Homélie pour la fête de saint Thomas, Apôtre

Homélie pour la fête de saint Thomas, Apôtre

14e dimanche du Temps ordinaire C

Dimanche 3 juillet 2022

Père Diesel PHAT

 

1. Sè m ak frè m yo, menm si jodi a se 14e dimanch tan òdinè, pou yon rezon pastoral, nou selebre sen Toma Patwon nou pa bò isit la. Jou 3 jiyè a, se jou tradisyon Legliz la ban nou pou selebre nesans Apot Toma nan syèl la, se jou sa li te pase sot nan lanmò al nan lavi, lavi ki pap janm fini an. An reyalite, selebre fèt sen yo nan jou yo te mouri a gen yon rezon teyolojik majè. Pwiske avèk lanmò yo, pelerinaj lafwa yo tap fè sou tè a rive nan bout li. Nan lanmò yo, yo fè pwòp pasaj yo ak Kris la. Yo pran nesans nan syèl la. Mèvèy fèt Pak la akonpli pou yo nètale. Paske, nan lanmò ak rezireksyon Kris la, Bondye Papa a « fè gen yon foul pitit limyè ki leve kanpe pou lavi ki pap janm fini an » e se li « ki vin louvri pòt syèl yo pou fidèl yo kapab antre » (2e prefas paskal la). E se Bondye li menm ki montre jan li ekstrwòdinè paske se li ki Sèl Sen. Li fè moun li kreye a patisipe nan pwòp lavi pa li. Nan sans sa, sen yo se sekou ak modèl pou frajilite nou (prefas fèt tout sen yo). 

 

2. Sen Toma n ap fete jodi a, se te yon bon konpayon Kris la, e li ka ede nou viv vokasyon nou kòm disip nan tan difisil sa yo n ap viv jounen jodi a pou nou gen konviksyon ki fèm, yon lafwa ki solid, ki chita sou doktrin ki solid. Istwa nou pi konnen sou Apot Toma, se istwa kote li te rankontre ak Kris la ki resisite, nan fen chapit 20 Levanjil Sen Jan an, lè Jezi te di l: « Mete dwèt ou isit la, epi gade men m yo. Lonje men w, mete l bò kòt mwen: pa rete san lafwa, men se pou w kwè » (v. 27). Nou li paj sa a chak ane, uit jou apre Pak, men nou pa dwe neglije lòt pasaj nan menm Levanjil la ki gen rapò avèk nou nan pawòl Toma yo. 

 

3. Premye a, se jis anvan Jezi te monte Jerizalèm ak nan koze leve Laza a. Lè Granmèt la fè konnen Laza fèk mouri e li vle ale bò kote l, disip yo, ki ezite e ki te pè, te eseye dekouraje l, yo di: « Rabi (ki vle Mèt), Juif yo te fèk ap chèche w pou kalonnen w ak kout wòch, epi w ap tounen laba a ankò ? » Jezi te di yo anpil bagay sou pwòp lanmò li, men yo pa t konprann. Men Toma reponn, li di: « Ann ale, nou menm tou, pou nou mouri avèk li ». (Jn 11, 8-16). Pawòl sa yo revele yon nonm vanyan, ki detèmine pou l suiv Kris la menm sou yon chemen ki chaje ak pyèj, e ki oblije lòt disip yo soti nan laperèz ki paralize yo.

 

4. Dezyèm pasaj la se nan kòmansman diskou a apre Dènye Soupe a. Jezi di disip li yo: « Se yon plas mwen pral pare pou nou. Lè m a fin pare yon plas pou nou, m a tounen vin pran nou avè m, pou kote mwen ye se la pou nou ye tou. Epi tou, nou konnen kote m prale a, nou konnen chemen an ? Lè sa a, Toma pran lapawòl, kòmsi mo chemen an te touche l li di': « Granmèt, nou pa konn kote w prale; kouman pou nou ta fè konn chemen an ? Lè sa a, Jezi ba li yon repons admirab : « Mwen se chemen an, laverite a ak lavi a » (Jn 14, 4-6).

Nan chak de epizòd sa yo, nou dekouvri yon Toma ki eveye, ki kite kè l ak entèlijans li marye ansanm pou chèche konprann mesaj ak misyon Jezi. Li konkrè e li sensè nan demanch li yo. E Bondye renmen moun sensè, moun konsyans yo eveye, moun ki marye kè yo ak entèlijans yo nan sa y ap fè. Lè yon moun kite kè l fè yon sèl ak entèlijans li nan sa lap fè ak nan  sa lap di, li deja ap mache nan chemen beyatitid yo, chemen bonè a, chemen kè kontan an. 

 

5. Lòt aspè pou nou sezi nan fèt jodi a sou lavi Apot Toma, se atitid li nan aswè dimanch Pak la. Li pat avèk lòt Apot yo lè Jezi te vini an (Jan 20:24). Poukisa li te absan? Poukisa li pa t ak frè l yo pou akeyi Jezi ki leve soti vivan nan lanmò, epi tande l ki di an de fwa: « Kè poze pou nou » (v. 19 ak 21)? Nou ka jwenn repons la nan Levanjil la li menm ki eksplike: « Patizan yo te fèmen pòt kote yo te ye a paske yo te pè jwif yo » (v. 19). Si li pa t la, se paske li pa t pè e li pa t vle rete fèmen ak lòt yo, paralize, kite vyolans vil sa a ki fèk touye Jezi fè l pèdi kontwòl epi tonbe nan fatalite, nan depresyon. Non ! Li soti. Petèt, li te montre li se yon Apot vanyan ! – yon Apot ki gen fèm konviksyon lanmò Jezi a pa yon fatalite, fèm konviksyon okenn moun pa t ka efase memwa sila a yo te aklame kèk jou anvan kòm Wa, kòm Mesi  a (12, 12-16).

 

6. Konbyen fwa mwen tande kèk kretyen ki envoke Sen Toma pou yo eskize parès espirityèl yo oswa mank lafwa yo. Pa egzanp, souvan m tande : « Ou konnen, se sen Toma m ye, se lè m wè m kwè ». M panse kretyen sa yo twonpe nan jan yo konprann oubyen entèprete reyaksyon sen Toma yo. Si nou te sen Toma, nou pa t ap kite laperèz fè nou pèdi wòl pwofetik nou kòm kretyen batize ; si nou te sen Toma vre, nou t ap gen menm renmen li te gen pou Kris la, nou t ap gen menm odas li te genyen an pou nou angaje nou tout bon vre nan Legliz la ak nan sosyete a pou chanje sitiyasyon yo. Ann pa sèvi ak li pou nou jistifye medyokrite nou, parès nou ak mank lafwa ki abite kè nou. Nan aswè dimanch Pak la, nou konprann lòt Apot yo te akable akoz lanmò Mèt yo a, menm jan ak wont ki te anvayi yo nan trayizon yo. « Yo te fèmen pòt kote yo te ye a », men an verite, se nan pwòp pè yo te fèmen. Malerezman, paralizi sa a, pè sa a nou jwenn li nan mitan kretyen tout tan, espesyalman nan mitan kretyen katolik yo jounen jodi a an Ayiti. Anpil kretyen batize pa oze afime lafwa yo oswa rann temwayaj sou Kris la oswa sou pouvwa mesaj levanjil la genyen pou chanje sosyete a. Yo pè montre sa yo ye paske anpil fwa yo timid, yo pè kritik! Yo pè angaje yo nan politik ak nan tout reyalite sosyal peyi a. Oubyen si genyen ki angaje, yo vin tankou tout lòt moun, ou pa wè tras Levanjil la nan sa y ap fè a. Yo fonn nan reyalite latwoublay la. 

 

7. Frè m ak sè m yo, nou dwe pran egzanp sou Apot Toma, pou nou tounen kretyen ki gen kouraj ak desizyon, kretyen ki pa ezite ale sou chemen mond lan, malgre gwo risk sa genyen. Pou nou kenbe flanbo lafwa a, lesperans la ak lacharite a. Rankont nou fè ak Jezi ki resisite a se yon mèvèy lafwa kifè nou di tankou sen Toma: « Granmèt mwen, Bondye mwen ». Lekaristi nou selebre se yon mèvèy lafwa ki fè nou deklare : « N ap anonse lanmò w, Granmèt Jezi, n ap pwoklame rezireksyon w, n ap tann ou retounen nan tout bèlte w ». Lè Toma rankontre ak Jezi ki resiste a epi li di « Granmèt mwen, Bondye mwen » se kòmsi li di, mwen rekonèt feblès mwen ak tò mwen e kounya « mwen adore w e mwen renmen w! ». Fèt jodi a envite nou deklare lafwa nou nan senplisite ak nan renmen : « Granmèt mwen, Bondye mwen ». Se yon bèl dekarasyon lafwa pou nou fè chak jou e ki bèl anpil. Lè m te piti, paran m yo te aprann mwen pou m di pawòl sa yo nan moman konsekrasyon an: « Lè pè a leve losti a, w ap mete ajenou w ap di: « Granmèt mwen, Bondye mwen ». Men yo pa t esplike m kijan sa bèl pou m di pawòl sa yo, nan kè selebrasyon ekaristik la, lè pè a leve kò Jezi a devan nou, Jezi vivan pou toutan, Jezi ki ranpòte laviktwa pou tout tan sou lanmò, nan mèvèy fèt Pak li a.  Vrèman, nan chak Lekaristi, lè Jezi prezan nan mitan nou, li desann sot nan syèl la epi li ofri kòm bon pen vivan pou nouri nou, nou di ak tout kè nou pawòl Toma yo: « Granmèt mwen, Bondye mwen ». Se mèvèy lafwa !

 

8. Wi, « a la chans pou moun ki kwè san yo pa wè ». Rankont mèvèy lafwa fini ak yon bèl leson Jezi bay Toma, sou fòm benediksyon: « A la chans pou moun ki kwè san yo pa wè » (Jn 20, 29). Gen moun ki kwè fraz sa a aplike a nou menm ki, venteyen syèk apre, nou gen lafwa san nou pa te wè Jezi ki resisite. Mwen panse fòk nou sonje Apot yo ak tout moun ki te transmèt nou richès lafwa a. Si nou kwè, se paske petèt nan fanmi nou, nou te wè  moun yo te renmen Bondye. Nan pawas nou, nou te wè kretyen ki t ap priye ak chante lwanj pou Bondye. Atravè zòrèy nou, je nou ak tout sans nou, lafwa sa a te kapab grandi nan nou e nou te kapab rete fidèl a li, gras a Bondye. An reyalite, nou kwè paske, erezman, nou te wè anpil moun ki kwè. Yo te sèvi kòm fòs pou nou, e lafwa nou te nouri pa kontak sa a. Ki moun ki ta ka vante tèt li kwè san yo pa te wè? Nou tout bezwen wè pou nou kwè, manyen, tande ak santi, pou nou grandi nan lafwa. Se sans ak enpòtans Pawòl Bondye nou koute ak sakreman yo nou resevwa nan selebrasyon litijik yo lè yo byen prepare ak lè nou viv yo avèk lafwa. 

 

9. « A la chans pou moun ki kwè san yo pa wè ». Pawòl sa yo se pou nou menm jodi a. Jezi di pawòl sa yo, pwobableman, pou jou malè gen pou rive nan lavi nou oswa nan fanmi nou, jou na tonbe nan gwo kriz, gwo konfizyon andedan fon kè nou ak fon konsyans nou, lè gen gwo dezespwa nan lavi nou, pou nou sonje li la avèk nou. Paske gen anpil moun ki kwè nan Jezi lè tout bagay mache dous, kon gen ti difikilte, yo voye l jete. Jezi panse ak jou ou pral soufri ak lè toudenkou lafwa ou pral vin boulvèse. Li di w nan fèt sen Toma jodi a : « Menm nan jou sa yo, menm lè ou nan mitan lannwit, kontinye kwè. Benediksyon pou w si w rive kwè, menm lè w pa wè anyen ankò ». « Pa refize nan fènwa a sa ou te wè nan limyè a », tankou jan Coventry Patmore di l : « « Ne renie pas dans les ténèbres ce que tu as vu dans la lumière ». Okenn nan nou pa iminize kont jou eprèv ak  difikilte lavi a. Gade sa kap pase nan peyi nou an depi dik dantan. Pwovèb la di « se bouton ki mennen maleng ». Nou tout pa epanye, nou tout ap soufri, men tou, nou kapab di : « nou koupab ». Si nou te resevwa anpil, si lafwa nou te fòtifye pa lòt moun, beni Bondye, fè sa sèvi pou byen tout moun, an patikilye pou byen pòv yo nan sosyete a. Nou pa ka kretyen pou nou pa itil sosyete a, itil peyi nou. Wayòm Bondye n ap preche a se pa yon lide, se pa yon filozofi, se yon reyalite. Nou bezwen montre kouman mèvèy fèt Pak Kris la ap travay anndan nou. Nou bezwen sèvi ak fòs sa a, pou nou travay pou nou transfome sosyete a. Gen twòp moun ki di yo gen lafwa, yo kwè nan Bondye, pou peyi nou an nan kondisyon l ye a. Si w di w se kretyen epi ou pa renmen sèvi peyi ou ak pwochen w, anverite lafwa w manke yon bagay. Si w di ou se kretyen epi ou pa pran swen anviwòmnan kote w ap viv, an verite, lafwa w manke yon bagay. Si w di ou se kretyen epi jan sitiyasyon an ye la sa pa revòlte konsyans ou pou angaje w nan dyalòg sensè ak tout moun ki konsène yo pou lapè tabli nan peyi a, an verite lafwa w manke yon bagay. Si w di w se kretyen epi mizè frè w ak sè w yo pa di w anyen, anverite lafwa w manke yon bagay. Pinga nou kite sitiyasyon n ap viv yo jodi a wete dimansyon pwofetik lavi batèm nou, pinga nou kite kriz sosyal ak politik k ap ravaje peyi a fè nou bliye dimansyon sosyal lafwa nou. Paske, kretyen pa bliye : « Nou se pèp Bondye, lafwa nou se fòs nou, n ap chèche rasanble tout moun nan kè poze ». Kretyen ! Reveye, bay kò w twa tap, ou sanble ak moun k ap dòmi. Wòl ou se sèvi Jezi pou kapab sove tout moun. Si w ap mode lage, ou pa gen dwa janm rive, pito w pa t janm kòmanse. Ou te mèt monpè, ou te mèt chè sè, gade w a wè, ti kras sa w fè ak sa ki rete a yo sanble. Reskonsabilite se gwo chay li ye pinga w tranble. Se pou w avanse, se sòlda ou ye ». Epi, an nou kenbe benediksyon sa a, pou nan jou fènwa yo, limyè Jezi ki resisite a rete nan fon kè nou e pou nou kapab konnen lajwa sa a li te pwomèt la: « A la chans pou  moun ki kwè san yo pa wè ». 

 

10. Frè m ak sè m yo, nou pa li tèks biblik ki pwopoze pou fèt sen Toma a, men nou li pito tèks pou 14e dimanch tan òdinè a. Men tout envite nou pou viv nan lafwa sa a ki bay kè kontan nan Granmèt la epi pou nou pote kè kontan Levanjil la bay tout moun. Nou tout ki batize, se ouvriye nou ye nan travay anonse Bòn Nouvèl la. Pou nou envite tout moun pou yo fè kè yo kontan avèk Jerizalèm. Jerizalèm sa, pou nou menm kretyen, nou konnen se Legliz la. Li se yon manman pou nou : li ban nou nesans atravè batèm nou resevwa a, li nouri nou ak Pawòl Bondye ak Lekaristi ; li se siy Jerizalèm ki anwo a, Wayòm Bondye a. Antan n ap òganize lavi tè a, se bò kote kè kontan sa a n ap vanse ak konfyans. Kè kontan sa, nou dwe anonse l bay tout moun. Se pou sa nou kretyen, se pousa nou batize. Sa pou nou sonje, misyon an se pa pwòp zafè nou, men se zafè Granmèt la : « Granmèt la chwazi swasantdouz lòt, li voye yo de pa de devan l nan tout vil ak bouk kote li te gen pou ale ». Le principal travail c’est lui qui le fait dans le cœur des hommes, des femmes et des enfants qu’il met sur notre route. Bernadette de Lourdes disait : « Je ne suis pas chargée de vous faire croire mais de vous dire ». En dehors du Seigneur, rien n’est possible. Se Kris la chwazi nou e ki voye nou pote Bòn Nouvèl la jous nan dènye bout tè a. Alò, frè m, sè m, ou pa bezwen al nan lòt peyi pou anonse l. Anonse l kounya menm kote w ap viv la, kòmanse lakay ou menm. 

 

11. Antan nou rasanble isit la nan legliz sa a pou nou fete sen Toma, Apot Granmèt la, nou nouri ak Pawòl Bondye ak Lekaristi a. Epi tankou 72 disip yo, Granmèt la voye nou anonse : « Reny Bondye a tou pre nou ». Nan yon sosyete kote anpil bagay ap mal mache, Bondye vin ranpli nou ak prezans ak laglwa li. Levanjil la ensiste sou ijans misyon sa. Tankou Kris la ak Pwofèt yo, n ap gen pou nou rankontre difikilte ak endiferans. Men pa gen anyen ki ka anpeche reny Bondye a rive. Yon jou l ap jou. Yon jou peyi ap chanje, Ayiti pa ka rete jan l ye la a. Kèlkeswa fason an, pitit la gen pou l fèt e lè la fèt la, sa ka la ap kontan. Gen yon jou ka rive, Ayiti va bèl o, y a tande ! Si nou rankontre mechanste, se pou nou pote laviktwa sou mal la grasa byen n ap fè yo. Pinga nou kite moun ki mechan fè nou vin mechan tou. An nou mande Bondye fè nou tounen moun kap travay pou kè moun poze, pou moun viv ak kè kontan, pou sèvis kominote nou, peyi nou, Legliz nou, pase anvan enterè pèsonèl nou. An nou mande l konsève nan nou lespri li te konble sen Toma a, pou Legliz la ak peyi a renouvle. Amen. 

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE