyè a pèp la di aklamasyon an :
℟. Amen.
Oubyen
Bondye Papa nou, poutèt Jezi Kri,
Pitit ou a ki mouri e ki resisite pou nou,
aksepte sèvis Legliz ou a ap fè pou l sonje N. ou rele vin jwenn ou.
Pa sonje sa li te fè ki mal,
e mete l ansanm ak tout moun ki te rekonèk Jezi pou Sovè ak gran Frè yo.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
86. Nan finisman lapriyè a pèp la di aklamasyon an :
℟. Amen.
Prefas pou mès fineray yo
Prefas defen yo I
Tristès ak esperans devan lanmò
© Granmèt la avèk nou tout.
℟. E avèk ou menm tou.
© An nou leve kè nou byen wo.
℟. Li deja devan Granmèt la.
© An nou di Bondye Granmèt nou an
℟. Li merite sa vre.
Vrèman, ou merite sa, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou, Papa ki sen, Bondye ki la depi tout tan e pou tout tan e ki gen tout pouvwa, pou nou di w mèsi tout tan e tout kote, pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou.
Se li ki fè nou viv ak lesperans leve byen vivan ;
e si chagren anpare nou, poutèt nou gen pou nou mouri,
pwomès lavi na jwenn pou tout tan an pote konsolasyon pou nou.
Paske, pou tout moun ki kwè nan w yo Granmèt,
lavi yo pa detwi, se chanje li chanje.
Lè jou yap pase sou tè a rive nan bout yo, yo jwenn yon kay pou tout tan nan syèl la.
Bondye, se pou sa, se poutèt pouvwa w, nou kontan mete ansanm ak tout Akanj yo, tout pwisans ki anwo nèt yo ak tout lespri byenere yo, pou nou chante san rete : Se w ki sen!..
Prefas defen yo II
Kris la te mouri pou l fè nou viv
© Granmèt la avèk nou tout.
℟. E avèk ou menm tou.
© An nou leve kè nou byen wo.
℟. Li deja devan Granmèt la.
© An nou di Bondye Granmèt nou an
℟. Li merite sa vre.
Vrèman, ou merite sa, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou, Papa ki sen, Bondye ki la depi tout tan e pou tout tan e ki gen tout pouvwa, pou nou di w mèsi tout tan e tout kote, pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou.
Li sèl, antan li aksepte lanmò, wete nou nou anba pouvwa lanmò ; li sèl, antan li bay lavi l,
fè nou viv pou tout tan pou w.
Bondye, se pousa, se poutèt pouvwa w, nou kontan mete ansanm ak tout zanmi w yo ki nan syèl, pou nou fè konpliman pou w san rete : Se w ki sen!...
Prefas defen yo III
Kris la se lavi ak rezireksyon nou
© Granmèt la avèk nou tout.
℟. E avèk ou menm tou.
© An nou leve kè nou byen wo.
℟. Li deja devan Granmèt la.
© An nou di Bondye Granmèt nou an
℟. Li merite sa vre.
Vrèman, ou merite sa, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou, Papa ki sen, Bondye ki la depi tout tan e pou tout tan e ki gen tout pouvwa, pou nou di w mèsi tout tan e tout kote, pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou.
Se li menm ki sove tè a,
se li menm ki lavi tout moun
e ki rezireksyon tout moun ki mouri yo.
Bondye, se pousa, se poutèt pouvwa w, nou kontan mete ansanm avèk tout sila yo ki deja antre nan kè kontan ou lan, pou nou fè konpliman pou w san rete : Se w ki sen!...
Prefas defen yo IV
Bondye, ki te kreye nou, ap resisite nou
© Granmèt la avèk nou tout.
℟. E avèk ou menm tou.
© An nou leve kè nou byen wo.
℟. Li deja devan Granmèt la.
© An nou di Bondye Granmèt nou an
℟. Li merite sa vre.
Vrèman, ou merite sa, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou, Papa ki sen, Bondye ki la depi tout tan e pou tout tan e ki gen tout pouvwa, pou nou di w mèsi tout tan e tout kote, pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou.
Bondye, se w ki fè nou,
se w kap dirije lavi nou,
e ou vle, depi nan lavi sa a nap viv kounya a,
nou menm ki soti nan pousyè tè a,
nou libere anba fòs mal la.
Wi, lanmò Pitit ou a sove nou vre;
e n ap tann ou fè nou siy,
pou nou viv lavi tout bon vre a,
nan bèlte rezireksyon an.
Bondye, se pousa, se poutèt pouvwa w, nou kontan mete ansanm avèk tout zanj yo ak tout zanmi w yo ki nan syèl la, pou nou pwoklame pwisans ou antan nap chante : Se w ki sen!...
Prefas defen yo V
Kris la wete nou anba peche ak lanmò, na va resisite avèk li
© Granmèt la avèk nou tout.
℟. E avèk ou menm tou.
© An nou leve kè nou byen wo.
℟. Li deja devan Granmèt la.
© An nou di Bondye Granmèt nou an
℟. Li merite sa vre.
|
Vrèman, ou merite pou nou di w mèsi tout tan e tout kote, Papa ki sen, Bondye ki la depi tout tan e pou tout tan, e ki gen tout pouvwa.
Nou fèt pou nou mouri ;
men lè lanmò frape nou pou chatiman peche a,
bon kè w kòm Papa sove nou
nan vikwa Kris la ki fè nou tounen viv avèk li.
Bondye, se pousa, se poutèt pouvwa w, nou kontan mete ansanm avèk tout zanj yo ki nan syèl la, pou nou beni Non w sou tè a e pou nou adore w ou antan nap chante : Se w ki sen!...
Priyè ekaristik I
© Granmèt la avèk nou tout.
℟. E avèk ou menm tou.
© An nou leve kè nou byen wo.
℟. Li deja devan Granmèt la.
© An nou di Bondye Granmèt nou an
℟. Li merite sa vre.
87. N ap jwenn prefas yo nan paj 40-44.
88. Apre Prefas la ak Sanctus la, pè a kontinye ak men l yo louvri e li di pou kont li:
BONDYE, Papa nou, ou menm ki si tèlman bon,
n ap priye w, pa pouvwa Jezi Kri,
Granmèt nou, Pitit ou. Li kontre men l yo ansanm e li di :
Tanpri souple, aksepte sa n ap ofri ou la
pou w kapab beni l X . Li fè siy kwa a sou pen an
ak kalis la epi li louvri men l.
Nou ofri w li espesyalman pou Legliz ou a ki sen e ki la pou tout moun. Fè l viv ak kè poze, tout kote sou latè. Pwoteje l.
Rasanble l fè youn, e kondwi li.
Nou ofri w li tou, pou sèvitè ou, Pap N., Evèk nou an N.,…
Si se evèk la kap prezide li di : (Pou mwen menm pòv sèvitè w N., evèk dyosèz la, kap prezide selebrasyon sa),
… ak pou tout lòt Monsenyè yo
kap kenbe lafwa Apot Jezi Kri yo te kite ba yo a.
Souvni moun ki vivan yo.
Granmèt, sonje moun kap sèvi w yo (N. epi N.).
Li kontre men l epi li priye yon moman an silans, apresa, li louvri men l e li kontinye :
Sonje tout moun ki reyini isit la, ansanm avèk nou.
Ou konnen jan yo gen lafwa e jan yo devwe pou w.
Sa y ap ofri a, se poutèt pa yo y ap ofri l,
pou tout moun pa yo tou, pou yo jwenn delivrans
e pou yo gen espwa sove.
Se nan pye w, yo vin lapriyè paske w se Bondye tout bon vre a,
Bondye ki vivan an, e ki la pou tout tan.
Granmèt, se ak anpil respè
nou mete tèt nou ansanm avèk tout fanmiy ou,
avèk Mari ki toujou rete Vyèj
e ki Manman Jezi Kri, Granmèt nou,
† avèk Jozèf, mari l ki nan syèl,
avèk tout Apot Jezi Kri yo : Pyè ak Pòl, Andre,
[Jak ak Jan, Toma, Jak ak Filip, Batelemi ak Matye, Simon ak Jid,
Len, Klè, Kleman, Sikst, Kònèy ak Sipriyen,
Loran, Krizogon, Jan ak Pòl, Kom ak Damyen]
avèk tout lòt Zanmi ou yo ki nan syèl.
Tanpri, Granmèt, gras a lapriyè yo ak merit yo,
fè nou toujou fò ak sekou w toupatou,
pwoteje nou nan tout bagay.
[Li kontre men l yo.]
Li louvri men l, li kontinye :
Granmèt, tanpri, aksepte sa n ap ofri w la
ansanm ak tout fanmiy ou a.
Toujou fè kè nou poze.
Fè nou chape anba pinisyon ki pap janm fini an.
Mete nou ansanm ak tout moun ou chwazi yo.
[Li kontre men l yo.]
Li lonje men l sou ofrann yo, li :
Bondye, tanpri, beni sa nou ofri a.
Fè li fin bon nèt, pou li kapab fè w plezi.
Konsa, se pou avantaj nou, la tounen kò ak san Jezi Kri,
Granmèt nou, Pitit ou si tèlman renmen an.
[Li kontre men l yo.]
89. Nan fòmil ki swiv yo, yo dwe pwononse pawòl Granmèt la yon fason byen detache e byen klè.
Lavèy jou li te pral soufri a,
li pran pen an ak men li Li pran pen an.
li voye je l nan syèl la, Li leve je l.
bò kote w Bondye,
ou menm ki gen tout pouvwa,
li di w mèsi. Li lapriyè sou pen an,
li kase l bay patizan l yo, li di yo : Li enkline yon ti kras.
« Pran, manje ladan, nou tout,
reyèlman vre, sa se kò mwen
m ap bay pou nou an ».
Li montre pèp la losti konsakre a, li remete l sou patèn nan e li fè jenifleksyon. Tout fidèl yo adore kò Kris la.
Apresa, li kontinye:
Menm jan tou, lè yo fin manje,
li pran kalis diven an ak men li,
li tounen di w mèsi,
li lapriyè sou kalis la,
li bay patizan l yo, li di yo :
« Pran, bwè ladan, nou tout,
reyèlman vre, sa se san mwen.
Se san lòt Kontra a, ki va la pou tout tan,
se san ki pra l koule pou nou an ak pou tout moun,
pou padone peche.
Fè sa pou nou sonje mwen ».
Li montre pèp la kalis la, li depoze l sou kòporal la e li fè jenifleksyon. Tout fidèl yo adore san Kris la.
Aklamasyon asanble a.
90. Jezi te di : « Fè sa pou nou sonje mwen », asanble a obeyi kòmandman li a nan yon aklamasyon pè a entwodui konsa :
1) A la yon bèl Mèvèy!
Nou pa kapab fin konprann men nou kwè l :
℟ Nap pwoklame lanmò w, Granmèt Jezi,
Nap selebre rezireksyon w,
Nap tann ou retounen nan tout bèlte w.
2) Lè nou manje nan pen sa epi nou bwè nan kalis sa,
nou selebre mistè lafwa a :
℟ Nou sonje lanmò w, Granmèt;
n ap deklare ou resisite
e n ap tann ou retounen.
3) An nou pwoklame mistè lafwa a :
℟ Lwanj pou w ki te mouri,
lwanj pou w ki vivan,
Sovè nou, Bondye nou :
Vini, Granmèt Jezi.
Apresa, pè a louvri men l e li di :
Granmèt, se poutèt sa nou menm,
sèvitè w yo ak tout fanmiy ou an,
nap sonje Jezi Kri, Granmèt nou, Pitit ou,
nap sonje jan li soufri pou delivrans nou,
jan li leve soti kote mò yo te ye a,
ak jan li monte nan syèl la,
se sa ki fè nap ofri w kado sa a
nou pran nan tout byen ou ban nou yo.
Bondye, ou menm ki sèl otorite,
ou wè sa nap ofri a pa gen defo,
se pen ki bay lavi ki pap janm fini an,
se kalis san ki pote delivrans ki va toujou la a.
Tanpri, Bondye, voye je w sou sa nap ofri ou la.
Konsidere l, asepte l menm jan ou te asepte
tout kado Abèl, te konn ofri w yo.
Aksepte l menm jan ak sa papa Abraram nou an, te sakrifiye a.
Menm jan ak sa Mèlkisedèk pè an chèf la
te ofri w la, sèvis ki sen an.
Antan l enkline ak men l yo kontre, li kontinye :
Bondye ki gen tout pouvwa,
n ap priye w,
Fè sa n ap ofwi a rive devan lotèl ou a ki anwo nan syèl la, nan bèlte w.
Konsa, isit la, lè na manje
kò ak san Pitit ou a, sou lotèl la, Li redrese,
epi li fè siy lakwa antan l kontinye.
nou va jwenn tout kalite favè ak tout kalite benediksyon.
Li kontre men l e li di :
Granmèt, sonje moun ki mouri anvan nou yo, N. et N.,
yo te konn sèvi ou,
yo te make ak mak lafwa a e y ap dòmi an pè.
Li kontre men l yo e li priye an silans.
Apresa, li reprann ak men l yo louvri.
Granmèt, tanpri souple, ba yo frechè,
limyè ak kè poze,
ansanm ak tout moun ki mouri zanmi Jezi Kri.
Ak men dwat li, li frape pwatrin li antan l di.
Sere yon ti plas pou nou tou.
Nou se pechè, men, nou se sèivitè w.
Li kontinye ak men l yo louvri.
Nou mete espwa nou sou w, paske w bon anpil.
Ban nou yon ti plas ansanm ak Apot Jezi Kri yo, ansanm ak moun ki te pase mati pou w,
tankou Janbatis, Etyèn, Matyas, Banabe,
[Inyas, Aleksand, Maslen, Pyè, Felisite, Pèpeti, Agat, Lisi, Anyès, Sesil, Anastazi],
ak tout lòt zanmi w yo ki nan syèl.
Nou mèt pa merite sa, mete nou ansanm avèk yo, paske w padone nou nèt. Li kontre men l.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou. Li kontinye :
Granmèt, se pa pouvwa Jezi Kri
ou toujou kreye tout byen,
ou pran yo pou sèvis ou,
ou ba yo lavi,
ou beni yo, lèfini,
ou fè nou kado yo.
Aklamasyon
91. Li pran patèn nan ak losti a, ansanm ak kalis la, e, antan l leve yo ansanm li di :
Bondye Papa nou,
ou menm ki gen tout pouvwa
e ki fè youn ak Lespri Sen an,
se pa pouvwa Jezi Kri,
se avèk li, se onon li,
ou jwenn tout kalite lwanj ak konpliman
depi tout tan e pou tout tan.
Pèp la di :
℟. Amen.
Kominyon an
92. Asanble a ap prepare l pou l kominyen nan Kò ak nan San Kris la antan l di lapriyè Granmèt la e antan l etabli li nan lapè li a.
Lapriyè Granmèt la
93. Pè a fin depoze patèn nan ak kalis la, ak men l yo kontre, li entwodui lapriyè Granmèt antan l di pa egzanp :
Se yon lòd Jezi Kri, Sovè nou pase nou,
se konsa li montre nou lapriyè,
se sa ki fè nou kapab di ansanm :
oubyen :
Kòm nou fè youn nan Lespri Sen an,
nou kapab di avèk konfyans
lapriyè Jezi Kri Sovè te montre nou :
Tout moun di ansanm :
Papa nou ki nan syèl la,
se pou yo respekte Non w,
se pou yo rekonèt se W ki Wa,
se pou volonte w fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a
ba nou li jodi a.
Padone sa nou fè w, tankou nou padone
moun ki fè nou kichòy.
Pa kite nou pran nan pyèj,
men delivre nou ak sa ki mal.
Ak men l yo louvri, pè a pou kont li kontinye :
Granmèt, tanpri souple delivre nou ak tout sa ki mal. Fè kè nou poze pandan tout lavi nou.
Ede nou pou jan w gen bon kè.
Delivre nou nèt ak tout peche nou yo e pwoteje nou, pou okenn malè pa rive nou. Nap espere byen ou pwomèt nou an:
Li kontre men l yo.
Sovè nou, Jezi Kri kap vini an.
Tout moun di ansanm :
Paske se w menm sèl ki Wa,
se ou menm gen tout pouvwa,
depi tout tan e pou tout tan.
Answit, ak men l louvri, pè a di byen fò :
Granmèt Jezi Kri,
se w menm ki te di Apot ou yo :
« Mwen kite kè poze pou nou,
mwen ban nou kè poze » ;
pa gade sou peche nou yo,
men gade pito jan Legliz w a kwè nan w ;
pou volonte w kapab akonpli,
toujou ba Legliz la kè poze sa a,
e kondui l nan inite tout bon vre a.
Li kontre men l yo.
Ou menm ki Vivan e ki Wa depi tout tan e pou tout tan.
Pèp la reponn :
℟. Amèn !
Pè a, antan l louvri men l, li ajoute :
Se pou Granmèt la aprann nou byen viv ansanm,
e se pou li toujou avèk nou tout.
Li kontre men l yo.
Pèp la reponn :
℟. E avèk ou menm tou.
94. Apresa, si se posib, pè a oubyen dyak la envite manm asanble a pou yo pataje antre yo lapè fratènèl[6] :
(Frè m ak sè m yo,)
montre nou konn viv anpè yonn ak lòt.
Jès kase Pen an
95. Tankou Jezi te fè l nan dènye Soupe a, pè a kase pen an yo pra l pataje a. Epi, li mete yon ti moso nan kalis la antan l di tou ba :
Se pou Kò ak San Kris la
ki melanje nan kalis la
fè nou viv lavi ki pap janm fini an.
96. Pandan tan sa yo chante :
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
tanpri, pitye pou nou oubyen fè yo repoze ;
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
tanpri, pitye pou nou oubyen fè yo repoze ;
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
fè kè nou poze oubyen fè yo jwenn repoze nan lapè.
(Envokasyon sa ka repete plizyè fwa si yo poko fin kase pen an).
Ak men l yo kontre, Pè a di tou ba:
Granmèt Jezi Kri,
Pitit Bondye vivan an,
selon volonte Papa a
e avèk pwisans Lespri Sen an,
grasa lanmò w, ou te ba tout moun lavi ;
se pou kò w ak san w delivre m anba tout peche e anba tout mal ;
fè m rete fidèl a kòmandman w yo
e pou m pa janm vire do ba w.
oubyen
Jezi Kri, Granmèt,
se pou Kò w ak San w mwen pra l manje a
pa tounen ni yon jijman,
ni yon kondanasyon pou mwen ;
men se pou yo soutni lespri mwen ak kò mwen,
e se pou yo fèm jwenn gerizon.
97. Pè a fè jenifleksyon, li pran pen konsakre a, e li fè yon ti leve l anwo kalis la, nan direksyon pèp la, li di byen fò :
A la chans pou moun sa yo Jezi envite vin manje nan manje sa a !
Men Jezi mouton Bondye
ki wete peche sou tè a.
E, li ajoute, avèk pèp la :
Granmèt, mwen pa merite ou antre lakay mwen ;
men di yon pawòl sèlman,
epi mwen va geri.
Apresa, li di tou ba :
Se pou kò Kris la soutni m pou lavi ki pap janm fini an.
E li manje kò Kris la avèk respè. Ansuit, li pran kalis la, e li di tou ba :
Se pou san Kris la soutni m pou lavi ki pap janm fini an.
98. Lè l fin kominye, li pran patèn nan oubyen sibwa a, li pwoche bò moun ki deside resevwa lakominyon yo ; li montre yo chak pen konsakre a antan l fè yon ti leve l, e li di :
Kò Kris la.
Moun kap resevwa lakominyon an reponn :
℟. Amèn !
99. Pou kominyon sou 2 espès, ya obsève sa ki di nan PGMR a (Présentation du Missel romain) nan n° 281 pou rive nan n° 287. Antan y ap prezante kalis la pè a oubyen dyak la di :
San Kris la.
Moun kap resevwa lakominyon an reponn :
℟. Amèn !
100. Pandan lakominyon an, yo kapab chante yon chan ki apwopriye.
101. Lòske yo fin distribiye lakominyon an, pè a oubyen dyak la pirifye patèn nan anwo kalis la, e kalis li menm tou. Ya fè li sou kredans lan. Yo kapab fè l tou apre Lamès la.
102. Pandan l ap fè pirifikasyon an, pè a oubyen dyak la ditou ba :
Se pou nou kapab akeyi ak yon kè pwòp, Granmèt,
sa bouch nou sot resevwa a ;
e pou nou jwenn nan kominyon sa anba isit la gerizon pou lavi ki pap janm fini an.
103. Pè a al nan syèj prezidans la. Yo kapab rete an silans pandan yon ti tan. Yo kapab chante yon Sòm oubyen Kantik lwanj.
104. Oubyen Antyèn kominyon Phil 2, 20-21
« N ap tann Sovè nou,
Granmèt Jezi Kri,
se li menm kap transfòme kò nou yo ki gen pou mouri a
nan imaj kò pa li ki nan bèlte a ».
oubyen cf. 4 Esd 2, 34-35
« Granmèt, fè limyè tout tan an klere sou frè ak sè nou yo ;
fè yo antre nan kè kontan w lan nan konpayi sen w yo,
paske w bon ».
105. Apresa, pè a kanpe li di :
An nou lapriyè ansanm oubyen An nou lapriyè oubyen An nou lapriyè Granmèt la.
106. Tout moun lapriyè an silans avèk pè a pandan yon ti tan, sof si yo te fè l deja. Epi, pè a louvri men l e li di lapriyè aprè kominyon an :
Granmèt, nou sot resevwa sakreman sèl grenn Pitit ou a ;
li te sakrifye tèt li pou nou,
li leve nan bèlte a :
n ap lapriyè w ak tout kè nou pou sèvitè w (sèvant ou) N. ki mouri a.
Grasa mèvèy Pak la, fè nou vin sen ;
konsa, na kapab jwi bèlte a, lè na leve pou lavi ki pap janm fini an.
Pa pouvwa Jezi Kri Granmèt nou an.
℟. Amèn !
oubyen
Bondye Papa nou,
n ap di w mèsi pou limyè ak fòs
ou ban nou nan moman difisil sa a.
Pawòl ou, se Pawòl ki bay lavi a ;
Kò ak san Jezi ki leve a
se semans lavi ki pap janm fini an.
Fè nou kwè tout bon vre,
poutèt kalite kado sa yo,
ou wete N. kite kwè nan w
anba pouvwa lanmò
e ou mete l ansanm ak Jezi, gran frè nou,
nan lavi kè kontan ak kè poze
ou pwomèt nou an.
Pa pouvwa Jezi Kri Granmèt nou an.
℟. Amèn !
oubyen, nan tan Pak
Granmèt, tanpri, fè sèvitè w (sèvant ou) N. travèse nan kay limyè ak kè poze a ;
se pou li nou sot selebre sakreman Pak la.
Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
℟. Amèn !
RIT KONKLIZYON
107. Si nesesè, se moman pou yon manb nan fanmiy lan pran lapawòl pou di yon mo remèsiman. Se pa moman pou yo fè diskou ki long.
108. Se moman tou pou yo fè dènye orevwa a si li pap fèt nan simetyè a. N ap jwenn rit la nan paj 105-115.
109. Nan lòt mès pou defen yo, pè a, lonje men l sou pèp Bondye a, e li di :
℣. Granmèt la avèk nou tout.
Pèp la reponn :
℟. E avèk ou menm tou.
Pè a beni pèp la, antan l di :
Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a beni nou,
Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
BENEDIKSYON SOLANÈL
Se pou Bondye lavi a beni nou,
li menm ki te kreye moun nan nan bonte li.
Li menm ki te bay moun ki kwè yo lesperans rezireksyon an nan Pitit li a ki resisite nan pami mò yo.
℟. Amen.
Se pou l konsole nou nan lapenn nou,
se pou l fè lafwa nou grandi.
℟. Amen.
Se pou tout vivan yo jwenn padon pou peche yo,
se pou defen yo rive nan Wayòm li an.
℟. Amen.
Bondye te kreye moun nan pou l viv.
Nou kwè nan Jezi Kri ki resisite nan pami mò yo,
se pou nou kapab viv pou tout tan avèk li.
℟. Amen.
Se pou benediksyon Bondye ki gen tout pouvwa a,
Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an,
desann sou nou, pou l rete tout tan.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
110. Epi, dyak la, oubyen pè a li menm, di :
℣. Ale ak kè poze.
℟. Mèsi Bondye mèsi.
111. Apresa, nòmalman, pè a venere lotèl ak yon bo, tankou l te fè l nan kòmansman. Apre li fin salye l ansanm avèk minis yo, li ale.
Priyè ekaristik II
© Granmèt la avèk nou tout.
℟. E avèk ou menm tou.
© An nou leve kè nou byen wo.
℟. Li deja devan Granmèt la.
© An nou di Bondye Granmèt nou an
℟. Li merite sa vre.
112. N ap jwenn prefas yo nan paj 40-44.
113. Apre Prefas la ak Sanctus la, pè a kontinye ak men l yo louvri e li di pou kont li:
Granmèt, se w ki sen tout bon,
e tout sa ki sen se nan w li soti.
Li kontre men l yo, e, li lonje yo sou ofrann yo, li di :
Tanpri, fè Lespri w, mete kado sa yo apa pou w ;
konsa, se pou avantaj nou,
Li kontre men yo, e li fè siy lakwa sou pen an ak kalis la antan l di :
Ya tounen kò X ak san Jezi Kri, Granmèt nou.
Li kontre men l yo.
114. Nan fòmil ki swiv yo, yo dwe pwononse pawòl Granmèt la yon fason byen detache e byen klè.
115. Li pran pen an, li fè yon ti leve l anwo lotèl la – epi li enkline yon ti kras :
Lè Jezi asepte soufri pou pwòp volonte pa l
jou yo trayi l la,
li pran pen an,
li di w mèsi,
li kase l bay patizan l yo,
li di yo :
Li enkline yon ti kras.
« Pran, manje ladan, nou tout,
reyèlman vre, sa se kò mwen
m ap bay pou nou an ».
Li montre pèp la losti konsakre a, li remete l sou patèn nan e li fè jenifleksyon. Tout fidèl yo adore kò Kris la.
Apresa, li kontinye:
Menm jan tou, lè yo fin manje,
li pran kalis la,
li tounen di w mèsi,
li bay patizan l yo, li di yo :
« Pran, bwè ladan, nou tout,
reyèlman vre, sa se san mwen.
Se san lòt Kontra a, ki va la pou tout tan,
se san ki pra l koule pou nou an ak pou tout moun,
pou padone peche.
Fè sa pou nou sonje mwen ».
Li montre pèp la kalis la, li depoze l sou kòporal la e li fè jenifleksyon. Tout fidèl yo adore san Kris la. Apre sa li di :
Aklamasyon asanble a.
116. Jezi te di : « Fè sa pou nou sonje mwen », asanble a obeyi kòmandman li a nan yon aklamasyon Pè a entwodui konsa :
1) A la yon bèl Mèvèy!
Nou pa kapab fin konprann men nou kwè l :
℟ Nap pwoklame lanmò w, Granmèt Jezi,
Nap selebre rezireksyon w,
Nap tann ou retounen nan tout bèlte w.
2) Lè nou manje nan pen sa epi nou bwè nan kalis sa,
nou selebre mistè lafwa a :
℟ Nou sonje lanmò w, Granmèt;
n ap deklare w resisite
e n ap tann ou retounen.
3) An nou pwoklame mistè lafwa a :
℟ Lwanj pou w ki te mouri,
lwanj pou w ki vivan,
Sovè nou, Bondye nou :
Vini, Granmèt Jezi.
117. Apresa, Pè a louvri men l e li di :
Granmèt, se nan sonje Jezi te mouri e li leve,
n ap ofri w pen ki bay lavi a,
ak kalis ki pote delivrans la,
n ap di w mèsi, paske w fè nou merite parèt devan w pou nou sèvi w.
Tanpri Granmèt, fè Lespri Sen an rasanble nou fè youn, poutèt kò ak san Jezi Kri n ap manje a.
Granmèt, sonje Legliz ou a ki gaye sou tè a :
fè l grandi nan renmen w lan,
avèk Pap N., Monseyè nou an N.,
ak tout sila yo ki responsab pèp ou a.
___________________________________________________________________________
118. Nan mès pou defen yo, sof pou fineray timoun yo, yo kapab di :
Sonje N. ou rele vin jwenn ou (jodi a).
Kòm li te batize nan lanmò Pitit ou a,
tanpri, fè l patisipe nan rezireksyon li a.
___________________________________________________________________________
Sonje tout frè ak sè nou yo ki mouri
ak espwa ou va fè yo leve yon jou,
ak tout lòt moun ki mouri yo tou :
resevwa yo lakay ou, nan limyè w la.
Tanpri fè nou gras,
fè nou merite jwenn lavi ki pap janm fini an,
ansanm ak Mari ki Vyèj e ki Manman Bondye,
ansanm ak sen Jozèf, mesye marye li,
ansanm ak Apot yo,
ansanm ak tout zanmi w yo
kite mache nan chemen w lè yo tap viv sou tè a.
Konsa na fè lwanj ak konpliman pou w,
Li kontre men l yo.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou.
119. Li pran patèn nan ak losti a, ansanm ak kalis la, e, antan l leve yo ansanm li di :
Bondye Papa nou,
ou menm ki gen tout pouvwa
e ki fè youn ak Lespri Sen an,
se pa pouvwa Jezikri,
se avèk li, se onon li,
ou jwenn tout kalite lwanj ak konpliman
depi tout tan e pou tout tan.
Pèp la di :
℟. Amen.
Kominyon an
120. Asanble a ap prepare l pou l kominyen nan Kò ak nan San Kris la antan l di lapriyè Granmèt la e antan l etabli li nan lapè li a.
Lapriyè Granmèt la
121. Pè a fin depoze patèn nan ak kalis la, ak men l yo kontre, li entwodui lapriyè Granmèt antan l di pa egzanp :
Se yon lòd Jezi Kri, Sovè nou pase nou,
se konsa li montre nou lapriyè,
se sa ki fè nou kapab di ansanm :
oubyen :
Kòm nou fè youn nan Lespri Sen an,
nou kapab di avèk konfyans
lapriyè Jezi Kri Sovè te montre nou :
Tout moun di ansanm :
Papa nou ki nan syèl la,
se pou yo respekte Non w,
se pou yo rekonèt se W ki Wa,
se pou volonte w fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a
ba nou li jodi a.
Padone sa nou fè w, tankou nou padone
moun ki fè nou kichòy.
Pa kite nou pran nan pyèj,
men delivre nou ak sa ki mal.
122. Ak men l yo louvri, pè a pou kont li kontinye :
Granmèt, tanpri souple delivre nou
ak tout sa ki mal.
Fè kè nou poze pandan tout lavi nou.
Ede nou pou jan w gen bon kè.
Delivre nou nèt ak tout peche nou yo e pwoteje nou, pou okenn malè pa rive nou.
Nap espere byen ou pwomèt nou an:
Li kontre men l yo.
Sovè nou, Jezi Kri kap vini an.
Tout moun di ansanm :
Paske se w menm sèl ki Wa,
se ou menm gen tout pouvwa,
depi tout tan e pou tout tan.
123. Answit, ak men l louvri, pè a di byen fò :
Granmèt Jezi Kri,
se w menm ki te di Apot ou yo :
« Mwen kite kè poze pou nou,
mwen ban nou kè poze » ;
pa gade sou peche nou yo,
men gade pito jan Legliz w a kwè nan w ;
pou volonte w kapab akonpli,
toujou ba Legliz la kè poze sa a,
e kondui l nan inite tout bon vre a.
Li kontre men l yo.
Ou menm ki Vivan e ki Wa depi tout tan e pou tout tan.
Pèp la reponn :
℟. Amèn !
124. Pè a, antan l louvri men l, li ajoute :
Se pou Granmèt la aprann nou byen viv ansanm,
e pou li toujou avèk nou tout.
Li kontre men l yo.
Pèp la reponn :
℟. E avèk ou menm tou.
125. Apresa, si se posib, pè a oubyen dyak la envite manm asanble a pou yo pataje antre yo lapè fratènèl[7] :
(Frè m ak sè m yo,)
montre nou konn viv anpè yonn ak lòt.
Jès kase Pen an
126. Tankou Jezi te fè l nan dènye Soupe a, pè a kase pen an yo pra l pataje a. Epi, li mete yon ti moso nan Kalis la antan l di tou ba :
Se pou Kò ak San Kris la
ki melanje nan Kalis la
fè nou viv lavi ki pap janm fini an.
127. Pandan tan sa yo chante :
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
tanpri, pitye pou nou oubyen fè yo repoze ;
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
tanpri, pitye pou nou oubyen fè yo repoze ;
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
fè kè nou poze oubyen fè yo jwenn repoze nan lapè.
(Envokasyon sa ka repete plizyè fwa si yo poko fin kase pen an).
128. Ak men l yo kontre, pè a di tou ba:
Granmèt Jezi Kri,
Pitit Bondye vivan an,
selon volonte Papa a
e avèk pwisans Lespri Sen an,
grasa lanmò w, ou te ba tout moun lavi ;
se pou kò w ak san w delivre m anba tout peche e anba tout mal ;
fè m rete fidèl a kòmandman w yo
e pou m pa janm vire do ba w.
oubyen
Jezi Kri, Granmèt,
se pou kò w ak san w mwen pra l manje a
pa tounen ni yon jijman,
ni yon kondanasyon pou mwen ;
men se pou yo soutni lespri mwen ak kò mwen,
e se pou yo fèm jwenn gerizon.
129. Pè a fè jenifleksyon, li pran pen konsakre a, e li fè yon ti leve l anwo kalis la, nan direksyon pèp la, li di byen fò :
A la chans pou moun sa yo Jezi envite vin manje nan manje sa a !
Men Jezi mouton Bondye
ki wete peche sou tè a.
E, li ajoute, avèk pèp la :
Granmèt, mwen pa merite ou antre lakay mwen ;
men di yon pawòl sèlman,
epi mwen va geri.
130. Apresa, li di tou ba :
Se pou kò Kris la soutni m pou lavi ki pap janm fini an.
E li manje kò Kris la avèk respè. Ansuit, li pran Kalis la, e li di tou ba :
Se pou san Kris la soutni m pou lavi ki pap janm fini an.
131. Lè l fin kominye, li pran patèn nan oubyen sibwa a, li pwoche bò moun ki deside resevwa lakominyon yo ; li montre yo chak pen konsakre a antan l fè yon ti leve l, e li di :
Kò Kris la.
Moun kap resevwa lakominyon an reponn :
℟. Amen.
132. Pou kominyon sou 2 espès, ya obsève sa ki di nan PGMR a (Présentation général du Missel romain) nan n° 281 pou rive nan n° 287. Antan yap prezante kalis la pè a oubyen dyak la di :
San Kris la.
Moun kap resevwa lakominyon an reponn : ℟. Amen.
133. Pandan lakominyon an, yo kapab chante yon chan ki apwopriye.
134. Lòske yo fin distribiye lakominyon an, pè a oubyen dyak la pirifye patèn nan anwo kalis la, e kalis li menm tou. Ya fè li sou kredans lan. Yo kapab fè l tou apre Lamès la.
135. Pandan l ap fè pirifikasyon an, pè a oubyen dyak la ditou ba :
Se pou nou kapab akeyi ak yon kè pwòp, Granmèt, sa bouch nou sot resevwa a ;
e pou nou jwenn nan kominyon sa anba isit la gerizon pou lavi ki pap janm fini an.
136. Pè a al nan syèj prezidans la. Yo kapab rete an silans pandan yon ti tan. Yo kapab chante yon Sòm oubyen Kantik lwanj.
137. Oubyen Antyèn kominyon Phil 2, 20-21
« N ap tann Sovè nou, Granmèt Jezi Kri,
se li menm kap transfòme kò nou yo ki gen pou mouri a
nan imaj kò pa li ki nan bèlte a ».
oubyen cf. 4 Esd 2, 34-35
« Granmèt, fè limyè tout tan an klere sou frè ak sè nou yo ;
fè yo antre nan kè kontan w lan nan konpayi sen w yo,
paske w bon ».
138. Apresa, pè a kanpe li di :
An nou lapriyè ansanm oubyen An nou lapriyè oubyen An nou lapriyè Granmèt la.
139. Tout moun lapriyè an silans avèk pè a pandan yon ti tan, sof si yo te fè l deja. Epi, pè a louvri men l e li di lapriyè aprè kominyon an :
Granmèt, nou sot resevwa sakreman sèl grenn Pitit ou a ;
li te sakrifye tèt li pou nou,
li leve nan bèlte a :
n ap lapriyè w ak tout kè nou pou sèvitè w (sèvant ou) N. ki mouri a.
Grasa mèvèy Pak la, fè nou vin sen ;
konsa, na kapab jwi bèlte a, lè na leve pou lavi ki pap janm fini an.
Pa pouvwa Jezi Kri Granmèt nou an.
℟. Amen.
oubyen
Bondye Papa nou,
n ap di w mèsi pou limyè ak fòs
ou ban nou nan moman difisil sa a.
Pawòl ou, se Pawòl ki bay lavi a ;
Kò ak san Jezi ki leve a
se semans lavi ki pap janm fini an.
Fè nou kwè tout bon vre, poutèt kalite kado sa yo,
ou wete N. kite kwè nan w
anba pouvwa lanmò
e ou mete l ansanm ak Jezi, gran frè nou,
nan lavi kè kontan ak kè poze ou pwomèt nou an.
℟. Amen.
oubyen, nan tan Pak
Granmèt, tanpri, fè sèvitè w (sèvant ou) N. travèse nan kay limyè ak kè poze a ;
se pou li nou sot selebre sakreman Pak la.
Pa pouvwa Jezi Kri Granmèt nou an.
℟. Amèn.
Rit konklizyon
140. Si nesesè, se moman pou yon manb nan fanmiy lan pran lapawòl pou di yon mo remèsiman. Se pa moman pou yo fè diskou ki long.
141. Se moman tou pou yo fè dènye orevwa a si li pap fèt nan simetyè a. N ap jwenn rit la nan paj 105-115.
142. Nan lòt mès pou defen yo, pè a, lonje men l sou pèp Bondye a, e li di :
℣. Granmèt la avèk nou tout.
Pèp la reponn :
℟. E avèk ou menm tou.
Pè a beni pèp la, antan l di :
Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a beni nou,
Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
Benediksyon solanèl
Se pou Bondye lavi a beni nou,
li menm ki te kreye moun nan nan bonte li.
Li menm ki te bay moun ki kwè yo lesperans rezireksyon an nan Pitit li a ki resisite nan pami mò yo.
℟. Amen.
Se pou l konsole nou nan lapenn nou,
se pou l fè lafwa nou grandi.
℟. Amen.
Se pou tout vivan yo jwenn padon pou peche yo,
se pou defen yo rive nan Wayòm li an.
℟. Amen.
Bondye te kreye moun nan pou l viv.
Nou kwè nan Jezi Kri ki resisite nan pami mò yo,
se pou nou kapab viv pou tout tan avèk li.
℟. Amen.
Se pou benediksyon Bondye ki gen tout pouvwa a,
Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an,
desann sou sou, pou rete tout tan.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
143. Epi, dyak la, oubyen pè a li menm, di :
℣. Ale ak kè poze.
℟. Mèsi Bondye mèsi.
144. Apresa, nòmalman, pè a venere lotèl ak yon bo, tankou l te fè l nan kòmansman. Apre li fin salye l ansanm avèk minis yo, li ale.
PRIYÈ EKARISTIK III
© Granmèt la avèk nou tout.
℟. E avèk ou menm tou.
© An nou leve kè nou byen wo.
℟. Li deja devan Granmèt la.
© An nou di Bondye Granmèt nou an
℟. Li merite sa vre.
145. N ap jwenn prefas yo nan paj 40-44.
146. Apre Prefas la ak Sanctus la, pè a kontinye ak men l yo louvri e li di pou kont li:
Granmèt, se ou ki sen tout bon, e tout sa w fè gen rezon fè lwanj pou w.
Se w ki bay lavi, se w ki mete tout bagay apa pou ou, se w ki kontinye rasanble pèp ou a,
pou li ofwi w yon kado ki san defo,
depi kote solèy leve jis kote l kouche,
pa pouvwa Jezi Kri Granmèt nou, Pitit ou ansanm ak Lespri Sen an ;
147. Li kontre men l yo, e antan l lonje yo sou ofrann yo, li di :
Envokasyon pou mande voye Lespri Sen an
pou konsekrasyon an
Se pou sa nap mande ou, tanpri souple,
mete kado sa yo nou pote a apa pou ou,
Li kontre men l yo. Li fè siy lakwa sou pen an ak kalis la.
fè yo vin sen grasa Lespri w la,
pou yo tounen Kò X ak San
Jezi Kri Granmèt nou, Pitit ou,
Li kontre men l yo.
ki ban nou lòd selebre bèl mèvèy sa.
148. Nan fòmil ki swiv yo, yo dwe pwononse pawòl Granmèt la yon fason byen detache e byen klè.
Istwa tout bon enstitisyon ak konsekrasyon an
Lannwit yo ta pral trayi Jezi a,
Pè a pran pen an.
Li pran pen an,
Li di w mèsi, li beni li.
Li kase l bay patizan l yo, li di yo :
Li enkline yon ti kras.
« Pran, manje ladan, nou tout,
reyèlman vre, sa se kò mwen
m ap bay pou nou an ».
Li montre pèp la losti konsakre a, li remete l sou patèn nan e li fè jenifleksyon. Tout fidèl yo adore kò Kris la.
Apresa, li kontinye:
Menm jan tou, lè yo fin manje,
Pè a pran kalis la.
Li pran Kalis la,
Li tounen di ou mèsi, li beni li. Li bay patizan l yo, li di yo :
Li enkline yon ti kras.
« Pran, bwè ladan, nou tout,
reyèlman vre, sa se san mwen.
Se san lòt Kontra a, ki va la pou tout tan,
se san ki pra l koule pou nou an ak pou tout moun, pou padone peche.
Fè sa pou nou sonje mwen ».
Li montre pèp la kalis la, li depoze l sou kòporal la e li fè jenifleksyon. Tout fidèl yo adore san Kris la.
149. Jezi te di : « Fè sa pou nou sonje mwen », asanble a obeyi kòmandman li a nan yon aklamasyon Pè a entwodui konsa :
Aklamasyon asanble a.
1) A la yon bèl Mèvèy!
Nou pa kapab fin konprann men nou kwè l :
℟ Nap pwoklame lanmò w, Granmèt Jezi,
Nap selebre rezireksyon w,
Nap tann ou retounen nan tout bèlte w.
2) Lè nou manje nan pen sa epi nou bwè nan kalis sa,
nou selebre mistè lafwa a :
℟ Nou sonje lanmò w,Granmèt;
n ap deklare ou resisite
e n ap tann ou retounen.
3) An nou pwoklame mistè lafwa a :
℟ Lwanj pou w ki te mouri,
lwanj pou w ki vivan,
Sovè nou, Bondye nou :
Vini, Granmèt Jezi.
150. Apresa, pè a louvri men l e li di :
Memoryal mistè paskal ak ofrann kò ak san Kris la
Granmèt, nap sonje Pitit w a soufri pou l sove nou,
li leve byen vivan e li monte nan syèl la,
nap espere jou lap retounen an.
Se pou sa nap di w mèsi.
Nap ofri w Jezi yo sakrifye a.
Se yon kado ki san defo e ki bay lavi.
Tanpri, gade sa Legliz w a ap ofri w.
Se menm Pitit w a yo te sakrifye a ki fè nou tounen zanmi avèk ou.
Fè Lespri Sen an anpare tout moun kap manje kò ak san Pitit w a,
pou yo tounen yon sèl kòd fanmiy nan Jezi Kri.
Se li ki va fè nou fin bon nèt,
pou l pote nou menm menm kòm kado ba w pou tout tan.
Konsa, na merite al jwi eritaj ou prepare
pou moun ou chwazi yo
ansanm ak Mari ki Vyèj e ki Manman Bondye, ansanm ak sen Jozèf, mesye marye li,
Ansanm ak Apot Jezi Kri yo, ansanm ak tout moun ki pase mati pou w,
Isit la yo ka site non sen yap onore nan jou sa,
oubyen sen Patwon kote yo ye.
(sen N.) ansanm ak tout zanmi w yo ki nan syèl. Nou sèten, yo toujou ap lapriyè nan pye w pou nou jwenn sekou nan men w.
Granmèt, tanpri, poutèt kado sa a,
fè nou tounen vin byen avèk ou,
pou kè tout moun poze e pou yo jwenn delivrans.
Fè Legliz w a ki an vwayaj sou tè a
toujou pi asire sou w,
fè l genyen w konfyans,
fè l renmen w,
voye je w sou Pap N., ansanm ak evèk nou an Monseyè N.,
ansanm ak tout lòt Monseyè yo,
ansanm ak tout pè yo,
ansanm ak tout dyak yo,
ansanm ak tout pèp ou sove a.
Tanpri, koute priyè fanmiy w a
kap lapriyè nan pye w, jan w te vle a.
Papa ki gen bon kè, fè tout pitit yo
ki gaye tout kote vin mete tèt yo ansanm.
___________________________________________________________________________
151. Nan mès pou defen yo, sof pou fineray timoun yo, yo kapab di :
Sonje N. ou rele vin jwenn ou (jodi a).
Kòm li te batize nan lanmò Pitit ou a,
tanpri, fè l patisipe nan rezireksyon li a,
lè Kris la ki soti vivan nan lanmò va fè kò nou
ki t ap pase mizè a sanble ak kò pa li ki bèl anpil la.
Sonje tout defen frè ak sè nou yo tou,
sonje tout moun ki kite tè sa a e ki te fè w plezi :
Resevwa yo nan Wayòm ou an
kote nou gen espwa al jwi ansanm avèk yo nan bèlte w pou tout tan,
lè w va siye tout dlo nan je;
antan na wè w,
jan w ye a,
ou menm Bondye nou,
na menm jan avèk ou pou tout tan,
e na toujou chante lwanj ou san rete
Li kontre men l yo.
pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou,
nan li menm, ou fè nou jwenn tout kalite gras ak tout sa ki bon.
___________________________________________________________________________
†Fè tout defen frè ak sè nou yo
ak tout moun ki te fè w plezi
pandan yo tap viv sou tè a
rive kote w kòmande a.
Nou gen espwa,
n a va al jwi,
ansanm avèk yo,
nan bèlte w pou tout tan,
pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou,
nan li menm, ou fè nou jwenn tout kalite gras ak tout sa ki bon.
152. Li pran patèn nan ak losti a, ansanm ak kalis la, e, antan l leve yo ansanm li di :
Bondye Papa nou,
ou menm ki gen tout pouvwa
e ki fè youn ak Lespri Sen an,
se pa pouvwa Jezi Kri,
se avèk li, se onon li,
ou jwenn tout kalite lwanj ak konpliman
depi tout tan e pou tout tan.
Pèp la di :
℟. Amen.
Kominyon an
153. Asanble a ap prepare l pou l kominyen nan kò ak nan san Kris la antan l di lapriyè Granmèt la e antan l etabli li nan lapè li a.
Lapriyè Granmèt la
154. Pè a fin depoze patèn nan ak kalis la, ak men l yo kontre, li entwodui lapriyè Granmèt antan l di pa egzanp :
Se yon lòd Jezi Kri, Sovè nou pase nou,
se konsa li montre nou lapriyè,
se sa ki fè nou kapab di ansanm :
oubyen :
Kòm nou fè youn nan Lespri Sen an,
nou kapab di avèk konfyans
lapriyè Jezi Kri Sovè te montre nou :
Tout moun di ansanm :
Papa nou ki nan syèl la,
se pou yo respekte Non w,
se pou yo rekonèt se W ki Wa,
se pou volonte w fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a
ba nou li jodi a.
Padone sa nou fè w, tankou nou padone
moun ki fè nou kichòy.
Pa kite nou pran nan pyèj,
men delivre nou ak sa ki mal.
155. Ak men l yo louvri, pè a pou kont li kontinye :
Granmèt, tanpri souple delivre nou
ak tout sa ki mal.
Fè kè nou poze pandan tout lavi nou.
Ede nou pou jan w gen bon kè.
Delivre nou nèt ak tout peche nou yo e pwoteje nou, pou okenn malè pa rive nou.
Nap espere byen ou pwomèt nou an:
Li kontre men l yo.
Sovè nou, Jezi Kri kap vini an.
Tout moun di ansanm :
Paske se w menm sèl ki Wa,
se w menm gen tout pouvwa,
depi tout tan e pou tout tan.
156. Answit, ak men l louvri, pè a di byen fò :
Granmèt Jezi Kri,
se w menm ki te di Apot ou yo :
« Mwen kite kè poze pou nou,
mwen ban nou kè poze » ;
pa gade sou peche nou yo,
men gade pito jan Legliz w a kwè nan w ;
pou volonte w kapab akonpli,
toujou ba Legliz la kè poze sa a,
e kondui l nan inite tout bon vre a.
Li kontre men l yo.
Ou menm ki Vivan e ki Wa
depi tout tan e pou tout tan.
Pèp la reponn :
℟. Amèn !
157. Pè a, antan l louvri men l, li ajoute :
Se pou Granmèt la aprann nou byen viv ansanm,
e se pou li toujou avèk nou tout.
Li kontre men l yo.
Pèp la reponn :
℟. E avèk ou menm tou.
158. Apresa, si se posib, pè a oubyen dyak la envite manm asanble a pou yo pataje antre yo lapè fratènèl[8] :
(Frè m ak sè m yo,)
montre nou konn viv anpè youn ak lòt.
Jès kase Pen an
159. Tankou Jezi te fè l nan dènye Soupe a, pè a kase pen an yo pra l pataje a. Epi, li mete yon ti moso nan kalis la antan l di tou ba :
Se pou kò ak san Kris la
ki melanje nan kalis la
fè nou viv lavi ki pap janm fini an.
160. Pandan tan sa yo chante :
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
tanpri, pitye pou nou oubyen fè yo repoze ;
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
tanpri, pitye pou nou oubyen fè yo repoze ;
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
fè kè nou poze oubyen fè yo jwenn repoze nan lapè.
(Envokasyon sa ka repete plizyè fwa si yo poko fin kase pen an).
161. Ak men l yo kontre, pè a di tou ba:
Granmèt Jezi Kri,
Pitit Bondye vivan an,
selon volonte Papa a
e avèk pwisans Lespri Sen an,
grasa lanmò w, ou te ba tout moun lavi ;
se pou kò w ak san w delivre m anba tout peche e anba tout mal ;
fè m rete fidèl a kòmandman w yo
e pou m pa janm vire do ba w.
oubyen Jezi Kri, Granmèt,
se pou kò w ak san w mwen pra l manje a
pa tounen ni yon jijman,
ni yon kondanasyon pou mwen ;
men se pou yo soutni lespri mwen ak kò mwen,
e se pou yo fèm jwenn gerizon.
162. Pè a fè jenifleksyon, li pran pen konsakre a, e li fè yon ti leve l anwo kalis la, nan direksyon pèp la, li di byen fò :
A la chans pou moun sa yo Jezi envite vin manje nan manje sa a !
Men Jezi mouton Bondye
ki wete peche sou tè a.
E, li ajoute, avèk pèp la :
Granmèt, mwen pa merite ou antre lakay mwen ;
men di yon pawòl sèlman,
epi mwen va geri.
163. Apresa, li di tou ba :
Se pou kò Kris la soutni m pou lavi ki pap janm fini an.
E li manje kò Kris la avèk respè. Ansuit, li pran kalis la, e li di tou ba :
Se pou san Kris la soutni m pou lavi ki pap janm fini an.
164. Lè l fin kominye, li pran patèn nan oubyen sibwa a, li pwoche bò moun ki deside resevwa lakominyon yo ; li montre yo chak pen konsakre a antan l fè yon ti leve l, e li di :
Kò Kris la.
Moun kap resevwa lakominyon an reponn :
℟. Amèn !
165. Pou kominyon sou 2 espès, ya obsève sa ki di nan PGMR a (Présentation du Missel romain) nan n° 281 pou rive nan n° 287. Antan y ap prezante kalis la pè a oubyen dyak la di :
San Kris la.
Moun kap resevwa lakominyon an reponn :
℟. Amèn !
166. Pandan lakominyon an, yo kapab chante yon chan ki apwopriye.
167. Lòske yo fin distribiye lakominyon an, pè a oubyen dyak la pirifye patèn nan anwo kalis la, e kalis li menm tou. Ya fè li sou kredans lan. Yo kapab fè l tou apre Lamès la.
168. Pandan l ap fè pirifikasyon an, pè a oubyen dyak la ditou ba :
Se pou nou kapab akeyi ak yon kè pwòp, Granmèt,
sa bouch nou sot resevwa a ;
e pou nou jwenn nan kominyon sa anba isit la gerizon pou lavi ki pap janm fini an.
168. Pè a al nan syèj prezidans la. Yo kapab rete an silans pandan yon ti tan. Yo kapab chante yon Sòm oubyen Kantik lwanj.
169. 104. Oubyen Antyèn kominyon Phil 2, 20-21
« N ap tann Sovè nou, Granmèt Jezi Kri,
se li menm kap transfòme kò nou yo ki gen pou mouri a
nan imaj kò pa li ki nan bèlte a ».
oubyen cf. 4 Esd 2, 34-35
« Granmèt, fè limyè tout tan an klere sou frè ak sè nou yo ;
fè yo antre nan kè kontan w lan nan konpayi sen w yo,
paske w bon ».
170. Apresa, pè a kanpe li di :
An nou lapriyè ansanm oubyen An nou lapriyè oubyen An nou lapriyè Granmèt la.
171. Tout moun lapriyè an silans avèk pè a pandan yon ti tan, sof si yo te fè l deja. Epi, pè a louvri men l e li di lapriyè aprè kominyon an :
Granmèt, nou sot resevwa sakreman sèl grenn Pitit ou a ;
li te sakrifye tèt li pou nou,
li leve nan bèlte a :
n ap lapriyè w ak tout kè nou pou sèvitè w (sèvant ou) N. ki mouri a.
Grasa mèvèy Pak la, fè nou vin sen ;
konsa, na kapab jwi bèlte a, lè na leve pou lavi ki pap janm fini an.
Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
oubyen
Bondye Papa nou, n ap di w mèsi pou limyè ak fòs ou ban nou nan moman difisil sa a.
Pawòl ou, se Pawòl ki bay lavi a ;
Kò ak san Jezi ki leve a
se semans lavi ki pap janm fini an.
Fè nou kwè tout bon vre, poutèt kalite kado sa yo,
ou wete N. kite kwè nan w
anba pouvwa lanmò e ou mete l ansanm ak Jezi, gran frè nou, nan lavi kè kontan ak kè poze ou pwomèt nou an.
℟. Amèn !
oubyen, nan tan Pak
Granmèt, tanpri, fè sèvitè w (sèvant ou) N. travèse nan kay limyè ak kè poze a ;
se pou li nou sot selebre sakreman Pak la.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
RIT KONKLIZYON
172. Si nesesè, se moman pou yon manb nan fanmiy lan pran lapawòl pou di yon mo remèsiman. Se pa moman pou yo fè diskou ki long.
173. Se moman tou pou yo fè dènye orevwa a si li pap fèt nan simetyè a. N ap jwenn rit la nan paj 105-115.
174. Nan lòt mès pou defen yo, pè a, lonje men l sou pèp Bondye a, e li di :
℣. Granmèt la avèk nou tout.
Pèp la reponn :
℟. E avèk ou menm tou
Pè a beni pèp la, antan l di :
Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a beni nou,
Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
BENEDIKSYON SOLANÈL
Se pou Bondye lavi a beni nou,
li menm ki te kreye moun nan nan bonte li.
Li menm ki te bay moun ki kwè yo lesperans rezireksyon an nan Pitit li a ki resisite nan pami mò yo.
℟. Amen.
Se pou l konsole nou nan lapenn nou,
se pou l fè lafwa nou grandi.
℟. Amen.
Se pou tout vivan yo jwenn padon pou peche yo,
se pou defen yo rive nan Wayòm li an.
℟. Amen.
Bondye te kreye moun nan pou l viv.
Nou kwè nan Jezi Kri ki resisite sot nan pami mò yo,
se pou nou kapab viv pou tout tan avèk li.
℟. Amen.
Se pou benediksyon Bondye ki gen tout pouvwa a,
Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an,
desann sou, pou l rete tout tan.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
175. Epi, dyak la, oubyen pè a li menm, di :
℣. Ale ak kè poze.
℟. Mèsi Bondye mèsi.
176. Apresa, nòmalman, pè a venere lotèl ak yon bo, tankou l te fè l nan kòmansman. Apre li fin salye l ansanm avèk minis yo, li ale.
Priyè ekaristik IV
© Granmèt la avèk nou tout.
℟. E avèk ou menm tou.
© An nou leve kè nou byen wo.
℟. Li deja devan Granmèt la.
© An nou di Bondye Granmèt nou an
℟. Li merite sa vre.
177. N ap jwenn prefas yo nan paj 40-44.
178. Apre Prefas la ak Sanctus la, pè a kontinye ak men l yo louvri e li di pou kont li:
Papa ki sen, n ap fè konpliman pou w,
e ou kreye tout bagay ak sajès e nan renmen :
ou te fè moun nan pòtrè avèk ou,
ou te konfye l linivè a,
dekwa, pandan l ap sèvi ou menm ki Kreyatè li,
li gen dwa kòmande sou kreyasyon an.
Apre li te fin gate zanmi avèk ou,
lè li te dezobeyi w,
ou pat abandone l anba pouvwa lanmò.
Nan mizerikòd ou,
Ou te vin pote tout moun konkou
pou yo kapab chèche w e pou yo kapab jwenn ou.
Ou pase plizyè kontra avèk yo,
ou te fòme yo, pa lentèmedyè pwofèt yo,
pou yo tann delivrans la.
Papa ki sen,
ou te tèlman renmen tout moun sou tè a,
ou te voye pwòp Pitit ou a,
pou li tounen Sovè nou,
kan lè a te rive.
Pa pouvwa Lespri Sen an,
nan vant Mari ki toujou rete Vyèj,
li te pran kò e li te tounen moun,
li te viv menm jan avèk nou tout,
nan tout bagay, sof peche li pa te konn fè,
li pote Bòn Nouvèl delivrans la bay pòv yo ;
delivrans bay moun ki nan prizon yo ;
kè kontan bay moun ki nan lapenn yo.
Pou akonpli plan renmen w lan,
se li menm ki te bay tèt li pou l mouri,
e, grasa rezireksyon l,
li te detwi lanmò e li te tounen mete lavi anfòm.
Dekwa, pou nou pa viv lavi nou poutèt nou sèlman ankò,
men, pou li menm ki mouri pou nou e ki resisite,
li voye Lespri Sen an sot kote w,
tankou premye kado li fè tout moun ki kwè yo,
se li kap kontinye travay li a sou tè a
e kap fè tout bagay fin bon nèt.
179. Li kontre men l yo, li lonje yo sou ofrann yo, li di :
Granmèt, tanpri, fè menm Lespri Sen sa
mete kado sa yo apa pou w :
Li fè siy kwa sou pen an ak kalis la, apre sa li mete men yo ansanm.
pou yo tounen kò X ak san Pitit ou a
nan selebrasyon gran mistè sa,
li menm te kite pou nou an
kòm yon kontra li pase avèk nou pou tout tan.
180. Nan fòmil ki swiv yo, yo dwe pwononse pawòl Granmèt la yon fason byen detache e byen klè.
Papa ki sen, kan lè a te rive
pou Jezi te jwenn konpliman nan men w,
kòm li te deja renmen moun pa l yo ki sou tè a,
li te renmen yo jis nan dènye bout :
pandan li t ap manje avèk yo,
Li pran pen an.
Li pran pen an,
Li beni li,
Li kase l bay patizan l yo, li di yo :
Li enkline yon ti kras.
« Pran, manje ladan, nou tout,
reyèlman vre, sa se kò mwen
m ap bay pou nou an ».
Li montre pèp la losti konsakre a, li remete l sou patèn nan e li fè jenifleksyon. Tout fidèl yo adore kò Kris la.
Apresa, li kontinye:
Menm jan tou, li pran kalis plen diven an,
Pè a pran kalis la.
Li di mèsi, e li bay patizan l yo, li di yo :
Li enkline yon ti kras.
« Pran, bwè ladan, nou tout,
reyèlman vre, sa se san mwen.
Se san lòt Kontra a, ki va la pou tout tan,
se san ki pra l koule pou nou an ak pou tout moun, pou padone peche.
Fè sa pou nou sonje mwen ».
Li montre pèp la kalis la, li depoze l sou kòporal la e li fè jenifleksyon. Tout fidèl yo adore san Kris la.
181. Jezi te di : « Fè sa pou nou sonje mwen », asanble a obeyi kòmandman li a nan yon aklamasyon pè a entwodui konsa :
Aklamasyon asanble a.
1) A la yon bèl Mèvèy!
Nou pa kapab fin konprann men nou kwè l :
℟ Nap pwoklame lanmò w, Granmèt Jezi,
Nap selebre rezireksyon w,
Nap tann ou retounen nan tout bèlte w.
2) Lè nou manje nan pen sa epi nou bwè nan kalis sa, nou selebre mistè lafwa a :
℟ Nou sonje lanmò w,Granmèt;
n ap deklare ou resisite
e n ap tann ou retounen.
3) An nou pwoklame mistè lafwa a :
℟ Lwanj pou w ki te mouri,
lwanj pou w ki vivan,
Sovè nou, Bondye nou :
Vini, Granmèt Jezi.
182. Apresa, pè a louvri men l e li di :
Gramèt, se pousa, n ap sonje delivrans
Jezi pote pou nou an :
n ap sonje li te mouri,
e li te desann kote mò yo te ye a,
n ap deklare li resisite
e li monte al bò kote w nan syèl la,
antan n ap espere jou lap retounen an nan tout bèlte li,
n ap ofri w kò l ak san l,
sakrifis ki fè w plezi a e ki sove tout moun nan.
Granmèt, voye je w, sou kado
ou menm, ou te bay Legliz ou a ;
fè Lespri Sen an rasanble nan yon sèl kò,
tout moun ki pra l pataje pen sa
e bwè nan kalis sa,
pou yo kapab tounen yo menm tou,
nan Kris la, yon kado ki gen lavi,
nan wotè lwanj bèlte w.
Kounya, Granmèt, sonje tout moun
n ap ofri sakrifis la pou yo a :
Pap N.,
evèk nou an N., tout lòt evèk yo,
pè yo ak sila yo kap ede yo a,
fidèl yo ki prezante ofrann sa,
pèp la ki pou ou a,
ak tout moun k ap chèche w nan fason ki dwat.
___________________________________________________________________________
183. Nan mès pou defen yo, sof pou fineray timoun yo, yo kapab di :
Sonje N. ou rele vin jwenn ou (jodi a).
Kòm li te batize nan lanmò Pitit ou a,
tanpri, fè l patisipe nan rezireksyon li a.
___________________________________________________________________________
Sonje tou,
frè ak sè nou yo ki mouri nan kè poze Kris la,
ak tout lòt moun ki mouri sou tè a,
antan se w sèl ki te konnen lafwa yo.
Papa ki gen bon kè,
nou menm ki pitit ou,
fè nou jwenn pòsyon pa nou
nan lavi ki pap janm fini an
bò kote Mari ki toujou rete Vyèj
e ki Manman Bondye,
ak sen Jozèf, mari li,
bò kote Apot yo
ak tout zanmi w yo ki nan syèl,
kote na fè konpliman pou w,
avèk tout kreyasyon an, lè la fin libere anba peche ak lanmò,
Li mete men l yo ansanm.
pa pouvwa Kris la, Granmèt nou,
nan li menm, ou fè nou jwenn tout kalite gras ak tout sa ki bon.
Aklamasyon
183. Li pran patèn nan ak losti a, ansanm ak kalis la, e, antan l leve yo ansanm li di[9] :
Bondye Papa nou,
ou menm ki gen tout pouvwa
e ki fè youn ak Lespri Sen an,
se pa pouvwa Jezi Kri,
se avèk li, se onon li,
ou jwenn tout kalite lwanj ak konpliman
depi tout tan e pou tout tan.
Pèp la di :
℟. Amen.
Kominyon an
184. Asanble a ap prepare l pou l kominyen nan kò ak nan san Kris la antan l di lapriyè Granmèt la e antan l etabli li nan lapè li a.
Lapriyè Granmèt la
185. Pè a fin depoze patèn nan ak kalis la, ak men l yo kontre, li entwodui lapriyè Granmèt antan l di pa egzanp :
Se yon lòd Jezi Kri, Sovè nou pase nou,
se konsa li montre nou lapriyè,
se sa ki fè nou kapab di ansanm :
oubyen :
Kòm nou fè youn nan Lespri Sen an,
nou kapab di avèk konfyans
lapriyè Jezi Kri Sovè te montre nou :
Tout moun di ansanm :
Papa nou ki nan syèl la,
se pou yo respekte Non w,
se pou yo rekonèt se w ki Wa,
se pou volonte w fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a
ba nou li jodi a.
Padone sa nou fè w, tankou nou padone
moun ki fè nou kichòy.
Pa kite nou pran nan pyèj,
men delivre nou ak sa ki mal.
186. Ak men l yo louvri, pè a pou kont li kontinye :
Granmèt, tanpri souple delivre nou ak tout sa ki mal.
Fè kè nou poze pandan tout lavi nou.
Ede nou pou jan w gen bon kè.
Delivre nou nèt ak tout peche nou yo
e pwoteje nou, pou okenn malè pa rive nou. Nap espere byen ou pwomèt nou an:
Li kontre men l yo.
Sovè nou, Jezi Kri kap vini an.
Tout moun di ansanm :
Paske se w menm sèl ki Wa,
se ou menm gen tout pouvwa,
depi tout tan e pou tout tan.
187. Answit, ak men l louvri, pè a di byen fò :
Granmèt Jezi Kri,
se w menm ki te di Apot ou yo :
« Mwen kite kè poze pou nou,
mwen ban nou kè poze » ;
pa gade sou peche nou yo,
men gade pito jan Legliz w a kwè nan w ;
pou volonte w kapab akonpli,
toujou ba Legliz la kè poze sa a,
e kondui l nan inite tout bon vre a.
Li kontre men l yo.
Ou menm ki Vivan e ki Wa depi tout tan e pou tout tan.
Pèp la reponn :
℟. Amèn !
188. Pè a, antan l louvri men l, li ajoute :
Se pou Granmèt la aprann nou byen viv ansanm,
e pou li toujou avèk nou tout.
Li kontre men l yo.
Pèp la reponn :
℟. E avèk ou menm tou.
189. Apresa, si se posib, pè a oubyen dyak la envite manm asanble a pou yo pataje antre yo lapè fratènèl[10] :
(Frè m ak sè m yo,)
montre nou konn viv anpè yonn ak lòt.
Jès kase Pen an
190. Tankou Jezi te fè l nan dènye Soupe a, pè a kase pen an yo pra l pataje a. Epi, li mete yon ti moso nan kalis la antan l di tou ba :
Se pou kò ak san Kris la
ki melanje nan kalis la
fè nou viv lavi ki pap janm fini an.
191. Pandan tan sa yo chante :
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
tanpri, pitye pou nou oubyen fè yo repoze ;
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
tanpri, pitye pou nou oubyen fè yo repoze ;
Jezi ou menm mouton Bondye,
ki wete peche sou tè a,
fè kè nou poze oubyen fè yo jwenn repoze nan lapè.
(Envokasyon sa ka repete plizyè fwa si yo poko fin kase pen an)
192. Ak men l yo kontre, pè a di tou ba:
Granmèt Jezi Kri,
Pitit Bondye vivan an,
selon volonte Papa a
e avèk pwisans Lespri Sen an,
grasa lanmò w, ou te ba tout moun lavi ;
se pou kò w ak san w delivre m anba tout peche e anba tout mal ;
fè m rete fidèl a kòmandman w yo
e pou m pa janm vire do ba w.
oubyen
Jezi Kri, Granmèt,
se pou kò w ak san w mwen pra l manje a
pa tounen ni yon jijman,
ni yon kondanasyon pou mwen ;
men se pou yo soutni lespri mwen ak kò mwen, e se pou yo fèm jwenn gerizon.
193. Pè a fè jenifleksyon, li pran pen konsakre a, e li fè yon ti leve l anwo kalis la, nan direksyon pèp la, li di byen fò :
A la chans pou moun sa yo Jezi envite vin manje nan manje sa a !
Men Jezi mouton Bondye
ki wete peche sou tè a.
E, li ajoute, avèk pèp la :
Granmèt, mwen pa merite ou antre lakay mwen ;
men di yon pawòl sèlman,
epi mwen va geri.
194. Apresa, li di tou ba :
Se pou kò Kris la soutni m pou lavi ki pap janm fini an.
E li manje kò Kris la avèk respè. Ansuit, li pran kalis la, e li di tou ba :
Se pou san Kris la soutni m pou lavi ki pap janm fini an.
195. Lè l fin kominye, li pran patèn nan oubyen sibwa a, li pwoche bò moun ki deside resevwa lakominyon yo ; li montre yo chak pen konsakre a antan l fè yon ti leve l, e li di :
Kò Kris la
Moun kap resevwa lakominyon an reponn :
℟. Amèn !
196. Pou kominyon sou 2 espès, ya obsève sa ki di nan PGMR a (Présentation du Missel romain) nan n° 281 pou rive nan n° 287. Antan y ap prezante kalis la pè a oubyen dyak la di :
San Kris la.
Moun kap resevwa lakominyon an reponn :
℟. Amèn !
197. Pandan lakominyon an, yo kapab chante yon chan ki apwopriye.
198. Lòske yo fin distribiye lakominyon an, pè a oubyen dyak la pirifye patèn nan anwo kalis la, e kalis li menm tou. Ya fè li sou kredans lan. Yo kapab fè l tou apre Lamès la.
199. Pandan l ap fè pirifikasyon an, pè a oubyen dyak la ditou ba :
Se pou nou kapab akeyi ak yon kè pwòp, Granmèt,
sa bouch nou sot resevwa a ;
e pou nou jwenn nan kominyon sa anba isit la gerizon pou lavi ki pap janm fini an.
200. Pè a al nan syèj prezidans la. Yo kapab rete an silans pandan yon ti tan. Yo kapab chante yon Sòm oubyen Kantik lwanj.
201. Oubyen Antyèn kominyon Phil 2, 20-21
« N ap tann Sovè nou,
Granmèt Jezi Kri,
se li menm kap transfome kò nou yo ki gen pou mouri a
nan imaj kò pa li ki nan bèlte a ».
oubyen cf. 4 Esd 2, 34-35
« Granmèt, fè limyè tout tan an klere sou frè ak sè nou yo ;
fè yo antre nan kè kontan w lan nan konpayi sen w yo,
paske w bon ».
202. Apresa, pè a kanpe li di :
An nou lapriyè ansanm oubyen An nou lapriyè oubyen An nou lapriyè Granmèt la.
203. Tout moun lapriyè an silans avèk pè a pandan yon ti tan, sof si yo te fè l deja. Epi, pè a louvri men l e li di lapriyè aprè kominyon an :
Granmèt, nou sot resevwa sakreman sèl grenn Pitit ou a ;
li te sakrifye tèt li pou nou,
li leve nan bèlte a :
n ap lapriyè w ak tout kè nou pou sèvitè w (sèvant ou) N. ki mouri a.
Grasa mèvèy Pak la, fè nou vin sen ;
konsa, na kapab jwi bèlte a, lè na leve pou lavi ki pap janm fini an.
Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou an. Amen !
℟. Amen.
oubyen Bondye Papa nou,
n ap di w mèsi pou limyè ak fòs
ou ban nou nan moman difisil sa a.
Pawòl ou, se Pawòl ki bay lavi a ;
Kò ak san Jezi ki leve a
se semans lavi ki pap janm fini an.
Fè nou kwè tout bon vre, poutèt kalite kado sa yo, ou wete N. kite kwè nan w
anba pouvwa lanmò e ou mete l ansanm ak Jezi, gran frè nou, nan lavi kè kontan ak kè poze ou pwomèt nou an.
℟. Amen.
oubyen, nan tan Pak
Granmèt, tanpri, fè sèvitè w (sèvant ou) N. travèse nan kay limyè ak kè poze a ;
se pou li nou sot selebre sakreman Pak la.
Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
RIT KONKLIZYON
204. Si nesesè, se moman pou yon manb nan fanmiy lan pran lapawòl pou di yon mo remèsiman. Se pa moman pou yo fè diskou ki long.
205. Se moman tou pou yo fè dènye orevwa a si li pap fèt nan simetyè a. N ap jwenn rit la nan paj 105-115.
206. Nan lòt mès pou defen yo, pè a, lonje men l sou pèp Bondye a, e li di :
℣. Granmèt la avèk nou tout.
Pèp la reponn :
℟. E avèk ou menm tou
Pè a beni pèp la, antan l di :
Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a beni nou,
Papa a, ak Pitit la X ak Lespri Sen an.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
Benediksyon solanèl
Se pou Bondye lavi a beni nou,
li menm ki te kreye moun nan nan bonte li.
Li menm ki te bay moun ki kwè yo lesperans rezireksyon an nan Pitit li a ki resisite nan pami mò yo.
℟. Amen.
Se pou l konsole nou nan lapenn nou,
se pou l fè lafwa nou grandi.
℟. Amen.
Se pou tout vivan yo jwenn padon pou peche yo,
se pou defen yo rive nan Wayòm li an.
℟. Amen.
Bondye te kreye moun nan pou l viv.
Nou kwè nan Jezi Kri ki resisite nan pami mò yo,
se pou nou kapab viv pou tout tan avèk li.
℟. Amen.
Se pou benediksyon Bondye ki gen tout pouvwa a,
Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an,
desann sou nou, pou l rete tout tan.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
207. Epi, dyak la, oubyen pè a li menm, di :
℣. Ale ak kè poze.
Pèp la reponn :
℟. Mèsi Bondye mèsi.
208. Apresa, nòmalman, pè a venere lotèl la ak yon bo, tankou l te fè l nan kòmansman. Apre li fin salye l ansanm avèk minis yo, li ale.
DÈNYE OREVWA A
209. Dènye orevwa a, se pati ki klotire selebrasyon an. Tout kominote kretyèn nan salye youn nan manb li, yo pra l antere. Se yon jès ki siyifikatif. Se poutèt sa, monisyon ki entwodui dènye orevwa a pa dwe tounen yon bouyon rechofe sou tout sa ki te di anvan yo. Se yon envitasyon pou viv nan serenite e sitou nan lesperans. Li dwe anonse sila nou andèy pou li a,
- pa DÈYÈ DO NOU, sa vle di nou pa dwe rete sèlman sou sa nou te viv avèk li, kòm si tout bagay fini nèt avèk lanmò li. Nou pa pra l depoze l nan tè a pou fini avèk li paske kounya se mò l ye. Non ! Se pa sa lantèman. Nou pra l remèt li nan men yon Bondye ki renmen lavi. Tè kote nou pra l antere l la se tankou yon « vant manman » kote lavi prepare, oubyen kote lavi repare, yon lye kote lavi jèmen. Se yon lye atant. Simetyè a se kote mò nou yo ap tann, yap tann lavi ki pap janm fini an.
- men LI LA AVÈK NOU, sa vle di lavi pa fini nèt. Li kontinye menm si li vin parèt pi difisil ak absans kò fizik la. A vrè di, sila nou renmen an pa la devan je nou pou nou touche l, pou nou ba li afeksyon, men, li kontinye ap mache bò kote nou. Lanmò a pa separe nèt sa l ye jodi a ak sa li te konn viv avèk nou. Se nou menm ki pou kontinye renmen sa l te renmen. Nou dwe chèche yon lòt mòd kalite prezans avèk li. Tankou yon jenòm te eksprime devan sèkèy yon zanmi li :
« Ti Pyè, zanmi pa m, w ap manke nou anpil… Men, ou toujou la avèk nou… Nou pra l kontinye konba lavi a avèk ou… ».
- e an menm tan, LI DEVAN NOU. Sa montre tou, malgre tout sa nou ka fè pou nou viv pwoksimite nou avèk defen an, nou pa ka mete men sou li. Li la, li pa li. Li deja janbe lòt bò a e li se avni nou. Nou tout gen pou janbe tou. L ap tann nou e yon jou na gen pou nou wè l ankò.
210. Menm si lanmò koze gwo doulè separasyon, kretyen yo, kòm manb Kris la, pa kapab separe, paske yo fè yon sèl nan li. Donk, rit dènye orevwa a chaje ak sans ki pwòp a li menm. Se pousa, li pa nòmal pou yo akonpli l si kò a pa prezan, sof nan ka fineray kote kò defen an te disparèt (pa egzanp : moun ki peri nan lanmè, nan aksidan avyon ect.). Nan ka sa, pa gen ni aspèsyon ni ansansman.
211. Yo entwodui tout rit la ak yon monisyon, e apresa, se de (2) eleman ki pi enpòtan yo nan moman sa nan selebrasyon an : chan dènye orevwa a (oubyen envokasyon yo), jès aspèsyon ak ansansman an.
212. Chan dènye orevwa a dwe parèt kòm moman kle nan akonplisman rit la pou tout asanble a kap di youn nan pami yo orevwa, kap remèt li nan men Bondye lavi a. Se pousa, tout asanble a dwe kapab chante chan sa. Sinon, pè a dwe pran kèk envokasyon ki fasilite patisipasyon asanble a. Ni chan an, ni envokasyon yo dwe kreye menm klima konfyans ak lesperans kay tout asanble a (cf. RR 10).
213. Aspèsyon an ak ansansman an, fè sonje batèm nan e siy respè pou kò kretyen an ki te « Tanp Lespri Sen an », se jès orevwa kominote kretyèn nan. Ansansman an toujou fakiltatif (RR 10). Pa kont, se enpòtan pou yo solanize jès aspèsyon an nan rit dènye orevwa a. Li dwe montre nan moman sa, se lyen batèm nan ki ini asanble a ak defen an nan lafwa. Li parèt pi klè toujou si plizyè manb nan asanble a, an patikilye manb fanmiy defen an, vini aspèje sèkèy la apre pè a ki konkli dènye orevwa a. Si yo deside fè l konsa, lè sa pè a ap fè ansansman an anvan aspèsyon an.
214. Pè a fè lapriyè dènye orevwa a – swa aprè yo fin fè aspèsyon an, – swa tousuit aprè yo fin chante chan dènye orevwa a si yo gen pou fè asanble a patisipe nan jès aspèsyon an nan finisman rit la.
215. Lè tout rit la fin akonpli, yo soti ak kò a pou yo al antere l. Yo va chante yon chan ki apwopriye pou akonpaye pwosesyon an si posib (sitou si gen yon koral pou sa). Sinon yo kapab mete yon fon mizik enstrimantal, oubyen òg la kapab fè sa.
Envitatwa pou dènye orevwa a
216. Pou rit dènye orevwa a, lè yo fin di lapriyè aprè kominyon an, oubyen si pat gen lamès, aprè litiji Lapawòl la fini, pè a vini bò kote sèkèy la. Li bay fas li gade fidèl yo antan minis yo bò kote l ak dlo benit, ansanswa tou limen ak lansan, li di :
Frè m ak sè m yo,
anvan nou separe youn ak lòt,
nou pra l di N. yon dènye orevwa ansanm.
Avèk respè ak afeksyon,
nap remèt li nan men Bondye
ak espwa nap tounen viv ansanm avèk li,
lè renmen Kris la ki kraze lanmò ak tout sa ki mal la, va rasanble nou tout,
pou nou fè youn, bò kote l.
An nou rete an silans,
antan nap sonje tout sa nou te viv avèk N.,
sa l ye pou nou,
sa l ye pou Bondye.
An nou di Bondye mèsi pou lavi li.
(apresa, ya pran yon tan lapriyè an silans)
Oubyen ankò
Me nou pra l separe nou ak N.
Li te travay, li te soufri.
(Li te sèvi) (li te renmen) (moun li yo) (lòt yo).
E nou byen konnen tout bagay sa yo pa kapab mouri.
An nou youn pa kite lòt san espwa :
nou fenk sot sonje sa,
Kris la te viv tou lavi moun nou ye a,
e renmen li pi fò pase lanmò.
Jodi a, nou rasanble yon sèl kote pou yon dènye orevwa ;
yon jou, na va rejwenn nou ansanm bò kote Kris la.
Se pou lesperans sa nouri rekèyman ak lapriyè nou
antan nap sonje N.
(apresa, ya pran yon tan lapriyè an silans)
oubyen ankò
Frè (sè) nou an ap repoze nan kè poze Kris la :
an nou remèt li bay renmen Bondye, Papa a,
nan lafwa ak lesperans lavi ki pap janm fini an.
An nou akonpaye l ak lapriyè nou :
li te tounen pitit Bondye grasa batèm nan,
(li te konn patisipe nan repa Granmèt la pou li jwenn fòs ladan l,
se pou l envite kounya bò tab Papa a nan syèl la ;)
se pou li resevwa an eritaj, lavi pou tout tan an avèk
tout sen yo.
An nou lapriyè Granmèt la tou pou nou menm :
pou nou kapab, yon jou, aprè tout doulè ak tout dlo nan je,
al rankontre Kris la ansanm ak N.,
lè la retounen nan bèlte li, li menm ki lavi nou.
An nou rantre nan fon kè nou nan lesperans sa.
(apresa, ya pran yon tan lapriyè an silans)
LAPRIYÈ AN SILANS
217. Pè a kite silans la fèt nòmalman e li veye pou yo pa koupe l twò vit. Apresa, yo chante oubyen yo di envokasyon yo pou dènye orevwa a.
CHAN POU DÈNYE OREVWA A
218. Yo ka pran :
- swa chan yo te prepare pou sa,
- swa chan sa (si pa gen chan, ya pran youn nan envokasyon yo).
A. CHAN
Sur le seuil de sa maison
1. Dieu l’accueille
Sur le seuil de sa maison
Notre Père t’attend,
Et les bras de Dieu
S’ouvriront pour toi.
2. Au revoir
Quand les portes de la vie
S’ouvriront devant nous
Dans la paix de Dieu
Nous te reverrons.
3. Pardon et salut en Jésus Christ
Par le sang de Jésus Christ,
Par sa mort sur la croix,
Le pardon de Dieu
Te délivrera.
4. Rappel du baptême
L’eau qui t’a donné la vie
Lavera ton regard,
Et tes yeux verront
Le salut de Dieu.
5. Résurrection
Quand viendra le dernier jour,
À l’appel du Seigneur
Tu te lèveras,
Et tu marcheras.
6. Mort-nouvelle naissance
Comme à ton premier matin
Brillera le soleil,
Et tu entreras
Dans la joie de Dieu.
B. REPONS
219. Vini, tout sen yo ki nan syèl la
℣. Vini, tout sen yo ki nan syèl la : pote l sekou,
al rankontre l, zanj Granmèt la.
℟. Vini akeyi nanm sa a
e prezante l devan fans Bondye ki anwo nèt la.
℣. Jezi Kri li menm te rele w ;
se pou li akyi w bò kote li,
e se pou zanj Bondye yo mennen w nan plas ou nan syèl la. ℟.
℣. Ba li repo tout tan an, Granmèt,
epi se pou limyè kap dire tout tan an klere je l. ℟.
ENVOKASYON POU DÈNYE OREVWA A
220. Si pa gen chante ak repons pou dènye orevwa a, ya pran youn nan envokasyon sa yo.
℣. Papa ki si tèlman bon, kounya nou konfye w
sila ki rive devan pa pòt kay ou :
pran l avèk ou, Granmèt, sila nou renmen an.
℟. Fè l wè figi w, Granmèt.
℣. Lè fènwa lanmò a wete l devan je nou,
se pou limyè solèy ou a kap dire pou pou tout tan an
toujou klere sou li. ℟.
℣. Li pa nan mitan nou ankò, se pou li bò kote w !
Nou kwè ak tandrès : ou akeyi l e ou padone l. ℟.
℣. Se pitit ou li ye depi premye jou sa
kote dlo batèm nan te ba l lavi pa w la. ℟.
℣. Granmesi renmen Pitit ou a, se zafè pa w li ye deja :
se pou l viv nan prezans ou, se pou l jwenn pòsyon pa li nan bèlte w la. ℟.
(ya fè yon ti poz)
℣. N., frè nou / sè nou, nou di w « orevwa », nou remèt ou nan bra Bondye ;
lè jou kè kontan an va rive, na va wè w ankò.
Oubyen ankò
℣. Granmèt, antan n ap sonje N. n ap mande w tanpri :
ba li anplen lavi pitit Bondye.
℟. Fè l viv avèk ou, Granmèt.
℣. Fè l viv avèk ou nan kè poze pou tout tan an. ℟.
℣. Se pou Jezi Kri, ansanm ak tout zanmi li resevwa li. ℟.
℣. Fè l viv ak zanmi w yo nan kè kontan. ℟.
℣. Fè l wè figi w, ba l lavi ki pap janm fini an. ℟.
℣. Fè li ede nou tounen pi bon zanmi avèk ou. ℟.
ASPÈSYON AK ANSANSMAN KÒ A
221. Yo kapab entwodui jès yo ak youn nan monisyon sa yo, oubyen ak lòt ki sanble avèk yo.
222. Pou aspèsyon an, apre yo fin chante, pè a kapab di, pa egzanp :
Nou espere e nou kwè
nou tout, nou gen pou nou resisite yon jou !
Kòm siy lafwa,
Mwen beni kò sa :
Li aspèje sèkèy la
O non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an.
223. Pou ansansman an, pè a kapab di pa egzanp :
Kòm siy respè pou w N., ou menm ki te sèvi Bondye
e ki te renmen pwochen w,
se pou lansan sa antoure kò w,
e se pou l monte devan Bondye ak lapriyè nou.
224. N.B. : Si yo fè aspèsyon an ak ansansman an youn apre lòt, ya sèvi ak yon sèl monisyon, pè a di :
Kòm yon siy ki montre nou kwè tout bon vre
kò nou gen pou yo leve,
e pou montre respè nou gen pou N. ki te sèvi Bondye,
e ki te renmen pwochen l ak kò sa a,
nou pra l wouze sèkèy la ak dlo benit epi apresa, nap ansanse l tou.
Li aspèje sèkèy la ak dlo benit epi li ansanse l.
PRIYÈ POU REMÈT DEFEN AN NAN MEN BONDYE
225. Aprè aspèsyon an ak ansansman an, pè a di youn nan lapriyè sa yo :
Bondye Granmèt nou, nou remèt N. nan men w.
Renmen w lan te akonpaye l pandan tout lavi l :
delivre l, kounya, anba tout mal.
Li kite tè sa a kap pase a, mennen l bò kote w,
kote ki pa gen ni lapenn, ni dlo nan je, ni soufrans ankò a,
men ki gen kè kontan ak kè poze,
ansanm avèk Pitit ou a ak Lespri Sen an,
pou tout tan gen tan.
℟. Amen.
Oubyen ankò
Granmèt Jezi,
avèk renmen, voye je w gade sila yo ki nan lapenn,
resevwa lapriyè yo pou sila yap kriye pou li a.
Se ou sèl ki sen,
se ou sèl ki plen mizerikòd :
padone tout peche (frè nou an / sè nou an) te fè.
Ou te mouri pou tout moun sove
e pou yo pase sot nan lanmò al nan lavi :
Pa kite N. rete lwen w,
men, pliske remen w lan pi fò pase lanmò,
fè l viv nan limyè w la,
nan kè kontan ak nan kè poze,
pou tout tan gen tan.
℟. Amen.
Oubyen ankò
Granmèt, nou nan lapenn,
n ap rele nan pye w ak konfyans :
ou se Bondye ki toujou koute lapriyè moun pa w yo,
sonje tout sa w te fè pou (sèvitè w / sèvant ou) N., (frè nou / sè nou) :
jou batèm li, ou te akeyi l nan pèp ou a ;
kounya li janbe ki te nou, fè l jwenn pa l nan kè kontan zanmi w yo ki nan syèl la ; resevwa l lakay ou kote tout bagay se limyè ak kè poze.
Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
FEN SELEBRASYON AN NAN LEGLIZ LA
A. Si se pè a sèlman ki te aspèje kò a :
226. Yo kapab chante antan yap soti legliz la ak kò a. Anvan sa, pè a di :
Nou espere e nou kwè,
tout moun ki batize nan Jezi
e ki chèche pran menm chemen avèk li sou tè a
gen pou yo resisite menm jan avèk li.
Se ak asirans sa a,
nap mande Bondye bay N. lavi ki pap janm fini an,
lavi Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
227. Epi, dyak la, oubyen pè a li menm, di :
℣. Ale ak kè poze.
Pèp la reponn :
℟. Mèsi Bondye mèsi.
B. Si asanble a ap patisipe nan jès aspèsyon an :
228. Aprè dènye lapriyè a (priyè pou remèt defen an nan men Bondye), pè a aspèje kò a an premye, epi, li envite fanmiy lan ak asanble pou yo fè jès la tou[11]. Li kapab di :
N., (frè nou / sè nou),
nan yon jès dènye orevwa
nou chak pra l trase kounya siy lakwa
avèk dlo ki fè sonje batèm nan.
Se pou lapriyè zanmi w yo
ki rasanble bò kote w la,
ansanm ak renmen Kris la
ki te pote lavikwa sou lanmò a,
fè w jwenn kounya menm ak pou tout tan
kè poze ak kè kontan pitit Bondye yo.
229. Tout moun yo pwoche, yo aspèje sèkèy la, oubyen si gen moun ki pa katolik ou kretyen, ya poze yon lòt jès respè, pa egzanp touche sèkèy la ect.
230. Aprè sa, pè a kapab di :
℣. Ale ak kè poze.
Pèp la reponn :
℟. Mèsi Bondye mèsi.
Yap depoze kò defen an nan tè
231. Anvan yo depoze kò defen an nan nan tè, tankou disip yo te fè l pou Jezi nan aswè Vandredi Sen an, yo fè yon dènye lapriyè. Si pa gen pè ki prezan, li bon pou yon layik dirije lapriyè a. Yo kapab di :
℣. An nou remèt sila ki kite nou an bay Granmèt la.
℟. Granmèt, fè l jwenn repo pou tout tan an.
℣. Granmèt Jezi, ou menm ki te kriye pou zanmi w Laza nan tonb lan, siye tout dlo nan je nou, tanpri. ℟.
Ou menm ki fè mò yo reviv,
bay (frè nou an / sè nou an) lavi ki pap janm fini an. ℟.
℣. Ou te pwòpte N. nan dlo batèm nan,
fè l jwenn lavi tout pitit Bondye yo anplen, tanpri. ℟.
℣. Ou te nouri l ak kò w,
resevwa l bò tab Wayòm ou an, tanpri. ℟.
℣. Ou te konnen lanmò
poutèt renmen ou gen pou nou
e ou te ranpòte laviktwa pou nou te ka gen lavi,
fè kè nou poze nan lesperans, tanpri. ℟.
Priyè konklizyon
Bondye Granmèt,depi Jezi mouri li leve,
tè sa a pa gen pouvwa kenbe nou prizonye pou tout tan, men li tounen yon plas kote yo depoze kò
ki gen jèm lavi ki pap janm fini an.
Tanpri, poutèt Jezi, Pitit ou a ki te resisite sot nan tonb li, bay kò N. ki te batize nan Jezi Kri,
repo li merite apre tout fatig li yo,
antan li jwenn ansanm ak tout kreyasyon an
delivrans total ou pwomèt nou
pou Dènye Jou a.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
oubyen (patikilyèman si tonb lan poko beni)
Granmèt Jezi Kri, anvan w te resisite,
ou te repoze pandan twa jou nan tè a.
Depi lè sa, kavo yo te tounen pou moun ki kwè yo, siy lesperans nan rezireksyon an.
Nan moman kote nap antere (frè nou an / sè nou an), tanpri,
ou menm ki rezireksyon ak lavi :
fè N. repoze nan kè poze nan kavo sa
jous jou wa va reveye l,
pou l wè ak je l, limyè ki pap janm disparèt la, pou tout tan gen tan.
℟. Amèn !
232. Apresa, sila kap prezide a ajoute :
Nan lesperans rezireksyon an,
se pou N. repoze nan kè poze.
O non Papa a,
ak Pitit la,
ak Lespri Sen an.
℟. Amen.
233. Sila kap prezide a aspèje kò a yon dènye fwa (kavo a tou si li vle), epi aprè li, si posib, fanmiy lan ak asistans la ka fè menm jan an tou.
Lapriyè pou yon kadav yap fè tounen sann
234. Legliz la toujou prefere pou fidèl li ki mouri depoze nan tè, tankou yo te antere Granmèt la nan yon kavo. Men tou, li respekte libète sila yo ki mande pou yo fè kadav yo tounen sann, depi se pa pou motif ki kontrè ak lafwa kretyèn nan.
Monisyon
Lanmò se yon finisman, men li se finisman lavi sou tè a ; yon lòt lavi kòmanse.
Se vre dife la pou detwi, men li detwi sa ki dwe peri ; sa ki pa dwe peri ap rete.
Apre lanmò, Bondye mete tout bagay anfòm ankò, li mete kò chak moun nan sa ki nouvo pou tout tan an nan renmen li a.
Frè nou an / sè nou an vivan, an nou remèt li nan men Bondye pou li kapab fè li jwenn lavi li a ki pap janm fini an
epi kreye pou li, kò tou nèf rezireksyon l lan.
235. Si kremasyon an pa fèt tousuit aprè selebrasyon fineray la, li bon pou yo pran kèk tèks biblik nan sa yo pwopoze nan Leksyonè pou defen yo. Ya li yo yon jan pou yo kapab tounen an menm tan yon meditasyon.
236. Pa egzanp, pou prepare moun yo pou yo koute Pawòl Bondye a, yo kapab di :
An nou koute Pawòl Bondye a, pou fòtifye lesperans nou genyen pou nou tounen wè N. lè Bondye va rasanble nou tout nan Wayòm li an.
237. Aprè lèkti Pawòl Bondye a sou fòm meditasyon, sila kap prezide a di :
Bondye Papa,
ou menm ki renmen nou,
nou konnen ou vle pou tout pitit ou yo vin jwenn ou,
pou w bay lavi san limit.
Tanpri, mete pitit ou N. ansanm avèk ou,
kò li disparèt devan je nou,
sann li yo va fè nou sonje se pa la li ye,
se pou nou chèche l lòt kote.
Fè nou kwè tout bon vre
N. ap viv ansanm avèk ou,
an atandan ou bay kò sa a
ki te batize nan Jezi Kri,
kò sa a li te mete nan sèvis ou
ak nan sèvis frè l ak sè yo,
delivrans total ou pwomèt nou pou Dènye Jou a.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amèn !
FINERAY POU TIMOUN
FINERAY POU TIMOUN KI BATIZE DEJA
238. Lanmò yon timoun se yon gwo lapenn pou paran yo. Se ak atansyon pou doulè sa yo dwe selebre fineray yo. Si timoun nan te batize, lafwa nou asire nou li deja nan kè kontan bò kote Bondye, pliske ak batèm nan, li te tounen pitit Bondye. Yo pa lapriyè pou li, men yo lapriyè pou paran l yo ak pou tout moun ki pwòch li, pou yo jwenn konsolasyon lafwa nan lapenn yo.
239. Fineray timoun yo gen menm deroulman ak pa granmoun yo. Se sa ki fè yo pa reprann remak jeneral yo pou dewoulman sa. Koulè litijik pou fineray timoun yo se blan kèlkeswa sikonstans la.
230. Yo kapab itilize tèks yo pwopoze pou fineray granmoun yo depi yo adapte pou sa. Priyè ak fòmilè sa yo ki swiv yo se pou timoun ki batize deja.
231. Pou akèy la nan legliz la, pè a eksprime senpati tout asistans la devan lapenn paran yo ak lesperans ki reyini fidèl yo nan lapriyè.
Li kapab evoke dra blan an ki fè sonje rad blan timoun-batize a, limyè ki te anvayi l nan jou batèm li, oubyen ankò flè yo, siy lesperans, oubyen pawòl Kris la :
« Vini, nou tout Papa m beni yo : resevwa eritaj Wayòm nan li te prepare pou nou depi nan kreyasyon tout bagay la » (Mt 25, 34).
Salitasyon pou kòmanse
232. Apre tout bagay fin an plas nèt epi yo fin chante chan antre a, pè a di :
O non Papa a X ak Pitit la ak Lespri Sen an.
℟. Amèn.
233. E li salye asanble a ak youn nan fòmil sa yo :
Premye fòmil (1)
Pè a di :
℣. Se pou Bondye lesperans la ban nou anplen lapè nan lafwa
e se pou Granmèt la toujou avèk nou tout.
Asanble a ℟. E avèk ou menm tou.
Dezyèm fòmil (2)
Pè a di :
℣. Favè Jezi Kri Granmèt nou, renmen Bondye Papa a, ansanm ak Lespri Sen an toujou avèk nou tout.
Asanble a ℟. E avèk ou menm tou.
Twazyèm fòmil (3)
Pè a di :
℣. Granmèt la avèk nou tout.
Asanble a ℟. E avèk ou menm tou.
Katriyèm fòmil (4)
Pè a di :
℣. Se pou Bondye Papa nou
ak Jezi Kri Granmèt nou
ban nou lagras ak kè poze.
Asanble a ℟. Mèsi Bondye, jodi a e pou tout tan.
Monisyon (na adapte pou chak ka)
Sè m ak frè m yo,
Si nou rasanble maten an (aprè midi a) nan legliz sa a, nou pa vin lapriyè pou N., se li kap lapriyè pou nou : li bò kote Bondye. Men, nou vin montre solidarite ak amitye pou fanmiy nan. Pèmèt mwen salye Paran N.yo ki la, nou tout ki fè deplasman ki rasanble bò kote kadav li. An nou lapriyè pou yo, pou yo jwenn konsolasyon nan lafwa, pou yo sipòte eprèv sa ap anpil kouraj.
Rit patikilye
(1) Jès depoze limyè toupre sèkèy defen an
234. Syèj paskal la limen avan selebrasyon an. Apresa, pè a oubyen yon manb nan fanmiy lan, oubyen yon pwòch defen an pran nan flam Syèj paskal la epi li limen lòt syèj yo pral depoze toupre sèkèy la. Jès sa sipoze fèt nan silans e tout moun dwe byen wè sa kap fèt la.
235. Antan yap depoze limyè toupre sèkèy la pè a di :
Granmèt,
ou te remèt nou N., jou batèm li,
pou l te grandi tankou pitit limyè.
Antan nap sonje lè l te rantre nan Legliz la,
nou limen flanm dife sa.
Se pou l klere nou, jodi a,
nan vanse nap vanse al jwenn ou,
ou menm ki vivan depi tout e pou tout tan.
(2) Jès depoze rad blan sou sèkèy defen an
236. Yo kapab deplwaye yon ob oubyen rad batèm nan sou sèkèy la. Antan yon manb fanmiy defen an ap fè jès sa, pè a di :
Granmèt,
ak mizerikòd, voye je w sou sila
ou te fè tounen pitit ou,
li menm nou tounen remèt rad blan batèm
li an.
(Yo deplwaye rad la sou sèkèy la :)
Nou gen fèm lesperans
ou resevwa l lakay ou,
kote ki pa gen ni dlo nan je, ni lapenn,
men kè poze ak kè kontan.
(3) Jès depoze flè sou sèkèy defen an
237. Pè a kapab envite yon manb nan fanmiy lan vin depoze yon jèb flè sou sèkèy la antan l di :
Nou mete flè sa yo sou sèkèy N.,
pou montre afeksyon ak respè nou gen pou li.
Yo di nou tout pakèt prezans sa yo
ki pa konnen kouman pou yo eksprime.
envokasyon bò kote Kris la
238. Apre jès sa yo fin akonpli pè a kapab di :
Ak konfyans, an nou vire je nou bò kot Kris la :
Granmèt Jezi, Pitit Bondye,
ou menm ki te vini sou tè a
pou pataje lapenn ak kè kontan nou,
pran pitye pou nou.
℟. Pran pitye pou nou.
oubyen si yo chante ya di pito :
Kyrie eleison.
O Kris, ou menm ki te mouri sou lakwa
pou louvri chemen lavi pou nou,
pran pitye pou nou.
℟. Pran pitye pou nou.
oubyen si yo chante ya di pito :
Kyrie eleison.
Granmèt, ou menm ki resisite
pou tout moun ka viv nan pwòp lavi pa w
pran pitye pou nou.
℟. Pran pitye pou nou.
oubyen si yo chante ya di pito :
Kyrie eleison.
239. N.B. : Si yo selebre Lekaristi, yo kapab itilize lòt fòm abityèl yo daprè Misèl women an.
Priyè ouvèti
240. Ya chwazi youn nan lapriyè sa yo selon chak ka.
Granmèt, ou wè lapenn
sila yo ki pèdi pitit yo :
soutni yo nan eprèv sa ;
e pliske N. dlo batèm nan te koule sou li a,
deja pran devan nou nan lavi syèl la,
fè nou jwenn kè kontan ki pap janm fini an ansanm avèk li yon jou.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou, Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou, ansanm ak Lespri Sen an, depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Oubyen
Bondye Papa nou,
ou wè kouman nou nan lapenn
poutèt timoun sa ki kite nou :
fè sila yo kap kriye yo
kwè tout bon vre li deja bò kote w nan Wayòm ou an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou, Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou, ansanm ak Lespri Sen an, depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Oubyen
Granmèt, koute lapriyè nou yo :
nou kwè N. deja pran plas li nan Wayòm ou an ;
nan bonte kè w, fè nou jwenn yon jou,
ansanm avèk li, lavi ki pap janm fini an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou, Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou, ansanm ak Lespri Sen an, depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Oubyen pou yon timoun ki mouri kou li fèt
Granmèt,
lanmò wete timoun sa devan je nou menm kote l fèt la.
Men, anvan menm li te fèt,
ou te renmen l ;
nap mande w tanpri :
pliske li pa t kapab viv bò kote nou,
fè l viv bò kote w nan Wayòm ou an
pou tout tan gen tan.
℟. Amen.
Litiji Pawòl la
241. Ya swiv endikasyon jeneral yo pou fineray granmoun yo nan p. 23. Pou chwa lèkti yo ya swiv Leksyonè pou litiji defen yo nan sa ki konsènen fineray timoun yo.
Priyè inivèsèl
242. Pou priyè inivèsèl yo, ya swiv endikasyon jeneral yo pou fineray granmoun yo nan p. 24. Men yo kapab pwopoze entansyon sa yo :
243 ENTWODIKSYON
Sè m ak frè m yo, antan nou fè yon sèl nan lapenn, an nou lapriyè ansanm :
℟. Granmèt, koute lapriyè ki soti nan fon kè nou.[12]
ENTANSYON
Pou Legliz Jezi Kri a,
pou pitit li yo ki deja rive kote Bondye
sonje nou menm ki an vwayaj tou,
an nou lapriyè Granmèt la. ℟.
Pou paran N.,
pou yo pa dekouraje nan lafwa,
pou yo gen asirans pitit yo a nan bra Bondye,
an nou lapriyè Granmèt la. ℟.
Pou tout paran ki pran gwo lapenn pou pitit yo,
e pou tout sila yo kap kriye,
an nou lapriyè Granmèt la. ℟.
Pou nou tout ki rasanble isit la,
pou nou toujou ap veye,
konsa lè Jezi vin chèche nou,
na kouri al jwenn li tou pare,
an nou lapriyè Granmèt la. ℟.
PRIYÈ KONKLIZYON
Granmèt, koute lapriyè nou :
nou kwè N. deja pran plas nan Wayòm ou an ;
bay paran li yo ki nan gwo lapenn
poutèt yo separe avèk li,
kouraj pou yo kapab sipòte eprèv sa,
konsole yo poutèt bon kè w,
e nou menm ki an vwayaj sou tè a,
fè nou jwenn pòsyon pa nou
nan lavi ki pap janm fini an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Litiji ekaristik
244. Ya swiv endikasyon jeneral yo pou fineray granmoun yo nan p. 34-35.
Priyè sou ofrann yo
Pou yon timoun ki batize
Granmèt, sanktifye kado sa yo nou prezante devan w lan :
pliske paran sa yo vire bò kote w
pou yo konfye w pitit sa ou te ba yo a,
se pou yo gen kè kontan
espere wè l yon jou nan Wayòm ou an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Oubyen pou yon timoun ki mouri anvan l batize
Granmèt, resevwa kado sa
kote nap eksprime lafwa nou :
pliske nou vin bò kote w avèk konfyans,
soutni nou ak dousè renmen w lan,
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
245. Prefas defen yo nan p. 40-44.
246. Nan priyè ekaristik 2, 3 ak 4, yo pap itilize entèsesyon espesyal ki prewa pou mès defen yo pliske timoun yo deja nan bra Bondye. Ya jwenn priyè ekaristik yo nan p. 45-104.
Antyèn kominyon Mt 11, 28
« Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout kap redi anba chay, ma fè nou repoze ».
oubyen Is 25, 8
« Granmèt, Bondye ki kreye linivè a, va kraze lanmò pou tout tan, li va siye dlo nan je tout vizaj ».
PRIYÈ APRÈ LAKOMINYON
Apre nou fin manje kò ak san Pitit ou a,
n ap lapriyè w ankò, Granmèt :
pliske Lekaristi sa te fòtifye nou nan lesperans
lavi ki pap janm fini an, fè nou toujou jwenn konsolasyon
nan lapenn nou yo kounya.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Oubyen
Apre nou sot resevwa manje espesyal sa ki soti nan men w lan, Granmèt, nap mande w tanpri :
ou menm ki resevwa pitit sa ki mouri a
nan resepsyon w lan nan Wayòm ou an,
fè nou jwenn plas pa nou ladan l tou.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Dènye orevwa
247. Dewoulman an se menm bagay ak pa granmoun yo. Sa ki swiv yo, se adaptasyon ki fèt espesyal pou fineray timoun yo.
Envitatwa pou dènye orevwa a
248. Amitye ak lafwa mete nou ansanm nan lapenn
sila yo ki pèdi pitit yo.
Men nou sèten Granmèt la akeyi l jodi a,
pliske batèm nan te fè l tounen pitit Bondye.
Nan silans kè nou, an nou rantre nan nou menm,
pou nou konfye N. bay tandrès Bondye, Papa nou.
(Tan lapriyè an silans)
249. Oubyen
Pliske batèm nan te fè N. yon pitit Bondye,
nou sèten, Granmèt la akeyi l jodi a kòm pitit li.
Kò li nou pral depoze nan tè a
gen pou resisite yon jou
e lavi li gen pou vin bèl tout tan nan lavi Bondye.
Fò ak lesperans sa, nou kwè pitit sa,
ki deja fèt nan lavi sa grasa batèm nan,
ap viv li nètale nan Wayòm nan.
An nou vire je nou bò kote Bondye avèk konfyans :
se pou l konsole tout moun lanmò sa aflije
e reveye atant Wayòm li a nan nou.
(Tan lapriyè an silans)
250. Pè a kite silans la fèt nòmalman e li veye pou yo pa koupe l twò vit. Apresa, yo chante oubyen yo di envokasyon yo pou dènye orevwa a.
Chan pou dènye orevwa a
251. Yo ka pran :
- swa chan yo te prepare pou sa,
- swa chan sa (si pa gen chan, ya pran youn nan envokasyon yo).
A. CHAN
Sur le seuil de sa maison
1. Dieu l’accueille
Sur le seuil de sa maison
Notre Père t’attend,
Et les bras de Dieu
S’ouvriront pour toi.
2. Au revoir
Quand les portes de la vie
S’ouvriront devant nous
Dans la paix de Dieu
Nous te reverrons.
3. Pardon et salut en Jésus Christ
Par le sang de Jésus Christ,
Par sa mort sur la croix,
Le pardon de Dieu
Te délivrera.
4. Rappel du baptême
L’eau qui t’a donné la vie
Lavera ton regard,
Et tes yeux verront
Le salut de Dieu.
5. Résurrection
Quand viendra le dernier jour,
À l’appel du Seigneur
Tu te lèveras,
Et tu marcheras.
6. Mort-nouvelle naissance
Comme à ton premier matin
Brillera le soleil,
Et tu entreras
Dans la joie de Dieu.
B. Repons
252. Oubyen (REPONS)
VINI, TOUT SEN YO KI NAN SYÈL LA
℣. Vini, tout sen yo ki nan syèl la : pote l sekou,
al rankontre l, zanj Granmèt la.
℟. Vini akeyi nanm sa a
e prezante l devan fas Bondye ki anwo nèt la.
℣. Jezi Kri li menm te rele w ;
se pou li akyi w bò kote li,
e se pou zanj Bondye yo mennen w nan plas ou nan syèl la. ℟.
℣. Ba li repo tout tan an, Granmèt,
epi se pou limyè kap dire tout tan an klere je l. ℟.
ASPÈSYON AK ANSANSMAN KÒ A
253. Yo kapab entwodui jès yo ak youn nan monisyon sa yo, oubyen ak lòt ki sanble avèk yo.
254. Pou aspèsyon an, apre yo fin chante, pè a kapab di, pa egzanp :
N., dlo sa fè nou sonje ou te batize,
e depi lè sa,
Bondye te fè w tounen pitit li ;
se pou li resevwa w kounya nan kè poze li a.
255. Pou ansansman an, pè a kapab di pa egzanp :
Kòm siy respè pou w N.,
se pou lansan sa antoure kò w,
e se pou l monte devan Bondye ak lapriyè nou.
256. N.B. : Si yo fè aspèsyon an ak ansansman an youn apre lòt, ya sèvi ak yon sèl monisyon.
Kòm yon siy ki montre nou kwè tout bon vre
kò nou gen pou yo leve,
e pou montre respè nou gen pou N. ki te batize,
nou pra l wouze sèkèy la ak dlo benit epi apresa, nap ansanse l tou.
Li aspèje sèkèy la ak dlo benit epi li ansanse l.
LAPRIYÈ POU REMÈT DEFEN AN NAN MEN BONDYE
257. Granmèt, nou remèt N. (frè nou an / sè nou an) nan men w ; renmen w gen pou li a depase nou :
mennen l nan paradi w la, kote ki pa gen ni lapenn, ni rèl, ni soufrans, men kè kontan ak kè poze,
avèk Pitit ou a ansanm ak Lespri Sen an, pou tout tan gen tan.
℟. Amen.
258. Oubyen
Bondye Papa nou,
nou remèt pitit sa nan men w,
nou konnen l ap resisite nan Dènye Jou a
e la viv ansanm ak Jezi pou tout tan.
Nou di w mèsi pou N. ou te ban nou an, lè li te fèt,
nou di w mèsi tou paske w fè l viv nan syèl la kounya ; nou nan lapenn jodi a poutèt pitit la, se vre,
men lafwa nou fè nou jwenn konsolasyon ak lesperans kan menm,
nou konnen, si nou mache nan chemen Jezi Kri,
na reyini ak pitit la nan syèl la yon jou ;
tanpri, fè nou toujou viv ak bèl lesperans sa.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amèn.
259. Oubyen, pou yon ti bebe
Bondye, ou menm ki vle sove tout moun,
nou kwè renmen w lan san limit
e nou konnen pa gen laj pou yon moun santi ou renmen l.
Nou remèt N. ki pati kite nou san l pat gen tan konnen w.
Resevwa l lakay ou, montre l jan w se yon Papa ki gen bon kè
e fè l tounen pitit ou pou tout tan gen tan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Fen selebrasyon an nan legliz la
A. Si se pè a sèlman ki te aspèje kò a :
260. Yo kapab chante antan yap soti legliz la ak kò a. Anvan sa, pè a di :
Nou espere e nou kwè,
tout moun ki batize nan Jezi
e ki chèche pran menm chemen avèk li sou tè a
gen pou yo resisite menm jan avèk li.
Se ak asirans sa a, n ap mande Bondye bay N. lavi ki pap janm fini an,
lavi Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
261. Epi, dyak la, oubyen pè a li menm, di :
℣. Ale ak kè poze.
Pèp la reponn :
℟. Mèsi Bondye mèsi.
B. Si asanble a ap patisipe nan jès aspèsyon an :
262. Aprè dènye lapriyè a (priyè pou remèt defen an nan men Bondye), pè a aspèje kò a an premye, epi, li envite fanmiy lan ak asanble a pou yo fè jès la tou[13]. Li kapab di :
Nan yon jès dènye orevwa,
nou chak pra l trase sou kò N. siy lakwa
avèk dlo ki fè sonje batèm li.
Se pou Bondye resevwa l nan kè poze li a.
263. Pandan aspèsyon an, yo kapab chante yon chan apwopriye.
264. Aprè sa, pè a kapab di :
℣. Ale ak kè poze.
Pèp la reponn :
℟. Mèsi Bondye mèsi.
Yap depoze kò defen an nan tè
265. Anvan yo depoze kò timoun nan nan tè, tankou disip yo te fè l pou Jezi nan aswè Vandredi Sen an, yo fè yon dènye lapriyè. Si pa gen pè ki prezan, li bon pou yon layik dirije lapriyè a. Yo kapab di :
℣. An nou mande Bondye, pou l bay sila yo ki nan eprèv sipò lafwa ak asirans renmen li :
℟. Granmèt, kenbe lafwa nou djanm.
℣. Poutèt Pitit ou Jezi ki fè youn avèk nou,
pliske li te tounen moun. ℟.
℣. Poutèt Pitit ou a anwo lakwa a,
ki te renmen nou jous li mouri pou nou. ℟.
℣. Poutèt Pitit ou a yo te depoze
nan bra Mari, Manman l, apre li te fin mouri. ℟.
℣. Poutèt Pitit ou a ki resisite a,
ki fè nou soti nan lamò al nan lavi tout bon an. ℟.
℣. Poutèt asirans ou ban nou nan renmen w lan pou tout tan gen tan. ℟.
Priyè konklizyon
266. Si tonb lan poko beni pè a di :
Bondye kè sansib la,
ou menm ki fè nanm fidèl yo repoze,
beni tonb sa. Pitit sa kò l ap repoze isit la,
resevwa l lakay ou.
Se pou l jwenn kontantman nan w,
avèk tout sen yo ki nan syèl la, pou tout tan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou.
℟. Amen.
267. Oubyen (patikilyèman si tonb lan deja beni)
Granmèt, tanpri, ou menm ki rezireksyon ak lavi :
fè N. repoze nan kè poze nan kavo sa
jous jou w a va reveye l, pou l wè ak je l limyè ki pap janm disparèt la, pou tout tan gen tan.
℟. Amèn !
268. Apresa, sila kap prezide a ajoute :
Nan lesperans rezireksyon an,
se pou N. repoze nan kè poze.
O non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an.
℟. Amèn !
269. Sila kap prezide a aspèje kò a yon dènye fwa (kavo a tou si li vle), epi aprè li, si posib, fanmiy lan ak asistans la ka fè menm jan an tou.
FINERAY POU TIMOUN KI POKO BATIZE
270. Legliz lapriyè pou tout defen, kit li batize, kit li pa batize. Li fè sonje Bondye « vle tout moun sove » (1 Tm 2, 4). Lapriyè pou yon defen, se asosye l nan Mistè paskal la, nan Mistè lanmò ak rezireksyon Jezi Kri. Si batèm nan se sakreman ki fè nou antre nan Mistè paskal la, li enpòtan pou konnen sa konsil Vatikan II te deklare nan koze sa :
Patisipasyon nan lanmò ak rezireksyon Kris la « li pa vo sèlman pou moun ki kwè nan Kris la, men pou tout moun ki gen bòn volonte, nan kè yo, kote, lagras la ap aji yon fason moun pa ka wè. Ebyen, pliske Kris la mouri pou tout moun epi dènye vokasyon moun nan li reyèlman inik, sa vle di li pran sous li nan Bondye, nou dwe dakò Lespri Sen an ofri tout moun, nan yon fason kote se Bondye sèlman ki konnen, posiblite pou li asosye l nan Mistè paskal la » (Gaudium et spes, n° 22, § 5).
271. Si yon timoun mouri anvan batèm li (si li poko gen laj rezon), alòske paran l yo te gen entansyon fè batize l, ya fè fineray kretyen pou li antan yo swiv presizyon lokal yo pou selebrasyon an.
272. Si paran yo pat gen entansyon an, yo kapab akeyi yo pou yon tan lapriyè nan legliz la.
273. Pou fineray timoun ki poko batize yo, li pi bon si yo òganize yon litiji Lapawòl ak dènye orevwa a. Si li parèt enpòtan pou yo selebre Lekaristi, ya va pran tèks sa yo ki anba a.
----------------
Salitasyon pou kòmanse
274. Apre tout bagay fin an plas nèt epi yo fin chante chan antre a, pè a di :
O non Papa a X ak Pitit la ak Lespri Sen an.
℟. Amèn.
275. E li salye asanble ak youn nan fòmil sa yo :
Premye fòmil (1)
Pè a di :
℣. Se pou Bondye lesperans la ban nou anplen lapè nan lafwa
e se pou Granmèt la toujou avèk nou tout.
Asanble a ℟. E avèk ou menm tou.
Dezyèm fòmil (2)
Pè a di :
℣. Favè Jezi Kri Granmèt nou, renmen Bondye Papa a, ansanm ak Lespri Sen an toujou avèk nou tout.
Asanble a ℟. E avèk ou menm tou.
Twazyèm fòmil (3)
Pè a di :
℣. Granmèt la avèk nou tout.
Asanble a ℟. E avèk ou menm tou.
Katriyèm fòmil (4)
Pè a di :
℣. Se pou Bondye Papa nou
ak Jezi Kri Granmèt nou
ban nou lagras ak kè poze.
Asanble a ℟. Mèsi Bondye, jodi a e pou tout tan.
Monisyon (na adapte pou chak ka)
Sè m ak frè m yo,
Si nou rasanble maten an (aprè midi a) nan legliz sa a, se pou remèt N.ki mouri san batize nan men Bondye mizerikòd la antan nou sèten gen yon chemen delivrans pou li. An menm tan tou, nou vin montre solidarite ak amitye nou pou fanmiy lan. Pèmèt mwen salye Paran N. yo ki la, nou tout ki fè deplasman ki rasanble bò kote kadav li. An nou lapriyè pou yo, pou yo jwenn konsolasyon nan lafwa, pou yo sipòte eprèv sa ap anpil kouraj. Nou sèten, Bondye ki pa vle pèsonn peri a ap akeyi N. lakay li, nan limyè li a. Se ak lesperans sa nap rantre nan selebrasyon an.
Envokasyon bò kote Kris la
276. Pè a kapab di :
Ak konfyans, an nou vire je nou bò kote Kris la :
Granmèt Jezi, Pitit Bondye,
ou menm ki te vini sou tè a
pou pataje lapenn ak kè kontan nou,
pran pitye pou nou / Kyrie eleison.
℟. Pran pitye pou nou.
oubyen si yo chante ya di pito :
Kyrie eleison.
O Kris, ou menm ki te mouri sou lakwa
pou louvri chemen lavi pou nou,
pran pitye pou nou / Christe eleison.
℟. Pran pitye pou nou.
oubyen si yo chante ya di pito :
Christe eleison.
Granmèt, ou menm ki resisite
pou tout moun ka viv nan pwòp lavi pa w
pran pitye pou nou / Kyrie eleison.
℟. Pran pitye pou nou.
oubyen si yo chante ya di pito :
Kyrie eleison.
277. N.B. : Si yo selebre Lekaristi, yo kapab itilize fòm abityèl preparasyon penitansyèl yo nan Misèl women an.
Priyè ouvèti
278. Ya chwazi youn nan lapriyè sa yo selon chak ka.
Granmèt, ou menm ki gen kè sansib,
nap lapriyè w pou paran pitit sa ak zanmi yo :
yap kriye pou sila a ki disparèt devan je yo,
se pou delikatès renmen w lan rekonfòte yo ;
se pou l konsole yo.
Pa pouvwa Jezi Kri…
℟. Amen.
Oubyen
Bondye Papa nou,
ou wè kouman nou nan lapenn
poutèt timoun sa ki kite nou :
fè sila yo kap kriye yo
kwè tout bon vre li deja bò kote w nan Wayòm ou an poutèt ou plen renmen ak mizerikòd.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou, Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou, ansanm ak Lespri Sen an, depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Oubyen
Granmèt, ou menm ki renmen nou,
ou wè sa ki nan fon kè
e ou konnen lafwa paran sa yo.
Nap lapriyè w pou yo :
yap kriye pou pitit yo,
fè yo kapab konfye l nan renmen w lan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou, Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou, ansanm ak Lespri Sen an, depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Litiji Pawòl la
279. Ya swiv endikasyon jeneral yo pou fineray granmoun yo nan p. 23. Pou chwa lèkti yo ya swiv Leksyonè pou litiji defen yo nan sa ki konsènen fineray timoun yo.
Priyè inivèsèl
280. Pou priyè inivèsèl yo, ya swiv endikasyon jeneral yo pou fineray granmoun yo nan p. 24. Men yo kapab pwopoze entansyon sa yo :
281 Entwodiksyon
Sè m ak frè m yo, antan nou fè yon sèl nan lapenn, an nou lapriyè ansanm :
℟. Granmèt, koute lapriyè ki soti nan fon kè nou.[14]
Entansyon
Pou Legliz Jezi Kri a,
pou pitit li yo ki deja rive kote Bondye
sonje nou menm ki an vwayaj tou,
an nou lapriyè Granmèt la. ℟.
Pou paran N.,
pou yo pa dekouraje nan lafwa,
pou yo gen asirans pitit yo a nan bra Bondye,
an nou lapriyè Granmèt la. ℟.
Pou tout paran ki pran gwo lapenn pou pitit yo,
e pou tout sila yo kap kriye,
an nou lapriyè Granmèt la. ℟.
Pou nou tout ki rasanble isit la,
pou nou toujou ap veye,
konsa lè Jezi vin chèche nou,
na kouri al jwenn li tou pare,
an nou lapriyè Granmèt la. ℟.
Priyè konklizyon
Granmèt, koute lapriyè nou :
nou kwè w ap akeyi N. nan bra w ak mizerikòd ;
bay paran li yo ki nan gwo lapenn
poutèt yo separe avèk li,
kouraj pou yo kapab sipòte eprèv sa,
konsole yo poutèt bon kè w,
e nou menm ki an vwayaj sou tè a,
fè nou jwenn pòsyon pa nou
nan lavi ki pap janm fini an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Litiji ekaristik
282. Ya swiv endikasyon jeneral yo pou fineray granmoun yo nan p. 34-35.
Priyè sou ofrann yo
Granmèt, resevwa kado sa yo
kote nou eksprime lafwa nou an : pliske nou vin devan w avèk konfyans,
soutni nou ak dousè renmen w lan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
283. Prefas defen yo nan p. 40-44.
284. Nan priyè ekaristik 2, 3 ak 4, yo pap itilize entèsesyon espesyal ki prewa pou mès defen yo pliske yo konsènen batèm. Ya priyè ekaristik yo nan p. 45-104.
Antyèn kominyon Mt 11, 28
« Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout kap redi anba chay, ma fè nou repoze »
oubyen Is 25, 8
« Granmèt, Bondye ki kreye linivè a,
va kraze lanmò pou tout tan, li va siye dlo nan je tout vizaj ».
Priyè aprè lakominyon
Apre nou fin manje kò ak san Pitit ou a,
nap lapriyè w ankò,
Granmèt ak tout lafwa nou:
pliske Lekaristi sa te fòtifye nou nan lesperans
lavi ki pap janm fini an,
fè nou toujou jwenn konsolasyon
nan lapenn nou yo kounya.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Dènye orevwa
286. Dewoulman an se menm bagay ak pa granmoun yo. Sa ki swiv yo, se adaptasyon ki fèt espesyal pou fineray timoun yo.
Envitatwa pou dènye orevwa a
Amitye ak lafwa mete nou ansanm nan lapenn
sila yo ki pèdi pitit yo.
Men nou sèten Granmèt la pap kite l pèdi,
pliske li se Bondye ki vle lavi pou tout moun.
Nan silans kè nou, an nou rantre nan nou menm,
pou nou konfye N. bay mizerikòd Bondye, Papa nou.
(Tan lapriyè an silans)
287. Pè a kite silans la deplwaye nòmalman e li veye pou yo pa koupe l twò vit. Apresa, yo chante oubyen yo di envokasyon yo pou dènye orevwa a.
Chan pou dènye orevwa a
288. Yo ka pran :
- swa chan yo te prepare pou sa,
- swa chan sa (si pa gen chan, ya pran youn nan envokasyon yo).
Chan
Sur le seuil de sa maison
1. Dieu l’accueille
Sur le seuil de sa maison
Notre Père t’attend,
Et les bras de Dieu
S’ouvriront pour toi.
2. Au revoir
Quand les portes de la vie
S’ouvriront devant nous
Dans la paix de Dieu
Nous te reverrons.
3. Pardon et salut en Jésus Christ
Par le sang de Jésus Christ,
Par sa mort sur la croix,
Le pardon de Dieu
Te délivrera.
4. Rappel du baptême
L’eau qui t’a donné la vie
Lavera ton regard,
Et tes yeux verront
Le salut de Dieu.
5. Résurrection
Quand viendra le dernier jour,
À l’appel du Seigneur
Tu te lèveras,
Et tu marcheras.
6. Mort-nouvelle naissance
Comme à ton premier matin
Brillera le soleil,
Et tu entreras
Dans la joie de Dieu.
289. Oubyen yo kapab chwazi yon lòt chan ki adapte.
Aspèsyon kò a
290. Pou aspèsyon an, apre yo fin chante, pè a kapab di, pa egzanp :
N., dlo sa se siy batèm ou te gen pou resevwa a,
nou sonje renmen Bondye gen pou w :
se pou li resevwa w jodi a nan kè poze li a.
291. Pa gen ansansman pou yon timoun san batize e yo pa mande paran ak manb asanble a vin aspèje kò a.
Lapriyè pou remèt defen an nan men Bondye
Bondye, ou menm ki vle sove tout moun,
nou remèt N. ki pati kite nou san l pat gen tan konnen w, ni resevwa dlo batèm ki fè moun vin tou nèf la. Renmen w gen pou li depase nou ;
ak konfyans, nap mande w tanpri :
resevwa l lakay ou, montre l jan w se yon Papa ki gen bon kè.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
FEN SELEBRASYON AN NAN LEGLIZ LA
292. Yo kapab chante antan y ap soti legliz la ak kò a. Anvan sa, pè a di :
Nou espere e nou kwè,
tout moun ki batize nan Jezi
e ki chèche pran menm chemen avèk li sou tè a
gen pou yo resisite menm jan avèk li.
Se ak asirans sa a,
n ap mande Bondye bay N. lavi ki pap janm fini an,
lavi Papa a,
ak Pitit la
X ak Lespri Sen an.
Pèp la reponn :
℟. Amen.
293. Epi, dyak la, oubyen pè a li menm, di :
℣. Ale ak kè poze.
Pèp la reponn :
℟. Mèsi Bondye mèsi.
Y ap depoze kò defen an nan tè
294. Anvan yo depoze kò timoun nan nan tè, tankou disip yo te fè l pou Jezi nan aswè Vandredi Sen an, yo fè yon dènye lapriyè. Si pa gen pè ki prezan, li bon pou yon layik dirije lapriyè a. Yo kapab di :
℣. An nou mande Bondye,
pou l bay sila yo ki nan eprèv
sipò lafwa ak asirans renmen li :
℟. Granmèt, kenbe lafwa nou djanm.
℣. Poutèt Pitit ou Jezi ki fè youn avèk nou,
pliske li te tounen moun. ℟.
℣. Poutèt Pitit ou a anwo lakwa a,
ki te renmen nou jous li mouri pou nou. ℟.
℣. Poutèt Pitit ou a yo te depoze
nan bra Mari, Manman l,
apre li te fin mouri. ℟.
℣. Poutèt Pitit ou a ki resisite a,
ki fè nou soti nan lamò al nan lavi tout bon an. ℟.
℣. Poutèt asirans ou ban nou nan renmen w lan pou tout tan gen tan. ℟.
PRIYÈ KONKLIZYON
295. Si tonb lan poko beni pè a di :
Bondye kè sansib la,
ou menm ki fè nanm fidèl yo repoze,
beni tonb sa.
Pitit sa kò l ap repoze isit la,
resevwa l lakay ou.
Se pou l jwenn kontantman nan w,
avèk tout sen yo ki nan syèl la, pou tout tan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou.
℟. Amen.
296. Oubyen (patikilyèman si tonb lan deja beni)
Granmèt, tanpri, ou menm ki rezireksyon ak lavi :
fè N. repoze nan kè poze nan kavo sa
jous jou w a va reveye l, pou l wè ak je l limyè ki pap janm disparèt la, pou tout tan gen tan.
℟. Amèn !
297. Apresa, sila kap prezide a ajoute :
Nan lesperans rezireksyon an,
se pou N. repoze nan kè poze.
O non Papa a,
ak Pitit la,
ak Lespri Sen an.
℟. Amen.
298. Sila kap prezide a aspèje kò a yon dènye fwa (kavo a tou si li vle), epi aprè li, si posib, fanmiy lan ak asistans la ka fè menm jan an tou.
MÈS POU DEFEN YO
ANIVÈSÈ LANMÒ
==============
299. Menn si chak ane nan dat 2 novanm, Legliz fè selebrasyon pou sonje fidèl defen yo, sa pa anpeche pandan ane a, fanmiy yo mande selebre yon mès nan jou anivèsè lanmò youn nan manb li yo. Se pousa, nap jwenn yon fòmilè pou Lamès sa yo isit la.
I. MÈS ANIVÈSÈ
300. Pou Mès yo selebre nan uityèm ak trantyèm jou aprè fineray yo, pè a kapab itilize nenpòt nan priyè pou Mès anivèsè yo antan li adapte yo.
Antyèn ouvèti cf. Ap 21, 4
Bondye ap siye tout dlo nan je nou,
lanmò, pap gen sa ankò ;
pap gen dlo nan je ankò,
ni kriye, ni tristès.
301. Nan tan Pak cf. Rm 8, 11
Bondye ki resisite Jezi sot nan pami mò yo
va bay kò nou ki gen pou mouri a lavi
poutèt Lespri li ki abite nan nou an, alelouya.
Priyè
Granmèt, nou vini bò kote w,
pou nou remèt ou yon lòt fwa,
sèvitè w (sèvant ou) N.,
ki janbe kite nou sa fè yon ane.
Nou pa vle bliye l, ou menm tou pa bliye l ;
fè l dekouvri kouman renmen w lan san limit :
se pou l jwenn plas bò kote w
nan pami foul moun ki te fè w plezi yo
ki deja ap viv ansanm avèk ou.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Oubyen Nan anivèsè lanmò N.,
nou vini bò kote w Granmèt, e n ap lapriyè w.
Ou konn pran pitye ni pou sila yo
ki ale, ni pou sila yo ki rete nan eprèv :
konsole nou, antan wap akeyi zanmi nou an
nan kè poze lakay ou ;
fè l wè ak je l,
limyè okenn moun pa ka wè anba isit la.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
302. Nan tan Pak
Granmèt, ou te montre nou fòs renmen w lan
lè Pitit ou a te vle soufri pou nou
jis li te mouri sou yon kwa.
Jodi a, nou konte ankò sou tandrès ak pwisans ou :
fè sèvitè w (sèvant ou) N., frè nou (sè nou),
pataje viktwa Kris la sou lanmò epi jwenn pòsyon pal nan lavi li ki soti nan rezireksyon l nan.
Li menm kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Priyè sou ofrann yo
Nan kè sansib ou Granmèt,
koute lapriyè n ap fè w yo pou N.,
nan jou anivèsè lanmò li ;
se pou sakrifis lwanj ak kè poze sa
fè li rive menm kote ak
foul moun ki te fè w plezi yo
ki deja ap viv ansanm avèk ou.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
303. Nan tan Pak
Bondye pouvwa ak mizerikòd la,
poutèt san Kris la ki ofri nan Lekaristi sa,
efase tout peche sèvitè w (sèvant ou) N. :
se pou kè sansib ou ki si dou a netwaye ankò
sila ou te fè pase nan dlo batèm nan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
304. Prefas defen yo, p. 40-44 ; epi priyè ekaristik yo nan p. 45-104.
Antyèn kominyon Jn 11, 25 ; 3, 36 ; 5, 24
« Mwen se rezireksyon ak lavi, se sa Granmèt Jezi di.
Tout moun ki kwè nan mwen deja gen lavi ki pap
janm fini an menm si yo mouri ».
305. Nan tan Pak Jn 6, 51-52
« Mwen se pen vivan ki desann sot nan syèl la, se sa Granmèt la di. Pen map ban nou an,
se kò mwen, pou lavi tè a :
si yon moun manje nan pen sa,
lap viv pou tout tan ».
Priyè aprè kominyon
Granmèt, n ap sipliye w,
ou menm ki refè fòs nou ak Lekaristi sa :
fè sèvitè w (sèvant ou) N., avèk padon pou peche l yo, jwenn trezò lavi ki pap janm fini an
rezireksyon Kris la te prepare nan Wayòm ou an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Oubyen Granmèt, nou sot prezante w lapriyè
ak ofrann nou pou N., e n ap sipliye w ankò :
nan mizerikòd ou tanpri, efase dènye kras peche
ki ta rete nan li pandan l tap viv sou tè a.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
306. Nan tan Pak
Granmèt, nou sot kominye
nan sakreman Pitit ou a, ki mouri pou nou, ki resisite nan bèlte a,
e n ap sipliye w pou sèvitè w (sèvant ou) N. ;
antan l pwòpte nèt nan Pak Kris la,
fè li pataje laglwa moun ou chwazi yo
kan lè rezireksyon an va rive.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
II. 2 Novanm – komemorasyon tout fidèl defen yo
307. Lè 2 novanm tonbe yon dimanch, yo selebre komemorasyon fidèl defen yo san yo pa itilize koulè nwa antan yo anplwaye fòmilè mès sa yo.
I
Antyèn ouvèti 1Th 4, 14 ; 1 Co 15, 22
« Menm jan Jezi te mouri, li leve ;
konsa tou Bondye ap mennen moun yo
kap dòmi nan Jezi yo bò kote l.
Se nan Adan tout moun te mouri,
se nan Kris la tout moun ap viv ».
Priyè
Granmèt, koute lapriyè nou yo ak bonte w :
fè lafwa nou grandi nan Pitit ou a
ki resisite sot pami mò yo,
dekwa pou lesperans nou vin pi fèm
nan rezireksyon tout frè ak sè nou yo ki mouri.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Priyè sou ofrann yo
Granmèt, asepte ofrann nou yo :
se pou fidèl defen yo rive nan Wayòm nan avèk
Pitit ou a ki fè nou fè yon sèl nan mistè renmen li an.
Li menm kap kòmande depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
308. Prefas p. 40-44 ; epi priyè ekaristik yo p. 45-104.
Antyèn kominyon Jn 11, 25-26
« Mwen se rezireksyon an ak lavi a, se sa Granmèt la di :
moun ki kwè nan mwen, menm si li mouri, l ap viv ;
e tout moun kap viv e ki kwè nan mwen pap janm mouri ».
Priyè aprè kominyon
Granmèt, louvri kay limyè ak kè poze w la
pou frè ak sè nou yo ki janbe al jwenn ou,
se pou yo nou sot selebre sakreman Pak la.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
II
Antyèn ouvèti cf. 4 Esd 2, 34-35
« Ba defen frè ak sè nou yo repo tout tan an, Granmèt ;
fè limyè tout tan an klere pou yo ».
Priyè
Granmèt, ou se lavi fidèl ou yo,
ou se bèlte moun kòrèk yo,
e ou delivre nou grasa lanmò ak rezireksyon
pwòp Pitit ou a ;
voye je w sou tout frè ak sè defen nou yo avèk bonte :
pliske yo te kwè nan rezireksyon an nan Kris la,
fè yo goute kè kontan ki pap janm fini an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Priyè sou ofrann yo
Bondye pouvwa ak mizerikòd la,
poutèt san Kris la ki ofri nan Lekaristi sa,
efase tout peche sèvitè w yo ki mouri :
se pou kè sansib ou ki si dou a netwaye ankò
sila yo ou te fè pase nan dlo batèm nan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
309. Prefas defen yo p. 40-44 ; epi priyè ekaristik yo p. 45-104.
Antyèn kominyon cf. 4 Esd 2, 34-35
« Granmèt, fè limyè tout tan an klere sou frè ak sè nou yo ;
fè yo antre nan kè kontan w lan nan konpayi sen w yo,
paske w bon ».
Priyè aprè kominyon
Granmèt, nou sot kominye nan sakreman Pitit ou a, ki mouri pou nou, ki resisite nan bèlte a,
e nap sipliye w pou sèvitè w yo ki mouri;
antan yo pwòpte nèt nan Pak Kris la,
fè yo pataje laglwa moun ou chwazi yo
kan lè rezireksyon an va rive.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen
III
Antyèn ouvèti Rm 8, 11
« Bondye ki resisite Jezi nan pami mò yo
ap fè kò nou ki fèt pou mouri a jwenn lavi tou
grasa Lespri li a ki abite nan nou »
Priyè
Granmèt, sèl grenn Pitit ou a te frape lanmò a atè,
e ou te fè l travèse nan syèl la ;
fè tout defen frè ak sè nou yo pataje viktwa li a
pou yo kapab kontanple fas ou tout tan,
ou menm ki Kreyatè ak Sovè yo.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou, ansanm ak Lespri Sen an, depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Priyè sou ofrann yo
Granmèt, avèk bonte w,
resevwa ofrann nou prezante ba ou a
pou tout sila yo kap dòmi nan Kris la :
se pou sakrifis Lamès sa a,
antan yo soti anba chenn lanmò a,
fè yo viv nan w menm pou tout tan.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amèn.
310. Prefas defen yo p. 40-44, epi priyè ekaristik yo p. 45-104.
Antyèn kominyon Ph 3, 20-21
« Nap tann Sovè nou, Granmèt Jezi Kri,
li menm ka fè pòv kò nou yo sanble ak kò bèlte l la ».
Priyè aprè kominyon
Granmèt, grasa sakrifis sa ou te ban nou pou nou ofri w la, plen defen frè ak sè nou yo
ak mizerikòd ou a depase mezi :
yo te resevwa lagras ou nan batèm nan,
plen yo ak kè kontan tout tan an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
III. Pou yon Pè
Priyè
Granmèt, nou remèt sèvitè w N. nan men w,
li menm ou te chwazi pami moun yo
pou l te vin pè menm jan ak Apot yo.
Nou pa kapab bliye jan li te reponn ou
Poutèt renmen li te gen pou w ak pou nou menm.
Kounya, li fin ranpli misyon rasanble pèp ou a
ak anonse Levanjil la,
fè l rankontre nan bèlte w
sila li tap chache avèk frè ak sè l yo,
Jezi Kri, Pitit ou a, Granmèt nou.
Li menm kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Oubyen
Nan bonte w, Granmèt, koute lapriyè nou yo
pou delivrans sèvitè w N. :
pliske li te bay tout li menm fidèlman
nan fè frè l ak sè l yo konnen Non w,
resevwa l pou tout tan
nan konpayi zanmi w yo ki nan syèl la.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amèn.
Priyè sou ofrann yo
Granmèt, koute priyè nap adrese w yo
pou sèvitè w N. :
se pou Lekaristi sa pèmèt li rive wè tout bèlte
mistè w yo li te konn selebre yo.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Oubyen
Granmèt, antan nap prezante w ofrann yo,
pou delivrans sèvitè w N.,
nap sipliye bonte w :
pèmèt Lekaristi sa,
li te selebre li menm ak renmen,
sèvi pou sanktifye l toutantye.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Priyè aprè kominyon
Aprè nou sot resevwa sakreman ki sove nou an,
nap mande mizerikòd ou Granmèt,
pou sèvitè w N. ;
ou te mete l distribiye ba frè ak sè l yo
tout richès lagras ou yo :
kounya, fè l jwenn satisfaksyon nan Wayòm ou an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amèn.
Oubyen
Fòtifye grasa kominyon sa,
nap sipliye w, Granmèt Bondye nou :
se pou pwisans Lekaristi sa, ba sèvitè w N.
kè kontan wè w fasafas
aprè li te fin sèvi w nan Legliz ou a.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
IV. Pou yon Dyak
Priyè
Bondye, ou menm ki mete nan kè moun yo
lide pou yo devwe pou frè ak sè yo,
ou te fè sèvitè w N.
angaje l kòm Dyak nan sèvis Legliz ou a ;
fè li jwenn kounya richès Wayòm nan
ansanm ak kè kontan
poutèt resevwa Kris la resevwa li a.
Li menm kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Priyè sou ofrann yo
Granmèt, pran pitye pou zanmi w N.
se pou delivrans li nap ofri w Lekaristi sa a ;
li te viv nan sèvis Kris la
antan l tap akonpli fonksyon l kòm dyak :
fè li resisite pou bèlte tout tan an
nan konpayi sila yo ki te sèvi w ak fidelite.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Priyè aprè kominyon
Granmèt,
ou menm ki konble nou ak don sakre w yo,
nap sipliye w ankò pou sèvitè w N.
ou te rele l kòm dyak nan sèvis Legliz ou a ;
grasa Lekaristi sa, fè li chape anba pouvwa lanmò :
se pou li antre nan kè kontan Wayòm nan
epi resevwa pòsyon eritaj pa l
bò kote sila yo ki te byen akonpli sèvis yo.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
V. Pou papa ak manman
priyè
Bondye, ou menm ki mande tout moun
pou yo onore papa ak manman yo,
pran pitye pou paran nou (mwen) yo :
delivre yo anba peche yo
epi fè nou (mwen) wè yo ankò
nan kè kontan limyè w la ki pap fini an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Priyè sou ofrann yo
Granmèt, asepte sakris ekaristik sa
nap ofri w pou paran nou yo
(papa m ak manman m) ;
tanpri, ba yo kè kontan tout tan an
nan Wayòm vivan yo,
epi fè nou (mwen) pataje avèk yo kontantman tout sen yo.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Priyè aprè kominyon
Nap lapriyè w, Granmèt Bondye nou :
se pou Lekaristi sa
fè paran nou (mwen) yo
jwenn repo ak limyè tout tan an
epi pou nou (mwen) kontan fè yon sèl avèk yo
nan letènite.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
VI. Pou frè ak sè, pwòch oubyen byenfetè
Priyè
Bondye ki rich ak padon
e ki vle tout moun sove,
nap sipliye bonte w :
tanpri, fè frè ak sè nou yo, paran nou yo ak tout byenfetè nou yo ki kite tè sa,
jwenn pòsyon pa yo nan bonè syèl la pou letènite
grasa entèsesyon Lavyèj Mari ak tout sen yo.
Pa pouvwa Jezi Kri, Pitit ou, Granmèt nou,
Bondye nou, kap kòmande ansanm avèk ou,
ansanm ak Lespri Sen an,
depi tout tan e pou tout tan.
℟. Amen.
Priyè sou ofrann yo
Bondye, ou menm merikòd ou pa gen mezi a,
asepte pòv lapriyè nou yo ;
epi grasa mistè sa yo ki sove nou an,
fè frè ak sè nou yo, paran nou yo ak byenfetè nou yo
jwenn padon pou peche yo.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
Priyè aprè kominyon
Bondye ki fò e ki plen tandrès,
n ap lapriyè w pou frè ak sè nou yo,
paran ak bienfetè nou yo,
se pou yo nou sot ofri w sakrifis lwanj lan ;
grasa fòs sakreman an,
detwi tout peche ki nan yo,
fè yo vin pwòp,
epi nan pitye w la,
ba yo kè kontan limyè tout tan an.
Pa pouvwa Jezi Kri, Granmèt nou an.
℟. Amen.
311. Pou mès pou Pap la, evèk dyosèz la, lòt evèk, relijye yo ak lòt mès pou defen yo, ya jwenn yo nan misèl defen yo an fransè nan paj 174-178. 181-188.
Tab matyè yo
Avètisman……………………………………………………………………………….……. 2
Pou selebre fineray yo pi byen – Aaspè doktrinal ak pastoral
1. Sans kretyen fineray yo…………………………………………………………………….. 4
2. Selebrasyon Mès fineray samdi aprè-midi ak dimanch……………………………………. 5
3. Kèk ka pou fineray…………………………………………………………………………. 5
3.1. Kretyen-katekimèn yo…………………………………………………………...……………....... 5
3.2. Lòt moun ki pa batize……………………………………………………………………………... 5
3.3. Moun ki te rejte batèm yo……………………………………………………………………….... 6
4. Koulè litijik yo pou fineray…..…………………………………………………………….. 6
5. Kote pou selebre fineray………………………………..………………………………….. 6
6. Fineray timoun yo………………………………………………………………...……........7
Fineray granmoun
Akèy kò a nan legliz la………...…………………………………………………………….....8
Kòmansman selebrasyon an – Akèy anvan selebrasyon an nan legliz la………………… 9
Priyè pou akèy anvan selebrasyon an……………………………………………………….....9
Salitasyon pou kòmanse………………………………………………………………..……..11
Rit patikilye…………………………………………………………………………..……… 13
Preparasyon penitansyèl………...…………………………………………………………… 16
Priyè ouvèti…………………………………………………………………………………...18
Priyè ouvèti pou sikonstans patikilyè……………………………………………………....... 20
Litiji Pawòl la……………………………………………………………………………..... 24
Priyè inivèsèl………………………………………………………………………………… 25
Priyè aksyon de gras………………………………………………………………………….31
Litiji ekaristik………………………………………………………………………..….. ….35
Prefas defen yo………………………………………………………………………………..40
Priyè ekaristik I……………………………………………………………………………….45
Priyè ekaristik II………………………………………………………………………………61
Priyè ekaristik III……………………………………………………………………………..75
Priyè ekaristik IV……………………………………………………………………………..90
Dènye orevwa a……………………………………………………………………………..105
Yap depoze defen an nan tè………………………………………………………………..116
Lapriyè pou yon kadav yap fè tounen sann………………………………………………118
Fineray timoun
Fineray pou timoun ki batize………………………………………………………………..121
Fineray pou timoun ki poko batize………………………………………………………….140
Mès pou defen yo
Mès anivèsè………………………………………………………………………………….154
Komemorasyon tout fidèl defen yo………………………………………………………….150
Pou yon pè…………………………………………………………………………………...163
Pou yon dyak………………………………………………………………………………...165
Pou papa ak manman………………………………………………………………………..167
Pou frè ak sè, pwòch oubyen benfetè………………………………………………………..168
[1] Avèk adaptasyon : cf. Missel des défunts, Notes doctrinales et pastorales, Paris, Desclée & Cie, 2017, p. 5-10.
[2] Yo kapab mete siy limyè a an valè nan yon lòt monan, pa ekzanp anvan Levanjil la. Ya pran aklamasyon Levanjil ki pi adapte pou sa.
[3] Ya sonje pran lòt refren chante ki pi adapte.
[4] Ya sonje pran lòt refren chante ki pi adapte.
[5] Ya sonje pran lòt refren chante ki pi adapte.
[6] Nan mès fineray, yo pa oblije pataje antre yo lapè fratènèl la.
[7] Nan mès fineray, yo pa oblije pataje antre yo lapè fratènèl la.
[8] Nan mès fineray, yo pa oblije pataje antre yo lapè fratènèl la.
[9] Li kapab leve losti konsakre a sou kalis la tou si li vle.
[10] Nan mès fineray, yo pa oblije pataje antre yo lapè fratènèl la.
[11] Ya veye pou moun ki pa kwè yo ki prezan nan selebrasyon santi yo lib pou yo fè jès sa, Pè a kapab di pa egzanp :
« Kounyeya, tout moun ki vle kapab vin beni kò N., oubyen vin rantre nan fon kè yo devan li, kòm siy pou di l orevwa ».
[12] Ya sonje pran lòt refren chante ki pi adapte.
[13] Ya veye pou moun ki pa kwè yo ki prezan nan selebrasyon santi yo lib pou yo fè jès sa, pè a kapab di pa egzanp :
« Kounyeya, tout moun ki vle kapab vin beni kò N., oubyen vin rantre nan fon kè yo devan li, kòm siy pou di l orevwa ».
[14] Ya sonje pran lòt refren chante ki pi adapte.
Commentaires
Enregistrer un commentaire