Omeli pou fêt Notredam de Lasonpsyon, Wanament, 2020

Omeli pou mès lavèy solanite Notredam de Lasonpsyon

Wanament, 14 out 2020

 

1. Sè m ak frè m yo, malgre sitiyasyon difisil nap viv, nou vini kan menm aswè a pou nou fete manman Notre Dam de Lasonpsyon, patwòn pawas Wanament. Nap fete fèt sa nan kondisyon ki frajil : antan n ap fete a, nou dwe respekte jès baryè yo pou nou pa pran korona e pou nou pa bay korona : nou pap pran, nou pap bagay. Menm si nap selebre, men nou sonje korona toujou la. Gen anpil lòt bagay ankò ki ban nou kè sere ak kè sote : grangou, lavi chè, ensekirite, pwoblèm sosyal ak politik, divizyon, manke pran reskonsablite, manfouben ak woutin. Anpil bagay dwòl kap pase nan peyi nou ak nan kominote nou, nan fanmiy ak nan tout kouch sosyal yo. Se pousa nou vin depoze yo nan men manman nou paske se nan li nou jwenn Jezi e nou vle sanble avèk li tout bon vre pou Jezi ka nan nou anplen, pou nou ka delivre anba tout fòs mal ki anviwonnen nou. Nou mande sa nan lapriyè aprè Lakominyon an : « Puisque nous célébrons l’Assomption de la Mère de Dieu, délivre-nous de toute menace du mal ». 

 

2. Fèt nou louvri aswè a, se yon fèt ki ban nou anpil kè kontan. Kè kontan paske sa k rive Lavyèj Mari a, se yon garanti pou nou, se yon lespwa pou nou. Nou se moun Lavyèj, nou se moun Jezi. Tout sa k bon pou Lavyèj, se pou avantaj nou. Tout  sa Jezi reyalize pou Lavyèj, se yon siy lesperans pou nou. Kote manman ye, se la pitit li yo ye tou. Laglwa manman, se laglwa pitit, e laglwa pitit se laglwa manman. Mari nan syèl ak tout kò li ak tout nanm li, sa se rezilta lanmò ak rezireksyon Kris la. 

 

3. Okenn tèks biblik pa di aklè sa k rive Mari aprè lanmò l. Fèt sa pa pran nesans ni nan Labib la ni nan refleksyon gran teyolojyen yo. Li soti nan lafwa kretyen yo ki te toujou selebre antre Mari nan Laglwa Pitit li Jezi. Yo te konprann kouman Kris ki resisite pat kapab kite kò Manman l degrade anba tè a. Se konsa yo te kòmanse fete fèt sa depi bò 5e syèk e pap Pi XII sèlman ratifye l nan dat kite 1er novanm 1950 : « Marie est entrée corps et âme dans la gloire de Dieu ». Un dogme, une vérité de foi qu’on peut pas changer. Legliz la lapriyè jan l kwè a (lex orandi, lex credendi). Selebrasyon nou yo se ekspresyon lafwa nou. Nou selebre jan nou kwè a paske nou se pèp Bondye, lafwa nou se fòs nou. 

 

4. Mari antre nan laglwa ak tout kò li ak tout nanm li, li kouwone kòm rèn syèl la ak tè a paske Bondye te ba l lagras ak onè pou li te vin manman sèl grenn Pitit li a. L’assomption de la Vierge Marie découle de sa Maternité divine. Se sa lapriyè ouvèti Lamès la fè nou medite. Menm jan Mari ki te asepte vin Manman Bondye a se te yon gras pou tout moun, konsa tou Lasonpsyon l inogire lasonpsyon limanite nan Bondye. 

 

5. Nou selebre nan fèt Lasonpsyon 4 reyalite fondamantal nan finisman lavi Mari sou tè a : nou selebre lanmò li menm si li te fèt san peche, mari mouri tankou tout moun menm jan Jezi te mouri tout bon. Men lanmò sa pote lavi, li tounen yon pasaj pou Mari antre nan lavi. Mari tankou tout bon patizan Jezi Kri fè Pak li, li pase nan lanmò pou ale nan lavi. Kòm tout kreyati imèn, Mari te janbe, li te mouri nan kò fizik li. Nou selebre rezireksyon : se Mistè pak Kris la ki akonpli pou Mari. Jezi mouri li resisite. Tout moun ki pran menm chemen avèk li gen pou mouri e pou yo resisite. Mari se premye nan tout sila yo ki te pran menm chemen ak Jezi. Limyè solèy ki pap janm fini an klere pou Mari. Bondye resisite Jezi antan l delivre l anba doulè lanmò, paske li pat posib pou lanmò a te kenbe Jezi anba pou pouvwa l (cf. Ac 2, 24). Se menm bagay la ki aplike pou Mari. Lanmò a pa kapab kenbe Mari anba pouvwa li. Nou selebre antre ak kouwònman Lavyèj Mari nan syèl la. Jezi pran Manman l avèk li nan laglwa e li kouwone l kòm Rèn syèl la ak tè a. Jezi te di patizan l yo, « Lè ma fin pati al prepare plas pou nou, ma retounen, e ma mennen nou bò kote m, paske kote m ye a, se la pou nou ye tou » (Jn 14, 3). Mari se premye ki jwenn pa li nan pwomès sa paske li se sila ki toujou « koute pawòl Bondye epi aplike l nan lavi li » (Lc 11, 28). 

 

6. Depi byen bonè kretyen yo te reflechi sou plas Mari genyen nan lafwa yo. Tousuit, yo te kòmanse selebre dènye moman yo nan lavi Mari, tankou yo te konn fè l pou sen yo. Men akoz karaktè inik koperasyon Mari nan mistè delivrans la, gen yon kwayans ki gaye : « andòmisman ou byen dòmisyon Mari » sa vle di « Bondye fè Mari antre nan syèl la ak tout kò li ak tout nanm li ». Mo ki parèt pi klè se « elevasyon ». Nan ane 1950, pap Pi XII te pwopoze yon definisyon ki pi kòrèk. Li te di : « La Vierge immaculée, préservée par Dieu de toute atteinte de faute originelle, ayant accompli le cours de sa vie terrestre, fut élevée corps et âme à la gloire du ciel, et exaltée par le Seigneur comme la Reine de l’univers, pour être ainsi plus entièrement conforme à son Fils, Seigneur des seigneurs, victorieux du péché et de la mort ». (Conséquences : 1. L’union physique de Marie avec Jésus : à cause du mystère de l’Incarnation ; 2. L’union morale de Marie avec Jésus : li patisipe nan lit kont fòs mal la…). 

 

7. Souvan yo asosye Asonpsyon Mari ak Asansyon Kris la. Nou ka konprann sa paske mo yo sanble e toulede gen koze « monte nan syèl nan laglwa Bondye ». Poutan, li enpòtan pou nou fè yon ti rete sou de mo sa yo « Asonpsyon », « Asansyon ». Yo pa soti nan menm rasin. « Asonpsyon » pa soti nan vèb « ascendere » (monter, s’élever) ki bay « Asansyon », li soti pito nan vèb « asumere » (assumer, enlever). Lè nou gade byen, etimoloji mo « Asonpsyon » an montre kouman sak rive Mari aprè dènye moman yo nan lavi l, se Bondye ki pran inisyativ la. Mari pa monte nan syèl ak fòs ponyèt li, se Bondye ki chwazi pran l bò kote l kò ak nanm, antan l fè l fè youn ak Pitit li a san l pa tannn rezireksyon final la puiske li te toujou fè youn ak Pitit li nan lavi sou tè a : « sa Bondye mete ansanm pèsonn pa gen dwa separe l ». Nan sa kap tann nou nan finisman tan an, Mari pran devan pou ankouraje nou pou nou kouri dèyè kouwòn lavi ki pap janm fini an. 

 

8. Sè m ak frè m yo, nan fèt jodi a, nou selebre Mari kòm sila ki « transfigire » : li nan laglwa Bondye pa sèlman ak nanm li, men ak tout kò li ki plen bèlte. Nan Mari, Kris la konfime pwòp viktwa pa l sou lanmò. Nou menm tou, nou dwe fè tankou Mari : koute sa Bondye di nou epi mete yo an pratik nan lavi nou. Pou nou vin pi bon kretyen, pou nou toujou fè yon sèl ak Kris la, pou nou tounen patizan kè poze, pou nou pa tounen moun kap nourri divizyon, k ap divize moun ak moun, kap manipile moun pou fè sa ki pa sa, pou kreye eskandal nan mitan nou ; men pou tounen moun kap transmèt lafwa nan jan nou bay temwayaj moun ki gen lafwa, moun ki kite Levanjil la travèse lavi yo tout bon vre, moun ki pap chèche enterè pèsonèl, moun yo pa koupe lonbrit yo ak lajan, pouvwa ak plezi, moun k ap ede lòt moun rankontre ak Jezi. 

 

9. Fèt jodi a dwe ranfòse konfyans nou nan entèsesyon Mari : li toujou disponib pou l « gide epi soutni lesperans nou, nou menm ki nan chemen toujou, kap mache nan chemen syèl la ». An nou mande l ede nou travay pou bati kominote nou nan lapè ak nan renmen, pou li ede nou disparèt tout koz divizyon nou yo, pou tout sa kap jennen nou disparèt. Se pou Bondye, pa lantremiz entèsesyon l, fè nou toujou rete atantif sou bagay syèl yo pou nou pataje laglwa l yon jou. Terminons avec cette hymne à la Vierge Marie écrite par Jacques de Saroug au 6e siècle :

Bienheureuse est-elle : elle a reçu l’Esprit qui la rendit pure et immaculée ; elle est devenue le temple où habite le Fils des célestes hauteurs.

Bienheureuse est-elle : elle a gardé la couronne merveilleuse de sa virginité, et sa gloire brille à jamais.

Bienheureuse est-elle : sans connaître les unions humaines, elle peut sans confusion contempler son Fils comme les autres mères.

Bienheureuse est-elle : son corps demeura sans tache, et fût glorifié par le tendre fruit de sa virginité.

Bienheureuse est-elle : les limites de son sein ont connu la grandeur s ans limites, qui remplit les cieux sans qu’ils puissent la porter.

Bienheureuse est-elle : elle a pu nourrir de son lait celui qui a donné la vie à tous les mondes.

Bienheureuse est-elle : car tous les saints doivent à son Fils leur félicité. Béni est le saint de Dieu qui a germé de ta pureté ! Amen. 


Pè Diesel PHAT

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE