Homélie pour la fête de sainte Thérèse de l’Enfant Jésus

Homélie pour la fête de sainte Thérèse de l’Enfant Jésus

Lilavois, vendredi 1er octobre 2021.

Père Diesel PHAT

 

1. Jodi a se 1e oktòb, nou rasanble pou nou fè lwanj ak konpliman pou Granmèt la nan okazyon fèt Sainte Tthérèse de l’Enfant Jésus et de la Sainte Face. Nou konnen, Sent Terèz se patwòn pawas la isit nan Lilavwa. Sa vle di, nan nivo espirityèl, se nan men Sent Terèz, Granmèt la remèt pawas sa a pou li akonpaye nou, kondui nou, ban nou pwoteksyon. An menm tan, li se modèl pou nou. Nan fèt jodi a, atravè egzanp lavi Sent Terèz ki reyone grandè nanm, imilite ak dousè, nou vin dekouvri pi plis kouman Bondye Papa a « fè gen yon foul pitit limyè ki leve kanpe pou lavi ki pap janm fini an » e kouman nan sans sa tou, se li « ki vin louvri pòt syèl yo pou fidèl yo kapab antre » (2e prefas paskal la), epi montre jan li ekstrawòdinè paske se li ki Sèl Sen. Li fè moun li kreye a patisipe nan pwòp lavi pa li. Nan sans sa, sen yo se sekou ak modèl pou frajilite nou (prefas fèt tout sen yo). 

 

2. Sè m ak frè m yo pawòl sa yo ki soti nan bouch Jezi, nan okazyon fèt Sent Terèz la trè senp. Nou tout, nou konnen sa yon timoun piti ye. Lè Jezi di pou nou vin tankou timoun piti pou nou antre nan Wayòm Bondye a, nou konprann trè byen sa l vle di nou. E poutan, nou konnen sa Jezi mande a pa fasil pase sa. Nou sonje dyalòg Jezi ak Nikodèm nan kòmansman Levanjil sen Jan an, lè Jezi te di l « pou l fèt yon dezyèm fwa », « naître de nouveau », Nikodèm te poze l kesyon : men kisa sa vle di fèt yon dezyèm fwa lè yon moun deja fin granmoun, èske w ka tounen nan vant manman w ? Èske pou yon moun akeyi Wayòm Bondye a fòk ou ta tounen dèyè pou vin tankou timoun (opérer une régression infantile ?), tounen nan laj timoun pou ka antre nan Wayòm nan ? Levanjil nou sot koute a rezime lavi sent Terèz. Nan lavi li, li te montre sa sa vle di viv tankou timoun piti devan Bondye.

 

3. Toute sa vie a été marquée par l’expérience de la petitesse, de la faiblesse et de la fragilité. Li pat janm kite lògèy pran li, ni kite sitiyasyon difisil fè l vire do bay Bondye. Li te viv tou senp paske moun ki gen kè yo senp yap monte jwenn Bondye. Se sa nou souvan chante. Sent Terèz te konprann sa, li te kite Pawòl Bondye a kondui li. Tout bagay sa yo te pran rasin nan eksperyans soufrans li depi lè l te tou piti, kote li pat jwenn afeksyon manman l e li tap kalkile ak gwo doulè pou konnen kilès ki te pra l pwoteje l, kilès ki te pra l tounen anj pwotektè li. Se nan kondisyon difisil sa, ti pa ti pa, li te pra l etone tout moun grasa eksperyans renmen li fè ak Kris la antan l tou piti, li te dekouvri epi eksperimante yon chemen libète ki te byen solid. Chemen libète sa te koresponn ak relasyon li te dekouvri ak Bondye tankou papa. E tout moun te sezi antan yo te konsidere istwa lavi li, fèmte ak matirite desizyon l nan moman li tap suiv sè l yo nan Kamèl la, yo te sezi wè kòman li te reyisi jwenn benediksyon Pap la pou l te antre nan kouvan an san l pat ko gen laj pou sa. 

 

4. Nou ta fè erè si nou ta entèprete istwa sent Terèz tankou yon moun ki tap fè riz, jan nou ta konprann sa nan tan jounen jodi a. Non. Okontrè, se paske li te gen yon matirite lafwa tout bon vre ki fè li te kapab avanse ak tout kalite konfyans ak fèmte sa, antan l pa konte sou pwòp fòs li, paske l te konnen li fèb anpil, men li te konte sou fidelite ak puisans Bondye ki tap travay nan feblès li. Ti tan li te fè nan lavi relijyèz nan Kamèl la, te pèmèt li grandi pi plis toujou nan karaktè li, nan lafwa li chak fwa li te konprann kòman laj li, feblès li, eta sante l ki te kòmanse ap degrade, soufrans li te viv nan finisman lavi li, te fè li dekouvri puisans sila ki te kenbe men l e ki te pèmèt li viv. Ainsi, sœurs et frères, ce que l’on a appelé la petite voix, la voix d’enfance, dans la spiritualité de sainte Thérèse de l’Enfant-Jésus est une voix de purification, de simplification, de réalisme devant nos petites possibilités et devant la grandeur de ce que Dieu accomplit à travers nos faiblesses humaines. Eksperyans lavi sent Terèz se yon ankourajman pou nou. Jan li te viv lavi li tou senp devan Bondye ak anpil konfyans nan renmen li an dwe make pwòp lavi pa nou jodi a, nou menm kap viv nan yon sosyete ki chaje pwoblèm, nou menm kap viv nan yon peyi ki fin depafini, yon peyi ki prèske tounen lanfè kote anpil moun ap pati kite peyi sa nenpòt kijan, y al riske lavi yo paske bagay yo di, nou bezwen viv espirityalite sent Terèz la, pran kouraj epi angaje nou tout bon vre kote nou ye pou lavi chanje. Pou nou fè tout bagay nan renmen ak nan konfyans nan Bondye. Paske nou se pèp Bondye, lafwa nou se fòs nou. Yon fòs ki san vyolans men ki efikas, yon fòs ki dousman men ki dinamik, kap pèmèt nou travay pou lavi boujonnen nan sosyete a, nan fanmiy nou, nan milye kote nap viv, nan milye kote nap travay. Yon fòs kap pèmèt nou rasanble tout moun nan kè poze. Sa se yon gwo defi pou nou jodi a.

 

5. En ce jour, une fois de plus, nous sommes invités à accueillir l’appel de Dieu qui ouvre son Royaume aux petits et aux humbles, à marcher dans la confiance sur les pas de Sainte Thérèse de l’Enfant Jésus et de la Sainte Face, pour entrer pleinement dans la vision de Dieu, dans la gloire de Dieu. Pour y arriver, comme elle, nous devons prendre le chemin de la « petite voie de la confiance et de l’amour » qui nous libèrera de toute peur, nous ouvrir un chemin de sainteté et nous permettre de le partager avec nos frères et sœurs, en particulier les plus pauvres de notre société. Oui, l’amour, l’humilité, sont les conditions de l’unité. Accueillons ces paroles de Sainte Thérèse et laissons-les imprégner notre vie :

« J’ai compris que l’Amour seul faisait agir les membres de l’Église, que si l’Amour venait à s’éteindre, les apôtres n’annonceraient plus l’Évangile, les martyrs refuseraient de verser leur sang […], je compris que l’Amour renfermait toutes les vocations, que l’Amour était tout, qu’il embrassait tous les temps et tous les lieux. Alors je me suis écriée : ma vocation, enfin, je l’ai trouvée, ma vocation, c’est l’Amour ! »

 

 Sainte Thérèse nous prêche l’amour à travers l’exemple de sa vie et nous en appelle à la cohérence : revenir à la source de notre vie, à savoir Dieu qui est Amour, et qui, en nous communiquant cet Amour, nous permet de donner sens à notre existence. « L’amour vient de Dieu … Celui qui aime est né de Dieu et connaît Dieu. Celui qui n’aime pas n’a pas connu Dieu, car Dieu est amour. » Cela nous pousse à nous réconforter les uns les autres, nous encourager avec amour, être en communion dans l’Esprit, avoir de la tendresse et de la compassion, avoir les mêmes dispositions, le même amour, les mêmes sentiments, rechercher l’unité ; ne pas être intrigants ni vaniteux, toujours l’humilité comme l’a vécue Sainte Thérèse, penser aux autres, valoriser les autres, avoir de l’estime pour les autres. Voilà autant d’ascenseurs pour parvenir à la sainteté. Voilà autant de moyens pour « passer son Ciel à faire du bien sur la terre ». 

 

6. Sè m ak frè m yo, nou chak nou gen yon vokasyon, nou chak Bondye rele nou pou yon misyon. Li pa kite nou pou kont nou. Sur chacun de nous, Dieu porte un regard de bonté et de tendresse et nous appelle à entrer dans son Royaume en nous demandant de changer pour devenir comme les enfants. Misyon Sent Terèz se te montre kòman renmen se fòs ki kapab chanje lavi nou, renmen se fòs ki kapab fè sa ki pi fèb yo reyalize bèl bagay nan lavi yo. Renmen pa fasil, men li pa enposib. Li pa kapab tounen yon reyalite san la kwa. 

 

Chers frères et sœurs, celle que le Pape Pie X a appelée « la plus grande sainte des temps moderne » est notre guide. Dans l’Église, elle vénérée est comme la sainte de l’amour évangélique. Elle aimait à répéter avec conviction : « Dans le cœur de l’Église, ma mère je serai l’amour », « Je veux passer mon Ciel à faire du bien sur la terre », c’est vraiment la sainte de l’amour évangélique et même dans sa mort : « Je ne meurs pas, j’entre dans la vie ». Elle nous apprend aujourd’hui, dans ce monde bouleversé, marqué par la phobie de la vie, à être des témoins de l’amour de Dieu, des signes d’espérance pour tous ceux et toutes celles qui chancellent sur leur chemin de vie et qui se laissent badigeonner par la laideur du péché, de la haine, de la violence. Elle nous invite à prendre la voie de confiance et d’abandon à la volonté de Dieu et à son amour miséricordieux, à nous appliquer aux petites choses par amour, à être des saintes et des saints de la porte d’à côté comme nous le propose le Pape François dans son exhortation apostolique Gaudete et exsultate, sur l’appel à la sainteté dans le monde actuel. Le Pape nous dit : 

Ne pensons pas uniquement à ceux qui sont déjà béatifiés ou canonisés. L’Esprit Saint répand la sainteté partout, dans le saint peuple fidèle de Dieu, car « le bon vouloir de Dieu a été que les hommes ne reçoivent pas la sanctification et le salut séparément, hors de tout lien mutuel ; il a voulu en faire un peuple qui le connaîtrait selon la vérité et le servirait dans la sainteté ».

J’aime voir la sainteté dans le patient peuple de Dieu : chez ces parents qui éduquent avec tant d’amour leurs enfants, chez ces hommes et ces femmes qui travaillent pour apporter le pain à la maison, chez les malades, chez les religieuses âgées qui continuent de sourire. Dans cette constance à aller de l’avant chaque jour, je vois la sainteté de l’Église militante. C’est cela, souvent, la sainteté « de la porte d’à côté », de ceux qui vivent proches de nous et sont un reflet de la présence de Dieu, ou, pour employer une autre expression, « la classe moyenne de la sainteté ».

Laissons-nous encourager par les signes de sainteté que le Seigneur nous offre à travers les membres les plus humbles de ce peuple qui « participe aussi de la fonction prophétique du Christ ; il répand son vivant témoignage avant tout par une vie de foi et de charité » (GE n° 6-8).  

 

Nan Lekaristi jodi a, nan okazyon fèt Sent Terèz, an nou mande Bondye ban nou yon kè senp, ban nou kouraj ak disèneman pou nou temwaye renmen li an bay tout moun ki bò kote nou ; pou nou konprann pa gen anyen ki kapab separe nou ak kalite renmen li gen pou nou. Tanpri, Granmèt, grasa lapriyè ak merit Sent Terèz, fè nou renmen w san rete antan nap pase rès tan nou gen pou viv sou tè a nan fè sa ki byen. Amèn. 

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE