Homélie du père Diesel Phat pour le 3e dimanche de Pâques de l’année B.

Homélie du père Diesel Phat pour le 3e dimanche de Pâques de l’année B.

Dimache 18 avril 2021, pawas sent Mari Madlèn, Sibè.

 

1. Dimanch sa nou ta kapab rele l « dimanch temwayaj ». Liv Travay Apot yo (premyè lekti a) rapòte nou diskou Apot Pyè : li temwaye sa l te wè. Li fenk sot geri yon nonm paralize ki tap mande lacharite devan pòt tanp la, sa yo rele Bèl Pòt la. Li pale ak foul la ki te anvayi ak sezisman poutèt sak sot pase a. Li eksplike yo kouman se pa ak pwòp fòs li li te opere gerizon an. Se Jezi ki mouri e ki leve byen vivan an ki prensipal aktè nan sak sot fèt la. Jezi sa yo te rejte a li resisite. Pyè ak zanmi l yo sèvi l temwen. Premyè ijans se pou chak moun vire do bay tout vye bagay nou konn fè, pou chak moun pran chemen konvèsyon epi tounen vin jwenn Bondye. 

 

2. Se yon apèl enpòtan pou nou jodi a. Pou tout moun kap fè sa ki mal chanje kè yo, kite sa ki mal la, pran chemen konvèsyon, kase tèt tounen vin jwenn Bondye. Se yon mesaj ki fò anpil pou nou menm ayisyen jodi a. Paske gen twòp mechanste nan peyi sa, gen twòp krim nan peyi sa, gen twòp soufrans ak vyolans nan peyi sa. Gen anpil moun ki pran plezi nan fè frè ak sè yo soufri. Nou bezwen klewonnen sa byen fò nan zòrèy anpil moun ki pran plezi nan mal la : « Se pou nou an premye Bondye te fè sèvitè li a leve byen vivan, li voye l pou li beni nou lè nou chak vire do bay tout vye bagay nou konn fè ». 

 

3. Se yon apèl sen Jan fè nou tou nan 2e lèkti a : « Mwen ekri nou sa pou nou pa fè peche ». Se yon apèl pou nou pa kite renmen Bondye a, pou nou pa kite renmen frè ak sè nou yo. « Men si youn nan nou fè peche, nou gen yon avoka bò kote Papa a, se Jezi Kri, Sila ki kòrèk la ». Nan Levanjil li a, sen Jan fè sonje Jezi te pwomèt Apot li yo lap voye « yon lòt avoka pou yo » (Jn 14, 16). Men poukisa yon lòt avoka ? Paske Jezi se premye avoka nou bò kote Papa a ; Lespri Sen an se avoka paske li kondi nou nan verite sa tout bon vre. Me yon bòn nouvèl ki enpòtan anpil. Nou dwe debouye nou jan nou kapab pou nou pwoklame l toupatou. Pou ni bon moun ni move moun nan peyi a tande l. Pinga nou pè, pinga nou bese lebra, pinga nou kite move plan detwi lesperans sa nou pote nan nou an : Jezi Kri se avoka nou, Lespri Sen an se li kap kondi nou. Nou pa kapab kite fènwa ranpòte laviktwa sou nou. Jezi Kri ki resisite a pap janm bouke mennen tout moun bò kote Bondye. 

 

4. Levanjil montre nou kouman Jezi rejwenn moun pa l yo pandan yap pale de li. Nou se moun pa Jezi Kri, li la avèk nou pliske nou rasanble pou nou pale de li epi pou resevwa fòs li nan Lekaristi a. Se sa k te pase ak disip Emayis yo. Sen Lik di nou apre yo te fin rekonèt li nan kase pen an, yo te retounen Jerizalèm pou yo anonse bòn nouvèl la bay disip yo : se la Jezi rejwenn yo ; li kanpe nan mitan yo. Li fè yo wè l. Non se pa yon zonbi. Sila a ki te sibi lapsyon an, se li menm ki la. Mak klou yo montre sa. Se Sila yo te kloure sou kwa a ki tounen viv ankò. Li fè yo wè kouman li leve byen vivan tout bon vre. Se ak Jezi sa nou vin fè rankont maten an, se li nou vin resevwa nan koute Pawòl li ak nan kase pen an. Se pa yon istwa yap rakonte nou. Se yon reyalite k ivre : Jezi Kri leve byen vivan. Li la avèk nou. Li vin ravive lafwa nou, li vin nouri nou ak Pawòl li ak kò li. Apresa li voye nou nan misyon pou n al temwaye lafwa ki anime nou an. Se sa nou vin viv lè nou vin Lamès. Nou vin fè yon gwo rankont ak Jezi. Sa li mande nou, se pa pou rete kretyen andedan legliz, se pou nou soti. Temwayaj nou dwe rejwenn tout moun, an patikilye sila yo ki nan kote nap viv la, sila yo ki anviwonnen, sila yo ki pa konnen Jezi Kri, sila yo ki pat selebre Pak. Nou dwe al anonse lapè Jezi Kri bay tout moun.

 

5. Jezi kanpe nan mitan disip li yo li di yo : « Kè poze pou nou ». Se ak mo sa yo Jezi kòmanse pale ak disip li yo. Salitasyon ki nòmal pou yon jwif, men an menm li siyifye pou disip yo sans pwofon sa Jezi vin pote pou yo nan jou rezireksyon an : kè poze.  Kè poze sa, se sa nap chèche, nou menm ki bouke, nou menm ki tromatize ak tout vye bagay lèd kap pase nan peyi nou an. Jezi se Sila ki vin ban nou vrè kè poze a, sa okenn moun ki gen pouvwa anwo latè pa kapab bay la. Li se Sila ki mèt jistis ak kè poze. Grasa lanmò li, Jezi vin pote jijman ak jistis sou tè a e fwi jijman sa, se lapè a ki dwe pran plas nan kè nou. Lapè enpòtan, li se siy prezans Bondye kap travay nan nou. Lapè sa, li soti nan lafwa nou genyen nan rezireksyon an, se sètitid lavi pi fò pase lanmò, soufrans pap janm pi fò, mechanste ki nan kè moun pap janm ka detwi pouvwa renmen, lakwa pa yon finisman, men li se yon pasaj. Pa gen anyen ki ka wete nou nan men Bondye. Pwovèb kreyòl la di : « lè ou wè zo nan gran chemen, se vyann ki te kouvri l », « bwè tafya respekte boutèy », « bat chen an tann mèt li », « dèyè mòn gen mòn », « si gen toro, se Bondye ki toro ». Gen yon jou tout moun kap fè mal gen pou rann kont. E nou menm, pinga nou kite moun ki mechan fè nou vin mechan tou. Pinga nou mache nan chemen moun kap mete latwoublay, pinga nou mache nan chemen moun kap fè san koule, pinga nou mache nan chemen moun kap fè lajan nan move kondisyon. Nou dwe mache nan chemen lapè a, chemen moun kòrèk yo, chemen Jezi Kri trase pou nou an kap mennen nan lavi ki pap janm fini an. 

 

6. Lapè sa, se fwi nou gen pou resevwa nan tan Pak la. Lapè sa ap transfòme tout nou menm. Lap fè nou vin yon moun nouvo. Se sa mèvèy rezireksyon an rele nou pou nou viv ak batèm nou resevwa a : antre nan kè poze Bondye a. Men, fò nou pa bliye, pa gen kè poze san padon. Se eksperyans paskal sa Apot yo fè. Se eksperyans paskal sa nou bezwen fè jounen jodi a ni nan Legliz la ni nan sosyete nap viv la. Nou pa kapab tann lapè si nou pa deside padone youn lòt, si nou pa deside chita pale ansanm pou nou geri blese nou yo. Se sa kap fè nou viv nan laverite. Se sa kap fè nou soti nan sitiasyon malouk nap viv jodi a, sitiyasyon ki fè nou wè tèt nou ak enterè pèsonèlman nou sèlman antan nou detwi lòt yo, antan nou detwi lavi frè ak sè nou yo. 

 

7. Sè yo, frè m yo, an nou mande Bondye lagras pou nou travay pou lapè nan peyi nou, nan kominote kote nap viv, nan fanmiy ak nan Legliz nou an. Dekwa pou tout moun kapab respire yon nouvo souf lavi, pou tout moun kapab goute fwi Pak Kris la atravè temwayaj lavi lafwa nou ak angajman nou pou Wayòm Bondye a tabli tout bon vre. Nou se pèp Bondye, lafwa nou se fòs nou, nou dwe chèche rasanble tout moun nan kè poze. Nou dwe konbat tout fòs mal ak tout jèm lanmò ki anviwonnen nou. O non Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an. Amen. 

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE