Tan ak ane litijik pou aktyalize mistè paskal Kris la

Tan ak ane litijik pou aktyalize mistè paskal Kris la

1. Tan nan Labib
Labib la aprann nou kouman se Bondye ki mèt tan an. Se li ki mete l e se li k ap ritme l : se li ki te separe limyè a ak fènwa, antan l kreye lajounen ak lannwit (Gn 1, 4-5). Apresa, li kreye liminè yo nan syèl la pou l separe jou ak nwit epi pou yo sèvi siy ni pou fèt yo ni pou jou yo ak ane yo (Gn 1, 14).
Nou wè, ni syèl la ak tè a, ni moun, yo tout kreye senbolikman nan yon semèn : 6 jou kote Bondye kreye mond la epi yon 7jou li beni, li sanktifye, paske li te repoze apre tout travay kreyasyon an. Se konsa Saba a pra l ye tou nan Ex 20, 8-11). Labib la, se resi entèvansyon Bondye nan istwa yon pèp, pèp Ebre a li te chwazi dekwa pou l te libere l anba peche e fè l vin jwenn li. 
Nan liv Egzòd la, nou jwenn selebrasyon Pak la. Li selebre liberasyon pèp Bondye a ki soti kite peyi Lejip : (Ex 12, 14). Se yon selebrasyon yo fè chak ane ; e li rann prezan nan chak jenerasyon liberasyon pèp la soti nan Lejip. Konsa, litiji a aktyalize epi rann prezan aksyon Bondye yo nan istwa a pou libere pèp li a. 
2. Tan litijik ak mistè Kris la 
Depi nan A.T, tan litijik la toujou an relasyon avèk aksyon Bondye nan istwa moun. E, « lè tan an rive bout, Bondye voye Pitit li a pou nou tounen pitit adoptif » (Gal 4, 4). Pitit sa, sa vle di JEZI, li te reyalize liberasyon an, delivrans la grasa Pasyon, Lanmò ak Rezireksyon l. Se mistè paskal la. Se grasa litiji Legliz la, nou jwenn pa nou ladan l. Kris la prezan nan litiji a. Litiji a se « moman kounya » paske se rankont avèk Bondye : « Sitou, nou konnen tan n ap viv la…..delivrans la pi pre nou pase lè nou te fenk kwè a » (Rm 13, 11). Pak Jezi a akonpli jodi a pou nou chak. Li fè limanite antre nan yon tan nouvo : « Men mwen fè tout bagay vin tou nèf » (Ap 21, 5). 
Legliz la deplwaye pandan tout ane a mistè Kris la ak delivrans nou : « Chak semèn, nan jou li rele jou Granmèt la, Legliz fè memwa rezireksyon Granmèt la li selebre ankò yon fwa chak ane an menm tan ak byenerèz Pasyon li ak gran solanite Pak la. Li deplwaye tout mistè Kris la pandan tout ane a, soti nan Enkanasyon ak Nativite jis nan Asansyon, jis nan Lapannkot e jis nan atant byenerèz esperans ak avènman Granmèt la » (SC 102).
Nou kapab di, ane litijik la se mwayen Legliz la ban nou pou viv mistè Kris la ak delivrans li pote pou nou an chak jou, chak semèn nan yon fason ki koyeran. Nou konnen tout lòt fèt yo ki selebre mistè Kris la vini apre reyalite mistè paskal la. Nati ane litijik la menm se mistè paskal la. Pa egzanp, fèt Nwèl pra l vini pou selebre nesans sila yo selebre rezireksyon l nan fèt Pak la. Konsa, fèt Nwèl tounen yon 2mayon nan ane litijik la. Antouka, tout lòt fèt yo vini bò IVsyèk, pita kalandriye litijik la te pra l vin pi rich ak fèt Lavyèj Mari ak sen yo. 
Nou kapab di, premye enterè ane litijik la se kreye yon ale vini ant tan fò ak tan fèb ; li pwopoze fèt yo antan l separe yo ak tan nou rele « tan òdinè », men ki rele pito « tan diran ane a ». Li kreye yon ritm ki fè nou pa tonbe nan monotoni. Ane litijik la se yon pwogram ki fè gen diferans ki pran nesans : bagay yo pa toujou menm. Pwiske, tankou Paul De Clerck di l : « litiji a selebre aktyalite mistè a ». Se nan dinamik sa ane litijik la fè nou antre. Legliz la òganize l nan tan an pou pèmèt nou selebre aktyalite mistè Bondye a san nou pa fatige. 

3. Selebre ane litijik la, antre nan yon lòt siyifikasyon tan an
3.1 Aks paskal ane litijik la
Tout selebrasyon litjik mete an valè epi selebre mistè paskal Kris la menm si chak fèt patikilyè mete aksan sou yonn nan fasèt li yo. Ane litijik la konbine toulede : episant li se Triduum paskal la ki selebre mistè paskal la an antye, men pandan tout rès ane a, selon yon pwogram ki voye je sou limit kapasite nou kòm moun pou nou antre nan mistè sa.

Tout fèt yo pandan ane litijik la dwe jwenn konpreyansyon yo apati aks paskal la. Menm fèt sen yo, fèt patwonal yo pa kapab selebre san yo pa gen mistè paskal la kòm referans : « Nan anivèsè sen yo, Legliz la pwoklame mistè paskal la nan sen yo sa yo ki te soufri avèk Kris la e ki glorifye avèk li, e li pwopoze fidèl yo egzanp lavi sen sa yo ki atire yo tout bò kote Papa a grasa Kris la, e grasa merit yo li mande favè Bondye » (SC 104)[1].

3.2 Antre nan yon lòt tan
Lavi ki soti nan Bondye a se yon lavi tounèf batize yo resevwa premye kado l yo e litiji a kontinye ane aprè ane, fè grandi. Se jayisman  mistè paskal la nan chak batize yo ki fòme Kò Kris la. Litiji a se kote jayisman sa fèt. Pa konsekan, mistè paskal la se « summum » jayisman sa, jayisman lavi Bondye nan nou. Se sa k fè, viv mistè paskal la se kite tan Bondye a antre nan tan moun nou ye a. Nou kapab di pito, egzistans nou kòm moun jwenn tout sans li nan tan Bondye a, toujou nan yon pèspèktiv eskatolojik. Se nan konpreyansyon sa 6prefas tan òdinè a pouse nou : « Nan viv ou fè n viv chak jou a, nou deja kòmanse lavi ki pap janm fini an. Lespri a ki te fè Jezi leve vivan pami mò yo, nou deja resevwa premye kado li yo, ki ban nou espwa : mèvèy Pak la ap travay andedan nou deja ». Chak jou nan ane litijik la, litiji a gen yon ale vini ant lavi nap viv konya ak lavi ki pap janm fini an. Li montre batize yo kouman pou yo kite mistè paskal la nouri yo. Se tout lavi a ki pote mak prezans Bondye. Se tout lavi kretyen an ki makònen ak reyalite Bondye. Nan lavi sa n ap viv la, tan Bondye a transfigire tan n ap viv la, li transfigire tou aktivite nou yo, se konsa lapriyè madi 2esemèn apre Pak la evoke l :  « Granmèt, fè nou deplwaye nan je tout moun vitalite Kris la ki ranpòte laviktwa sou lanmò : apre nou te fi n resevwa jèm lagras li a, se pou l pote tout fwi yo nan nou menm ». Grasa batèm yo ak inisyasyon yo tout tan nan mistè Kris la, kretyen yo tounen moun ki pote mistè a ki fè yo sa yo ye a, e ki deplwaye nan je tout moun grasa yo menm.
Tout koze ki gade zafè teyoloji ane litijik la chita la : pèmèt fidèl yo viv mistè paskal la depi kounya nan lavi sa an atandan tout bagay fin akonpli nèt. 

[1]« Dans les anniversaires des saints, l’Église proclame le mystère pascal en ces saints qui ont souffert avec le Christ et sont glorifiés avec lui, et elle propose aux fidèles leurs exemples qui les attirent tous au Père par le Christ, et par leurs mérites elle implore les bienfaits de Dieu ».

Pè Diesel PHAT

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE