Omeli pè Diesel PHAT pou fèt Sent Elèn, patwòn pawas Karis, 18 out 2019
Omeli pè Diesel PHAT pou fèt Sent Elèn, patwòn pawas Karis
18 out 2019
1. Jodi a se dimanch, jou kretyen yo, jou nou rasanble pou nou fè lwanj ak konpliman pou Granmèt la, jou pou nou sonje Pak Kris, Granmèt nou an. E nan okazyon sa, n ap fete nesans Sent Elèn nan syèl la, sa vle di jou li te mouri a, swa yon 18 out 329. Legliz la ban nou l pou modèl, li menm ki patwòn pawas Karis. An reyalite, selebre fèt sen yo nan jou yo te mouri a gen yon rezon teyolojik majè. Pwiske avèk lanmò yo, pelerinaj lafwa yo tap fè sou tè a rive nan bout li. Nan lanmò yo, yo fè pwòp pasaj yo ak Kris la. Yo pran nesans nan syèl la. Mèvèy fèt Pak la akonpli pou yo nètale. Kidonk, nou rekonèt, atravè egzanp lavi Sent Elèn, Jezi se vrè chemen an. Pou nou rive sen nou menm tou tankou Elèn, fòk nou pran chemen Kris la te trase pou nou an, chemen Pak la, chemen rezireksyon an. Paske, nan lanmò ak leve byen vivan Kris la, Bondye Papa a « fè gen yon foul pitit limyè ki leve kanpe pou lavi ki pap janm fini an » e se li « ki vin louvri pòt syèl yo pou fidèl yo kapab antre » (2eprefas paskal la). E se Bondye li menm ki montre jan li ekstrwòdinè paske se li ki Sèl Sen. Li fè moun li kreye a patisipe nan pwòp lavi pa li. Nan sans sa, sen yo se sekou ak modèl pou frajilite nou (prefas fèt tout sen yo).
2. Se pousa, nan fèt jodi a, nou vin di Elèn nou bouke, nou vin mande l ede nou pote kwa nou, pou nou ka rale yon souf. Men tou, nou vin mande l ede nou wete tout vye kwa nou mete sou zepòl nou ak sou zepòl frè ak sè nou yo : kwa lanbisyon, kwa veye zafè moun, kwa tripotay, kwa politik souse manmèl ak tout vye atitid ki rann nou parese e ki anpeche nou travay pou nou devlope kominote nou, peyi noua k Legliz nou. Peyi nou an, sosyete nou an, kominote nou an, gen twòp moun ki di se relijye yo, gen twòp moun ki di se kretyen yo ye, twòp moun kap lapriyè pou nou nan eta sa. Sanble nou manke mete ekilib, nou manke marye lafwa a ak zèv la, lapriyè a ak aksyon ki kòrèk la. Nan plas vye kwa sa yo, nou vin pran kwa Jezi a, kwa liberasyon an, kwa renmen yonn pou lòt la, kwa kraze lenmi a, kwa pèseverans ak angajman an pou nou travay pou Wayòm Bondye a kòmanse parèt aklè tout bon vre nan mitan nou.
3. Se ak konviksyon lafwa sa n ap selebre fèt sent Elèn jodi a. Li menm ki te kite Lespri Bondye a kondwi li e fè li tounen yon moun debyen. Li te chèche viv lavi li ak misyon li nan imilite. Elèn te fèt bò lane 249. Non li soti nan yon mo grèk « Helénē » ki vle di « bèlte solèy la ». Non an ale avèk li. Elèn te yon bèl fi. Li pat rich nan kòmansman. E selon temwayaj sen Ambwaz (340-397), li te konn travay nan otèl anvan li te vin plase avèk Konstans Flò ki te gwo chèf nan anpi women an. Lè Dyoklesyen fè Konstans Flò tounen jeneral nan anpi wòm nan, li te fè l ranvwaye Elèn pou l te marye ak Teyodora, pitit fi Maksimyen Èkil ki te gwo chèf tou nan menm epòk la. Lè Konstans Flò mouri nan lane 306, yo mete pitit gason l Konstanten li te fè ak Elèn anperè, e Elèn vin plen ak onè, li vin enperatris e pitit li konstwi yon palè pou li nan vil Trèv.
4. Elèn vin kretyèn e li pat bouke lapriyè, li pat bouke mete tout sa l te genyen nan sèvis pòv yo ak moun yo te abandone yo. Li te fè pelerinaj nan peyi Palestin nan lane 326 e li te vizite tout lye sen yo kote li te dekouvri rès kwa yo te kloure Jezi a. Se li ki te fè konstwi bazilik Mondèzolivye ak bazilik Bètleyèm. Antan l tap vizite lye sen yo, Lespri Sen an te enspire l pou chèche bwa lakwa Kris la. Li te pwoche bò Gòlgota a e li te di : « Men kote konba a te fèt la ; kote viktwa ? Map chèche siy delivrans la m pa wè l ». Li fouye tè a, e li jwenn 3 kwa anpile youn sou lòt ranblè te kouvri akoz lenmi a te kache yo. Men triyonf Kris la pa ka rete kache. Yo pa pa kapab bliye l. Elèn twouble, li ezite. Lespri Sen pouse l aji e li sonje te gen 2 lawon ki te kloure ansanm avèk Granmèt la. Li tonbe chèche pou jwenn vrè kwa Kris la. Li vin sonje dapre Levanjil la, sou tèt kwa Kris la, yo te ekri : « Jezi moun Nazarèt la, wa juif yo », se grasa tit sa li idantifye kwa Kris la (sen Ambwaz).
5. Li te mete l bò kote Konstanten pitit li pou wete kretyen yo anba gwo pèsekisyon ki tap peze lou sou do yo. Li te respekte pòv yo e li travay pou ba yo jistis. Li te pran swen yo ak anpil renmen. Fè moun dibyen, se te kè kontan Elèn. Tout moun te anvi viv bò kote l. Li te viv senp, kòm enperatris, li pa t pran plas enpòtan nan mitan pèp la lè li vin legliz. Li te chita kou tout fidèl. Li pat pran plas donè. Yon konduit konsa, se nan Levanjil la li soti. Elèn se te yon pasyone pou Levanjil la. Se sèten, li te konn medite pawòl sa yo Jezi te di : « Si yon moun vle vin dèyè m, se pou l renonse pwòp tèt li, pou li pote kwa l, pou li suiv mwen. Si yon moun vle sove lavi l, lap pèdi li. Sa ki pèdi lavi li pou mwen, lap jwenn li. Sa sa sèvi yon moun pou li gen tout tè a, si li pèdi lavi li ? Pitit moun nan gen pou l vini nan glwa Papa li, ansanm ak zanj li yo. Lè sa a atò, lap renmèt chak moun dapre sa li te fè » oubyen pawòl sa yo ki soti nan bouch sen Pòl : « Pou mwen menm, pa gen vante tèt ditou, si se pa nan kwa Granmèt nou Jezi Kri ».
6. Frè m ak sè m yo, se Bondye n ap louwe, fè konpliman, di li mèsi pou zèv yo sent Elèn te reyalize grasa favè li te fè li. E fèt patwonal nap selebre a, se selebrasyon lafwa nan Bondye ki fè Jezi Pitit li a leve vivan soti nan lanmò e ki fè tout moun ki pran menm chemen avèk li rive kote lap kòmande a. Omaj nap rann sent Elèn, se fwi mistè paskal Kris la. A travè sent Elèn n ap selebre jodi a, se Jezi nou vin fè rankont avèk li nan koute Pawòl la ak nan selebre lekaristi a. E sa ankouraje nou nan wout lavi a. Paske, lè nou sonje foul moun sa yo k ap sèvi Bondye temwen, « nou gen plis kouraj pou nou kouri dèyè kouwòn ki pap janm fini a » e lè nou gade temwayaj lavi yo, « nou vin pi fò » e sa fè nou wè kouman Bondye renmen nou. Se sa nou dekouvri nan fèt jodi a atravè egzanp lavi sent Elèn e se pou sa tou nap di Bondye mèsi pou egzanp li kap chofe nou e pou lapriyè li kap ede nou travay pou Wayòm li a.
7. Se pousa, nou dwe kite mesaj Levanjil la ak temwayaj lavi sent Elèn make nou pou nou tounen moun kap travay pou lavi boujonnen. Tankou sent Elèn te fè, nou bezwen disène aksyon nap poze kòm kretyen, kòm reskonsab, pou fè peyi nou, kominote nou, Legliz nou pi bèl epi soulaje mizè frè ak sè nou yo. E lè nou rive fè sa ak tout kè nou, pèp Bondye a ap jwenn moso kè kontan ak soulajman. Paske jounen jodi a, bagay la di anpil. Mizè a vin pi rèd. Nou bezwen montre fòs lafwa nou. Nou se pèp Bondye, lafwa nou se fòs nu, se pou chèche rasanble tout moun nan kè poze. Se pou nou chèche soulaje mizè pòv yo o non lafwa nou. Sent Elèn te genyen renmen nan kè li pou tout moun. Atèl pwen, lavi li jwenn eko nan Levanjil nou sot koute a ; li pat pè pote kwa li chak jou, yon kwa sèvis ak renmen. Li pat neglije zafè sosyete a ak zafè lafwa a, li te angaje l bò kote pòv yo pou yo te jwenn lavi.
8. Frè m yo, sè m yo, egzanp lavi sent Elèn, se yon gwo egzanp pou nou.
- pou nou pa dekouraje, pou nou pa pè angaje nou pou chanje lavi nou, chanje sosyete kote n ap viv la. Paske Bondye mete richès li nan nou menm. An nou mete men pou nou konstwi peyi a, kominote Karis la, Legliz nou, pawas nou. Pa kite moun gaspiye kado Bondye mete nan men nou. Pa tonbe nan sa kap degrade nou. Leve tèt nou, nou menm kretyen yo, nou se fòs chanjman pou yon lòt Ayiti, nou se fòs chanjman pou yon Legliz ki pi misyonè e pi solidè ak moun e kèlkeswa moun nan. Se pousa, nou bezwen bon jan kretyen katolik ki onèt ki pou angaje nan zafè politik peyi a, nan zafè devlopman kominote a pou limyè Levanjil la ak lafwa a tounen yon fòs kap transfòme sosyete a. Si jodi a nou bouke, se paske nou manke angaje ase, oubyen se paske nou bay chat veye bè. Nou manke pran konsyans nou se sèl ak limyè tè a, se paske nou kite anpil fwa, pitit fènwa yo pi entèlijan pase nou. Pou nou rale yon souf, nou bezwen tounen leven kap leve pat sosyete a. Nou bezwen pran chemen konvèsyon epi plis kolabore pou chanje sak merite chanje, pou nou divòse ak mantalite chak koukouy klere pou je l, pou nou adopte pwovèb ki di « men anpil chay pa lou », « yon sèl dwèt pa manje kalalou », « si gen pou youn, gen pou de », « vwazinay se fanmiy » e sitou pou nou pa bliye sa : « Pou nou pwogrese, fò n mete tèt ansanm, pou youn soutni lòt nan tout sa lap fè ki byen ».
- Sent Elèn ban nou egzanp fanmiy kap bay pitit yo bon jan edikasyon pou yo vin bon sitwayen ak bon kretyen, kap aprann yo renmen peyi yo, renmen kominote yap grandi ladan l. Aprann yo viv valè moral ak kretyèn yo, pou yo tounen sitwayen ki onèt, ki pa delenkan e ki renmen pwogrè pou frè ak sè yo.
- Sent Elèn aprann nou sa sa ye lespri sèvis, pou nou chèche fè sa ki byen, pou nou renmen san ipokrizi, pou nou youn pran swen lòt epi aji ak dousè.
9. Nan Lekaristi jodi a, nan okazyon fèt Sent Elèn, an nou mande Bondye ban nou yon kè senp, ban nou kouraj ak disèneman pou nou temwaye renmen li an bay tout moun ki bò kote nou ; pou nou konprann pa gen anyen ki kapab separe nou ak kalite renmen li gen pou nou. Tanpri, Granmèt, fè nou gen yon atansyon espesyal pou Kwa Kris la ki sove nou e pou nou derasinen tout vye kwa ki peze lou sou do nou ak sou do sosyete a ak sila yo ki pi pòv yo. Fè nou tounen vrè disip Jezi. E grasa lapriyè ak merit Elèn, fè nou renmen w san rete antan nap pote kwa nou. Amèn.
Pè Diesel PHAT
Commentaires
Enregistrer un commentaire