BENEDIKSYON SOLANÈL POU TAN PAK
Benediksyon solanèl pou tan Pak :
Lè l resisite sèl grenn Pitit li a,
Bondye ba nou redanmsyon an,
li fè nou vi n pitit li:
se pou li ban nou kè kontan benediksyon l nan.
℟. Amen.
Se nan Redanmtè a,
nou te te jwenn favè vi n lib pou tout tan:
Se pou l fè nou jwenn pòsyon pa nou
nan eritaj ki la pou tout tan an.
℟. Amen.
Pa lafwa nan Kris la,
nan batèm nan nou deja resisite;
pa dwati lavi nou kounye a,
se pou nou merite fè yon sèl avèk li nan peyi syèl la.
℟. Amen.
E se pou benediksyon Bondye ki gen tout pouvwa a,
Papa a, ak Pitit la, X ak Lespri Sen an,
desann sou nou, pou l rete tout tan.
℟. Amen.
Commentaires
Enregistrer un commentaire