Fèt Nòtredam de Loud, pawas Gran Basen.

Omeli pou lavèy fèt Nòtredam de Loud, pawas Gran Basen
1. Frè m ak sè m yo, pèleren ki soti toupatou,
Nou di Bondye mèsi pou rasanbleman lafwa sa nou te kòmanse viv depi nan pawas Tèrye Wouj jis rive isit la kote n ap selebre Lekaristi aswè a nan okazyon fèt Nòtredam de Loud, patwòn pawas Gran Basen. Nou konnen sa ki te pase nan finisman ane 2019 la isit : pawas la te viv moman difisil lè yo te kraze toulède estati Manman yo nan Gwòt la. Sa te fè fidèl yo ak anpil moun lapenn. Men aswè a, se kè kontan. Nou sot fè pwosesyon ak yon nouvo estati Lavyèj. Nou te simen nan tristès, men nou rekòlte nan kè kontan. Nou di bravo pou Bondye, lwanj ak konpliman pou li. Pitit Manman Mari yo janm pèdi batay. Yo se wozo, yo mèt pliye jis atè y ap drese kan menm. 
2. « Fè tout sa l di nou » (Jn 2, 5). Si gen yon kote pawòl sa Mari te di nan Nòs Kana a aktyalize ak fòs aswè a, se isit nan Gran Basen. Aswè a, Gran Basen tounen Kana, e Kana tounen Gran Basen. Kana nan yon mo grèk vle di : « l’endroit des roseaux ». Se yon vilaj ki toupre Nazarèt, anviwon 8 kilomèt. Se la, sou demand Manman l, Jezi fè premye mirak li, dlo tounen diven. Li bay bon kalite diven an an kantite. Nan mirak sa, sen Jan montre nou sa ki pwojè santral Levanjil la : bay lavi an kantite, lavi nètale : « Mwen menm, mwen vini pou yo gen lavi, pou yo genyen l pou piyay » (Jn 10, 10). Se Jezi ki vin ban nou lavi nètale nap chèche a. Men, pou sa rive fèt, fòk nou fè tout sa Jezi mande nou. 
3. Kisa Jezi mande nou ? Li rezime l pou nou antan l di : « renmen Bondye ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w, ak tout fòs ou. Epi, renmen pwochen w tankou tèt pa w » (Mk 12, 30-31) oubyen « Mwen ban nou yon kòmandman tounèf : Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, se konsa nou menm tou pou nou youn renmen lòt. Se nan sa tout moun va rekonèt nou se patizan m, si nou youn renmen lòt » (Jn 13, 34-35). Kana tounen Gran Basen, e Gran Basen tounen Kana. Lavyèj Mari la. L ap gade, l ap pote swen, l ap konseye, l ap entèsede, l ap konsole. Paske Nòs Kana a senbolize alyans Bondye fè avèk limanite ki akonpli nan Jezi Kri grasa lanmò l ak rezireksyon l. Aswè a, se yon reyalite nòs n ap viv. Jezi ap fè dlo tounen diven. Bèl imaj Lekaristi ! Se sa n ap selebre kounya menm kòm yon avan gou bèl Nòs ki gen pou selebre nan dènye jou a : Nòs ti Mouton an. Sa vle di, Alyans Jezi Kri ak Legliz li a : « Se pou kè nou kontan ! Se pou nou kontan anpil ! Se pou nou ba li glwa ! Paske men nòs Ti Mouton an, epi Madanm li fin pare » (Ap 19, 7). Nan chak Lamès nan moman pou nou resevwa Lakominyon an, prezidan selebrasyon an di : « A la chans pou moun sa yo Jezi envite vin manje nan manje sa » e nan Liv Apokalips la sen Jan rapòte : « Epi li di mwen : Ekri : A la chans pou moun sa yo, yo envite nan resepsyon nòs Ti Mouton an » (V. 9).
4. Aswè  a, nou vin bwè bon kalite diven, diven lagras. Paske patisipasyon Jezi nan nòs Kana a ak nan repa a montre renmen li gen pou lavi, renmen ak lajwa ki abite kè li, renmen ak lajwa li vin separe ban nou. Men tou, tankou Pwofèt yo te toujou anonse sa, nòs ak abondans diven se siy ak akonplisman pwomès Bondye a : Delivrans la rive pou nou ! Delivrans la nan mitan nou ! Tankou Lavyèj te òdone Bènadèt pou l al bwè nan sous Masabyèl la, nou menm tou aswè a, nou vin bwè nan sous dlo kap koule isit nan Gran Basen. Sous dlo sa, se Jezi Kri, Sous ki bay lavi a. Lè pou Moyiz te konvenk Farawon an pou l te kite pèp Izrayèl la pati, li te fè dlo flèv Nil la tounen san (Ex 7, 14-25). Nan mirak nòs Kana a, Jezi prezante kòm nouvo Moyiz. Li se sila ki sakrifye tèt li pou nou. Li se sila ki nouri nou ak pwòp san li (Le Christ est notre Pélican). 
5. « Fè tout sa l di nou ». Pawòl sa, Mari adrese l bay nou tout ki vini isit la an pèleren an kominyon avèk tout pakèt moun ki rasanble a Loud jodi a pou selebre 158e aparisyon Lavyèj Mari devan Bènandèt nan Gwòt Masabyèl la. Pawòl sa tou, se pou tout moun ki malad. E nan mitan nou, nan peyi nou gen anpil malad. Maladi tout kalite : maladi fizik, sichik, sikolojik, moral, espirityèl. Nap viv nan yon sosyete kote moun pa respekte moun, moun ki di e fè sa yo vle sou moun pou denigre, pou sa l repitasyon, pou touye antan yo bliye pwovèb kreyòl la ki di madichon ou bay bèlmè w se manman ou li rive. Lavyèj te mande Bènadèt pou l bo tè a an siy penitans  pou pechè yo. Frè m ak sè m yo, gen anpil moun ki mechan, gen anpil moun kap fè konplo sou do lòt pou detwi, li te mèt se ak lang yo. Men tou, gen anpil moun ki bon moun, anpil moun ki konn renmen, ki pap chèche antre nan sak pa sa. E nou konnen chemen bon moun yo se nan syèl l ap mennen yo. Nou bezwen fè penitans, mande Bondye padon pou tout moun k ap fè lòt moun soufri, tout moun ki mete rad bon moun sou yo e poutan se lou yo ye. Pou tout moun kap chèche detwi frè ak sè yo poutèt jalouzi ak lanvi ki plen lestomak yo, kè yo ak tèt yo. Nou dwe sonje lapriyè pou yo nan gran jou fèt sa. Nou dwe lapriyè pou pwòp konvèsyon pa nou ak konvèsyon pa yo : Padon Granmèt pou tout krim ki fèt nan peyi nou an ak nan Lemond antye. Padon pou tout moun ki kite lanbisyon ak jalouzi fè yo pèdi moral yo, padon pou tout vyolans ki fèt sou timoun ak granmoun ki pa ka defann tèt yo, padon pou tout lachte nou yo ki fè nou konplis pafwa lè nou pa gen kouraj pou denonse mansonj. Padon Granmèt pou peche lògèy ak pretansyon. Tanpri, ban nou imilite (humus=glaise). Fè nou sonje nou se pousyè tè a. 
6. Lavyèj Mari akeyi nou e kondui nou bay Jezi. Li louvri kè manman li a yon fason patikilyè bay malad yo e tout moun k ap travèse moman difisil nan lavi yo. Li envite yo, li envite nou pou nou vire je nou gade Kris la, gade sila ki di : « Vini jwenn mwen, nou tout k ap redi, k ap pote chay, epi, mwen, m a fè nou repoze » (Mt 11, 28).  Nan okazyon 28e jounen mondyal malad yo, li bon pou nou tande Lavyèj Mari kap envite nou pou nou koute Pitit li a. Paske, an reyalite, se bò kote Pitit li Jezi li toujou voye nou. Li pa pran plas santral. Li la pou voye je sou nou e kondui nou bay Jezi, Sous delivrans la. Lavyèj envite nou pou nou chanje kè nou, pou nou konvèti, pou nou kase tèt tounen vin jwenn Jezi, pou nou tounen jwenn amitye li, pou nou koute Pawòl li, pou nou viv dapre Lespri li a, pou nou fè volonte Papa a nan tout reyalite lavi nou. 
7. « Fè tout sa l di nou ». Mari kapab adrese nou pawòl sa paske li menm, li se premye moun ki te mete l an pratik. Li te toujou koute epi fè volonte Bondye nan lavi li. Se pousa, mwen envite nou pran l lakay nou, fè l konfyans, lap mennen tou dwat bay Jezi. Li se wout ki asire pou nou rive jwenn Jezi. An nou mande l fè nou toujou panche zòrèy nou pou nou koute Jezi epi fè tout sa l di nou fè nan lafwa ak obeyisans. Salve, salve, salve Regina ! Vin pote nou sekou, nou menm pòv pechè. Ban nou imilite pou nou chanje fason nap viv la, ban nou kouraj pou nou fè penitans. Kondui nou bò kote vrè Sous lavi a, Jezi Kri li menm ki vivan pou tout tan. Amen.
Pè Diesel PHAT

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE