Chan ak jès pou aktyalize mèvèy Bondye epi viv bèlte litiji a

Chan ak jès pou aktyalize mèvèy Bondye epi viv bèlte litiji a

Entwodiksyon jeneral
Tèm sa, non sèlman li rich ak reyalite teyolojik, eklezyolojik ak litijik, men tou, li chaje ak yon dimansyon pastoral ekstraòdinè ki ranmanse dèyè li bèl chanjman Konsil Vatikan II te swete nan Konstitisyon sou Litiji a, Sacrosanctum Concilium(SC), pibliye nan dat ki te 4 desanm 1963. Youn nan chanjman sa yo, se soti nan yon Legliz kote Litiji a, Lamès la se zafè pè a sèlman pou rive nan yon Litiji, yon Lamès ki konsènen tout pèp Bondye a. Se sa Konstitisyon sou Litiji a rele : patisipasyon aktif. Eske fidèl yo pa plis patisipe nan bèl chan yo chante, nan bèl jès yo akonpli pou aktyalize mistè a epi pèmèt Litiji a parèt pi bèl ? Sanble se atravè chan ak jès pèp la plis patisipe nan aksyon sakre yo ki akonpli nan Litiji a. 
Tankou Dòm Lanbè Boduin (Dom Lambert Beauduin)[1]montre sa, nan Litiji a se pa sèlman pè a kap selebre, men se tout kominote kretyèn nan e, yon lòt bò, se Kris la li menm, ki konstitiye Legliz li a konsa. Kris la vle yon Legliz kap selebre ansanm tout mèvèy Bondye yo nan lavi moun. Womano Gwadini (Romano Guardini)[2]li menm tou prezante Litiji a kòm yon mistè e non kòm yon pakèt jès pou nou akonpli. Tout sa kapab ede nou gade ekilib nan jan nou konprann Litiji a e jisteman tèm nou nou pral reflechi sou li a deja trase yon liy pou nou. Li pèmèt nou chèche konprann chan yo ak jès yo nan lyen yo genyen ak mistè a, mèvèy nap selebre a. Nan sa ki konsènen travay refleksyon nap fè a, pou plis klate, nou prefere divize l an 3 pati : 
-      nan premye pati a, nap gade aktyalizasyon mistè a sou ang litijik. Konsa, nap gade ansanm ki mistè pou nou aktyalize epi montre kouman litiji a se lye pou aktyalize mistè a nan tout bèlte li. 
-      nan dezyèm pati a, nap reflechi sou dimansyon teyolojik, eklezyolojik ak litijik chan yo ak jès yo.
-      nan twazyèm pati a,nap chèche konprann chante ak jès yo pou nou viv Litiji lamès la pi byen: dimansyon pastoral
-      apresa, nap fè konklizyon tèm nan.

PREMYÈ PATI 
Konprann aktyalizasyon mistè a nan dimansyon litijik li

1.1.Ki mistè pou nou aktyalize?
Bondye ki vle tout moun sove, e pou yo rive konnen laverite (1Tm 2,4) pat pè voye sèl grenn Pitit li a ki te bay pwòp lavi li pou rekonsilyasyon nou vin pi pafè e pèmèt kilt nap fè pou Bondye Papa a tounen yon kilt ki agreyab tout bon vre. Travay delivrans la, se Kris la Granmèt nou an ki akonpli li nan lanmò ak rezireksyon li a (SC 5). Pliske nan « mouri li mouri a, li kraze lanmò pou nou. Nan leve li leve a, li tounen vin ban nou lavi » (Premye prefas Pak la) ; « Se nan detwi tout sak te gate, li fè tout bagay vin tou nèf. Se nan li menm ki plen ak lavi a, nou jwenn lavi kounyeya » (4eprefas Pak la) e, « lè l te bay kò li sou kwa a, li fè tout sèvis ansyen yo rive dat pou yo pèdi tout valè yo. Lè l ofwi tèt li pou delivrans nou, se li menm sèl pou kont li, ki lotèl, ki pè (prèt) e ki viktim nan (5eprefas Pak la). 
Donk, mistè nap aktyalize atravè chan ak jès yo nan Litiji a se Mistè paskal Kris la. Nou eksprime l yon fason pi konkrè lè nou di apre konsekrasyon an : « Nou pwoklame lanmò ou Granmèt, Jezi. Nap selebre rezireksyon ou, nap tann ou retounen nan tout bèlte ou ». Sa fè nou konprann kouman Mistè paskal Kris la se pa yon bagay anlè anlè, se yon reyalite ki konsènen nou jodi a. Sa montre nou kouman aktyalize mistè a atravè chan ak jès nan Litiji a, se kite Lespri Sen an aji nan nou, se kite Lespri Sen an pote Litiji a nan dimansyon ki depase sa nou ka envante, sa nou ka fè. E se sa ki fè bèlte Litiji a. Si mistè nap aktyalize a se mèvèy fèt Pak la, nou pa dwe bliye se Lespri Sen an kòm don Bondye bay moun ki kwè yo kap fè travay sa pa lentèmedyè Legliz la. Paske tankou Michèl Denekenn (Michel Deneken) di l : « Pak konstitiye egalman evenman don Lespri Sen an »[3]. Nou kapab di tou, aktyalize mistè a atravè chan ak jès nan Litiji a se kite Kris la transfòme nou nan Lespri li a. Sa mete tout kominote kap selebre a an aksyon, aksyon pou Bondye pliske Mistè paskal la se pa yon lide anlè, anlè, men se yon transfòmasyon, se entèvansyon Bondye ki vini pou sove moun nan istwa li.

1.2.  Litiji a kòm lye pou aktyalize mistè a
Pou akonplisman yon travay konsa, Kris la toujou la avèk Legliz li a, espesyalman nan aksyon litijik yo. Li prezan nan sakrifis Lamès la, ak nan minis lan, "se li menm kap ofwi kounye a menm nan ministè prèt yo, antan l ofri tèt li sou kwa a", epi, nan pi wo degre, anba espès ekaristik yo. Li la prezan, pa pouvwa li, nan sakreman yo atèl pwen lè yon moun ap selebre batèm, se Kris la menm kap fè batèm nan. Li prezan nan pawòl li, paske se li kap pale pandan nou li nan Legliz la Ekriti ki sen yo. Finalman li prezan lè legliz la ap priye epi chante sòm yo, li menm ki te pwomèt: « Kote de oswa twa rasanble nan non mwen, mwen la nan mitan yo » (Mt 18, 20). Vrèman vre, pou akonplisman gwo travay sa a kote Bondye jwenn tout lwanj li merite e lèzòm sanktifye, Kris toujou asosye Legliz la, madanm marye li renmen anpil la, ki envoke l kòm Granmèt e, ki pase pa lantremiz li pou li bay Papa a ki la pou tout tan an kilt li merite.
Se pou rezon sa yo konsidere Litiji a kòm egzèsis fonksyon sasèdotal Kris la, egzèsis kote sanktifikasyon lèzòm nan siyifye pa siy sansibepi reyalize yon fason ki pwòp a chak nan yo, kote kilt piblik entegralla egzèse pa Kò mistik Jezikri a, ki vle di pa Chèf la ak pa manm li yo.
Se poutèt sa, chak selebrasyon litijik, kòm travay Kris la ki pè ak Kò li ki Legliz la, se aksyon sakre pa ekselans okenn lòt aksyon nan Legliz la pa kapab atenn li nan efikasite nan menm tit nan menm degre(SC 7)[4].
Litiji a, atravè nimewo sa, prezante tankou yon rankont Kris la kap aji li menm e kòm atant aktif vini li nan laglwa li : « Nap tann ou retounen nan tout bèlte ou » se sa nou chante ou byen di apre konsekrasyon an. Litiji a kote mistè a aktyalize a parèt tankou yon avan gou bèl Litiji kap fèt nan syèl la. Litiji a, an patikilye Litiji Lamès la, se sous ak dènye nivo lavi Legliz la (culmen et fons). Litiji a se dènye nivo kote tout aksyon Legliz la rive bout, e an menm tan se sous kote tout bon bagay li yo soti (SC 7,10). Dom Lambert Beauduin pa kache pou di Litiji a se lapriyè Legliz la. Li gen rezon paske se nan Litiji a Legliz la eksprime pi byen tout sa l ye. Se atravè litiji a pèp Bondye a selebre epi viv mistè Kris la kòm reyalite lafwa. Legliz lapriyè menm jan li kwè (lex orandi, lex credendi). Legliz la selebre menm jan li kwè. 
Womano Gwadini di klèman, « Litiji a se kilt piblik e ofisyèl Legliz la »[5]. Ladan l e atravè li, Mistè paskal Kris vin prezan nan tout selebrasyon nou yo grasa epiklèz la kote Lespri Sen an envoke pou li transfòme ofrand yo ak fidèl yo : « Tanpri souple, Granmèt, fè Lespri Sen an mete kado sa yo apa pou ou, nou pote yo ba ou pou sa, pou yo tounen kò ak san Jezikri Granmèt nou, Pitit ou, ki ban nou lòd fè bèl mèvèy sa » (PE III), nan PE IV la nou di : « Granmèt voye je ou sou kado ou prepare pou Legliz ou a. Pou jan ou bon, tanpri fè Lespri Sen an rasanble tout moun ki pral pen sa a ak kalis sa a. Konsa, grasa Jezikri, yo va kòm yon kado ki gen lavi, e tou sa va bèl lwanj ak konpliman pou ou ». 
Tankou sen Jan Pòl II te di li, « pou nou aktyalize mistè paskal li a, Kris la toujou la, prezan nan Legliz li a, sitou nan aksyon litijik yo »[6]. Se nan aksyon litijik yo, Legliz la mete moun an kontak avèk mistè Kris la. Se responsablite Legliz la genyen pou li asire fonksyon sasèdotal Kris la. 

DEZYÈM PATI

DIMANSYON TEYOLOJIK, EKLEZYOLOJIK AK LITIJIK CHAN YO  AK JÈS YO

Mouvman litijik la, depi nan 19esyèk, te mete aklè lide patisipasyon aktif tout fidèl yo ; e depi lè sa, Pap Pi X, Pi XI ak Pi XII pat janm bouke plede pou litiji a tounen aksyon tout moun. Konsil Vatikan II te otantifye konviksyon sa. Se pou sa Prezantasyon Jeneral Misèl Women an (PJMW/PGMR) a deklare : « ….selebrasyon an nan tout sa l ye òganize pou favorize lakay fidèl yo patisipasyon konsyan, patisipasyon aktif e plenyè ki makònen kò ak lespri… Yon selebrasyon konsa, Legliz la swete l e mande l pa nati menm selebrasyon an ; li se yon dwa ak yon devwa pou pèp kretyen an akoz batèm li »[7]. Se nan limyè lide Konsil la sou Litiji a, nap gade reyalite chan yo ak jès yo nan selebrasyon nou yo pou nou wè pi byen kijan yo ede nou aktyalize mistè a. Tou dabò an n gade chan yo.

2.1. Chan yo nan litiji a
Chan yo nan litiji a se siy kè kontan nou devan Bondye. Se konsa Apot Pòl envite fidèl Kolòs yo ki rasanble nan atant avènman Granmèt la pou yo chante ansanm Sòm, Ochan ak divès kalite Kantik (Kol 3,16)). Sen Ogisten li menm tou di : « Chante se pou moun ki renmen » (« Chanter est le fait de celui qui aime »), e gen yon pwovèb ansyen ki di : « Li priye 2 fwa, sila ki chante byen » (« Il prie deux fois, celui qui chante bien »). 
Kifè, chan an, nan Litiji a nouri lafwa kretyen yo. Li leve nanm yo bò kote Bondye pou di li mèsi e ba li omaj espirityèl li merite epi resevwa lagras nan men li avèk plis abondans (cf. SC 33). Donk, chan yo, mizik sakre yo, se pa eleman pou akonpaye kilt oubyen lapriyè nou yo. Chan yo, mizik sakre yo se ekspresyon lapriyè a menm. Se pou sa yo dwe an rapò avèk aksyon litijik yo(SC 112). Yo la pou ede nou aktyalize mistè a. Nou pa chante nan Lamès pou fè bèl bèl, nou chante pou pwoklame mèvèy Bondye fè. 
Tankou Pè Michel Wackenheim di : « Chante nan Lamès, se pwoklame lanmò Granmèt la, se selebre rezireksyon l epi mande jou lap vini an ak kè kontan nou »[8]. Chan yo pèmèt nou ini kè nou e leve yo bò kote Bondye. Nan dyalòg Prefas la pè a chante : « An nou leve kè nou byen wo » e nou reponn : « Li deja devan Granmèt la ». Nan Litiji a se yon sèl kè nou fè. Se reyalite Legliz la kòm madanm marye Kris la. Li fè yon sèl chè avèk li yon fason espesyal nan Litiji Lamès la. Se sak fè nou tout ki batize ki manm Kò Kris la, nou fè yon sèl chè tou yon fason espesyal nan Lamès la. Se sa chan yo fè nou viv lè nou ba yo vrè plas yo. Yo leve nou devan Granmèt la, yo fè nou vin pi pre li antan nou fè yon sèl nan yon menm sèvis lwanj. Tankou 4eprefas tan òdinè a la di l : « Ou pa bezwen lwanj nou yo, men se ou menm ki pote nou di ou mèsi. Chan nou yo pa ajoute anyen nan sa w ye, men yo fè nou pwoche pi pre ou ». Atravè chan yo, nou rantre nan kominyon avèk Bondye. Yo fè nou antre nan mistè trinite a. Se sa ki konsitiye vrè bèlte Litiji a. 
Chan yo nan Litiji a, an patikilye nan Lamès la pèmèt nou selebre mistè Kris la. Yo pèmèt pèp Bondye a ki rasanble pou selebre patisipe aktivman pliske grasa batèm nan kretyen yo fè yon sèl ak Legliz la e yo destine nan kilt relijyon kretyèn nan (Lumen Gentium« LG » n° 11). Chan yo nan Litiji a montre tou dimansyon sasèdòs batismal tout pèp Bondye a. Chan yo pèmèt gen koyerans nan mitan pèp Bondye a paske se nou tout ansanm kap patisipe nan yon sèl aksyon litijik.  An reyalite, chan yo adrese a Bondye, se yon ofrand, se yon sakrifis. Chante ansanm nan yon menm selebrasyon litijik montre nou se yon sèl pèp Bondye a. Yon pèp li chwazi pou sèvis li, yon pèp li rele pou fè tout bagay mache dwat, yon pèp li voye. Donk, nan chante ansanm nan, se reyalite Legliz la ki manifeste. Sa fè wè kijan Litiji a li bèl. 
Se poutèt sa, nan Litiji a, koral la gen yon misyon espesyal pou fè pèp la ki ransanble a antre nan dinamik « fè ansanm » nan. Nan sans sa PGMR a fè sonje : « Pami fidèl yo, koral la (schola cantorum) egzèse fonksyon litijik ki pou li, li nòmal pou l asire pati ki pou li e pou l egzekite yo kòm sa dwa, selon divès kalite chan epi favorize patisipasyon aktif fidèl yo grasa chan yo. Sa ki di la pou koral la vo tou pou mizisyen e sitou òganis la » (PGMR 103). Nan sans sa tou, nan selebrasyon litijik yo (Lamès dimanch ak fèt) dwe genyen yon chant (animatè chan) kap gide epi soutni chan pèp la (cf. PGMR 104). 
Nan litiji Lamès la, fidèl yo dwe toujou oryante nan yon patisipasyon total avèk chan yo (Instruction Musicam sacram « IMS »,n. 27)[9]. IMS nan nimewo 19 presize : « …..koral la merite pou yo ba li yon atansyon patikiliyè akoz sèvis litijik li rann. Nan swit demach konsilyè yo konsènan refòm litijik la, tach li vin pi klè  e pi enpòtan toujou ; li dwe veye pou egzekite tout pati ki pwòp a li menm, dapre tout fòm chan, epi favorize patisipasyon aktif fidèl yo nan chan an ». 
An nou rezime :
- chan an montre kè kontan nou nan Granmèt la ;
- li pèmèt nou fè lwanj Granmèt la epi eksprime lafwa nou ;
- li se siy renmen nou gen pou Bondye ak pou tout moun ;
- li se ekspresyon lapriyè nou ;
- li pèmèt tout kominote a ki rasanble pou selebre byen patisipe nan aksyon litijik la. 
- li pèmèt selebrasyon an vin pi solanèl.

2.2 Jès yo pou aktyalize mistè a
« Konsa mwen mande nou, frè m yo, poutèt kè sansib Bondye a, ofri tèt nou tankou yon kado vivan ki sen yo bay nan sèvis, ki fè Bondye plezi. Se sèvis sa pou nou fè nan lespri nou » (Wom 12, 1). 
Pawòl sa yo ede nou konprann kouman se ak tout kò nou fè sèvis pou Bondye. Litiji a konsènen kò nou tou. Menm jan nou bezwen kò nou pou nou kominike, se konsa nou bezwen li tou pou selebre mèvèy Bondye yo. Se ak kò nou nou rankontre Bondye an patikilye nan litiji kretyèn nan ak sakreman l yo[10].
Nan selebrasyon litijik yo, nou koute, nou gade, nou koube nou byen ba (enkline), nou leve men ; nou benyen oubyen wouze ak dlo ak lwil santi bon, nou manje, nou bwè elatriye. Tout sa montre nou pa gen Litiji san jès ak atitid kò a. Se avèk yo Litiji a fasone nan nou kò esprityèl moun nouvo ki mouri et ki leve byen vivan nan Kris la. 
Tankou Lwi-Mari Chovè (Louis-Marie Chauvet) fè remake, se nan sa ki pi kòporèl la, tankou moun ki gen lafwa, nou fèt pou nou rive nan sa ki pi « espirityèl », epi « antwopologal » la vin tounen lye « teyologal » la[11]. Nan sans sa, tout jès ak atitid kò a nan Litiji a dwe gen anpil valè e pèmèt nou aktyalize Mistè Paskal Kris la. 
Pa bliye, tout aksyon litijik kòmanse avèk pye[12] : vini Lamès, antre nan legliz la, monte sou anbon pou li pawòl Bondye, avanse ak ofrand yo, avanse pou lakominyon ; retounen lakay nou apre Lamès lè pè a di : « ale ak kè kontan ». Tout sèvis litijik genyen deplasman ladan : pote lakwa a ki rasanble, pote liv Pawòl Bondye a pou depoze sou anbon an, pote pen ak diven sou lotèl la. Tout se deplasman. Litiji a ranpli ak pwosesyon ak deplasman. Tout sa se mouvman kò a. Se kò a ki prezan nan Litiji a. Tankou Lwi-Mari Chovè (Louis-Marie Chauvet) fè nou konprann sa, se ak kò a nou rive nan sa ki pi esprityèl la. Nan litiji a, se dabò ak kò nou adorasyon, siplikasyon, lwanj ak devosyon eksprime menm si sa mande moderasyon. 
Nan sa ki gen pou wè ak jès ak atitid  kò a nan Litiji a, PGMR a di : « Jès yo ak atitid kò yo, kit se pa pè a, dyak oubyen lòt minis yo, kit se pa pèp Bondye a, dwe montre kouman selebrasyon yo manifeste yon senplisite ki bèl e ki gran, pou gen koyerans nan tout pati yo epi pou yo favorize patisipasyon tout moun » (PGMR 42)[13]. Se sa ki fè li enpòtan pou nou atantif sou koze nòm litijik yo ak byen komen espirtyèl pèp Bondye a, olye nou rete sou gou pèsonèl nou ak sou pwòp jijman nou (cf. PGMR 43). Yon apwòch konsa mande pou nou anvizanje bèlte Litiji a nan chèche byen selebre l. Bèlte Litiji a pa mache san sa yo rele « ars celebrandi » a. 

twazyèm pati
Byen konprann chan ak jès yo pou nou viv Litiji lamès la pi byen: 
dimansyon pastoral

Tout sa nap fè nan Litiji a dwe mache ak sans. Toujou poze kesyon poukisa nou chante tèl chan, poukisa nou poze tèl jès, ki sans yo genyen, eske yo ede pèp Bondye a patisipe pi byen, eske yo ede l grandi nan lafwa. Tout chan, tout jès nou egzekite nan Litiji a dwe fèt avèk bèlte, jistès ak respè. Pa gen enpwovize nan Litiji. Tout bagay dwe prepare dapre sans ak itilite yo pou aktyalize Mistè paskal Kris la. 

3.1 Yon kout je sou pratik chan yo
Kisa pou n chante ? Se kesyon prensipal pou pratik chan yo nan Litiji a. Nou souvan bliye sa, premye travay chan an nan Lamès se dabò dyalòg ant pè a ak asanble a : « Granmèt la avèk nou tout », « An nou leve kè nou byen wo » epi aklamasyon yo (« Alelouya », « Amèn », « Sanctus »). 
Nan zafè chante, fòk nou detèmine sa ki priyorite. Pè a dwe chante sa ki pou li epi fidèl yo chante sa ki pou yo. Pè a pa dwe ranplase koral la, fidèl yo pa dwe di oubyen chante pawòl ki konsènen ministè pè a. Pa egzanp : fidèl yo pa pwononse pawòl konsekrasyon an, yo pa di oubyen chante gran doksoloji a : « Bondye Papa nou, ou menm ki gen tout pouvwa…… (Par Lui avec Lui…). 
Nou dwe toujou chèche gade koyerans ant rit ak chan yo nan òdinè Lamès la (Kyrie, Gloria, Agnus Dei) ak Sòm nan. Nou pa gen dwa bliye yo paske se yo ki estriktire e ritme selebrasyon ekaristik la. Pa bliye chan yo dwe ale ak selebrasyon kap fèt la, yo dwe makònen ak aksyon litijik la. Pa egzanp, si Levanjil la pale sou Wayòm Bondye, chan antre a kapab raple sa, menm si fò n pa bliye moun yo poko tande tèks la. 
Nan preparasyon chan yo pou Lamès, se pou n pran tan chwazi yo selon chak selebrasyon litijik. Pa rete sou santiman ak woutin. Womano Gwadini mete nou an gad kont debòdman santiman nan Litiji. Li di : « Litiji a pa danse kole ak debòdman santiman. [………]. Litiji se emosyon donte »[14]. Pesonn pa fè sa w vle nan Litiji. Nou pa kreye pwòp Litiji nou, men nou resevwa l. Se bay yo bay nou li. Litiji a se zafè Kris la ak Legliz la. 
Konsa, nan zafè selebrasyon litijik yo, nou pa kapab di nap chwazi tèl chan paske nou renmen l, paske li gen bèl mizik. Nap chwazi l paske li adapte ak mistè kap selebre a. Tout chan yo dwe nan sèvis asanble a pou l antre pi byen nan litiji a kap selebre a, pou l estriktire lafwa li. Tout sa dwe nan sèvis bèlte litiji a. Lòt kesyon enpòtan pou n poze se kilès ki chante ? Chan yo nan Lamès gen plizyè fòm :
-      Litani yo : (Kyrie, Agnus Dei)
-      Aklamasyon yo : (Alelouya, Sanctus, anamnèz)
-      Twopè yo (les tropaires): (pwosesyonal ouvèti, pwosesyonal ofrand yo)
-      Imn stwofik yo (hymnes strophiques) 
-      Kantik avèk refren-kouplè.
Chak fòm mizikal sa yo sipoze aktè diferan : asanble, prezidan, chant, koral, òganis, tout lòt enstriman, e chak eksprime vizaj Legliz la kap lapriyè. Men se asanble a ki premye sijè Litiji a. Sa vle di nan tout sa kap fèt nan Litiji a nou dwe sonje asanble a (izaj lang, dire elatriye). Tout sa dwe pèmèt asanble a patisipe pi byen. Men tou, fò n pa bliye patisipe aktivman pa vle di aktivis. Nan selebrasyon yo, gen moman pou chante, gen moman pou fè silans ak rekèyman. 

3.2 Yon kout je sou pratik kèk jès nan litiji a
Jès yo tout asanble a fè ansanm nan litji a se yon siy inite (PGMR 42). Sa eksprime epi devlope lespri ak sansiblite patisipan yo (id.). Konsa, ann gade kèk jès ak atitid pèp la nan Litiji a.
·     Siy lakwa :nou sonje lanmò ak leve byen vivan Kris la. Lè nou fè jès sa, nou montre kouman se nan yon mistè lafwa nou antre. Nou vlope nou nèt ak lavi Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an. Nou antre nan mèvèy renmen yo a. Fè siy lakwa a se selebre lajwa lesperans kretyèn nou pou delivrans la. Tankou nan tout lòt jès yo nan Litiji a, kò nou sanse montre sa kè nou ap viv, sinon jès yo pa vo anyen. 
Trase siy Kwa a se yon jès renmen, renmen Kris la pou nou tout, li menm ki bay lavi li pou tout moun kapab gen lavi. Sen Pòl di : « Pou mwen menm, pa gen vante tèt ditou, si se pa nan Kwa Granmèt nou Jezikri » (Gal 6,14).

·     Granmèt la avèk nou tout :se ak mo sa  pè a kòmanse Lamès la. Envitasyon sa pè a fè a, li rantre nan Litiji a depi nan 3esyèk. E repons fidèl yo bay la : « e avèk ou menm tou » montre sa Litiji a ye : « Bondye ban nou tout li menm pa lentèmedyè minis li yo, e fasa don sa, pèp la reponn nan lafwa ». 
Antan l salye asanble a, pè a enskri l nan tradisyon Ansyen Testaman an kote nan Egzòd 3, 12 Bondye asire prezans li nan mitan pèp la pa lentèmedyè Moyiz. Lè nou tande pawòl sa : « Granmèt la avèk nou tout », nou konprann se yon pawòl ki fò anpil nou resevwa : Bondye avèk nou, li vin abite nan nou, li vin anime nou, li vin akonpaye nou, li chwazi nou. Se ak pawòl sa Akanj Gabriyèl te salye Mari (Lk 1, 28). Jès pè a fè a, lè li louvri bra li ak men li byen laj la manifeste kado prezans Bondye ki anvlope, anbrase tout asanble a nan yon menm mouvman inite ak kominyon. E repons fidèl yo : « e avèk ou menm tou », se yon deklarasyon lafwa nan sakramantalite minis òdone a. Se vrèman lespri òdinasyon li ak kapsite li genyen pou aji nan non Kris la fidèl yo ateste. Se lagras li resevwa nan sakreman lòd la ki pèmèt Monpè mete fidèl yo an kominikasyon avèk Bondye. Se grasa sa, li kapab aktyalize mistè Bondye a nan Litiji a atravè pawòl ak jès.

·     Aspèsyon :se jès ki pèmèt nou medite sou bonte Bondye ak sous batèm nou (Mistè paskal la). Batèm nan lave peche nou yo. Antan lap mache nan mitan asanble a pou l aspèje l, pè a manifeste nan jès sa prezans Granmèt la nan mitan pèp li a. Se pou sa, jès dwe byen fèt. Nan sezon paskal oubyen nan mès dimanch yo, nan plas rit penitansyèl abityèl yo, pè a kapab fè aspèsyon dlo benit. Men, pa nan pwosesyon antre a jan nou abitye fè. L ap fè sa antan li obsève sa Misèl Women an preskri pou sa. 

·     Gout dlo nan Kalis la :pafwa nou pa bay jès sa tout valè li merite. Nan kèk kote, se Seminaris ki nan staj pè a bay fè jès sa. E poutan se yon jès ki enpòtan anpil e ki gen yon valè sakramantèl ki dwe akonpli pa yon minis òdone. « Comme cette eau se mêle au vin pour le sacrement de l’Alliance, puissions-nous être unis à la divinité de Celui qui a pris notre humanité ». Se pè a oubyen dyak la ki di pawòl sa antan lap akonpli jès la. Se yon jès ki gen yon valè senbolik.
Sen Jisten pale de li depi 2esyèk. Jès sa fè sonje Sakrifis Kris la, ki bò kòt li yo transpèse a, li kite san ak dlo koule (Jn 19, 34), se sous lagras la ki koule pou tout moun. Pou kretyen oryantal yo, li siyifye 2 nati Kris la, dlo limanite li a ki fè youn ak diven divinite li. Nan Legliz nou an, branch latin nan, li eksprime davantaj linyon Legliz la nan sakrifis Kris la. 
Donk Lamès se sakrifis tout Legliz la : « An nou lapriyè ansanm pour Granmèt la kontan Lamès la ki sèvis tout Legliz li a » (prions ensemble au moment d’offrir le sacrifice de toute l’Eglise), e ti gout dlo nan Kalis la, se NOU. Men kijan sen Sipriyen (+ 257) eksplike sa : « Nan dlo ki nan Kalis la, nou wè pèp Bondye a, e nan diven an, nou wè san Kris la. Lè nou melanje dlo ak diven nan Kalis, se pèp Bondye a ki fè yon sèl avèk Kris la, se foul moun ki kwè yo, ki vin rejwenn epi asosye yo nan Sila yo kwè nan li a. Konsa, lè yo konsakre Kalis Granmèt la, nou pa kapab ofri dlo a sèlman  e diven an sèlman ; si nou ofri diven an sèlman, San Kris la separe l avèk nou, si se dlo a sèlman, se pèp la ki separe l ak Kris la ». Nan dlo a nou wè asanble a ak tout limanite. Limanite ki absòbe nan divinite Kris la.

·     Priyè benediksyon :pandan prezantasyon ofrand yo, pè a leve Patèn nan ki gen losti a (viktim) ak Kalis la ki gen diven melanje ak dlo. Se yon jès prezantasyon. Se pa ankò konsekrasyon akonpli nan priyè ekaristik la.  
Priyè benedikdyon ki akonpaye jès sa montre nou konble ak kado Bondye fè nou. Benedikdyon sa (Berakôt), li soti nan Litiji jwiv la. Se tout fwi travay nou pote devan Granmèt la. Senp pen nou pote pral tounen « pen ki bay lavi », senp diven nou pote pral tounen « diven Wayòm ki la pou tout tan an ». 

·     Lapriyè pè a fè tou ba nan jès lave men an (Lavabo): pè a di  apre benediksyon pen ak diven an : « Humbles et pauvres nous te supplions Seigneur, que notre sacrifice en ce jour trouve grâce devant toi ». Priyè sa soti nan liv pwofèt Danyèl la. Li montre kouman sila kap selebre a pa merite sa, e an menm tan tou, li montre grandè renmen Bondye a ki akeyi pechè, e enklinasyon an se yon jès imilite. Apresa pè a di antan lap lave men l : « Lave-moi de mes fautes Seigneur, purifie-moi de mon péché ». Priyè sa soti nan Sòm 50 la. Se yon jès ki tradui dezi pwofon pirifikasyon anvan ofrand sakrifis la. Se ak yon kè ki pwòp nou ka pwoche bò lotèl Granmèt la. Se sa jès sa vle di.
An reyalite nan Lamès, gen 3 jès oubyen 3 atitid kò a ki fondamantal. Se jès chita, mete ajenou epi kanpe.

1.    Chita :se pozisyon sila kap resevwa, sila kap koute. Li montre tou, pozisyon sila kap bay lansèyman (Evèk yo ak Pap la kapab chita pou preche). PGMR a souliye : « fidèl yo kapab chita pandan lekti ki vini anvan Levanjil la ak Sòm responsoryal la, pandan omeli a e pandan preparasyon don yo ak ofètwa a, e si nesesè nan moman silans apre Kominyon an (PGMR 43).

2.     Kanpe :se pozisyon sila kap entèsede. Se pozisyon pou rankont. Se pozisyon kretyen yo, moun ki resisite ak Kris la. Se pozisyon sila kap kite lwanj monte soti nan kè li. Se pozisyon abityèl nan Litiji òtodòks kote chèz ak ban pa egziste. Daprè PGMR a, fidèl yo rete kanpe depi nan kòmansman chan antre a, oubyen lè pè a rive bò kote lotèl jis nan priyè pou ouvèti Lamès la (Collecte). Yo kanpe pou Alelouya a anvan Levanjil la ; pandan pwoklamasyon Levanjil la, pandan pwofesyon lafwa a ak priyè inivèsèl la, e depi « an nou lapriyè ansanm (Orate fratres » anvan lapriyè sou ofrann yo, jis rive nan Lakominyon an (PGMR 43).

3.    Mete ajenou :se atitid adorasyon ak repanti. Jès sa montre nou fè nou tou piti devan Bondye ki manifeste tandrès li pou nou. Nou mete ajenou pandan konsekrasyon, pandan litani (sof nan tan pak ak dimanch), nan Kredo a jou fèt Nwèl ak Anonsyasyon an, pandan lakominyon. Sepandan, daprè PGMR a, moun ki pa kapab mete ajenou pandan konsekrasyon an kapab fè jès enklinasyon pwofond pandan pè a fè jenifleksyon pou plizyè rezon : kesyon sante, espas la, ak lòt ankò (PGMR 43).

·     Yon dènye jès nou pa abitye avèk li twòp se, pwostrasyon an :nou jwenn li nan òdinasyon, pwofesyon relijyèz ak Vandredi sen nan lofis Lapasyon an. Se jès imilite ak disponibilite nan sèvis Bondye ki rele. Li montre tou frajilite nou kòm moun : nou se pousyè nap tounen nan pousyè. 


Konklizon jeneral

Pou fini nou kapab di chan yo antoure Litiji a avèk bèlte (beauté). Se sèten, lè chan yo byen egzekite nan Litiji a, yo fasilite linite kè a, paske « inite kè yo rive fèt pi fasil grasa inite vwa yo » (SC 112). E tout refleksyon nou sot fè yo pouse nou kontinye reflechi sou fonksyon ministeryèl chan yo pou aktyalize mistè Kris la e fè pèp Bondye a pwogrese nan entèlijans Litiji a. Donk, chan yo, yo nan sèvis lwanj Bondye ak nan sèvis lafwa frè ak sè nou yo. An rezime nou kapab di :
-      chan yo nan Litiji a ede nou fè lwanj Bondye
-      yo ede nou priye
-      e yo ede nou pwoklame lafwa nou.
Kanta pou jès yo nan Litiji a, yo pèmèt nou akeyi lagras Bondye epi remèt tout nou menm nan men Bondye. Bi yo se konstriksyon idantite kretyèn nou. Sa fè nou konprann kouman Litiji a aplike langaj kò a. E jès yo, deplasman yo nan Litji a mete nou an relasyon avèk Bondye nan Jezikri ki ban nou Lespri li. Jès sa yo nou fè ansanm nan Litiji a montre nou se yon kò eklezyal e kò nou konstwi Legliz. Pou n fini, nou kapab di nan Litiji a sa ki enpòtan se prezans Kris la. E prezans sa, li akyalize chak fwa, li toujou nouvo. Chak patisipasyon nou nan Litiji a se yon rankont tou nèf nou fè ak Kris la. Konsa, pou chan ak jès nou yo aktyalize mistè a, fòk nou fè Litiji a tounen yon reyalite nou viv an silans. Silans la se pi gran jès Litiji a pou akyalize mistè a. Tout sa fè nou konprann Litiji a fè nou viv bèlte Kris la li menm. 

Pè Diesel PHAT

[1]Dom Lambert Beauduinse youn nan gran figi Mouvman litijik la nan peyi Bèljik  nan ane 1909 ki pra l debouche sou gran refòm litijik Konsil Vatikan II a. Li mouri nan ane 1960. Se yon gran figi nan zafè teyoloji litiji a. Jis jounen jodi a sa li te ekri yo gen anpil valè pou disiplin sa. Panse l yo enfliyanse anpil teyolojyen tankou Dom Bernard Botte, Louis Bouyer elatriye. 
[2]Romano Guardinili menm tou te mete kanpe Mouvman litijik la nan peyi Almay. Li te travay anpil ak jèn yo e se avèk yo sitou li te kòmanse mouvman an nan chato Rothensfels. Panse l yo enfliyanse anpil Konstitisyon sou litiji a Sacrosanctum Conclium
[3]« Pâques constitue également l’événement du don de l’Esprit », voir M. DenekenLa foi pascale, rendre compte de la résurrection de Jésus aujourd’hui, Paris, Cerf, « Théologie », 2002, p. 241. 
[4]« Pour l’accomplissement d’une si grande œuvre, le Christ est toujours là auprès de son Église, surtout dans les actions liturgiques. Il est là présent dans le sacrifice de la messe, et dans la personne du ministre, « le même offrant maintenant par le ministère des prêtres, qui s’offrit alors lui-même sur la croix » et, au plus haut degré, sous les espèces eucharistiques. Il est présent, par sa puissance, dans les sacrements au point que lorsque quelqu’un baptise, c’est le Christ lui-même qui baptise. Il est là présent dans sa parole, car c’est lui qui parle tandis qu’on lit dans l’Église les Saintes Écritures. Enfin il est là présent lorsque l’Église prie et chante les psaumes, lui qui a promis : « Là où deux ou trois sont rassemblés en mon nom, je suis là, au milieu d’eux » (Mt 18, 20). Effectivement, pour l’accomplissement de cette grande œuvre par laquelle Dieu est parfaitement glorifié et les hommes sanctifiés, le Christ s’associe toujours l’Église, son Épouse bien-aimée, qui l’invoque comme son Seigneur et qui, par la médiation de celui-ci, rend son culte au Père éternel. 
C’est donc à juste titre que la liturgie est considérée comme l’exercice de la fonction sacerdotale de Jésus Christ, exercice dans lequel la sanctification de l’homme est signifiée par des signes sensibles et réalisée d’une manière propre à chacun d’eux, et dans lequel le culte public intégral est exercé par le Corps mystique de Jésus Christ, c’est-à-dire par le Chef et par ses membres.
Par conséquent, toute célébration liturgique, en tant qu’œuvre du Christ prêtre et de son Corps qui est l’Église, est l’action sacrée par excellence dont nulle autre action de l’Église ne peut atteindre l’efficacité au même titre et au même degré ».
[5]Voir Romano GuardiniL’Esprit de la liturgie, Paris, Éditions Parole et Silence, 2007, p. 8.
[6]« Pour actualiser son Mystère pascal, le Christ est toujours là, présent à son Église, surtout dans les actions liturgiques », voir Jean-Paul IIVicesimus quintus annusn. 7.
[7]« … la célébration tout entière est organisée pour favoriser chez les fidèles cette participation consciente, active et plénière du corps et de l’esprit… Une telle participation est souhaitée par l’Église et demandée par la nature même de la célébration ; elle est un droit et un devoir pour le peuple chrétien en vertu de son baptême » (PGMR, n° 18)
[8]Nicolas Senèze, « Pourquoi chanter à la messe ? », Journal La Croixla.croix.com, consulté le 26/01/2018.
[9]Instruction sur la musique sacrée dans la liturgie,  Musicam sacram, publiée le 5 mars 1967. Pou nou kontinye site dokiman sa nap itilize IMS. 
[10]Voir Centre National de Pastorale LiturgiqueExultet. Encyclopédie pratique de la liturgie, Louis-Michel Renier(dir.), Paris, Bayard, 2000, p. 322.
[11]Voir Louis-Marie ChauvetLe corps, chemin de Dieu. Les sacrements, Paris, Bayard, 2010, p. 23 ; voir aussi son ouvrage intitulé Symbole et sacrement, Paris, Cerf, « Cogitatio fidei », 144, 2011, p. 147-158.
[12]VoirCentre National de Pastorale Liturgique,Exultet. Encyclopédie pratique de la liturgie, op. cit., p. 322.
[13]« Les gestes et les attitudes du corps, tant ceux du prêtre, du diacre ou des autres ministres, que ceux du peuple, doivent viser à ce que toute la célébration manifeste une belle et noble simplicité, que soit perçue toute la vraie signification de ses diverses parties et que soit favorisée la participation de tous ». 
[14]« La liturgie n’aime point le débordement du sentiment […]. La liturgie, c’est l’émotion domptée » voir Romano Guardini,L’Esprit de la liturgie, p. 16.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les sacrements de l'initiation chrétienne/ Notes de cours à l'usage des étudiants.

Rituel de bénédiction d’une usine

COURS DE PASTORALE LITURGIQUE ET SACRAMENTELLE