ÒDO AK ANE LITIJIK LA

Yon ti koze sou Òdo ak Ane litijik la
Dabò, ann gade orijin li. Òdo se yon mo laten ki vle di « lòd » oubyen « dispozisyon ». Donk, nou kapab di se Kalandriye litijik pou chak ane. Ladan l nou jwenn presizyon pou Selebrasyon yo, Fèt yo, Solanite yo ak Memwa yo. Nou jwenn tou ladan l, yon seri enfòmasyon nap bezwen pou lavi litijk Legliz la ou byen dyosèz la. 
Nan Òdo a, nou jwenn tout sa ki konsènen ane litijik la ki pwopoze nou menm kretyen reviv tout istwa delivrans la ak lavi Kris la pandan tout yon ane.
Li reprann prensipal evenman yo nan lavi Jezi : Nesans li (Nwèl), Lanmò li ak leve byen vivan li (Pak), Don Lespri Sen an (Lapannkot).
Ane litijik la envite nou akeyi Bondye nan lavi nou antan nou toujou fikse nou sou Wayòm nan kap vini an. Li deplwaye nan yon ane sa nou pwoklame nan chak Lamès : « Nap pwoklame lanmò w, Granmèt Jezi, nap selebre w leve byen vivan, nap tann w retounen nan bèlte w ».
Nòmalman, ane litijik la kòmanse ak premye dimanch Lavan e li fini ak fèt Kris la ki Wa linivè. Li gen plizyè peryòd ladan l :
·     Tan Lavan (4 semèn)
·     Tan Nwèl ak Epifani (fèt Nwèl jis rive nan fèt batèm Jezi)
·     Tan òdinè a ki kòmanse ak batèm Jezi
·     Tan Karèm nan ki kòmanse mèkredi Lèsann
·     Tan Paskal la ki fini ak fèt Lapannkot la
·     Repriz Tan òdinè a jis rive nan fen ane litjik la avèk fèt Kris Wa a. 
Pou fini, nou kapab di Òdo a se kalandriye pou sèvis selebrasyon ak reskonsab litijik yo (tout pèp Bondye a). Li ranpli plizyè fonksyon. Li se :
1)   Kalandriye pou Lamès
2)   Kalandriye litijik pou Lapriyè yo nan Legliz la (L’Office divin)
3)   Prezantasyon jeneral règ litijik yo.
Nou rekonèt tout selebrasyon litijik se selebrasyon mistè paskal Kris la menm ki poto mitan ane litijik la. Se Tridouwoum m paskalla (Triduum pascal) ki selebre mistè paskal la nan tout sa l ye. Men tout rès ane a deplwaye selon yon pwogram ki pran an kont limit kapasite nou kòm moun pou nou rantre nan mistè sa. Se sa lapriyè pou dezyèm madi apre Dimanch Pak la fè nou konprann epi medite : « Granmèt, fè nou deplwaye nan je tout moun pwisans Kris la ki ranpòte laviktwa sou lanmò a : apre nou te fin fin resevwa jèm lagras li a, se pou nou kapab bay tout fwi ki soti ladan l yo ». 

Grasa batèm nou ak inisyasyon nou tout tan nan mistè Kris la, nou se sila yo kap pote mistè nou fèt ladan l nan e ki deplwaye nan lavi mond la. Donk, ane litijik la, li la pou pèmèt nou viv mistè paskal la kounya menm nan lavi sa nap viv la an antan nap tann tout bagay fin akonpli nèt. 
                                                                                                                                       Pè Diesel PHAT

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE