Katechèz ak sakreman inisyasyon kretyèn yo
Fòmasyon sou Katechèz ak sakreman inisyasyon kretyèn yo
Batèm, Konfimasyon, Premyè kominyon
Entwodiksyon
Anvan nou abòde koze sakreman inisyasyon kretyèn yo, li enpòtan pou nou gade koze katechèz la kòm mwayen ak pedagoji pou nou prepare moun yo ki mande fè yon demach lafwa, ki mande yon akonpayman pou yo vin kretyen, vin tounen manm Legliz Kris la san manke anyen. Kisa katechèz la ye ?
Nou kapab di katechèz la se mwayen ak chemen Legliz la itilize pou transmèt lafwa, pou ede moun rankontre ak Kris la. An reyalite, katechèz la se anons Bòn Nouvèl la ki rive jwenn moun yo pou ede yo dekouvri kilès Kris la ye epi pou yo grandi nan lafwa ak nan konnesans laverite a. Donk, sa Legliz la te resevwa a, sa l kwè a, li chèche transmèt li bay moun yo, pou yo menm tou, yo kapab viv ak Bondye, pou yo fè eksperyans renmen ak Kris la ki mouri e ki leve byen vivan.
Katechèz la se pa yon mwayen pou fòse moun vin kretyen, ni resevwa kèlkeswa sakreman (yo pa fòse moun resevwa sakreman), men se yon pwopozisyon lafwa. Avèk katechèz la, Legliz la akonpaye moun ki asepte fè yon pa (apre yo fin fè yon eksperyans ak Bondye ki boulvèse lavi yo) nan chemen Kris la pou yo resevwa lavi Bondye nan resevwa yo resevwa sakreman yo ki fè moun vin kretyen, miysonè patizan Kezikri : Bapèm, Konfimasyon, Premyè kominyon (Lekaristi).
Nan sans sa, Legliz la vize twa (3) kategori moun : Granmoun ak jèn yo, timoun yo ki gen laj pou yo lekòl, timoun ki poko gen laj pou sa (bebe yo). Alò, nan seyans sa, nou pral gade kouman atravè katechèz la, Legliz la ede tout kategori moun sa yo vin kretyen antan nap chèche konprann pi byen sakreman inisyasyon kretyèn yo nou sot site a, nan jan yo te konn pratike yo depi nan premye syèk yo nan Legliz la jis rive nan Vatikan II.
I. Katechèz la ak reyalite misyon Legliz la
Katechèz la se yon reyalite Legliz. Se Legliz la ki gen reskonsabilite pou fè katechèz. Nan sans sa, se li ki sijè katechèz la e se li kap kontinye misyon Mèt la, Jezikri, anba pouvwa Lespri Sen an pou li tounen edikatris lafwa. Kifè, katechèz la pou kondwi moun nan chemen lafwa, pou yo vin pi solid nan demach y ap fè a, pou yo konprann li pi byen epi antre nan lavi Legliz la. Katechèz la prepare yo pou yo vin manb Kò Kris la. Nan sans sa, fè katechis, se non sèlmnan ede moun rankontre ak Jezi, men tou ede yo fè youn ak li. Paske, se Jezi ki inisye, sa vle di, se li ki fè moun konnen kilès li ye epi ba yo lavi tout bon vre a nan fè yon sèl avèk li. Men, kèlkeswa moun kap fè katechis la, kèlkeswa nan sikonstans l ap fèt la, se Legliz kap katechize moun. E se Jezi limyè nasyon yo (LG n° 1) ki fondman reskonsabilite sa Legliz la genyen pou l fè moun konnen l epi pou yo gen lavi nan li, li menm ki te konfye Apot yo misyon li te resevwa nan men Papa l : « Kè poze pou nou. Menm jan Papa a te voye mwen, mwen menm tou, mwen voye nou. Antan l ap di sa, li soufle sou yo, li di yo : resevwa Lespri Sen an » (Jan 20, 20-22). Sousi Legliz la, pwiske li esansyèlman misyonè, se fè Levanjil la rive jwenn tout moun.
Aksyon katechetik la pran rasin nan zèv Kris la ki voye Legliz la tankou sila kap simen an dapre parabòl Levanjil la (Mak 4, 3ss), pou l anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun san pran souf. Men, se Kris la li menm, grasa Legliz la, Kò li, ki vle pwoche bò kote moun, pou l envite yo pataje pwòp lavi li, pou l libere yo anba tout fòm peche ki anvlope yo, pou l entwodwi yo nan entimite Bondye Papa li. Pou Legliz la rive fè travay sa, li gen plizyè mwayen. Men youn nan yo ki parèt premye e ki enpòtan pou nou, se sa li rele « pedagoji inisyasyon ».
II. Pedagoji inisyasyon
Legliz la rekonèt tout bagay pa katechèz e katechèz la pa rive touche tout sa ki konsènen evanjelizasyon. Katechèz la, se sa kominote kretyèn nan pwopoze bay moun yo, ki, nan tout libète, vle patisipe nan eksperyans ak konesans lafwa li. Pou katechèz sa, li enpòtan pou Legliz la fè chwa « pedagoji inisyasyon », sa vle di, li dwe chèche fè tout demach ki pèmèt akèy Bondye moun nan santi a, vin efektif, tounen reyalite tout bon vre. Nan sans sa, kominote kretyèn nan gen wòl pa li pou li jwe.
2.1 Wòl kominote kretyèn nan
· Kominote a dwe jwe wòl manman pou moun yo kap chèche dekouvri sans yon nouvo lavi nan Kris la ;
· Nan aksyon Lespri Sen an, li dwe chèche mete Kris la nan kè moun yo antan li aprann yo konnen enpòtans epi viv Pawòl Bondye a ;
· Li dwe chèche akonpaye yo nan grandi y ap grandi nan konnesans lavi kretyèn nan, antan l pwòch yo ;
· Fè yo dekouvri kouman mèvèy lanmò ak rezireksyon Kris la se poto mitan inisyasyon an : « mistè paskal lakwa ak rezireksyon Kris la se sant Bòn Nouvèl la, Apot yo, ak Legliz la ki vini apre yo, dwe anonse bay mond la. Pwojè sove Bondye sove nou an, te akonpli yon sèl fwa pou tout, nan lamnò Pitit li Jezi ki pote delivrans » (CEC n° 571). Pa gen idantifikasyon ak idantite kretyèn solid si moun yo pa antre nan mistè lanmò ak rezireksyon Kris la. Se sa inisyasyon kretyèn nan fè pou moun ki deside mache nan wout Kris la atravè Legliz la. Se pou sa, Veye paskal la se evenman majè pou moun ki vin kretyen. Se nan akèy jèm nouvo ki soti nan Pak Kris la yo vin tounen kretyen ;
· Montre kouman inisyasyon an mennen nan akèy Bondye ki devwale l (Revelasyon) : Bondye vin tounen evenman santral eksperyans kretyèn nan. Bondye vin antre nan kominikasyon entim avèk moun tankou yon zanmi pou l fè moun chanje kè li e fè l antre an kominyon avèk li. Se sa lafwa kretyèn nan, se akeyi nan libète, inisyativ sa Bondye pran pou li vin di kilès li ye epi fè zanmi ak moun. Se sa li fè nan Jezi : « Nan tan lontan, se dives fwa ak dives fason Bondye te pale ak gran gran paran nou yo, nan bouch pwofèt yo. Dènye jou sa yo menm, se ak yon pitit li pale ak nou » (Ebre 1, 1-2) e « Bondye, pesonn pa janm wè l, sèl grenn Pitit li a, Bondye ki nan Papa a, se li menm ki fè nou konnen l » (Jan 1, 18) ;
· Mete moun yo an kontak dirèk ak Pawòl Bondye a paske ladan l y ap dekouvri kilès Kris la ye ak tout mèvèy li reyalize yo pou delivrans moun. Jezi pa sèlman vin transmèt Pawòl Bondye : li se Pawòl Bondye a menm ;
· Ede yo medite sou zèv ak sa Kris la ye antan l fè kò ak istwa biblik kreyasyon an ak alyans la ;
· Fè yo dekouvri kouman Kris la akonpli pwomès Bondye a nan lanmò ak rezireksyon l. Se nan evenman Pak la Legliz la montre lafwa l avèk yon doub fas : soufrans ak laglwa, kòm dènye nivo Revelasyon an.
· Ede moun yo konprann se Lespri Sen ki mennen nan laverite : eksperyans kretyèn nan se yon eksperyans espirityèl paske « pesonn pa ka di Jezi se Granmèt, si li pa nan Lespri Sen an » (1 Ko 12, 3). Lespri Sen an se Mèt andedan fon kè moun pou li ka santi epi konprann evenman Revelasyon an ;
· Montre yo kouman inisyasyon an fè antre nan yon eksperyans kretyèn ki egzije yo pase nan yon chemen : pou antre nan eksperyans kretyèn, gen yon chemen pou mache ladan, yon itinerè. Fòk gen swiv Kris la ak Levanjil li a, nan Lespri a, bò kote Bondye Papa a, gwo travay pou rive nan matirite lafwa « dapre mezi kado Kris la » (Efezyen 4, 7). Inisyasyon se toujou yon chemen pou moun vin granmoun nan lafwa ;
· Ede yo konprann kouman lavi kominote kretyèn nan fè pati inisyasyon an : fè yo santi se nan « gran yon fanmiy Bondye a » y ap rantre pou yo renmen kominote a epi pou anvi viv ladan l ;
· Ede yo dekouvri epi viv kè kontan Levanjil la tankou yon reyalite nouvo : inisyasyon an mete moun yo an kontak ak egzijans Levanjil la atravè resi biblik yo kote Bondye montre kilès li ye yon lòt jan nan sa chak moun panse apati li menm, apati sa lap viv. Pou gen yon bon inisyasyon, yon bon katechèz, yon bon itinerè, fòk twa (3) bagay sa yo mache ansanm : « aksyon kreyatris Bondye ki kominike bay tout moun bonte li, fòs peche a pote ki limite epi angoudi moun nan ak dinamis ki soti nan Pak Kris la »[1]. San twa (3) bagay sa yo katechèz la ap manke ;
· Fè moun yo dekouvri lafwa Legliz : inisyasyon an se moman tou pou yo konnen kèk lide sou sa ki konsènen lafwa Legliz la jan li transmèt li nan Katechis Legliz Katolik la : pa egzanp fò yo konnen sa Mistè Lenkanasyon ye, Mistè Paskal, Kredo, dògm yo nan Legliz eksetera. Pou yo byen konprann sa Legliz kwè e sa li anseye. Lafwa a li transmèt la dwe yon lafwa konfese, selebre, konkrè, priye ;
· Ede yo antre nan litiji Legliz la : inisyason an mande finalman pou moun yo antre an kontak avèk litiji Legliz la jan Rityèl yo mande pou sa fèt nan koze selebrasyon yo ak nan jan pou yo fèt. Paske « Legliz la kwè jan l lapriyè a », litiji a se kote Legliz la eksperimante pou li menm nan tout richès lafwa li etabli sou li a. Litiji a se yon lye vivan pou inisyasyon : nan langaj sa ki bèl, atitid yo, deplasman yo, jès yo ak pawòl ki fè viv, li ede dekouvri kouman chak sa ki fèt ak pawòl Kris la, se te pou « delivrans nou ». Se grasa chemen eksperyans sa, litiji a fè antre nan Mistè paskal la.
2.2 Enpòtans prezans ak ankourajman reskonsab yo
Nan sans sa, li enpòtan pou pè, moun kap fè katechis yo montre enpòtans inisyasyon an epi ankouraje moun yo pou yo pèsevere nan demach la. Li bon pou yo prezan nan preparasyon moun yo ki mande fè yon pa nan lavi kretyèn. Li bon pou yo prepare seyans yo ansanm e montre kijan travay yap fè a se travay ki angaje tout kominote kretyèn nan. Li bon pou pè yo pran fòmasyon kretyèn moun yo oserye paske se yo ki premye edikatè lafwa, epi favorize bon jan akèy ak akonpayman pou moun ki deside konnen Kris la epi jwenn yon chemen posib pou yo sèvi l. Antan yo konsyan sasèdòs ministeryèl yo a se nan sèvis sasèdòs komen fidèl yo li ye, yo dwe fè sa yo kapab pou lafwa manb kominote yo grandi. Pou sa tou, konkou moun kap fè katechis yo enpòtan anpil. Fòk yo menm tou, yo santi se yon misyon y ap akonpli nan non Legliz la ak nan non lafwa yo. Se pa yon djòb y ap fè, men se yon sèvis lafwa. Yo dwe prepare yo byen, pou yo ede moun yo reyalize sa y ap chèche : vin tounen kretyen konsekan.
III. Sa yon sakreman ye
Depi n ap pale de sakreman, se pou nou pa bliye se Kris la ki premye sakreman nan sans se li ki sakreman total Bondye Papa a. Se li ki siy ak mwayen pafè pwoksimite Bondye avèk nou. Se li ki di : « Moun ki wè m, wè Papa a » (Jan 14, 9). An reyalite, se Kris la ki konfye sakreman yo bay Legliz la pou kontinye prezans li nan mitan nou.
Nou kapab di, yon sakreman se mwayen efikas Bondye itilize pou manifeste tandrès li pou nou. Sakreman yo se karès Bondye pou nou. Renmen manifeste nan jès, pawòl ak siy. Kretyen yo kwè Bondye manifeste renmen li gen pou moun grasa pawòl, jès ak siy, sa vle di : sakreman yo. Renmen Bondye a manifeste yon jan espesyal nan Kris la, konsa, sakreman yo se siy prezans Jezi ki resisite. Men tou, tout sakreman, se yon siy, yon pawòl ak yon senbòl.
Siy nan, se sa nou wè a. Pawòl la, se sa nou tande a. Senbòl la, se sa siy nan ak pawòl la eksprime a, sa Bondye di atravè yo. Lè y ap selebre yon sakreman, li fasil pou tout moun wè siy la epi tande pawòl la. Men senbòl la, li pa kapab konprann san lafwa nan Bondye. Se moun ki kwè nan Bondye ki kapab konprann li. Pa egzanp : pou Batèm, tout moun wè dlo a yo vèse sou tèt moun yap batize a ; tout moun tande pawòl ki akonpaye jès la : « Mwen batize w o non Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an ». Moun ki kwè nan Bondye yo konprann anlè jès ak pawòl sa yo, se lavi Bondye menm ki koule, pirifye epi fè batize a tounen pitit Bondye.
Sakreman
|
Siy
|
Pawòl
|
Batèm
|
Dlo
|
Mwen batize w o non Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an .
|
Konfimasyon
|
Onksyon
|
Nan mak sa, resevwa Lespri Sen, kado Bondye a.
|
Lekaristi
|
Pen ak diben
|
Pran manje ladan nou tout, sa se kò mwen ; pran, bwè ladan nou tout, sa se san mwen.
|
IV. Sa inisyasyon kretyèn nan ye
Se Pè de Legliz yo (les Pères de l’Église) ki premye itilize ekspresyon sa vè IVeak Ve syèk pou deziye 3 sakreman yo nou rele jounen jodi a Batèm, Konfimasyon ak Lekaristi. Ekspresyon sa te vin pa sèvi ankò pandan yon bon bout tan. Men Konsil Vatikan II te kontribye anpil nan redekouvri enpòtans li. Jodi a, tèm inisyasyon kretyèn nan itilize anpil nan zafè pastoral. Ki sans li ?
Fò nou pa pran l nan sans yon fòmasyon pwogresiv. Men pito nan sans etnològ yo itilize l lè yo dekri rit pasaj yo nan sivilizasyon tradisyonèl yo, yo rele « inisyasyon » ; se rit kote jèn yo pase pou yo vin granmoun epi vin manb sosyete a nètale. Lè nou pale de sakreman inisyasyon, nou vle pale de rit rene-sans, rit pasaj, sa vle di soti nan yon idantite ansyen pou vin nan yon idantite nouvo. Inisye vle di, vin kretyen. Se pa lentèmdyè sakreman moun inisye, sa montre reyèlman vin kretyen se fwi lagras Bondye. Sakreman inisyasyon kretyèn yo fè nou antre nan mistè Kris la ki mouri e ki resisite. Nou fè youn ak Mistè paskal Kris la. Sakreman sa yo se pa yon rityèl majik, men atachman nan sa Kris la ye, pou nou patisipe nan mistè li e pase sot nan lanmò al nan lavi avèk li. Tout inisyasyon evoke yon pasaj. Nan lang grèk, batèm vle di « plonje ». Nan sakreman Batèm nan ki « pòt antre sakreman yo », kretyen an plonje nan lanmò ak rezireksyon Kris la. Nosyon inisyasyon an vle atire atansyon nou tou sou inite 3 sakreman yo ki fè moun vin kretyen.
Batèm, Konfimasyon, Lekaristi, se pa 3 etap youn apre lòt yon moun franchi nan yon angajman, ni 3 pati konplemantè nan yon sèl reyalite. Men se menm reyalite a ki deplwaye nan aspè diferan. Pale de sakreman inisyasyon kretyèn, se sitiye sakreman yo nan yon menm vize. Yon moun pa vin kretyen nan tout sa l ye ak Batèm sèlman avèk pou konsekans ou chèche bay Konfimasyon an yon lòt bi. Yon moun vin tounen kretyen nan antre li antre nan Mistè paskal la nan tout dimansyon li : soti nan Pak la pou rive nan Lapannkot.
Nan Batèm, Bondye deklare l kòm Papa e fè nou tounen pitit. Nou vin fè yon sèl ak Kris la ak Legliz la. Se Batèm Jezi nan larivyè Jouden an ki bay Batèm nou an sans (Mt 3, 11-17 ; Lk 3, 21-22 ; Jan 1, 29-34). Nan Konfimasyon, Bondye deklare l nan konfyans : ou se sila mwen te chwazi a. Bondye konfime renmen li gen pou nou (Mk 1, 9-11). Nan Lekaristi, Bondye deklare l kòm nouriti, don total, Sila ki fè nou viv (Jan 6, 22-66). Menm si 3 sakreman yo manifeste yon menm reyalite, yo fè konnen sa yo ye sou modalite ki diferan. Gen 2 nan yo moun resevwa yon sèl fwa (Batèm ak Konfimasyon) epi youn, yo ka resevwa tout tan (Lekaristi). Sakreman Lekaristi a enskri nou nan dire, li envite nou chak dimanch pou nou rejwenn frè ak sè nou yo nan Tab Pawòl la ak Lekaristi a. Li fè nou konprann sa ki te reyalize yon fwa pou tout nan beny Batèm nan ak nan Konfimasyon an, dwe pran kò pandan tout longè lavi nou.
Lè Bondye akeyi moun li rele, gen 3 vèb ki mache youn ak lòt, san separasyon : benyen, mete apa (konsakre) epi nouri (bay manje vant plen). Jès benyen, mete losyon epi nouri (bay manje) se 3 jès yon manman toujou fè pou pitit li (lave, karese, nourri) pou l ka grandi byen, pou l ka viv byen. Se konsa pou n konprann 3 sakreman inisyasyon kretyèn yo.
V. Istwa sakreman inisyasyon kretyèn yo
Nan 3 premye syèk yo nan Legliz la, yo te konn resevwa sakreman yo nan vil yo (Jerizalèm, Antyòch, Wòm, Liyon) e kominote yo pat gran. Yon moun vin kretyen apre yon tan fòmasyon ki long (Katekimena) ki te debouche sou Batèm ak Lekaristi. Se granmoun sèlman sakreman sa yo te konsènen. Men, apati IIIesyèk, inisyassyon kretyèn nan te selebre nan Vijil paskal e se evèk la ki te konn prezide l, avèk 3 etap : Batèm, onksyon Lwil la ak Lekaristi a. Sakreman sa yo te selebre an menm tan e konstitiye inik inisyasyon kretyèn. Donk, lòd sakreman yo se B===K====L (BCE en français).
Rive nan IVeak Vesyèk, kominote yo kòmanse ap vin anpil, yo kòmanse depase vil yo. Nan tout andeyò yo kòmanse gen pawas ki kreye. Evèk la pa ka ale nan tout pawas yo lè gen batèm, kifè, yo te oblije ranvwaye onksyon an ak enpozisyon men an nan yon lòt dat, lè evèk la va pase. Sa te enpòtan tou pou montre wòl evèk la nan inisyasyon kretyèn nan. Se li ki reskonsab kominyon nan mitan tout kretyen yo e se li ki gen pou otantifye inisyasyon kretyèn nan. Se bò Vesyèk (465) yo te kòmanse pale de Konfimasyon. Sak rive, akoz egzijans preparasyon Batèm nan, moun yo te prefere tann lè yo fin granmoun pou yo mande l pou yo asire y ap sove.
Vè Vesyèk te vin genyen yo gran chanjman. Legliz la vin prezan toupatou e relijyon kretyèn nan te tounen yon relijyon inik. Fè pati Legliz se te yon nòm pou vin sitwayen. Relijyon kretyèn nan vin tounen relijyon leta, moun vini anpil ladan l. Katekimena vin disparèt pou fè plas a yon lòt mòd fason pou moun vin manb Legliz la, se pat nesesè pou gen yon preparasyon ki long. Alò, batèm timoun yo pra l vin tounen sèl fòm Batèm yo pratike nan Legliz la. Pwogresivman, Konfimasyon pra l separe l nèt pou yo konfere l nan laj rezon e li vin tounen sakreman qui siyifye don Lespri a.
Nan XIIesyèk, akoz timoun yo ki t ap mouri anpil (povrete, grangou, lagè), yo kòmanse batize timoun depi nan premye jou nesans yo. An plis teyoloji peche orijinèl la t ap vale teren. Donk, Batèm nan te administre pou efase peche orijinèl. Batèm pra l tounen yon jès endispansab, ijan pou make yon ti bebe. Se la yo pra l privilejye batèm pa efizyon (vide dlo sou tèt) nan plas batèm pa imèsyon (plonje nan dlo).
Apati XVesyèk, Legliz yo ki soti nan gran Refòm nan ansanm ak Legliz katolik pran konsyans inyorans popilasyon ki batize yo. Yo te mete sou pye yon fòm katechèz apre Batèm pou timoun yo ki debouche sou Premyè kominyon. Yo tonbe nan yon lòt sans inisyasyon an. Plas Pemyè kominyon an li menm tou te pra l evolye. Konsa, an Frans, jis nan ane 1910, timoun yo te konn fè Premyè kominyon yo nan laj 10 ak 14 zan ; apre Konfimasyon yo te konn resevwa nan laj 7 ak 10 zan. Se pap Pi X ki te vini ak kominyon timoun yo vè 1910 e li te voye Konfimasyon an apre Premyè kominyon. Men, anpil kote nan pawas yo, se sa yo rele Kominyon solanèl (renouvle) la ki te vin gen plis enpòtans pase Konfimasyon an ki te pra l tonbe nèt.
Donk, sa montre kouman sakreman yo vin ap fonksyone yo chak pou kont yo. Nou vin pase nan lòd Batèm, Konfimasyon, Premyè kominyon pou rive nan lòd Batèm, Premyè kominyon, Konfimasyon jan nou wè l jodi a nan Legliz la bò kote nou. Men, Vatikan II te fè yon gwo travay pou retounen ak katekimena a. Li te pibliye Rityèl pou inisyasyon granmoun. Sa vle di, li montre kouman Batèm dwe panse apati Batèm granmoun yo tankou sa te konn fèt nan premye syèk yo nan Legliz la e pa sèlman sou apati Batèm timoun yo. Vatikan II te travay 2 lòt Rityèl ak bon jan adaptasyon pou Batèm timoun ki gen laj pou ale lekòl ak timoun ki gen 0 rive senkan (5) an.
Chema I : ki montre evolisyon sakreman Konfimasyon an :
Batèm Premyè kominyon
Nouvo Testaman -----------------------------------
Batèm Konfimasyon Premyè kominyon
Apati Vesyèk nan Osidan --------------/-----------------
Chema II : ki konsènen 3 sakreman yo
Antikite kretyèn B---K---L nan yon sèl selebrasyon
Apati Vesyèk nan Oksidan B---L ; K repòte pou lè evèk la pase
XIIesyèk B---K------L repòte nan laj rezon, vè 10- 14 zan.
1910, Pi X B---L……….Konfimasyon,
avèk tandans repòte nèt K, depi Vatikan II.
Konlizyon
Antouka, sa ki enpòtan, kit nou akonpaye granmoun, jèn oubyen timoun, sèke inisyasyon kretyèn nan pa la pou prepare yon evenman, men li la pou prepare moun pou vin kretyen. Donk, sakreman yo se pa yon pwen final nan pwosesis lavi kretyèn nan. Se chak pou nou viv yo. Yon moun vin kretyen grasa Batèm, men reyalite kretyèn nan se chak jou li mande pou viv li joustan tout bagay rive nan bout. Batèm, Konfimasyon, Lekaristi, se moman ki espesyal kote Bondye vin rankontre moun, ki montre plizyè vizaj yon menm mistè, mistè renmen li a.
Pè Diesel PHAT
Commentaires
Enregistrer un commentaire