Omeli pou fêt sen Chal Bowome, 4 novanm 2018
Homélie de père Diesel Phat pour la fête de saint Charles Borromée, patron de la paroisse de Ferrier
4 novembre 2018
Monsieur le curé de la paroisse,
Chers confrères dans le sacerdoce ministériel,
Chers religieux et religieuses,
Chers séminaristes,
Pèlerins venus de partout,
Frères et sœurs dans le Christ,
1. Jodi dimanch 4 novanm 2018 la, nou rasanble pou nou fè lwanj ak konpliman pou Granmèt la nan okazyon fèt nesans sen Chal Bowome nan syèl la. An reyalite, selebre fèt sen yo nan jou yo te mouri a gen yon rezon teyolojik majè. Pwiske avèk lanmò yo, pelerinaj lafwa yo tap fè sou tè a rive nan bout li. Nan lanmò yo, yo fè pwòp pasaj yo ak Kris la. Yo pran nesans nan syèl la. Mèvèy fèt Pak la akonpli pou yo nètale. Paske, nan lanmò ak leve byen vivan Kris la, Bondye Papa a « fè gen yon foul pitit limyè ki leve kanpe pou lavi ki pap janm fini an » e se li « ki vin louvri pòt syèl yo pou fidèl yo kapab antre » (2eprefas paskal la). E se Bondye li menm ki montre jan li ekstrwòdinè paske se li ki Sèl Sen. Li fè moun li kreye a patisipe nan pwòp lavi pa li. Nan sans sa, sen yo se sekou ak modèl pou frajilite nou (prefas fèt tout sen yo).
2. Se ak konviksyon lafwa sa n ap selebre fèt sen Chal jodi a. Li menm ki te kite Lespri Bondye a kondwi li e fè li tounen yon moun debyen. Li te chèche viv lavi li ak misyon li nan imilite. Sen Chal te fèt yon jou 2 oktòb 1538. Apre lanmò dwòl frè li Frederik Bowome ki te gen gwo reskonsablite bò kote tonton li Pap Pi IV, fanmiy li mande pou l abandone fonksyon eklezyastik li yo pou l fonde yon fanmiy. Li di non. Li di yo li te deja fè chwa li : li prefere renmen Bondye anlè tout bagay. Konsa, nan lane 1563, yo sakre l pè epi evèk, e li vin achevèk dyosèz Milan. Nan tan sa a, Konsil Trant la te kanpe pandan 8 an san travay li yo pat fini. Youn nan premye travay Sen Chal, se te ankouraje tonton l ki pap ak tout gwo chef yo nan Ewòp la pou yo konvoke dènye sesyon Konsil la : li pase 2 an ap negosye pou sa. E sa te rive fèt, Konsil la te rive nan bout li. Nan lane 1566, Konsil la fini, se sen Chal yo konfye reskonsablite pou ekri katechism konsil Trant (le catéchisme du concile de Trente), se katechis sa ki te toujou ap itilize joustan sen Jan Pòl II te vin pibliye Katechism Legliz Katolik la.
3. Malgre sen Chal te soti nan fanmiy rich ki te gen anpil prestij nan epòk la, li te yon moun senp. Se te youn nan pi bèl figi nan pami sila yo ki tap dirije Legliz la nan epòk li t ap viv la. Depi nan laj 23 an, tonton l Pap Pi IV te mete l kadinal. Kòm achevèk Milan, li te travay san pran souf pou refòme dyosèz la ki te gen anpil pwoblèm. Fidèl yo te dezoryante, pè yo te tonbe nan medyokrite ak libètinaj. Se yon dyosèz ki te mande renouvle. San grate tèt, sen Chal te kòmanse travay antan li te bay bon egzanp. Li te mennen yon lavi lapriyè, jen ak travay. Li te renmen pè li yo ak tout fidèl yo malgre difikilte ak enkonpreyansyon e menm jalouzi li te rankontre. Li te depase tout bagay sa yo pou l travay pou chanje figi dyosèz li epi kontinye renmen tout moun yo. Li te bay pè yo bon egzanp pou kondwit yo. Li te pwòch yo e li pat pè korije yo lè sa merite. Li te pran swen fidèl yo ak anpil renmen ak devouman. Li te vizite tout pawas yo e l te pran tan pou koute epi chèche solisyon.
4. Li te vann byen li te genyen, li te debarase l ak tout òneman ki te koute chè e li te pran lajan an pou konstwi epi repare seminè yo paske li te devwe anpil pou fòmasyon pè yo dekwa pou yo te ka byen fè misyon yo. Ak lajan sa yo tou, li te konstwi epi repare lopital pou moun yo jwenn bon jan swen e li te okipe pòv yo tou. Moun yo te edifye akoz konpòtman ak charite li malgre li te tou jèn. Li te tranfòme lavi dyosèz li, lavi kretyèn nan te renouvle, fidèl yo te pwogrese nan lafwa yo. Pandan maladi lapès t ap fè ravay nan vil Milan, li te bay tout li menm pou sove lavi moun yo. Li te pran tan pou vizite tout lopital yo ak kay kote ki te gen malad pou pran swen epi rekonfòte yo. 70 mil moun te chape anba maladi lapès, grasa sen Chal. Men li mouri tou jèn nan laj 46 an nan lodè sentete nan lannwit 3 pou rive 4 novanm 1584. Pwovèb kreyòl la di : bon pa dire. Men non, se pa sa. Li kontinye ap viv nan Bondye, e byenveyans li pap manke nou. Se mistè paskal Kris la ki koule nan tout li menm e ki ankonpli nèt nan li. Paske moun ki kwè nan Jezikri yo, lavi yo pa fini nèt ak lanmò, se chanje li chanje. E odè sentete a, se nan mistè paskal Kris la li soti pwiske, tankou lapriyè ouvèti lamès la nan 2elendi apre Pak la di l : « Nou refèt tou nèf ak remèd paskal yo, (…..). Nou travèse nan fòm sa ki fè nou an ki nan syèl la ».
5. Frè m ak sè m yo, se Bondye n ap louwe, fè konpliman, di li mèsi pou zèv yo sen Chal te reyalize grasa favè li te fè li. E fèt patwonal nap selebre a, se selebrasyon lafwa nan Bondye ki fè Jezi Pitit li a leve vivan soti nan lanmò e ki fè tout moun ki pran menm chemen avèk li rive kote lap kòmande a. Omaj nap rann sen Chal, se fwi mistè paskal Kris la. A travè sen Chal n ap selebre jodi a, se Jezi nou vin fè rankont avèk li nan koute Pawòl la ak nan selebre lekaristi a. E sa ankouraje nou nan wout lavi a. Paske, lè nou sonje foul moun sa yo k ap sèvi Bondye temwen, « nou gen plis kouraj pou nou kouri dèyè kouwòn ki pap janm fini a » e lè nou gade temwayaj lavi yo, « nou vin pi fò » e sa fè nou wè kouman Bondye renmen nou. Se sa nou dekouvri nan fèt jodi a atravè egzanp lavi sen Chal e se pou sa tou nap di Bondye mèsi pou egzanp li kap chofe nou e pou lapriyè li kap ede nou travay pou Wayòm li a.
7. Se pousa, nou dwe kite mesaj Levanjil la ak temwayaj lavi sen Chal make nou pou nou tounen moun kap travay pou lavi boujonnen. Nou bezwen sa. Peyi nou an, kominote nou yo bewzen sa. Gen twòp gadò kap souse manmèl mouton yo san rezèv, kap tete san yo, ki pa menm gen pitye pou ata sa ki pi chèch yo, tout sa k vini pase. Tankou Ezekyèl denonse sa : anpil gadò pa bay mouton ki fèb yo fòs, yo lage yo pou kont yo, yo pa pran swen sa k malad yo, yo pa panse sak blese yo. Okontrè se sou do yo nèg ap fè bè yo, se sou do yo nèg ap vin pi rich. Anpil milya pase sou do yo, men kondisyon lavi yo pa janm chanje. Nan tout reyalite kominote nou yo ak peyi a, chaje fo gadò, chaje mèsenè. Anpil mouton lage pou kont yo devan piyajè ak lou. Nan tou sa, anpil fwa, se chat yo bay veye mantèg. Nou bezwzen anpil disèneman ak sajès pou nou akonpli misyon Bondye konfye nou, epi koute vwa li kap pale atravè kri grangou, chomaj, mizè frè ak sè nou yo, sitou sila yo ki pi piti yo nan kominote a, nan Legliz la ak nan sosyete a.
8. Tankou sen Chal, nou bezwen disène aksyon nap poze kòm kretyen, kòm reskonsab, pou fè peyi nou, kominote nou, Legliz nou pi bèl epi soulaje mizè frè ak sè nou yo. E lè nou rive fè sa ak tout kè nou, pèp Bondye a ap jwenn moso kè kontan ak soulajman. Sen Chal te genyen renmen nan kè li pou tout moun. Atèl pwen, lavi li jwenn eko nan Levanjil nou sot koute a ; li te jwe wòl gadò li byen. Li te konnen mouton l yo, e mouton yo te konnen l. Li pat neglije travay pou pran swen yo, pou yo jwenn lavi.
9. Frè m yo, sè m yo, egzanp lavi sen Chal Bowome, se yon gwo egzanp pou nou.
- Yon egzanp pou jèn yo : pou yo pa dekouraje, pou yo pa pè angaje yo pou chanje lavi yo, chanje sosyete kote y ap viv la. Paske yo plen richès nan yo menm. Jèn yo mete men pou konstwi peyi a. Pa kite moun gaspiye lavi nou. Pa tonbe nan sa kap degrade nou. Leve tèt nou, nous se fòs chanjman pou yon lòt Ayiti, nou se fòs chanjman pou yon Legliz ki pi misyonè e pi solidè ak moun yo. Pa pè swiv egzanp sen Chal. Nou jèn se vre, men nou ka fè anpil bèl bagay. Nou bewzen frechè jenès nou an pou yon pi bon lavi. Leve tèt nou wo, pa kite moun gaspiye trezò ki nan nou.
- Sen Chal se yon egzanp pou granmoun yo : konpòtman li montre kalite edikasyon li te jwenn. Nou menm fanmiy yo jodi a, nou bezwen bay pitit nou yo bon jan edikasyon pou yo vin bon sitwayen ak bon kretyen. Nou bezwen aprann yo renmen peyi yo, renmen kominote yap grandi ladan l. Aprann yo viv valè moral ak kretyèn yo. Aprann yo respekte sa ki pa pou yo, pou demen lè yo gen reskonsablite pou jere byen piblik pou yo pa tonbe nan kòripsyon, men pou yo aji ak onètete.
- Sen Chal se yon egzanp pou moun kap dirije pèp la (swa nan nivo relijyon, swa nan nivo leta) pou nou gen lespri sèvis, pou nou chèche enterè moun nap dirije yo, pou nou renmen yo, pou nou pran swen yo epi aji avèk yo ak dousè. Epi tou, respekte byen ki pa pou nou, travay nan jistis, renmen ak kè poze. Pou nou pa pè pran odè mouton yo tankou pap Franswa souvan di li. Nou bezwen vin pi pwòch moun yo, sitou sila ki pi pòv yo pou nou montre yo renmen nou gen pou yo nan jan nap travay pou chanje kondisyon lavi yo.
10. Frè m ak sè m yo, an nou mande Bondye fè nou tounen moun kap travay pou kè moun poze, pou moun viv ak kè kontan, pou sèvis kominote nou, peyi nou, Legliz nou, pase anvan enterè pèsonèl nou. An nou mande l konsève nan nou lespri li te konble sen Chal la, pou Legliz la ak peyi a renouvle.
Commentaires
Enregistrer un commentaire