Omeli pè Diesel PHAT pou fèt sen Wòk, patwon pawas Gwos Wòch

Omeli pè Diesel PHAT pou fèt sen Wòk, patwon pawas Gwos Wòch
Vandredi 16 out 2019
« Granmèt, ede n kite Jezi antre nan lavi nou, tankou sen Wòk, pou nou kapab pote l bay tout lòt yo »
1. Fete fèt sen yo, se fete renmen Bondye pou tout pitit li yo. Se rekonèt se Bondye ki sèl Sen tout bon vre a, li menm ki kreye nou pòtrè avèk li. Li menm ki bay ras lèzòm nan pataje menm lavi avèk li. Kifè, nan fèt jodi a, atravè lapriyè, litiji lamès la, nou vin fè yon rankont ekstrawòdinè avèk Bondye vivan an. Nou vin ranfòse lafwa nou nan Jezi ki mouri e ki leve byen vivan an. Nou vin chèche konprann pi byen, atravè egzanp lavi sen Wòk, sa Lespri Sen ka fè nan lavi moun, si moun nan louvi kè li nan aksyon li (aksyon Lespri Sen an). Wi, tout sentete se don Bondye, se nan Lespri Sen an sen Wòk resevwa fidelite l nan kòmandman Granmèt la : Renmen Bondye, renmen pwochen l, paske se nan renmen an moun yo ap dekouvri patizan Kris la. Antan nou vin onore sen Wòk kòm figi sentete, nou resevwa apwi ak soutyen pou kondui nou nan rankont ak Bondye. Venere yon sen pèleren tankou sen Wòk fè nou sonje lavi kretyèn nou se yon pelerinaj reyèlman vre. Nou rekonèt, atravè egzanp lavi li, Jezi se vrè chemen an. Pou nou rive sen, fòk nou pran chemen li te trase pou nou an, chemen Pak la, chemen rezireksyon an. Paske, nan lanmò ak leve byen vivan Kris la, Bondye Papa a « fè gen yon foul pitit limyè ki leve kanpe pou lavi ki pap janm fini an » e se li « ki vin louvri pòt syèl yo pou fidèl yo kapab antre » (2eprefas paskal la). E se Bondye li menm ki montre jan li ekstrwòdinè paske se li ki Sèl Sen. Li fè moun li kreye a patisipe nan pwòp lavi pa li. Nan sans sa, sen yo se sekou ak modèl pou frajilite nou (prefas fèt tout sen yo). 
2. Se ak konviksyon lafwa sa n ap selebre fèt sen Wòk jodi a. Li menm ki te kite Lespri Bondye a kondwi li e fè li tounen yon moun debyen. Li menm ki te marye lafwa ak zèv nan lavi li, li menm ki te renmen Bondye ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout lespri li epi ki te renmen pwochen l tankou pwòp tèt pa li atèl pwen, li te rive trape maladi lapès nan pran swen moun malad li te rankontre sou wout li, nan pelerinaj li tap fè. Konsa, yo toujou reprezante sen Wòk ak yon chyen bò kote li ak yon pen nan bouch li, paske se yon chyen ki te konn pote manje bay sen Wòk antan l pote yon pen nan bouch li, pen li te konn pran nan tab mèt li. Yo reprezante l tou ak yon gwo blese nan janb li antan l leve yon moso rad li, paske janm sot di nou an, li te pran maladi lapès nan swaye moun malad yo e se yon zanj ki te vin panse blese l la. 

3. Yon gwo leson pou nou menm kap swiv Jezi, nou menm kap fè pelerinaj lafwa a : chèche viv ak Bondye lap ban nou sa nou bezwen. Wi, a la chans pou moun kap viv ansanm ak Granmèt la, y ap fete tout tan se chans pou moun sa yo, ki konte sou Granmèt la, kap chèche chemen syèl la antan yap travay travay pou chanje lavi moun, pou moun viv nan diyite, pou moun viv ak kè poze. Konsa, si yo nan lapenn, si gen gwo maleng ki tonbe sou yo poutèt lafwa yo genyen an, poutèt byen y ap fè a, y ap vin gen kè kontan, se benediksyon kap tonbe sou yo, yap monte tout tan jous yo wè figi Bondye, paske se li kap pwoteje yo, li ba yo favè l ansanm ak pouvwa li e li pa refize beni moun kap swiv chemen l (Sòm 84) e tankou nou sot chante l nan sòm responsoryal la, lap veye sou tout moun kap sèvi l, tout moun ki met espwa sou kè l ki bon, li pap kite yo tonbe nan lanmò e lap fè yo viv lè gen privasyon. Se sa li te reyalize pou sen Wòk e se sa lap reyalize pou nou chak ki vin selebre viktwa Kris la sou lanmò nan bèl selebrasyon litjik jodi a nan okazyon fèt nesans sen Wòk nan syèl la. 

4. « Se ak zèv yo moun vin kòrèk, se pa ak lafwa sèlman », « renmen Bondye ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w ; renmen pwochen w tankou pwòp tèt pa w ». Sen Wòk, malgre li te fèt nan yon fanmiy ki rich, li te viv tankou pòv e li te devwe pou pòv. Li te chwazi mennen yon lavi peleren e li te pote mwatye nan byen l yo pou pòv yo li te rankontre sou wout. Lòt pati byen yo, li te remèt yo bay yon tonton li e li te pran ladan yo lè l te gen bezwen. Sou wout li, tankou bon samariten an nan Levanjil la, li te pran swen moun ki te kouche plat atè anba maladi lapès ki tap fè ravaj nan tan sa a. Li te gen yon konsiderasyon espesyal pou pòv ak vwayajè yo (dayè li se patwon pèleren yo ak vwayajè yo). Men tou, moun ki blese e ki difikilte pou geri kapab envoke sen Wòk. Lè gen gwo epidemi, yo envoke sen Wòk. 

5. Kisa n ap chèche maten an antan nou vin lapriyè sen Wòk ? Nou vin lapriyè li pou mande l ede nou soti anba tout maladi lapès kap ravaje nou jounen jodi a : soufrans, mizè, sitiyasyon politik peyi a ki pa kòrèk ditou, chagren ki anpare nou, grangou k ap taye banda nan mitan kouch moun ki defavorize yo, vyolans ak rayisans kap vale tèren, lanbisyon ak jalouzi ki fin defigire nou, tripotay, renmen lajan ak plezi twòp eks. Gen anpil moun kap viv nan sosyete a yo mete akote tankou moun ki gen lapès ; e nou jwenn sa nan fanmiy, nan vwazinay, nan gwoup nou yo, nan tout reyalite sosyete a ak Legliz la : gen moun nou rejte, gen moun nou meprize, nou konsidere kòm pa vo anyen, san repitasyon, san diyite, san onè, nou trete yo tankou pèstifere. Nan fèt jodi a, li enpòtan pou n poze tèt nou kesyon pou n mande ki kalite tantasyon ki fè nou meprize lòt moun e ki fè nou pa rekonèt yo tankou frè ak sè nou. 

6. Devan tout bagay sa yo, kite Jezi antre nan lavi nou, tankou sen Wòk, pou nou kapab pote l bay tout lòt yo. Nou bezwen egzòsize demon ki anvayi nou e ki fè nou depafini anba tout fòm maladi lapès ki anviwonnen nou. Se ak pawòl sa yo antan li te trase siy lakwa a son fwon malad yo sen Wòk te konn derasinen demon lapès la : « Se pou Bondye detwi ou, se pou l fè w pati kite kay sa a e se pou l wete w sot sou tè moun ki vivan yo, o non Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an ! ». Èske se pa yon bèl lapriyè pou nou reprann jodi a pou nou kouri dèyè tout demon kap gaye maladi lapès nan lavi nou, nan fanmiy nou yo, nan sosyete nou an ak nan Legliz la ? 

7. Depi sen Wòk fin pwononse pawòl sa yo epi konjire demon an antan l trase siy redanmsyon an sou malad yo, malad yo reprann lavi. Chak fwa li fi n geri malad yo epi pwòpte vil ak vilaj yo anba lapès la, li pati ale nan lòt kote ak menm siksè a paske Bondye te avèk li. Tout vil ak vilaj kote l te pase yo te reprann vi nòmal yo e moun yo te chanje lavi yo paske Wòk te di yo : « Fè penitans, paske se peche nou yo ki lakoz maladi yo ak chatiman Bondye ». Misyon nou kòm kretyen se anonse Levanjil, se aprann moun yo konnen Bondye atravè jan nou menm nap viv, atravè temwayaj lavi nou. Pinga nou detounen pi fèb yo nan lafwa yo, pinga nou eskandalize yo ak move mès nou yo, pinga nou lakoz yo bite nan chemen lafwa a. Nou menm ki rankontre Kris nan lavi nou deja, nou dwe tounen bousòl kap endike yo chemen an ki mennen nan Bondye lavi a. Nan tout sa nap fè pa bliye pwovèb kreyòl la ki di : « Si w pa kapab bay pòv, pa kase kwiy li » ; « Lè w wè zo nan gran chemen, se vyann ki te kouvri l » ; « Ti bèf ki san ke, se Bondye ki pouse mouch pou li ». Bondye ap pran swen malere yo e lap regle ak tout moun kap fè lòt moun soufri, tout moun kap eksplwate lòt moun, kap simen maladi lapès ak lajan, ak pouvwa yo genyen nan sosyete a ak nan Legliz la. 

8. Frè m ak sè m yo, an nou mande Bondye fè nou viv yon lavi moun kòrèk tankou sen Wòk. Pou lagras li antre nan tout lavi nou e pou nou gen kouraj anonse Jezikri bay tout moun san distenksyon. An nou mande l pou l veye sou nou e pou, grasa entèsesyon sen Wòk, pou l pwoteje nou, pwoteje peyi nou an, fanmiy nou yo, Legliz nou an ak kominote pawas nou an kont tout kontajyon yo, kont tout maladi lapès, anpatilye kontajyon, maladi lapès nanm ak kò. Se pou fèt jodi a renouvle anvi nou genyen pou sèvi frè ak sè nou yo, anpatiklye sila yo kap soufri, pou nou tounen misyonè mizerikòd bò kote yo. Amèn.

Pè Diesel PHAT

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE