Homélie pour le 1er dimanche de l’Avent C

Homélie pour le 1er dimanche de l’Avent C

Dimanche 28 novembre 2021

 

1.    Sè m ak frè m yo, mwen swete nou yon bèl ane litijik. Nan premye dimanch Lavan an, nou antre nan yon ane litijik tounèf. Avèk tan Lavan an, n ap prepare nou pou nou fete Nwèl nan anviwon 4 semèn. Pandan tan sa, nou fikse lide nou sou retou Granmèt nou Jezi Kri. Se yon tan kote n ap tann. Jou Granmèt la kap vini an, se li ki okipe lavi lafwa nou, se ki nouri lapriyè nou pandan tan Lavan an. Depi nan kòmansman Lamès la nou tounen rega nou bò kote Bondye : « Vers toi, j’élève mon âme, mon Dieu, en toi je mets ma confiance ; je n’aurai pas en rougir. De ceux qui t’attendent, aucun n’est déçu » (Ps 24, 1-3). Ce sont ces paroles pleines d’espérance que la liturgie du jour met dans notre bouche tout au début de la célébration. Menm si n ap tann Kris la k ap retounen an, nou pa rete san fè anyen, nou pa demisyone devan reyalite lavi n ap viv la. Men « n ap vanse ak kouraj nan chemen jistis la pou n al rankontre Granmèt la » jan nou te eksprime sa nan lapriyè pou kòmanse Lamès la. Granmèt nou Jezi Kri ap retounen jan li te anonse l la, men li vle nou angaje nou pandan n ap tann li a. Pinga nou rete ap dòmi, se pou nou « veye ». Tan Lavan an se yon gran  vèy espirityèl pou nou pare kè nou pou nou resevwa Jezi ki te deja vini, k ap vini e ki toujou la avèk nou. Se tout tan li prezan nan lavi nou. Men, n ap prepare gran rankont nou gen pou nou fè avèk li jou l ap retounen an. 

 

2.    Nan jou fèt Nwèl la, na gen pou fete nesans Jezi Sovè  nou an. Men, gwo mesaj Nwèl la se : « Bondye avèk nou ». Bondye la avèk nou toulejou nan lavi nou, li la avèk nou nan tribilasyon nou yo, li la avèk nou toulejou pou l gide nou nan chemen la vi a. Bondye sa n ap tann nan, li fidèl nan sa l pwomèt, e se kè kontan nètale li vle pou nou. Nan tout sikonstans, li se « Bondye avèk nou », li se « Bondye pou nou ». Konsa, sè m ak frè m yo, nan sitiyasyon difisil nou ye jounen jodia, se yon bòn nouvèl nou jwenn nan premye lèkti a. Jeremi ap pale ak yon pèp ki pase anpil mizè, yon pèp ki imilye. Se dezolasyon tout bon vre. Vwala, pwofèt la anonse pèp la konsolasyon : « Voici venir des jours – oracle du Seigneur – où j’accomplirai la parole de bonheur que j’ai adressée à la maison d’Israël et à la maison de Judas. En ces jours-là, en ce temps-là, je ferai germer pour David un Germe de justice, et il exercera dans le pays le droit et la justice. En ces jours-là, Judas sera sauvé, Jérusalem habitera en sécurité, et voici comment on la nommera : " Le-Seigneur-est-notre-justice" ». « Pwomès kè kontan sa », ap gen pou l akonpli pou pèp la san l pa merite sa. Se yon mesaj kè kontan ki rive nan zòrèy nou jodi a nan okazyon premye dimanch Lavan an. Paske sa n ap viv jodi a kòm pèp sanble tèt koupe ak sa pèp Izrayèl la t ap viv. Nou imilye, nou nan dezolasyon, nou bouke anba pwoblèm pwòp pitit tè a, melanje ak lòt moun ban nou, nou bouke anba mechantse pwòp sitwayen parèy nou, peyi a fini, anpil moun pèdi larezon. Nou santi nou pa kapab ankò : e poutan, Bondye ap di nou l ap remete nou kanpe sou 2 pye nou ankò, l ap fè jistis pouse kou djondjon pou nou, peyi a ap vin dwat, ap gen jistis, ap gen sekirite, p ap gen gwo zam fann fwa ki pou kraze brize ankò, paske : « Granmèt la se li ki jistis nou ». N ap gen yon peyi kote nou tout va gen pou fè yon sèl lapriyè e danse yon menm kout tanbou. Bondye ap drese sa k kwochi e l ap fè tout moun mache dwat. Nou kwè sa paske se bò kote li nou leve kè nou, li menm ki Bondye nou. Fòs mal ki nan nou, fòs mal ki anviwonnen nou, fòs mal ki rantre nan kè ak nan tèt anpil moun pa ka gen viktwa sou renmen Bondye a. 

 

3.    Bondye p ap abandone pèp li ki blese, ki maltrete, yon pèp yo pran an notaj, yon pèp y ap fè benyen nan san li. Non, sa pa gen dwa fèt. Bondye ap vin delivre pèp sa a paske li vle pou tout moun viv nan kè kontan ak nan kè poze. Men atansyon, l ap tann kolaborasyon nou. L ap tann repons nou, l ap tann konvèsyon k ap fèt nan lavi nou, pou kè nou chanje. Pou nou youn sansib pou lòt, pou nou youn respekte lòt. Pou nou fè pwogrè nan lafwa ak nan renmen chak jou pi plis. Renmen sa dwe manifeste pou tout moun, menm pou sa ki rayi nou, ki fè nou kriye, sa ki simen dèy nan sosyete a, nan fanmiy nou, etc. Pinga nou rann mal pou mal. Pa kite moun ki mechan fè nou vin mechan. Pa kite fòs fènwa yo vole lesperans nou. Tan Lavan an, se tan pwogrè : pwogrè nan lafwa, pwogrè nan renmen youn pou lòt, pwogrè nan solidarite, nan pataj. 

 

4.    Levanjil jodi a fikse je nou sou finisman tan an, sou dènye retou Kris la. Jodi a l ap reveye nou. Li enpòtan pou nou kite manfouben, woutin ak tout vye parès ki anpeche nou viv kòm moun e kòm pitit Bondye. Jou Granmèt la ap pwoche : « Tenez-vous sur vos gardes, de crainte que votre cœur ne s’alourdisse dans la beuverie, l’ivresse et les soucis de la vie, et que ce jour-là ne tombe pas sur vous à l’improviste comme un filet ». Se pawòl ki soti nan bouch Jezi e pawòl sa yo dwe touche kè nou, pouse nou reflechi nou menm ki nan yon sosyete kote se vyolans, se zak kriminèl ak enjistis k ap taye banda. Nou pa gen dwa bliye souf lavi nou se nan plan men Bondye l ye, nou pa gen dwa bliye « jistis Bondye se kabwèt bèf », li pa janm prese. Pwovèb la di « bat chen an tann mèt li », « dèyè mòn gen mòn », « kouche mou pa anpeche w kouche di », « lè w wè zo nan gran chemen, se vyann ki te kouvri l ». Pinga nou janm konte sou bagay k ap pase sou tè a, pinga nou janm kite lògèy fè nou fè sa nou pa ta dwe fè. Sèl bagay pou nou kite pran rasin nan kè nou, se lafwa, se renmen. Sispann fè rayisab youn ak lòt. Nou tout se frè ak sè nan Jezi Kri, nou tout se ayisyen, Desalin se papa nou tout, peyi a se pou nou tout. Nou tout dwe layite kò nou ladan l san pesonn pa chèche anpeche lòt la viv. « Restez éveillé et priez en tout temps ». Se konsiy Jezi ban nou pou nou chape anba tout sa ki gen pou rive yo, e pou nou kapab kanpe debou devan Pitit moun nan. 

5.    Sè m ak frè m yo, mal la gen pou detwi, vyolans gen pou kaba. Reny Bondye a ap kanpe nan mitan nou san l pa sonnen klòch. Nou sot tande nan Levanjil la pawòl ki bay kè sote. Retounen Granmèt la ap retounen an sanble asosye ak katastwòp : « Il y aura des signes dans le soleil, la lune et les étoiles. Sur terre, les nations seront affolées et désemparés par le fracas de la mer et des flots. Les hommes mourront de peur dans l’attente de ce qui droit arriver au monde, car les puissances des cieux seront ébranlées. Alors, on verra le Fils de l’homme venir dans une nuée, avec puissance et grande gloire ». A la verite, pawòl sa yo bay laperèz si nou pa chèche konprann yo pi plis toujou. Se pa sa Jezi vle : fè nou pè. Li menm, li ban nou avètisman : « Quand ces événements commenceront, redressez-vous et relevez la tête, car votre rédemption approche ». Evenman difisil n ap viv yo jodi a pa dwe ebranle nou, ni fè nou pèdi espwa. An nou akeyi yo kòm siy ki mande nou pran direksyon ki kòrèk, direksyon k ap mennen nou nan sa ki bay kè kontan, direksyon chanjman nan sosyete nou an. Levanjil la se yon Bòn Nouvèl. Renmen Bondye gen pou nou an ap dire pou tout tan. Pa gen anyen ki kapab wete nou nan men l. An nou kite kè kontan Levanjil la anvayi nou. Le pape François nous dit : « La joie de l’Évangile remplit le cœur et toute la vie de ceux qui rencontrent Jésus. Ceux qui se laissent sauver par lui sont libérés du péché, de la tristesse, du vide intérieur, de l’isolement. Avec Jésus Christ la joie naît et renaît toujours » (Evangelii gaudium 1). Se kè kontan sa pou nou kite anvayi tout lavi nou. 

 

6.    Nan tan Lavan sa, an nou mande Granmèt la pou li aprann nou akeyi l lakay

nou e pou nou rete avèk li. Li pa janm bouke envite pou nou rete vijilan. Tan Lavan an se tan pou nou pi atantif, pi vijilan, pou nou pa kite dòmi pran nou. An nou mande l yon kè ki pi atantif, ki pi dosil pou koute vwa li. Se pou li louvri je nou pou nou kapab wè li lè la gen pou l vini an. Men deja, se pou l louvri je nou pou nou kapab wè l nan Pawòl li yo, sitou lè yo pwoklame yo pou nou nan Litiji sakre a, nan sakreman l yo, an patikilye Lekaristi a, nan frè ak sè nou yo, an patikilye sa ki pi pòv yo, sa yo sosyete a mete akote yo, sa yo ki imilye yo, sa yo ki gen lawont kouvri vizaj yo a. Fè tout rankont nou fè pote lavi, kè poze ak renmen. « Redrese nou, leve tèt nou. Delivrans nou tou pre ». Tan Lavan sa, se yon apèl pou nou antre nan lesperans. Granmèt la prezan nan lavi nou. Li rasanble nou nan Lekaristi a, pou li pataje lavi li ak kè kontan li avèk nou. Li ban nou Lespri limyè ak fòs li a pou ede nou travèse moman difisil yo. An nou louvri kè nou pou li antre, pou li plen nou ak favè li yo. Se pou Lekaristi n ap selebre jodi a nan okazyon premye dimanch Lavan an pote fwi nan nou pou nou gen kouraj mache al rankontre Kris, Granmèt nou k ap vini an. Tan Lavan an se moman pou nou viv lespri sinòd la, sa vle di pou nou mache ansanm, fè wout ansanm nan lafwa, lesperans ak lacharite. Se nan mache ansanm kòm yon sèl pèp n ap kapab di tout bon vre : « Vini Granmèt Jezi », « Viens Seigneur, Jésus ! ». 

 

 

 

Père Diesel PHAT

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE