Sakreman maryaj

Sa sakreman maryaj la ye ?

Jino ak Jina menaj depi plizyè lane. Kounya yo deside pou yo marye paske sa fè lontan yo youn konnen lòt. Yo pran randevou ak kire pawas yo e yo kòmanse katechèz pou sa. Chak rankont, yo toujou ansanm, men nan men. Tout moun kontan wè mesye dam yo. Gen moun ki gen tan ap di maryaj moun sa yo pra l bèl ; genyen ki kòmanse pare vès ak bèl wòb pou yo vin nan nòs : se va bèl fèt. Gen lòt ki gen tan ap di moun sa yo ap fè yon bon fwaye : yo deja abitye ak lòt, yo pran tan pou verifye si yo ka viv ansanm. Sanble mesyedam yo deja bay bon temwayaj kouman 2 moun ki marye fèt pou viv ansanm. 

Se vre moun yo bay plizyè opinyon, men an nou gade pi fon sa maryaj la ye 

Kontrèman ak sa kèk moun panse, maryaj kretyen pa gen menm pwa ak maryaj sivil, menm si yo gen kèk bagay ki sanble, menm si yo gen kèk bi komen : (pa ex. fè pitit, ba yo bon edikasyon, pran responsablite paran etc.). Maryaj kretyen an bèl anpil. Se pa yon senp seremoni legliz avèk flè, bèl kostim, bèl wòb, anpil foto pou voye sou rezo sosyal, bèl fèt, dòmi ansanm pou jwi nòs la (lin de myèl). Maryaj kretyen an se yon sakreman ki fèt nan Legliz, ki fè Legliz antan li bay nesans a yon nouvo kominote familyal. Lè 2 moun marye, fwaye yo tounen yon « Ti Legliz » (pa bliye nou lè nou pale de Legliz, nou wè tout moun ki kwè nan Jezi Kri e ki fè yon sèl kò. Se rasanbleman tout batize yo). Maryaj kretyen an se yon mistè ki gran, nou dwe konprann li nan wotè relasyon Kris la ak Legliz la (Ephésiens 5,  32). Renmen ant mari ak madanm se imaj renmen ant Kris la ak Legliz la. Se vrèman yon mistè. Maryaj kretyen an gen yon diyite inimajinab. Diyite sa, se Bondye Papa a ki vle l konsa, e avèk lagras Bondye, yon pakèt mari ak mandanm enkane l konsa, malgre limit yo, malgre peche yo. Se marye Bondye mete, se bèl bagay, plasaj pa fèt pou moun ki gen lafwa, pou moun ki kretyen. Se pousa, 2 moun ki marye (nap pale maryaj yon fi ak yon gason), Bondye rele yo pou yo viv nan renmen (se pousa, maryaj se yon vokasyon : se Bondye ki rele moun pou marye, e moun nan reponn nan lafwa). Yo toulede fèt pou youn sèvi lòt nan respè ak libète (Ephésiens 5, 21) ; pou youn renmen lòt tankou Kris la te renmen yo. Tankou Pap Franswa di : « Sakreman maryaj la se yon gran aksyon ki gen pou wè ak lafwa ak renmen ». Sèl sila yo ki gen lafwa ak renmen nan kè yo kapab deside fè pwojè renmen yo gen ansanm tounen yon pwojè lavi ak sakreman. Chak sakreman, antan Lespri Sen an aji, bay moun ki resevwa l nan lafwa, lagras ki pwòp a li menm. Konsa, nan sakreman maryaj la, Bondye ba moun marye yo lagras yo bewen pou yo viv angajman sa nan mitan frè ak sè yo, pou yo tounen disip-misyonè limyè tè a. Nan sans sa, tankou sen Pòl di li, mari a dwe renmen madanm « tankou pwòp kò li » (Ephésiens 5, 28), renmen l tankou Kris la « te renmen Legliz, te bay tèt li pou li » (Ephésiens 5, 25).

Jino, depi anvan maryaj la, kòmanse renmen Jina tankou Kris la te renmen Legliz la. E Jina, li menm tou kòmanse fè menm jan an, li renmen Jino ak yon kalite renmen ki san parèy. E yo toulede aprann viv nan respè youn pou lòt. Bravo papa ! Maryaj se fè youn sèl kò nan renmen. Maryaj kòm reyalite lafwa ak renmen mande kouraj pou kwè nan bèlte sa Bondye Papa a kreye e viv renmen sa ki pouse nou ale jis nan bout : Jino ak Jina, depi yo fin marye, yo pa kapab di yo bouke youn ak lòt : bagay la se lavi diran ; tout tan jiskaske yo mouri. 

Maryaj la se yon alyans ant yon gason ak yon fi pou yo fè youn nan yon menm renmen. Maryaj kretyen an, li montre pi klè alyans Bondye ak limanite ki sele nan renmen Kris la ki te bay lavi l pou nou. Sakreman maryaj la, li sankstifye inyon yon gason ak yon fi e mete yo kòm mesye ak madanm marye nan kè renmen Bondye a pou limanite. Se yon anjajman yo pran devan Bondye. Diyite angajman sa chita sou 4 pilye : libète, fidelite, endisolibilite ak fekondite. Chak fiyanse yo dwe santi yo lib tout bon vre nan moman angajman yo a. Moun kap marye yo pwomèt youn lòt fidelite, e pwomès sa se sous konfyans resipwòk. 


P. Diesel PHAT

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE