SAKREMAN INISYASYON KRETYÈN

Sakreman inisyasyon kretyèn yo

Rezime nan lang ayisyen

Pè Diesel PHAT, prof.

Semèn pase yo, nou te pale sou sakreman ak inisyason kretyèn. Nou te wè kouman sakreman, se Pawòl a ki rann li vizib atravè jès rityèl Legliz la. Sa vle di lè yon moun resevwa sakreman, se Pawòl Bondye ki pran vi nan li nan jès Legliz la poze nan selebrasyon li fè pou sa. Pa egzanp, lè yon moun batize, se Pawòl Bondye a ki vin vizib nan lavi li antan Legliz la poze jès ak pawòl : « Entèl, mwen batize w o non Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an ». Moun nan resevwa lavi Bondye nan jès rityèl sa. Men pa bliye, se Bondye ki di nan Pawòl li, li se Bondye lavi e li vle lavi pou tout pitit li (nou menm moun li kreye pòtrè avèk li). Ankò, pa bliye vrè Pawòl Bondye a se Jezi : « Pawòl la te tounen moun e li te vin abite nan mitan nou » (Jan 1, 14). Lè yon moun resevwa sakreman batèm, li resevwa lavi Bondye te pwomèt la, lavi ki soti nan lanmò ak rezireksyon Kris la, Pitit Bondye a. 

Antan nou di sa konsa, nou vle montre kouman Legliz la pa envante sakreman yo, men li resevwa yo nan men Jezi Kri ki vle kontinye prezan nan lavi moun pa li yo nan yon fason sakramantèl e reyèl. Resevwa sakreman batèm se pa yon gradyasyon, men se selebrasyon lavi ki soti nan Bondye e ki rive jwenn nou grasa Jezi Kri anba fòs Lespri Sen an. Lè yon moun batize, li vin tounen pitit Bondye tout bon vre, Jezi Kri se gran frè l e Legliz se manman l. Donk li antre nan yon gran fanmiy.

Atravè sakreman yo, Bondye fè moun ki kwè nan li jwenn lagras gratis. Sakreman yo se aksyon Bondye ki vivan nan Jezi Kri, men se aksyon Legliz la tou pliske se pa lantremiz li yo rive jwenn nou, se li ki akonpli yo atravè minis òdone li mete pou sa. 

Menm jan pou yon moun viv nòmal, li bezwen pou l respire byen, bwè byen e manje byen, konsa tou moun ki kwè nan Bondye, pou li gen bon sante espirityèl, li bezwen sakreman, an patikilye sakreman inisyasyon kretyèn yo : Batèm, Konfimasyon, Lekaristi. Pou vin kretyen tout bon vre, moun nan bezwen rejenere nan beny batèm nan (Batèm), li bezwen jwen fòs nan don Lespri Sen an  (Konfimasyon) epi jwenn bon jan manje espirityèl, nouri ak pen vivan ki soti nan syèl la (Lekaristi). Yon moun pa vin kretyen tankou yon moun vin manb yon « Klèb foutbòl) ou « manb yon Asosyasyon). Yon moun vin kretyen nan resevwa li resevwa sakreman Batèm, Konfimasyon ak Lekaristi. Se avèk yo li vin aprann fè youn ak Kris la ki Mèt li. Avèk sakreman sa yo yon moun resevwa nan lafwa, li delivre anba pwisans fènwa yo, li mouri avèk Kris, li antere avèk li e li resisite avèk li ; li resevwa Lespri adopsyon an ki fè Bondye pran l pou pitit li e li selebre ak pèp Bondye a ki sen, lanmò ak rezireksyon Granmèt la. Se pou sa chak dimanch li pa ka rete lakay san l pa rejwenn kominote a pou selebre kalite mèvèy sa. 

 

 

Sakreman batèm nan

Premye etap nan inisyasyon kretyèn nan

 

Batèm vle di « plonje ». Plonje nan lanmò pou resisite ak Jezi Kri. Avèk batèm nan ou antre nan Legliz inivèsèl la, Legliz katolik la. Se Legliz la kòm Manman ak edikatris lafwa ki akonpli batèm nan atravè youn nan mis li yo (evèk, pè, dyak). Se Legliz ki resevwa moun k ap batize a e se li ki entegre l nan mitan l. Yon gran sen nan Legliz la te di : « Ou pa ka gen Bondye pou Papa si w pa gen Legliz pou manman w ». Se Legliz sèlman ki gen dlo ki bay lavi a e se li sèl ki gen pouvwa batize epi pirifye. Yon moun batize pou vin manb Legliz ki Kò Kris la. Ou pa kapab fè yon sèl ak Kris nan resevwa sakreman yo san medyasyon Legliz la. 

Batèm nan fè nou tounen yon moun nouvo nan Lespri Sen an antan l fè nou antre nan pèp Bondye a : Legliz. Pa gen 2 batèm, men yon sèl batèm ki ban nou lavi nan yon sèl lafwa (Efezyen 4, 5). Se nan lanmò ak rezireksyon Kris la sa soti. Se nan Jezi Bondye Papa a pale avèk nou, di nou kilès li ye e ban nou lavi (Ebre 1, 1.2). Nan batèm, Kris la plonje nou nan Lespri Sen, e Lespri Sen an fè nou fèt tou nouvo, li rekreye nou nan imaj Pitit Bondye a Jezi Kri, atèl pwen Papa l se Papa nou, e konsa li montre nou l. 

Batèm, sakreman lafwa, se akèy don Bondye sa vle di Lespri Sen. Nan batèm nan non sèlman nou jwenn padon pou peche nou, men tou nou resevwa kado Lespri Sen an pou nou kapab rete nan chemen ki dwat, pou nou kapab grandi nan lafwa (Travay Apot yo 2, 38). Se Lespri Papa a ak Pitit la nou resevwa kòm kado pou lavi nou (Travay Apot yo 2, 33). 

Batèm se reyèlman sakreman lafwa, sa vle di « evenman » lafwa nan lavi moun. Batèm se yon angajman nan mache dèyè do Jezi, sa vle di nan chèche suiv li. Se yon sakreman sous pou diyite ak egalite tout manb pèp Bondye a. 

 

Batèm se travay Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an. Yon moun batize o non Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an. Nan batèm nan, kretyen yo resevwa lavi Bondye Trinite a. Batèm kòm nouvèl nesans se yon reyalite ki soti anwo, sa vle di yon nouvèl nesans nan lavi Bondye Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an (lavi Trinite a). Grasa batèm nan, nou pase soti nan lanmò ale nan lavi avèk Kris la (batèm = plonje), nou akeyi kado Bondye : Lespri Sen an. 

Batèm, se premye etap nan inisyasyon kretyèn, se pòt tout sakreman yo. Se pa li menm, yon moun ki kwè antre nan lavi sakramantèl, sa vle di moun ki kwè a viv grasa sakreman yo li resevwa e ki pote fwi lagras nan lavi li grasa Lespri Sen an. Se avèk batèm yon moun ki kwè antre nan Mistè paskal Kris la pou yon lavi tounèf (Mwen envite nou li ansanm Women 6, 3-4). Avèk batèm nan, moun nan nan tout sa l ye louvri l bay lagras Bondye e lagras Bondye rantre nan tout sa moun nan ye. 

 

Kèk moso Labib sou batèm :

- Batèm se beny ki pirifye (Efezyen 5, 26)

- Kominikasyon Lespri Sen…., yon moun nouvo nan Lespri Sen (Tit 3, 5)

- Batèm vle « plonje », « tranpe » (Lik 16, 24 ; Jn 13, 26 ; Apokalips 19, 13)

- Batèm gen lyen ak konvèsyon, padon pou peche (Matye 3, 11)

- Batèm nan fèt nan non Trinite a (Matye 28, 19).

- Batèm se pòt pou rantre nan lavi kretyèn (cf. Travay Apot yo 8, 12ss ; 10, 48 ; 16, 15 ; 16, 33 ; 18, 8 ; 9, 18 ; 22, 16)

 

 

Sakreman Konfimasyon :

dezyèm etap nan inisyasyon kretyèn nan

 

 

Nou te wè sa batèm nan ye, e kounya n ap abòde sakreman Konfimasyon an, dezyèm etap nan inisyasyon kretyèn nan. 

Sakreman Konfimasyon an fè yon sèl ak batèm. Li fè jonksyon ant batèm nan ak Lekaristi. Lè yon batize konfime, li vin sanble pi plis ak Kris la e li vin gen fòs Lespri Sen an pou l sèvi Kris la temwen dekwa pou kò Kris la (sa vle di Legliz la) kapab edifye nan lafwa ak nan renmen. 

Moun ki batize resevwa Konfimasyon pou yo voye l totalman nan mond lan, pou l al anonse Levanjil delivrans la. Se pou misyon an li resevwa fòs sa. Paske li konnen Lespri Sen vin pote feblès nou sekou (Rm 8, 26). 

Konfimasyon an fè Legliz la sonje Lapannkot la antan l selebre l. Paske Legliz la pran nesans nan Lapannkot la, e pa konsekan, Legliz la se Legliz Lespri Sen an. Donk, pa gen lavi kretyèn tout bon vre san Lespri Sen. Nou pa ka separe batèm nan ak konfimasyon an. Se tankou yon pyès lajan ki gen 2 fas. Batèm ak konfimasyon fè youn atèl pwen yon moun pa kapab resevwa yo plizyè fwa : ou batize yon sèl fwa, ou konfime yon sèl fwa. Pak (sous batèm) ak Lapannkot (sous konfimasyon) se yon sèl mistè a. 

Se Lespri Sen an ki fè nou sonje tout sa Jezi te di nou (Jan 14, 26) ; se li ki fè nou rekonèt Jezi se Granmèt (1 Korentyen 12, 3). Se tou sa nou jwenn nan sakreman Konfiamsyon an, batize a vin granmoun nan lafwa. E se pousa, anba pouvwa Lespri an, li kite Legliz la nouri lafwa li. 

Atansyon, lè nou pale konsa, nou pa vle di Konfimasyon se ratifikasyon angajman batize o non batèm li. Non ! Se yon sakreman veritab ki angaje don Bondye. Men batize a pa resevwa Lespri Sen tankou yon bagay ki te manke l. Pa gen batèm san don Lespri Sen. Nan konfimasyon an, batize a resevwa Lespri Sen kòm achèvman, plenitid, devlopman don inisyal ak fondamantal la (sa l te resevwa nan Batèm nan). Lespri ki fè nou fèt ak Kris la nan dlo Batèm nan, se li menm nou resevwa pou tan nap viv la : Lespri Sen fè nou tounen pitit Bondye (Batèm) pou nou viv selon volonte Bondye nan lavi chak jou a (Konfimasyon). Donk, nesans nan Kris la (Batèm), misyon nan tan nap viv la (Konfimasyon)= travay yon sèl Lespri a. 

Lè evèk la (oubyen pè li delege pou sa) ap konfime yon batize, antan l ap make l ak Lwil sakre a li di l : « Resevwa Lespri Sen, kado Bondye a » epi « Ale ! Lespri Sen an ap mache avèk ou ». Lespri Sen an se kado Bondye fè nou pou misyon, pou nou sèvi Jezi temwen, pou nou vin misyonè. Lè yon batize konfime, li tounen misyonè e li se moun k ap chèche Bondye. Sakreman konfimasyon an se sakreman ki konfime aksyon Lespri Sen an nan lavi chak batize. 

 

 

Sakreman Lekaristi, 

se so ak achèvman inisyasyon kretyèn nan

 

 

Nou rive nan 3e sakreman ki boukle inisyasyon kretyèn nan. Pou nou konprann demach sa pi byen, mwen envite nou li e medite Jan 6, 26-59. Apre sakreman batèm ak konfimasyon, moun ki fenk rantre nan gran fanmiy Legliz la grasa lafwa a, patisipe pou premye fwa nan Lekaristi epi fè premyè kominyon li pou acheve inisyasyon kretyèn nan. Antan l patisipe nan Lekaristi a ak tout lòt fidèl yo, li manje kò e bwè san Pitit moun nan (Jezi Kri) pou l gen nan li lavi ki p ap janm fini an e manifeste inite pèp Bondye a ; antan l ofri li menm avèk Kris la, li fè youn ak li e li se manb Legliz la san manke anyen. 

Sak fè yon fanmiy solid, se viv ansanm : viv ansanm nan konsolide nan manje ansanm. Lekaristi se repa pèp Bondye a ki soude tout fidèl yo ansanm nan yon menm lavi : lavi nan Kris la. Batize-konfime a vin gen tout dwa li ; kounya li kap jwi diyite sasèdòs wayal li, li kap manje kò ak san Kris la menm jan ak tout lòt kretyen yo ; paske pa gen kominote kretyèn ki kapab vivan e misyonè tout bon vre san Lekaristi, san Lamès. Yon moun batize, konfime, kominye pou l kapab fè pati manb kò Kris la tout bon vre (Legliz).  

Batèm ak konfimasyon kondui nan Lekaristi. Se Lekaristi ki konsolide Legliz la. Se li ki fè nou fè youn nan kò Kris la antan se Lespri Sen an ki aktè prensipal « fè youn » sa : fè youn ak Bondye e fè youn antre nou moun ak moun. Donk, Lekaristi, se siy vizib e se sakreman efikas prezans reyèl  ak travay sanktifikatris Kris la nan Legliz li a : Kris la nouri manb kò li ak li menm menm, li ki prezan tout bon vre nan kò l ak san l. Kominye, se pa resevwa yon moso pen ak yon gout diven kèlkonk : kominye, se resevwa lavi Kris la nan aparans yon moso pen ak yon gout diven. Nan Lamès, apre konsekrasyon an, grasa Lespri Sen an, pen ak diven an, tounen kò ak san Kris la pou tout moun ki resevwa l nan lafwa, jwenn lavi ki pap janm fini an. 

 

Lekaristi se sakreman ki louvri je e ki fè rekonèt Jezi ki resisite : Lik 24, 13-35 (Li e midite tèks sa). Granmèt la pèmèt nou rankontre l yon fason ki pi fò nan sakreman Lekaristi a, sakreman Pak li a ak Pak pa nou an tou. An menm tan tou se ladan l nou fè youn ak Kris la (1Korentyen 10, 16). Lekaristi se lye pataj tou, se lye fratènite. Li ini Pawòl ak Kò. Pawòl Bondye a anonse nan kominote ekaristik la (rasanbleman fidèl yo pou selebre lamès), e Pawòl sa tounen prezans (reprann Lik 24, 13-35 la). Nan selebrasyon Lamès, lafwa Legliz la rekonèt prezans Jezi Kri nan siy pen ak diven. Sa tèlman fò e vrè, Lekaristi pa fini ak selebrasyon ki fèt la : nou ale ak kè kontan, sa vle di n ale pou nou tounen sa nou sot resevwa nan Lamès la nan reyalite n ap viv chak jou, nan renmen youn pou lòt, an patikilye nan renmen pou pòv yo, moun sosyete a rejte yo ; sa tèlman fò e vrè, nou gen yon kilt adorasyon pou pen konsakre a ; nou adore l, nou konsève l ak respè nan sa nou rele « tabènak » la.Yon fason espesyal, nan Lekaristi a, nou rekonèt Jezi vivan, prezan nan Legliz li a e nan lavi chak moun ki kwè nan li e ki resevwa l ak lafwa. Kris la ki prezan nan selebrasyon ekaristik la (Lamès la) se Krisifye-Resisite a ; se li ki te di : « Fè sa pou nou sonje mwen ». 

 

 

 

Grand Séminaire Notre-Dame d’Haïti

Section de théologie 

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE