Omeli pè Diesel PHAT pou fèt Nesans Manman Mari.

Omeli pè Diesel PHAT pou Fèt Nesans Manman Mari
Patwòn pawas Monben
Dimanch 8 septanm  2019

1. Jodi a, antan nou rasanble pou selebre rezireksyon Kris la, Granmèt nou an, nap onore nesans Lavyèj Mari, Manman Bondye nou an ak Granmèt nou Jezi Kri. Li se pòt Bondye pase pou li kapab antre sou tè a, pou l antre nan pwòp reyalite nou. 

2. Mari se pòt syèl la tankou nou envoke l nan litani sen yo. Pakèt aparisyon l yo ak divès non nou ba li yo montre sa. Aksyon Lavyèj Mari anvè nou devlope e fè reyone matènite li. Li se Manman tout bon. Nou eksprime sa tou nan divès chante nou chante pou li, pa egzanp : « Nou salye w Manman NotreDam, Manman Jezi ki sove n, Manman delivransou ye. Nou salye w Manman NotreDam, Manman ki toujou pote n sekou ». Se paske Mari te tounen Manman nou lè nou te batize ki fè li kapab entèsede pou nou san rete bò kote Pitit li. Alò, antan nap fete anivèsè l jodi a, nou vin montre l afeksyon, rekonesans ak devouman nou gen pou li. Nou vin di l nou renmen l e nou vle montre l sa ak tout kè nou ak tout angajman nou. Nou vin renouvle pwomès nou avèk li, nou vin mete nou anba pwoteksyon li : fanmiy nou yo, pitit nou, pawas nou, dyosèz nou, peyi nou pou l ede nou konbat tout move zè ki anpeche lavi boujonnen tout bon vre. Fò nou rekonèt sa, move zè yo tout kote : yo nan tout kouch sosyete a e yo nan Legliz la tou. Nou vin mande Manman ede n derasinen move zè sa yo pou kè poze kapab blayi nan mitan nou, pou Wayòm Bondye ka bonjounen tout bon vre nan pwòp reyalite nou. Li se Manman kè poze. Nou vin konfye l tou maten an, avni peyi nou an ki enkyete nou anpil. Nan peyi sa gen anpil moun kap fè bon bagay, ki renmen l e ki vle wè l devlope (nou di Bondye mèsi pou yo), men konsa tou gen anpil move moun kap detwi l, kap sal repitasyon l, ki wè pwòp tèt yo sèlman, ki pran l tankou yon kwen kote pou fè lajan sèlman, men pa yon peyi pou yo kontribye pou fè devlope ni chanje kondisyon lavi malere yo (nou mande Bondye padon pou moun sa yo e nou mande l chanje kè yo).  Se pou pwoteksyon NotreDam tonbe sou peyi nou an ki konsakre ba li a. 

3. Frè m ak sè m yo, apre Jezi, se Mari ak Janbatis sèlman Legliz la fete nesans yo an rapò avèk mistè delivrans la, an rapò avèk nesans Jezi li menm. Nap rete sou nesans Mari ki konsènen nou nan selebrasyon jodi a. Nesans Mari gen sans li nan nesans Jezi li menm. Mari fèt pou Jezi te kapab fèt nan li. Si Jezi se solèy delivrans la, Mari se bajou a, se devanjou an. Se nan li Sovè tè a pran nesans. Se Pitit la ki bay nesans Manman an tout sans li. Mari fèt sou tè a pou yon misyon byen espesyal : pou l vin Manman Jezi, pou l vin Manman Bondye. Se pousa nou konn chante : « Mari Manmnan nou, nou vini jwenn ou, nan w nou twouve Jezi, lè nou va rive, sanble avèk ou, Jezi va nan nou anplen ». Si nou rive sanble ak Mari, Jezi ap nan nou anplen, paske li anplen nan lavi Mari. Mari pa sèlman kanal kote lagras la pase pou vin jwenn nou, men tou li se veso ki plen ak lagras la. Sa vle di, se sa li resevwa nan men Jezi nan pwòp reyalite lavi li, li pataje avèk nou, li transmèt ba nou. Se sak fè li kapab pote nou sekou, se sak fè li kapab entèsede pou nou. Se sak fè li se Manman paske trezò kè li se nan Jezi Pitit li a. 

4. Nan Jerizalèm, yo selebre nesans sa nan bazilik Sent Àn, manman Lavyèj Mari, nan direksyon nò Tanp la. Rezon an sèke, Jwachen, papa Mari te konn okipe mouton ki te sakrifye nan Tanp la e se nan pòt nò Tanp la yo te konn rasanble tout mouton sa yo. Men rezon ki pi pwofon sitiye nesans Manman Mari nan direksyon nò mi Tanp la poutèt nan lane 735 anvan Jezi Kri, Jerizalèm ak Damas te vle fè lagè (cf. Iz 7) ; pou pran devan, wa Jerizalèm nan ranfòse mi ki nan fasad nò kapital li a (paske se nan nò lènmi an ap rive) ; Bondye prete bouch pwofèt Izayi pou li mande l viv nan lapè : li di wa Akaz : « Atansyon, kalme w » e li anonse yon siy e wa a refize : « Jenn fi ki vyèj la pra l fè yon pitit gason ya rele l Emanyèl ki vle di : Bondye avèk nou » (Iz 7, 14). Se sa zanj Bondye a te fè Jozèf sonje. E se pousa yo fè memwa fanm sa, devanjou delivrans la (l’aurore du salut), nan kote mi ki nan direksyon nò Tanp la te ye a, paske li se ranpa, li se fòs pèp li a. Mari se ranpa nou, li se fòs nou, li se pwotekris nou. Li se gadyèn vil ak pawas Monben. Lap veye sou tout pitit vil la ak pawas la. Moun Monben, me Manman nou, tankou sen Jan, mwen envite nou pran l lakay nou. Lap veye sou nou, lap pote nou sekou : « Lasent Vyèj Mari, pote nou sekou, nou renmen Bondye, se li nou vle swiv, me Satan jalou, vle pèdi nanm nou, ede nou tout tan nape viv. Nou konnen ou kapab, fè tout favè pou nou, inosan kon koupab ap gade sou w ». 

5. Siy wa Akaz te refize akeyi nan tan pa l la se yon fanm, men nou kapab di se menm bagay la pou gwo zotobre yo kap dirije nan mitan pèp yo, sa vle di yon siy imilite ki pa mache kole ak lògèy, ak sifizans. Dayè mo imilite a soti nan mo laten humuski vle di labou, tè. Menm si w gwo chèf, sonje w se pousyè tankou tout lòt moun, pa gonfle lestomak, pa fè lòt moun soufri, fè moun dibyen paske yon jou tout bagay gen pou fini. Humus, imilite, nan tout bagay fè kò w tou piti. Sonje w frajil, se nan tè a ou soti e se Bondye ki mete souf lavi li nan twou nen w. Sonje diyite lòt frè ak sè w yo. Sonje chèche enterè lòt yo, sonje bay Bondye premye plas. Pa kouri dèyè enterè pèsonèl ou. Lè w panse w wap genyen plis, enben wap pèdi plis. Bondye pa danse kole ak moun ki egoyis. Lavyèj Mari ban nou egzanp moun ki renmen enterè tout moun. Li se modèl tout moun kap chèche fè lòt moun viv nan kè kontan ak nan kè poze. Sa fè nou sonje pawòl sa yo Pap Franswa te ekri pou G 20 (19 peyi + linyon ewopeyèn kote minis chèf bank santral ak chèf leta yo reyini chak ane) li te di yo : « Pa chèche enterè nou ; koute vwa konsyans nou ; gade lòt la tankou yon frè ; pran chemen rankont ak negosyasyon avèk kouraj ak detèminasyon antan nou refize tout opozisyon avèg » ; « Ne cherchez pas votre intérêt ; écoutez la voix de votre conscience ; regardez l’autre comme un frère ; entreprenez courageusement et résolument le chemin de la rencontre et de la négociation en refusant les oppositions aveugles ». Pawòl sa yo se pou nou tout ayisyen jodi a, se pou nou tout ki gen gwo reskonsablite nan gouvènay peyi a, se pou nou tout ki gen reskonsablite gide konsyans pèp la, se pou nou tout kretyen yo, se pou nou tout gason ak fi ki gen bòn volonte : pou nou travay pou yon chanjman radikal nan peyi a, pou nou travay pou jistis, lapè ak kè poze. Fèt nesans Manman Mari ap montre nou kouman Bondye konte sou nou, li vle nou tounen kolaboratè li pou byen tout moun. Si nou pa deside travay avèk li, se zafè pa nou nap regle. Nan tout bagay, se pou nou sonje gen Bondye. Fèt jodi a montre nou vizaj yon Bondye ki bezwen nou, tankou li te bezwen yon Manman pou Pitit li. Pa fè enteresant ak Bondye. Tankou Lavyèj Mari, kolabore avèk li nan imilite, senplisite ak lespri sèvis. Se li kap ban nou lagras pousa, se li kap prepare nou pou sa. Se pou Lavyèj Mari fè nou grandi nan limyè laverite a e se pou l toujou pote nou sekou. Se pou l sonje kominote nou an, se pou l sonje Ayiti e se pou l pwoteje nou tout tan. Amèn. 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE