Homélie pour le 2e dimanche de l'Avent C.

HOMÉLIE POUR LE 2E DIMANCHE DE L’AVENT C

DIMANCHE 5 DÉCEMBRE 2021

1. Dimanch pase, nou te louvri tan Lavan an. Tan Lavan an, se tan kote n ap prepare nou pou nou fete Nwèl, fèt nesans Sovè nou an Jezi Kri. Tan sa fè nou sonje tou Granmèt la ap vini nan finisman tan yo. Lekaristi a pa janm sispann fè nou sonje sa. Nan Litiji Lapawòl la, nan Kredo a nou di: « Il reviendra dans la gloire, pour juger les vivants et les morts ; et son règne n'aura pas de fin » ;  nan litiji ekaristik la nou di l ak plis konviksyon toujou « Nous annonçons ta mort, Seigneur Jésus, nous proclamons ta résurrection, nous attendons ta venue dans la gloire. » Granmèt nou Jezi Kri ap retounen jan li te anonse l la, men li vle nou angaje nou pandan n ap tann li a. Pou nou pa kite dòmi pote nou ale, pou nou « veye ». Tan Lavan an se yon gran vèy espirityèl pou nou pare kè nou pou nou resevwa Jezi ki te deja vini, k ap vini e ki toujou la avèk nou. Tan Lavan an se pa yon reyalite imajinè, men yon reyalite ki plonje nou nan pwòp egzistans nou. C’est chaque jour que nous sommes appelés à devenir « une offrande vivante et sainte » pour la gloire de Dieu, notre Père. Le temps de l’Avent est tout indiqué pour nous aider à le devenir, à être pour Dieu une hostie vivante et sainte qui lui plaît, une offrande qu’il agrée.

 

2. Nan 2e dimanch Lavan an, nou fè yon pa an plis nan kalite preparasyon sa n ap fè pou akeyi Sovè a nan kè nou nan gran jou fèt Nwèl k ap vini an. Men nou pap sèlman ap prepare tann yon evenman, yon dat, yon fèt. Sila a ki gen pou retounen an, an menm tan li se Sila ki vini an. Li rejwenn nou chak jou nan lavi nou, ni nan sa n ap viv ki bay kè kontan, ni nan sa n ap viv ki fè nou soufri. Sa l ap tann nan men nou se akèy. Nou bezwen louvri pòt kè nou pou Jezi antre, pou l rete avèk nou, pou li transfòme, pou li fè nou vin yon moun nouvo. Gran pwojè li pou nou se mennen nou bò kote l. Nan pwen yon kote pou kretyen rete pase nan pye Jezi. Se avèk li nou santi nou byen. Se li ki eritaj nou. Lè nou asepte mache avèk li, lè nou obeyi kòmandman l yo, nou gen lavi nan nou, fatig lavi a pa ka pote nou ale. Li se fòs nou. Premyè lekti a ban nou yon mesaj lesperans : « Jérusalem, quitte ta robe de tristesse et de misère, et revêts la parure de la gloire de Dieu pour toujours, enveloppe-toi dans le manteau de la justice de Dieu, mets sur ta tête le diadème de la gloire de l’Éternel. Dieu va déployer ta splendeur partout sous le ciel, car Dieu, pour toujours, te donnera ces noms : « Paix-de-la-justice » et « Gloire-de-la-piété-envers-Dieu ». Debout, Jérusalem ! Tiens-toi sur la hauteur, et regarde vers l’orient : vois tes enfants rassemblés du couchant au levant par la parole du Dieu Saint ; ils se réjouissent parce que Dieu se souvient. » Pawòl sa yo rive nan zòrèy yon pakèt moun ki kwè, men k ap viv yon epòk ki twouble, yon epòk difisil akoz yon pakèt peyi etranje ki te anvayi yo. Lè pwofèt Bawouk ap pale a, pèp la te nan egzil nan peyi Babilòn. Moun yo t ap soufri anpil akoz lagè yo t ap fè ak peyi ki toupre yo. Yo te ilmilye akoz yo te pédi batay devan pèp etranje sa yo. Pèp la te bouke. Yo pa t kapab ankò. Pwofèt Barouk vin di yo kouraj, Bondye pra l montre pouvwa li, Bondye pra l wete lawont sou vizaj yo, li pra l fè yo kanpe sou 2 pye yo ; lavi a pra l vin bèl pou yo, li pra l montre tout moun se li ki Bondye. Pwofèt la anonse yo jou k ap vini yo pra l pi bon. Paske pitit Bondye yo pa ka tonbe pi ba pase nan plant men li. « Dieu se souvient ». Bondye pap janm bliye pwomès lavi li fè nou. Men, atansyon pou nou pa twonpe tèt nou. Bondye konte sou nou tou pou l fè mèvèy nan lavi nou. Tankou sent Ogisten te di : « Bondye ki te kreye nous an nou, p ap sove nous an nou ». Nou dwe kolabore avèk li. Pèp la te tounen nan peyi li grasa yon wa payen Siris (Cyrus). Pawòl sa yo ki soti nan bouch pwofèt la, se pou nou yo ye tou. Bondye p ap kite nou tonbe plat atè nèt. Peyi nou an p ap kontinye plonje nan bafon fènwa a tout tan. Nou gen pou nou leve. Ayiti gen pou tounen yon limyè pou nasyon yo. Ap gen yon jou k ap rive, l ap tounen yon refij pou tout moun ki santi yo bouke kapab vin repoze epi refè fòs yo ak nanm yo. Ayiti ap tounen yon tè espirityèl kote mou nap vin chèche bay lavi yo sans. Yon tè kote moun va manje vant plen. « Debout, Jérusalem, tiens-toi sur les hauteurs, et regarde vers l’Orient : vois tes enfants rassemblés du couchant au levant par la parole du Dieu Saint. » Yon jou gen pou rive, tout zam ap depoze e tout moun pra l travay ansanm pou yon lavi tounèf. Yon jou ap rive, p ap gen geto ankò, ni gwoup moun k ap batay youn ak lòt, p ap gen koze moun anwo, moun anba. Tout moun pra l viv nan rekonsilyasyon ak pwogrè. Men pou sa rive fèt, fò nou voye jete tout lògèy, tout mechanste, tout vye lide ak ideyoloji ki fè nou avèg, ki fè nou youn ap detwi lòt, touye lòt, sèvi ak lòt pou nou fè lajan, eksplwate lòt, zonbifye lòt ; fòk nou mache nan prezans Granmèt la. Sa se travay Lespri Sen an ap fè nan nou, si nou louvri kè nou ba li. Tankou Apot Pòl ankouraje nou nan 2e lekti a, pou nou pwogrese nan sa ki bon, nan sa ki kòrèk, grasa renmen ki nan nou an. Sè m ak frè m yo, mal la gen pou detwi, vyolans gen pou kaba. Reny Bondye a ap kanpe nan mitan nou tou dousman. Bondye ap kondui nou nan kè kontan, nan limyè bèlte li, avèk mizerikòd li ak jistis li. Se pou sa, nan tout sa n ap fè, pinga nou janm bliye gen Bondye. Bondye la, li p ap dòmi, li p ap febli. Li toujou la pou l sove nou si nou akeyi apèl li fè nou. Jodi a, si nou tande vwa li, pa fè kè nou di : « koute vwa li ». Se sove li vini pou l sove nou. 

 

3.  Levanjil jodia ap di nou, tout moun ap wè delivrans Bondye a. Paske se nan lavi nou, se nan istwa nou jistis Bondye a, mizerikòd Bondye a vin pran nesans. Poutan, jistis sa, mizerikòd sa, ki vini nan zantray nou an, pa nan vyolans. Li pa vin detwi moun, li pa vin vanje. Li vin sove moun, e tout moun. Sa li vin detwi, se fòs mal la k ap jennen nou. Li pa vin defann lavi ak okenn zam lagè. Li vin defann lavi ak zam lakwa a ki pa menm gen valè. Bondye pa nan vyolans, ni gran panpan. Fòs pouvwa Bondye a trankil, li pa nan fè bwi. Mesaj pwofèt Janbatis la mande nou yon veritab konvèsyon. Veritab konvèsyon sa se kè nou pou nou debarase ak tout vye bagay ki anpeche nou viv kòm moun e kòm pitit Bondye paske nan jan nou prale la kòm sosyete, kòm peyi oubyen kòm pèp, nou prèske pa moun ankò. Alòske Bondye vle pou nou « moun » tout bon vre. Nou bezwen kraze tout bit mòn ki anpeche nou wè bèlte Bondye nan nou, nan frè ak sè nou yo, nan vwazinay nou yo, nan peyi nou an. Pou nou wè bagay yo ak yon lòt je, yon lòt lespri. Fèt Nwèl n ap prepare a, se fèt tout kè ki konvèti, tout kè ki tounen vin Bondye. Se fèt tout moun ki kite mizerikòd ak renmen Bondye a touche yo. Jodi a, ravin ki pou konble, se tout sa ki fè nou pè, se tout sa ki anpeche nou viv byen antre nou, se tout sa tou ki fè moun pè viv bò kote nou paske yo santi yo pa an sekirite. Mòn pou nou fè vin plat, se tout lògèy, egoyis ki nan nou e ki anpeche nou viv byen youn ak lòt. Wout pou nou fè vin dwat, se tout manti ki nan lavi nou, tout sa ki fè nou lach epi se piti parèy nou n ap kraze, n ap anpeche viv. Chemen ki plen wòch pou nou aplani, se tout vyolans nou yo, tout rayisans nou yo, tout vye jijman n ap fè sou lòt yo ki fè yo santi yo imilye nan sosyete a. Tout vye bagay sa yo dwe disparèt pandan tan Lavan an pou nou ka wè nan Pitit sa ki fèt jou Nwèl la, jistis ak bèlte Bondye, renmen ak mizerikòd li. Tan Lavan an la pou ede nou prepare kè nou pou nou wè epi akeyi mistè (mèvèy) jistis sa ki depase sa nou menm moun te kapab espere ; wè epi akeyi kè kontan yon mizerikòd ki depase ti kal santiman padon ki nan nou, wè epi akeyi bèlte yon delivrans ki fè moun grandi olye li rabese moun, bèlte yon delivrans ki konstwi lavi olye li detwi lavi. Tout revolisyon nou yo dwe fè moun grandi e non rabese moun ; konstwi lavi e non touye lavi. Bondye pa vin touye, men li vin sove. 

4. Pawòl Bondye yo jodi a mande nou pou nou prepare kè nou pou nou akeyi Jistis ak Bèlte Bondye a, nan kè kontan ak mizerikòd. Frè m ak sè m yo, me Granmèt nou an ap vini pou l sove tout moun. L ap fè gaye pawòl li pou kè nou kapab kontan. An nou mande l pou l pa kite bagay difisil n ap viv yo jounen jodi a antrave nou nan mache n ap mache pou n al rankontre Sila a k ap vini an, Kris la, Sovè nou an. Se pou Lekaristi n ap selebre maten an reveye nou e oryante kè nou ak lespri nou nan sans retounen Granmèt nou Jezi Kri ap retounen an. Viens Seigneur Jésus, nous t’attendons dans la joie !

Pè Diesel PHAT

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE